Ou se imaj Bondye

Bondye di ankò: An nou fè moun. N’ap fè li pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. L’a gen pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl, sou tout bèt yo gade sou tout tè a, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki mache sou vant sou latè. Bondye kreye moun: li fè’l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.” Jenèz 1:26-27 HAT98

Yon imaj ka reprezante yon mounn, objè, oswa yon peyisaj. Byen souvan lè yon mounn panse ak imaj, foto ka premye bagay ki ka vini nan tèt li men gen divès kalite imaj. Gen imaj ki bouje tankou video e genyen ki fix tankou foto. Genyen ki gen sans abstrè (egzanp: yon vizyon oswa yon ide ki klè nan lespri yon moun) e sa ki gen aspè fizik lè yo reprezante yon mounn, enviwonman, elatriye.

Nan sans pwòp li, yon imaj reprezante misyon, vizyon, ak karaktè yon mounn oswa yon antite patikilye tankou yon biznis, yon pati politik, fanmi, yon mak pèsonèl, elatriye. Imaj se tankou yon rezime ki kaptire esans yon mounn, yon sitiyasyon, oswa konpayi tout kote li pase. Se sak ki fè li enpòtan pou yon imaj toujou klè e pwòp kit li figiratif oswa faktyèl .

Bib la rakonte nan tout kreyati, Bondye kreye lòm (fi ak gason) nan imaj li (Jenèz 1:26-27). Se sèl kote nan tout istwa kreyasyon an kote Bondye deside nan tout envansyon li yo pou li mete esans (imaj) li nan yon kreati oswa kreasyon. Sa vle di, ou menm sèl (ak rès frè ak sè imen ou yo) kreye nan imaj li pou reflekte karaktè ak kè li. Ala yon bèl mèvèy!!!

Ou ka di: “sa bèl vre men ki enpòtans revelasyon sa genyen pou lavi mwen jodia?”

Ou poze yon trè bòn kesyon! Ann koze plis.

Bondye kreye ou nan imaj li vle di ke ou gen tout idantite li nan ou ki ankre an lanmou. Sa vle di ou pa esklav relijyon, kilti, rasist, ak endiferans.

Idantite sa nan Bondye se yon trezò san expirasyon ki pase de jenerasyon an jenerasyon ke ou aksese plis ou develope zanmitay ou ak li. Paske ou fèt nan imaj Bondye, ou se sèl ak limyè tè a. Ou se lapè, lajwa, lafwa, lanmou, talan, reyisit, padon, sajès ak bon konprann, elatriye. Ou se yon echantiyon Bondye e ou gen anpil valè. Pawòl li se defans ou e pa manke anyen nan tout sikonstans ou envite li. Lasante ak sekirite se eritaj ou e li pa depann de lòt ak gouvènman oswa leta.

Ak bèl dekouvèt kote rasinn idantite’w soti vini yon gran responsabilite pou ou vanse, grandi nan lafwa e fè atansyon ak mo w’ap itilize yo paske ou gen otorite pou konbat tout fòs fènwa ki fè fas ak ou ak enviwònman kote ou pase.

Ou pa bezwen pè paske ou pa pou kont ou. Ou fè pati yon fanmi ou ki toujou la pou ou e ve ou reyisi. Pitit yon wa paka yon viktim se sak fè fòk ou leve e kite plas pou Sentespri develope imaj Bondye nan ou plis pou ou ka kite kilti kote wap viv, kote’w te fèt, oswa sikonstans wap travese yo defini orijin idantite’w ak kote ou ka rive.

Ann lapriyè:

Senyè, a la yon bèl mèvèy ke ou te pran tan ak san ou pou panse ak mwen e kreye mwen jan mwen ye a. Mèsi paske ou pat rete la men deside renmen’m e chèche’m chak jou. Menm lè pye’m ta bite, ou pa janm kite’m tonbe. Mo pa ase pou mwen fè lwanj ak konpliman pou ou. Mwen vle pou imaj de kiyès ou ye klè nan mwen. Ede’m konnen ou pi plis menm jan ou konnen mwen konsa ma va reflekte ou pi byen e pwospere nan tout sa m’ap fè pou glwa ou nan non Jezi. Amen.

FavoriteLoadingAdd to favorites