Archives par mot-clé : Bondye

Ou aksepte

Eske sa poko rive’w pou ou gen yon mounn de konfyans ki ba ou yon akolad ki fè’w santi’w nan po’w? Tankou nan moman an, tout dout, tout tristès ak angwas disparèt. Mounn sa wè’w ak tout defò ak kalite ou yo e li chwazi renmen ou e ba ou sipò ak afeksyon li tout li kapab. Lè ou fè yon bagay ki pa fè li plezi, si li gen pou li tire zòrèy ou li fè’l men li aksepte’w jan ou ye a ki fè prezans li sèlman mete chalè nan kè’w menm lè mo pa pataje. Ou sonje expresyon lanmou sa? Li te trankilize kè’w pa vre? Eh bien se bòn nouvèl pou ou jodia se Bondye vle mounn sa pou ou paske li damou’w plis ke tout mounn sou latè e vle ou ankre nan fasèt idantite sa nan li ki se yon mounn ki aksepte.

« Aksepte » se yon mo ki ki itilize souvan men anpil mounn pa konprann li. Tankou magi li nan tout sòs men li pa gen pwodwi chimik. Se sèl bon gou li bay lè li soti nan yon kè ak kontèks ki nèt.

Diksyonè yo defini mo aksepte a nan divès manyè. Cambridge defini akseptans kòm “yon akò jeneral ke yon bagay satisfezan oswa bon, oubyen ke yon moun ta dwe enkli nan yon gwoup”. Selon Merriam Webster, akseptans se kòm “1. lalwa: yon akò swa ekspresman oswa pa konduit sou aksyon oswa òf yon lòt moun pou konkli yon kontra epi pati yo vin legalman angaje. 2. yon rakèy oswa yon apwobasyon favorab. 3. Pou mo: yon siyifikasyon jeneralman aksepte nan yon mo oswa yon konpreyansyon sou yon konsèp »(Merriam Webster). An rezime, akspetans se yon akò oswa yon apwobasyon favorab ki fòmèl (tankou yon kontra) oswa enfòmèl (san obligasyon legal).

Idantite’w nan Kris, se yon mounn ki « aksepte » dapre sa ki ekri nan Jan 6:37. Nan yon mònd ki pran plezi nan bay plis valè a sa yon moun posede, jan li vann tèt li sou rezo socio, nan fè wè, chofe ak mete dife nan konpetitisyon ak konparezon, kisa idantite sa kòm yon moun ki aksepte vle di pou ou jounen jodia? Kijan sa reflekte nan sikonstans ou ap travèse yo ak jan ou wè tèt ou? Tankou si tout tit ou ta posede ta ale, rezo socio ak travay disparèt, sipò ou konte sou yo paka ede’w, maladi ta anvayi’w, kijan wap wè tèt ou? Abandone, rejete, oswa aksepte nan Kris?

Lè yon mounn oswa yon bagay oswa sitiyasyon aksepte, akseptans sa gen plizyè fasèt e genyen anpil enpòytans pou kwasans fizik, emosyonèl, sosyal, ak espirityèl pou mounn sa. Konsa tou, akseptans ou nan Bondye kouvri tout aspè nan lavi ou e li se yon akseptans ki fòmèl. Men kèk prèv pou sa.

  1. Depi avan ou te vini sou tè sila, Bondye te gentan konnen’w e chwazi ou pou pitit li paske sa fè li plezi (Efezyen 1:5).
  2. Bondye non sèlman konnen ou, li fè ou pwomès pou toujou la pou ou e pou li pa janm repouse ou. Nan Jan 6:37, Jezi di « tout moun Papa a ban [li]*, gen pou vin jwenn mwen. [Li]* p’ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. » Sa vle di, nan tout sikontans Bondye toujou la kòm yon bon zanmi, yon frè nan tout advèsitw (Pwovèb 17:17).
  3. Bondye deklare piblikman alyans li ak ou ki se e yon kontra fòmèl. Jeremi 31: 31-34 ekri,  » Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Se p’ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè’m te pran men yo pou’m te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa’ t kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa! Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m’ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m’ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M’a tounen Bondye pou yo, y’a tounen yon pèp pou mwen. Pesonn p’ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m’, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M’a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p’ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa ». Tcheke tou Matye 26:28 ak Ebre 8:10.
  4. Paske se yon akseptans fòmèl, gen anpil benediksyon ak konsekans lèsi zanmitay sa pa respekte ( Jozue 1:8, Levitik 20-26). Li pap repwoche’w, fèmen pòt sou ou, ni voye ou jete paske ou enpòtan pou li.

