Archives mensuelles : août 2025

Temwanyaj ou nan louwanj pou Senyè a

Lè ou louwe Bondye ou exalte sou tout sikonstans ou yo, ou montre’l jan ou kwè nan bonte ak fidelite li. Pandan w’ap aprann plis de idantite ou nan Bondye e ankre tout ou menm nan li, pa neglije ba li tout lonè, exaltasyon, ak glwa li menm sèl merite ki se an gwo louwanj pou li.

Lè ou deside adore ak louwe (exalte, chante, deklare grandè) Bondye, ou ba li plis plas pou manifeste prezans e eklate pouvwa grandè li nan lavi’w e a travè de ou pou beni mounn ki nan lantouraj ou yo tou. Lwanj sa yo monte sou twòn ki apa pou Bondye a tankou yon ansan ki gen bon odè paske ou fèl ak yon kè ki sensè.

Exalte ak fè kompliman pou Bondye pa toujou fasil sitou nan moman kote ou ka santi kè ou pa nan lajwa. Men se nan moman sa yo sitou pou ou itlize younn nan pi gwo defans Bondye mete nan asenal ki inkli tou pawòl li ak lapriyè pou chanje atmosfè kè ou ak sikonstans ou yo. Ak lafwa sa yo gen pouvwa tou pou chanje katye’w, peyi’w tou, e fanmi’w pandan anpil generasyon.

Pa neglije louwe nan chak sikonstans lavi paske delivrans ou pa pouvwa Sentespri ap soti nan mo ou chwazi yo ak louwanj ki gen nan kè’w. Mete tout konfyans ou nan li e louwe’l nèt al kole ak tout nanm ou, tout kè’w, tout kò’w epi wa wè mèvèy!

Batay se sou jenou’w ou genyen’l avan se sak fè fok ou toujou abiye’w pa lafwa. Temwanyaj ou ap tann yo se nan louwanj ou yo ye. Fè Bondye konfyans, louvri kè’w e louwe’w epi bann nouvel nan komantè yo kisa Bondye reponn ou. Ou pap regrèt!

Ann Lapriyè Ansanm:

Sòm 106:1-48 HAT98


[1] Lwanj pou Senyè a! Wi, lwanj pou Senyè a paske li bon: li p’ap janm sispann renmen nou.
[2] Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Senyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li?
[3] Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li!
[4] Senyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m. Pa bliye m, lè w’ap vin delivre yo.
[5] Konsa, m’a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M’a fè kè m kontan ansanm ak pèp ou a. M’a pran plezi m ansanm ak moun ki pou ou yo.

[6] Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal. [7] Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pat konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.

[8] Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l moutre jan li gen pouvwa. [9] Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè. [10] Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo. [11] Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape. [12] Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l te di a, yo chante pou fè lwanj li.

[13] Men, lamenm, yo bliye sa l te fè pou yo. Yo pat tann li fin fè pou yo sa l te gen nan lide l. [14] Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t’ap gade ki bò Bondye ye ak yo. [15] Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo. [16] Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a. [17] Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo. [18] Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo.

[19] Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a. [20] Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb. [21] Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip, [22] mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la. [23] Se konsa Bondye di l’ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l pou l pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.

[24] Yo pat vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pat kwè pawòl Bondye. [25] Yo rete anba tant yo, y’ap bougonnen. Yo pat vle koute Senyè a. [26] Lè sa a, Senyè a leve men l, li sèmante l’ap fè yo peri nan dezè a. [27] L’ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l’ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.

[28] Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou yal adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo. [29] Sa te moute kòlè Senyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t’ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo. [30] Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri. [31] Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan.

[32] Pèp la te fè Senyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo. [33] Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pat gendwa fè. [34] Yo pat detwi moun lòt nasyon yo jan Senyè a te mande yo fè a. [35] Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo.

[36] Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. [37] Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. [38] Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye. [39] Avèk sa yo t’ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye. [40] Senyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo. [41] Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo. [42] Lènmi yo t’ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo.

[43] Senyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche. [44] Men, Senyè a te wè mizè yo, li te tande jan y’ap rele. [45] Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil. [46] Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.

[47] Delivre nou non, Senyè, Bondye nou. Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n’ap fè lwanj ou. [48] Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Senyè a!

Amen