“Wi, mwen konnen w’ap toujou renmen’m, w’ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi’m. Se lakay ou m’ap rete tout tan tout tan.” Sòm 23:6
Gad kijan tan an pase vit! Nou pati pou 6èm ak denyè semèn nou sou tèm Som 23. Mèsi paske ou te reponn ak envitasyon lanmou pou experyanse Bondye nan yon lòt dimansyon. Mèsi anpil pou prezans ou ak devozyon pou wayòm Bondye ak devouman ou pou grandi nan lafwa.
Kounyea menm lè tout mounn ta vle recite Sòm sa pa abitid, ou menm ou byen ame pou itilize li kòm epe pou koupe tèt lenmi ou yo e pwospere. Ann vanse!
Kontèks: Nan 6èm vèsè Sòm nan, David raple nanm li jan Bondye toujou renmen li ak yon lanmou etènèl. Se poutèt sa li deside rete nan “kay” Senyè a pou tout tan li gen soup. Non selman lanmou Bondye jan nou te wel la pote pwovizyon pou ou a, li la pou pwoteje ak gide ou, li se fòs ou, e li se repo ak lapè ou. Paske li se yon bon gadò, li ofri tèt li tou kòm “kay” kote ou ka chwazi rete.
“Kay” sa kote Bondye rete a se yon espas espesyal nan fon kè ou ki gen prèv tangible de relasyon ou avek li. Pa egzanp, le ou pase anpil tan nan espas sa ou vinn gen plis kapasite pou renmen lòt mounn paske ou konnen jan Bondye damou ou san patipri e viv nan respè ak kè poze malgre tout difikilte paske Bondye genyen batay la deja sou tout fòs fenmwa.”Kay” sa reprezante prezans Bondye an dedan ou pa pouvwa Sentespri li ki pote bon kichòy tankou pwoteksyon, sekirite, repo, ak rekonfò pou ou tout kote ou ye.
Menm jan ak David ou ka chwazi demere anba pwoteksyon ak direksyon pou jwi lavi li mete apa pou ou a. Ou ka deside ankre idantite’w plis e grandi nan entemite avèk li pou dekouvri plan ak dezi li yo pou lavi ou. Oswa tou ou ka deside chwazi viv selon emosyon ou yo ak sikonstans kote w’ap viv la.
Jodia, ki chwa ou vle fè? Pa kite vwa kondanasyon ni pressyon fòse’w chwazi men bay Sentespri plas pou gide’w. Fè nou konnen tou nan komantè yo. Nou la pou ou!
Ann Lapriyè:
Senyè, mèsi pou lanmou ou ki san mezi e prezans ou ki abite nan mwen. Gras ou ap swiv mwen tout tan m’ap viv paske mwen dispoze pou sèvi ak kolabore avè’w nan tout sa m’ap fè. Mèsi paske ou se fòs nan feblès mwen e ou pa janm lage’m ou. Ke prezans ou kontinye anviyi tout kwen kè’m, ilimine nanm mwen, e avili tout move lide ak pèsepksyon nan mwen kontrè ak pawòl ou yo ak destine ou sou lavi mwen. Mwen few konfyans e remesye’w. Nan non Jezi, Amen.