Si yon jou, ou ta santi Bondye lwen’w oswa ou pa ase, sonje ke akseptans Bondye pou ou gratis. Efezyen 2:8-10 explike: « [8] Se paske li renmen [ou]* kifè li delivre [ou]*, [ou]* menm ki mete konfyans [ou]* nan li. Sa pa sòti nan [ou]* menm menm, se yon kado Bondye ban [ou]*. [9] Non, [ou]* pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo. [10] Se Bondye ki fè [ou]*. Li kreye [ou]* nan Jezikri pou [ou]* pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou [ou]* fè yo. »

Idantite’w nan Jezi Kris, ou se mounn ki aksepete non pa zèv ou fè men pa relasyon ou ak li ak lanmou li genyen pou oj. Menm lè pafwa li difisil pou ou santi prezans Bondye si lespri ou brouye oswa sikontans lavi ta fè’w doute, Bondye li menm klè nan relasyon li ak ou. Li rete fidèl e sensè ak pwomès li yo sou lavi ou.

Ou se yon mounn aksepte ki vle di ou gen responsabilite pou grandi, aprann konnen Bondye ak tèt ou plis, e aksepte sila yo ki kote’w. Ou pa bezwen kraze tèt ou pou fe moun wè valè’w ni pèfòme pou Bondye « wè’w » paske li avè’w e wè ou chak moman. Li renmen’w jan ou ye a e vle ou pataje akseptans sa nan lantouraj ou. Women 15:7 di ,  » se pou yonn asepte lòt jan’l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye. » Se sak fè li bon pou ou kontinye develope tèt ou pou reflekte karaktè Kris la nan tout fasèt nan lavi ou (Jan 13:34-35; 15:14; Matye 16:24).

Li renmen’w jan ou ye tankou plim je nan tèt li e lanmou li pou ou san kondisyon. Ou pa bezwen ale lwen ni pase nan kat chemen pou ou pale ak li. Li gentan aksepte’w kòm pitit li sa vle di li dispoze pou resevwa ou jan ou reprezante’w nan chak moman, damou’w jan ou ye a e pa gen anyen ou ka fè ki ka fòse’l vire do ba ou.

Ann reflechi:

  1.  » Kijan idantite sa ou gen nan Bondye kòm mounn ki aksepte afekte jan ou wè tèt ou ak sikonstans ou yo jodia?
  2. Eske ou santi lanmou li ak akseptans li pou ou oswa distans ak rejet? Pouki?
  3. Ki kat aksyon ou ka poze jodia pou demontre akseptans ak de mounn nan lantouraj ou pou fè yo santi akseptans sa tou? (Men yon ti poul pou 1er aksyon an-> pataje devosyon sa ak li pou envite’l medite sou idantite’l kòm yon mounn ki aksepte nan Kris tou!) »

Ann Lapriyè:

Senye mèsi pou gras ou ak kompasyon ou ki pa janm fini pou mwen. Mèsi pou pwomès nan Jan 6:37 pou ou toujou aksepte’m paske mwen mete konfyans mwen nan ou. Ou pap janm voye’m jete. Menm lè gen moman mwen ta santi’m rejete pa lavi, dekourajman ak lòt sikntans ta vle fè’m doute de tèt mwen, lanmou ou gen pou mwen, ak toujou gen yon refij nan ou. Lè ou wè’m ak pèfòme olye ke’m repoze nan ou, tanpri tire zorèy mwen e kenbe kè’m nèt pou’m ka renmen e aksepte tèt mwen ak sila yo ou mete sou wout mwen pou glwa ou paske ou se Bondye. Mwen adore, exalte, e glorifye non ou. Amen.

6èm Semèn: Senyè a se kay pou kò ak nanm ou

« Wi, mwen konnen w’ap toujou renmen’m, w’ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi’m. Se lakay ou m’ap rete tout tan tout tan. » Sòm 23:6

Gad kijan tan an pase vit! Nou pati pou 6èm ak denyè semèn nou sou tèm Som 23. Mèsi paske ou te reponn ak envitasyon lanmou pou experyanse Bondye nan yon lòt dimansyon. Mèsi anpil pou prezans ou ak devozyon pou wayòm Bondye ak devouman ou pou grandi nan lafwa.

Kounyea menm lè tout mounn ta vle recite Sòm sa pa abitid, ou menm ou byen ame pou itilize li kòm epe pou koupe tèt lenmi ou yo e pwospere. Ann vanse!

Kontèks: Nan 6èm vèsè Sòm nan, David raple nanm li jan Bondye toujou renmen li ak yon lanmou etènèl. Se poutèt sa li deside rete nan « kay » Senyè a pou tout tan li gen soup. Non selman lanmou Bondye jan nou te wel la pote pwovizyon pou ou a, li la pou pwoteje ak gide ou, li se fòs ou, e li se repo ak lapè ou. Paske li se yon bon gadò, li ofri tèt li tou kòm « kay » kote ou ka chwazi rete.

« Kay » sa kote Bondye rete a se yon espas espesyal nan fon kè ou ki gen prèv tangible de relasyon ou avek li. Pa egzanp, le ou pase anpil tan nan espas sa ou vinn gen plis kapasite pou renmen lòt mounn paske ou konnen jan Bondye damou ou san patipri e viv nan respè ak kè poze malgre tout difikilte paske Bondye genyen batay la deja sou tout fòs fenmwa. »Kay » sa reprezante prezans Bondye an dedan ou pa pouvwa Sentespri li ki pote bon kichòy tankou pwoteksyon, sekirite, repo, ak rekonfò pou ou tout kote ou ye.

Menm jan ak David ou ka chwazi demere anba pwoteksyon ak direksyon pou jwi lavi li mete apa pou ou a. Ou ka deside ankre idantite’w plis e grandi nan entemite avèk li pou dekouvri plan ak dezi li yo pou lavi ou. Oswa tou ou ka deside chwazi viv selon emosyon ou yo ak sikonstans kote w’ap viv la.

Jodia, ki chwa ou vle fè? Pa kite vwa kondanasyon ni pressyon fòse’w chwazi men bay Sentespri plas pou gide’w. Fè nou konnen tou nan komantè yo. Nou la pou ou!

Ann Lapriyè:

Senyè, mèsi pou lanmou ou ki san mezi e prezans ou ki abite nan mwen. Gras ou ap swiv mwen tout tan m’ap viv paske mwen dispoze pou sèvi ak kolabore avè’w nan tout sa m’ap fè. Mèsi paske ou se fòs nan feblès mwen e ou pa janm lage’m ou. Ke prezans ou kontinye anviyi tout kwen kè’m, ilimine nanm mwen, e avili tout move lide ak pèsepksyon nan mwen kontrè ak pawòl ou yo ak destine ou sou lavi mwen. Mwen few konfyans e remesye’w. Nan non Jezi, Amen.

5èm Semenn: Senyè a se pwovizyon ou

Mèsi pou prezans ou ak nou nan 5èm semen konsekrasyon and meditasyon nou sou Sòm 23. Yon sòm ki popilè ke anpil mounn ka recite pa kè men anpil pa konprann kalite trezò ke Bondye sere nan chak vèsè pou chak grenn pitit li pou yo briye tout kote yo ye. Tout liv nan Bib la gen pouvwa sa men jodia n’ap pwogrese e medite 5èm vèsè nan Sòm 23. Ann vanse!

Kontèks: Yon tab nan mònn fizik lan se kote mounn chita swa pou manje, diskite yon sijè/fè reinyon , kolabore, pataje, elatriye. Se sa ki fè tab reprezante divès bagay tankou kominyon, tèt ansanm, rekonfò, pataj, asirans, disiplin, jijman, ak pwovizyon.

Som 23:5 ka separe nan 4 pati: (1) Bondye toujou gen pwovizyon pou ou. Som 23:5 « Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi’m yo... »Salmist la ap dekri pwovizyon Bondye pou li nan fas difikilte ak pèsekisyon li t’ap travèse. Note byen li di « ou » pou refere’l ak Senyè a paske se nan li tout richès ak kè poze soti. « Lènmi » yon mounn pa toujou yon lot ki la nan chè ak po (Efez 6:12). Li ka tou sityasyon difisil sou nenpot fom ki ta vle domine lavi li.

Devan tout difikilte ki reprezante « lènmi » ou, Bondye toujou bò kote’w pou li pote kichòy ou bezwen. Li sansib pou ou e li pa janm vle ou soti wont. Avan yon bagay rive’w li te gentan gen solisyon (li Jenèz 1-5).

(2) Bwa ak zorèy Bondye toujou disponib pou ou. Li la pou anvlope ak yon lanmou san parèy e ba ou yon akèy chalere e wayal paske (3) Bondye vle fè ou kontan ak yon lajwa ki pa depann de okenn sikontans paske nan li (4) ou pap janm manke anyen ou bezwen. « [….] Ou resevwa’m, ou fè kè’m kontan e ou ban’m tou sa’m bezwen. »Som 23 vèsè 5

Pa gen anyen w’ap travèse ki yon sipriz pou Bondye. Li renmen’w ak yon lanmou san mezi e vle ba ou tout sa ou bezwen ki ap soti nan yon zanmitay ki gen anpil bèl konplisite avek ou sou « tab » li prepare apa pou ou a(espas entemite ki apa pou li ak ou). Ou sèlman dwe kwè (Jak 1:1-6).

Ann Lapriyè:

Senyè,

Yon relazyon entim ak ou se yon bagay sakre. Li retire tout konfizyon ak kondanasyon nan kè’m e ranplase yo pa konfyans, libète, ak serenite. Menm jan ou te montre David « tab » ou te prepare pou li a, louvri je’m chak jou pou mwen toujou wè pwovizyon ou yo nan tout sikonstans e priorize relasyon mwen ak ou.

Mèsi paske ou toujou la, jan ou pran swenm, korije’m, e toujou la pou fè kè’m kontan. Mèsi paske devan tout sikonstans, pèsekisyon, ak difikilte ou pa janm fè bak menm lè mwen ta febli. Ou menm sel ki Bondye. Ou menm sel ki merite tout lwanj ak konpliman. Banm fòs pou’m kontinye pou glwa ou ak edifikasyon nanm mwen. Nan non Jezi, Amen.

3èm Semèn: Senyè a se fòs ou

« Li fè’m reprann fòs. Li fè’m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. » Sòm 23:3

Kontèks: David ilistre Senyè a nan Sòm 23 kom yon bèje pou demontre karaktè li ak dezi kè li pou chak pitit (metafò brebi) li yo. Paske se Bondye ki ap gade ou, non sèlman li vle ou gen lapè ak kè pose, li vle ou toujou djanm. Se li ki fòs ak kouraj ou e li vle ou jwenn direksyon ak vizyon li yo pou lavi ou (« mache sou chemen dwat ») pou simayen lanmou ak prezans li tout kote ou pase.

Ann Lapriyè:

Senyè,

Mèsi paske ou se yon bèje. Mèsi paske ou pa janm lage’m nan tout sikonstans mwen ye. Kit m’ap soufri oswa kè’m fremi ou toujou la. Wi, ou se fos mwen. Nan ou mwen jwenn fòs ak rekonfò. Tanpri kenbe’m nan chemen ki dwat devan ou e apa pou ou pou glwa ou manisfeste nan chak aspè nan lavi’m. Gide’m e kenbe mwen nan wout lavi ki se konnen’w e konnen bi ou te kreye’m pou reflekte lanmou ou sou tè sila.

Mèsi bon papa pou prezans ou, pou lavi mwen, pou jan ou pran swen mwen ak fanmi’m, zanmi’m. Mèsi paske pa sèlman yon bon gadò men tou yon bon zanmi, yon gid, ak konseye. Mwen ba ou tout glwa, lwanj ak lonè ou merite. Mwen exalte’w e remèsie’w. Mo yo pa sifi pou mwen di mèsi. M’ap kenbe fè’m menm lè wout la difisil paske mwen konnen ou avèk mwen e se ou ki gen tout pouvwa sou tout lavi mwen. Mwen beni non ou Senyè Jezi. Ou merite tout glwa! Alleluia. Amen.

Ann adore:

2èm Semèn: Senyè se repo ak lapè ou

Zanmi, kijan ou ye jodia?

Mèsi pou prezans ou nan 2èm semèn envitasyon pou lapriyè ak konsakre kè ak idantite ou nan Bondye e itilize Sòm 23 kom gid pou priyè yo. Si ou te rate 1er a, tcheke la–> Senyè a se gadò ou.

Ke Bondye kontinye briye fas li sou ou e ba ou yon experyans lanmou inik e nouvou ak li pou pase tout swaf kè ou. An nou derape!

Ann Lapriyè:

Senyè mwen,

Mo yo pa ase pou mwen exprime rekonesans mwen anvè ou pou grandè ak fidelite ou. Ou telman fidè, reyèl e san parèy ke mwen vle ak tout kè’m di ou mèsi. Mèsi paske tout panse ou anvè mwen se pou lapè, kè poze, ak pwogrè.

Ou se yon gadò extraòdinè ki pa vle okenn malè rive’m. Avèk ou mwen mache de glwa an glwa. Mèsi paske ou ap retire vwal inkietid e kraze tout fòs fè nwa sou lavi’m. Kontinye gide’m kote zèb yo pi fre yo. Lè pye’m ta vle chape, kenbe’m pou mwen benyen e satye swaf mwen nan dlo dous ki soti nan pawòl ou yo. Nan ou sèl mwen jwenn vre lapè ak repo pou nanm ak ko mwen.

Mwen konte sou ou.

Amen.

1er Semèn: Psttt…Senyè a se gadò ou!

« Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen. » Sòm 23:1

Byenvini nan 1er semèn konsekrasyon an! Mèsi paske ou reponn prezan nan envitasyon pou ou viv lanmou Bondye nan yon lot dimansyon a travè Sòm 23 e lapriyè ansanm. Ke Bondye kontinye beni devouman ou ak tan sa ou mete apa pou li. Ann derape.

Kontèks: Yon gadò se yon gid ki toujou la pou montre chemen dwat, pwoteje, nouri, ak sekouri ak anpil atansyon. Yon bon gadò pran travay li a kè e toujou sousye de tout ti detay paske li se youn mounn responsab ki fè tout bagay li ak anpil atansyon ak lanmou.

Mèt tout linivè a se gadò ou. Wi, ou menm menm! Sa vle di li toujou ap gade sou ou, pwoteje ou, nouri ou, e li konsène nan chak ti detay lavi ou. Eske ou kwè sa?

Menm jan yon bon paran pap kite pitit li pase mizè, konsa kè Bondye sansib pou ou. Wi, nan anpil pasaj lèt lanmou Bondye kite pou yo ki nan Bib la li raple ou menm bagay la— ou pa manke anyen.

Kite verite sa marinen nan fon kè ‘w pou efase tout inkredilite, estrès, ak santiman negatif.

Kwè li paske se eritaj ou. Ou gen bwa deyè banann ou paske a Senyè a se gadò ou!

Ann Lapriyè:

Bon Papa Mwen,

Lè’m pran tan poum reflechi, mwen realize ak tout onète ke pafwa fòs ak lafwa mwen fayi.
Nan enviwònman mwen, toujou gen yon reklam, yon rezilta, yon atant, yon ti sousi agoch adwat ki ta vle pran fokis mwen de ou ki fè li pa toujou fasil pou mwen konfye ke mwen pa manke anyen nan ou.

Jodia ou raple’m ke se ou ki gadò mwen. Se ou ki gid mwen, gadyen mwen, pwotektè ak defansè mwen. Mwen vle fixe zye mwen yo plis sou fòs ak kapasite ou yo nan mwen e mete lespwa mwen ak tout rezolisyon nan ou sèl. Prezans ou ka satisfè tout dezi kè mwen e mwen mande’w padon pou tout tan mwen bite.

Mèsi paske nan tout sikonstans ou kite pawòl ou yo nan Bib la ki sèvi’m kòm bousòl tout kote mwen ye. Tankou yon ti van dous ki ap mawonen nan po’m anba yon jounen solèy kale konsa Sòm 23:1 karese nanm mwen pandan ou ap renouvle verite sa nan kè’m- ou se gadò mwen. Wi, lavi’m pap janm gen okenn mank depi mwen kite je mwen yo sou ou. Karaktè ou pa janm chanje se sa ki fè mwen konnen mwen ka fè’w konfyans.

Mwenchwazi lavi. Mwen chwazi lajwa. Mwen chwazi ranplaseplenn mwen yo pa lapriye e deklare sou nanm mwen nan tout sikonstans: »Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen. » Sòm 23:1. Wi, mwen pap janm manke anyen.

Tout glwa pou ou Jezi. Amen.

Lwanj pou ou!

Ou envite. Vini viv lanmou nan yon lòt dimansyon!

« […]Senyè a fè Salomon wè l’ ankò yon jou lannwit. Li di l’ konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye’m. M’ chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen. Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la, lè sa a si pèp ki pote non m’ lan lapriyè nan pye’m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache’ m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t’ap fè yo, m’ap tande yo nan syèl kote’ m ye a, m’ap padonnen peche yo, m’ap fè peyi a kanpe ankò. » 2 Istwa 7:12-14

Mònn lan twouble, peyi nou ap kilbite, e lespri anpil nan nou ap degringole. Kòm eritye wayal ki ankre idantite nou nan Bondye, nou chak gen yon wòl ak devwa pou nou pou avanse wayòm Bondye ki se menm idantite li ba nou yo tankou lanmou, lajwa, lapè, lespwa, sekirite, jenerozite, padon, kouraj, ak pasyans ak tout otorite ak viktwa Bondye.

Pou yon vè ka kenbe dlo, fòk li vid e li pa koule. Konsa tou pou nanm ou rafrichi, idantite ou ankre fòk ou pase tan kote idantite ou ankre nan Bondye. Younn nan meyè fason pou sa fèt se chache fas Bondye nan pase tan ak li. Rejwenn nou chak Mèkredi pandan sis semèn pou refleksyon, konsekrasyon, ak delivrans pandan n’ap medite sou chak vèsè Sòm 23 yo.

Se nan Bondye sèl chanjman k’ap dire ye. Byenèt, direksyon, gerizon, klarite, lajwa, ak entimite w’ap chache yo ap tann ou tou nan bra Senyè a. Karatè li pa janm chanje. Menm jan nan 2 Istwa 7″12-14 li te pwomèt Salomon pou reponn tout pitit li ki kwè nan li ak tout kè yo si yo chache fas li, l’ap reponn ou tou.

Pa neglije pase tan ou kapab la-piti kou li ka ye- nan lapriyè konsekrasyon sa ak nou pou pwofese, deklare, e reklame pwomès Bondye yo sou lavi ou. Kite lapriyè nou pral pataje chak semèn yo gide’w pou ou rantre nan konvèsasyon pa’w ak Bondye e wa va sezi wè jan li karese nanm ak kè ou jan li menm sèl konnen e kapab fè.

Chache yon zanmi, yon fanmi, yon vwazen pou pataje moman sa tou si’w kapab. Ansanm nan lafwa ak lanmou nou toujou pi fò.

Nou konte sou Bondye pou beni devouman ou yo pou lavi ou kontinye pote fwi pou li.

Rete konekte!