Fè lwanj Bondye e exalte non li

“M’a fè lwanj ou ak tout kè’ m, Seyè. M’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo. Se ou menm k’ap fè’m chante, se ou menm k’ap fè kè’m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m’a chante lwanj ou.” Sòm 9: 2-3

Ou pa konn tande mounn ap di”Karaktè Bondye pa janm chanje se sak fè ou ka gen konfyans ke menm mounn li te ye yè a se li li ye jodia.” Pawòl li yo di menm bagay la. Lè sa difisil pou ou eske ou kwè sa?

Ak tout nouvèl k’ap pase yo, li necesè pou kouvri kè’w, nanm ou ak tout lantouraj ou ak pawòl Bondye e lafwa. Ou pap janm ka konprann poukisa chak bagay rive ou nan lavi men sonje gen yon Bondye ki fèb pou ou e menm lan li te delivre tout mounn yo t’ap pese yo nan tan David jan ou pral wè nan Sòm 9 la, konsa tou l’ap konbat pou ou.

Lè’w santi ou pa ka priye, kite Sentespri li ak pawòl li yo entèsede pou ou paske li pwomèt tout mounn ki ap chache li yo ak jwenn li e li pap janm kite ou sèl. Paske ou se imaj li, ou toujou gen viktwa e lavi’w paka pase mal.

Pou kote Bondye pase ak nou, an nou fè aksyon de gras pou li!

Ann medite ansanm sou Sòm 9

“(9:1) Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David.

(9:2) M’a fè lwanj ou ak tout kè’ m, Seyè. M’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo. (9:3) Se ou menm k’ap fè’m chante, se ou menm k’ap fè kè’m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m’a chante lwanj ou.

(9:4) Parèt ou parèt, lènmi’m yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri. (9:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè’ m jistis, ou defann kòz mwen. (9:6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.

(9:7) Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò. (9:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou’l fè jistis. (9:9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.

(9:10) Moun y’ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray. (9:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y’ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k’ap chache ou. (9:12) Ann fè lwanj Seyè a k’ap gouvènen sou mòn Siyon [ mete peyi,zòn, ak katye paw]* an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.

(9:13) Bondye chonje moun k’ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal. (9:14) Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi’ m yo mete’ m. vin sove’ m! Pa kite’m mouri, Seyè, (9:15) pou’m ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou’m di yo poukisa m’ap fè lwanj ou. M’ap kontan nèt, paske ou te delivre’m.

(9:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li. (9:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.

(9:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. (9:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.

(9:20) Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. (9:21) Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.” Amen

Reflexyon

Ki vèsè ki te plis touche kè’w oswa kapte atansyon’w pandan ou t’ap li Sòm lan?

Kijan rapèl nan Sòm 9 la ke Bondye ap konbat pou ou e li pa janm pèdi batay afekte jan ou wè lavi ou ak sikonstans mònn nan jodia?

Bondye se yon jij san patipri. Kijan ou ka priye pou peyi’w ak fanmi’w diferan ak rapèl sa?

Pa bliye pataje repons ou yo nan komantè a e pataje ak yon lòt mounn. Pawòl Bondye se pi gwo defans ou. Pa kite yo dèyè!

Ann Lapriyè.

Senye, bouch mwen ak nanm mwen pa ase poum fe lwanj ak konpliman pou ou. Mesi!!!

Be Bondye ki bay kè kontan ak kè poze a beni’w an abondans tout kote ou pase ba ou lajwa ak ke poze. Nan non Jezi. Amen.

FavoriteLoadingAdd to favorites