Archives par mot-clé : Konbat

4èm Semèn: Senyè a se gid ak pwoteksyon ou

Nou pati pou 4èm semèn meditasyon ak konsekrasyon nou nan Som 23 wi! Kijan sa ye pou ou? Eske ou komanse jwenn rezilta? Pa bliye medite vle di reflechi de manyè apwofondi sou vèsè yo e konsekrasyon se yon aksyon pou mete apa pou Bondye. Nan ka nou se kè ak tan nou deside dedye a li pandan moman sa yo. Ann vanse!

Kontèks: Nan 4èm vèsè a, David deklare ke menm lè li nan lonbray lanmò li pap pè paske Senyè se yon bon gadò ki ap konbat pou li e pwoteje li. Kisa sa vle di pou ou jodia? Lonbray lanmò reprezante divès kalite sityasyon kote yon pitit Bondye ta nan danje kit fizik, emosyonèl, oswa espirityèl.

Bèje itilize baton li pou pwoteje ak defann mouton li yo lè lòt bèt ap atake yo. Li itilize baton an tou pou gide ak restore mouton yo avèk tendrès lè yo ale twò lwen oswa ta tonbe nan yon move kwen. Nan menm kontèks sa, vèsè sa raple ou ke Bondye ki se gadò ou toujou la pou li dirije’w, pwoteje’w, ak defann ou ak “baton” li ki se tout fòm kominikasyon li itilize pou koze ak ou tankou pawòl li yo nan Bib la, enstriksyon pèsonèl li revele ou lè ou pase tan ak li, a travè yon sèd oswa frè de konfyans li konfime revelesyon pèsònèl li te ba ou yo, enstriksyon kolektif, elatriye.

Bondye pwoteje’w, dirije’w, epagne’w, e defann ou plis ke sa ou wè e konnen chak jou. Li vle ou konnen li plis pou fè plis wout avè’w. Sa’w panse de bèl envitasyon pou avanti sa kote li vle menmen ou an?

Pa gen okenn sityasyon difisil ou rankontre (ki egzanplifye lonbray lanmò) ke Bondye paka dirije’w pou rezoud li e pwoteje’w pou Bondye. Kit se ta pwoblèm sante, travay, kay, sekirite, emosyonèl, espirityèl, politik, oswa […–>mete nenpòt sa ou panse ki ta enpas ki pase nan lespri’w], Bondye vle ba ou direksyon ak pwoteksyon. Bwa Bondye pa twò kout pou li kouvri tout pitit li yo nan kat kwen tè a ni zorèy li twò okipe pou tande chak grenn nan yo. Alò pa pè ni grent, koze ak li. Ou pap regrèt.

Ann Lapriyè: