Archives par mot-clé : Idantite’w

Ou aksepte

Eske sa poko rive’w pou ou gen yon mounn de konfyans ki ba ou yon akolad ki fè’w santi’w nan po’w? Tankou nan moman an, tout dout, tout tristès ak angwas disparèt. Mounn sa wè’w ak tout defò ak kalite ou yo e li chwazi renmen ou e ba ou sipò ak afeksyon li tout li kapab. Lè ou fè yon bagay ki pa fè li plezi, si li gen pou li tire zòrèy ou li fè’l men li aksepte’w jan ou ye a ki fè prezans li sèlman mete chalè nan kè’w menm lè mo pa pataje. Ou sonje expresyon lanmou sa? Li te trankilize kè’w pa vre? Eh bien se bòn nouvèl pou ou jodia se Bondye vle mounn sa pou ou paske li damou’w plis ke tout mounn sou latè e vle ou ankre nan fasèt idantite sa nan li ki se yon mounn ki aksepte.

« Aksepte » se yon mo ki ki itilize souvan men anpil mounn pa konprann li. Tankou magi li nan tout sòs men li pa gen pwodwi chimik. Se sèl bon gou li bay lè li soti nan yon kè ak kontèks ki nèt.

Diksyonè yo defini mo aksepte a nan divès manyè. Cambridge defini akseptans kòm “yon akò jeneral ke yon bagay satisfezan oswa bon, oubyen ke yon moun ta dwe enkli nan yon gwoup”. Selon Merriam Webster, akseptans se kòm “1. lalwa: yon akò swa ekspresman oswa pa konduit sou aksyon oswa òf yon lòt moun pou konkli yon kontra epi pati yo vin legalman angaje. 2. yon rakèy oswa yon apwobasyon favorab. 3. Pou mo: yon siyifikasyon jeneralman aksepte nan yon mo oswa yon konpreyansyon sou yon konsèp »(Merriam Webster). An rezime, akspetans se yon akò oswa yon apwobasyon favorab ki fòmèl (tankou yon kontra) oswa enfòmèl (san obligasyon legal).

Idantite’w nan Kris, se yon mounn ki « aksepte » dapre sa ki ekri nan Jan 6:37. Nan yon mònd ki pran plezi nan bay plis valè a sa yon moun posede, jan li vann tèt li sou rezo socio, nan fè wè, chofe ak mete dife nan konpetitisyon ak konparezon, kisa idantite sa kòm yon moun ki aksepte vle di pou ou jounen jodia? Kijan sa reflekte nan sikonstans ou ap travèse yo ak jan ou wè tèt ou? Tankou si tout tit ou ta posede ta ale, rezo socio ak travay disparèt, sipò ou konte sou yo paka ede’w, maladi ta anvayi’w, kijan wap wè tèt ou? Abandone, rejete, oswa aksepte nan Kris?

Lè yon mounn oswa yon bagay oswa sitiyasyon aksepte, akseptans sa gen plizyè fasèt e genyen anpil enpòytans pou kwasans fizik, emosyonèl, sosyal, ak espirityèl pou mounn sa. Konsa tou, akseptans ou nan Bondye kouvri tout aspè nan lavi ou e li se yon akseptans ki fòmèl. Men kèk prèv pou sa.

  1. Depi avan ou te vini sou tè sila, Bondye te gentan konnen’w e chwazi ou pou pitit li paske sa fè li plezi (Efezyen 1:5).
  2. Bondye non sèlman konnen ou, li fè ou pwomès pou toujou la pou ou e pou li pa janm repouse ou. Nan Jan 6:37, Jezi di « tout moun Papa a ban [li]*, gen pou vin jwenn mwen. [Li]* p’ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. » Sa vle di, nan tout sikontans Bondye toujou la kòm yon bon zanmi, yon frè nan tout advèsitw (Pwovèb 17:17).
  3. Bondye deklare piblikman alyans li ak ou ki se e yon kontra fòmèl. Jeremi 31: 31-34 ekri,  » Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Se p’ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè’m te pran men yo pou’m te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa’ t kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa! Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m’ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m’ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M’a tounen Bondye pou yo, y’a tounen yon pèp pou mwen. Pesonn p’ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m’, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M’a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p’ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa ». Tcheke tou Matye 26:28 ak Ebre 8:10.
  4. Paske se yon akseptans fòmèl, gen anpil benediksyon ak konsekans lèsi zanmitay sa pa respekte ( Jozue 1:8, Levitik 20-26). Li pap repwoche’w, fèmen pòt sou ou, ni voye ou jete paske ou enpòtan pou li.

Si yon jou, ou ta santi Bondye lwen’w oswa ou pa ase, sonje ke akseptans Bondye pou ou gratis. Efezyen 2:8-10 explike: « [8] Se paske li renmen [ou]* kifè li delivre [ou]*, [ou]* menm ki mete konfyans [ou]* nan li. Sa pa sòti nan [ou]* menm menm, se yon kado Bondye ban [ou]*. [9] Non, [ou]* pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo. [10] Se Bondye ki fè [ou]*. Li kreye [ou]* nan Jezikri pou [ou]* pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou [ou]* fè yo. »

Idantite’w nan Jezi Kris, ou se mounn ki aksepete non pa zèv ou fè men pa relasyon ou ak li ak lanmou li genyen pou oj. Menm lè pafwa li difisil pou ou santi prezans Bondye si lespri ou brouye oswa sikontans lavi ta fè’w doute, Bondye li menm klè nan relasyon li ak ou. Li rete fidèl e sensè ak pwomès li yo sou lavi ou.

Ou se yon mounn aksepte ki vle di ou gen responsabilite pou grandi, aprann konnen Bondye ak tèt ou plis, e aksepte sila yo ki kote’w. Ou pa bezwen kraze tèt ou pou fe moun wè valè’w ni pèfòme pou Bondye « wè’w » paske li avè’w e wè ou chak moman. Li renmen’w jan ou ye a e vle ou pataje akseptans sa nan lantouraj ou. Women 15:7 di ,  » se pou yonn asepte lòt jan’l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye. » Se sak fè li bon pou ou kontinye develope tèt ou pou reflekte karaktè Kris la nan tout fasèt nan lavi ou (Jan 13:34-35; 15:14; Matye 16:24).

Li renmen’w jan ou ye tankou plim je nan tèt li e lanmou li pou ou san kondisyon. Ou pa bezwen ale lwen ni pase nan kat chemen pou ou pale ak li. Li gentan aksepte’w kòm pitit li sa vle di li dispoze pou resevwa ou jan ou reprezante’w nan chak moman, damou’w jan ou ye a e pa gen anyen ou ka fè ki ka fòse’l vire do ba ou.

Ann reflechi:

  1.  » Kijan idantite sa ou gen nan Bondye kòm mounn ki aksepte afekte jan ou wè tèt ou ak sikonstans ou yo jodia?
  2. Eske ou santi lanmou li ak akseptans li pou ou oswa distans ak rejet? Pouki?
  3. Ki kat aksyon ou ka poze jodia pou demontre akseptans ak de mounn nan lantouraj ou pou fè yo santi akseptans sa tou? (Men yon ti poul pou 1er aksyon an-> pataje devosyon sa ak li pou envite’l medite sou idantite’l kòm yon mounn ki aksepte nan Kris tou!) »

Ann Lapriyè:

Senye mèsi pou gras ou ak kompasyon ou ki pa janm fini pou mwen. Mèsi pou pwomès nan Jan 6:37 pou ou toujou aksepte’m paske mwen mete konfyans mwen nan ou. Ou pap janm voye’m jete. Menm lè gen moman mwen ta santi’m rejete pa lavi, dekourajman ak lòt sikntans ta vle fè’m doute de tèt mwen, lanmou ou gen pou mwen, ak toujou gen yon refij nan ou. Lè ou wè’m ak pèfòme olye ke’m repoze nan ou, tanpri tire zorèy mwen e kenbe kè’m nèt pou’m ka renmen e aksepte tèt mwen ak sila yo ou mete sou wout mwen pou glwa ou paske ou se Bondye. Mwen adore, exalte, e glorifye non ou. Amen.

Ou se pitit Bondye


« Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi. » Efezyen 1: 5 HAT98

Nan listwa lemònd, pitit se gwo koze paske yo reprezante nouvèl , mès, kilti, ak avni yon fanmi ak peyi. Paran oswa responsab pitit souvan trete yo tankou de je nan tèt yo e fè jefò pou ba yo tout sa yo bezwen (e anpil fwa plis toujou).

Pitit yon mounn reprezante imaj li e se eritye prinsipal mounn sa genyen. Eritaj sa gen anpil fasèt. Li ka parèt nan fòm kò li, estyl li abiye ak sistem lasante li genyen; byen materyèl ke paran oswa lot zanzèt te travay fè; pwofesyonèl (anpil fanmi gen talan ak pwofesyon yo pataje de jenerasyon an jenerasyon); kiltirèl (egzanp, yon resèt manje oswa tradisyon yo obzève); esperityèl (nan lafwa yo pataje ak jan yo kiltive li); manyè mounn sa reflechi ak predisposizosyon emotyonèl li, elatriye.

Nan menm kontèks sa, ou se pitit Bondye.

Bondye se mèt tout syèl, tè, ak lanmè yo e li ba out tou kalite favè, konesans ak bon konprann (Ps 24:1; Efèz 1:4-8). Li kreye fi ak gason (Jenèz 1:27) nan imaj li e dapre sa ki ekri nan liv Efezyen depi  » byen lontan anvan Bondye kreye lemonn, li chwazi [ou] nan Kris pou [ou] kapab viv apa pou li, pou [ou]* san repwòch devan li. Nan renmen li renmen [ou] an, Bondye te deside depi davans pou li adopte [ou] pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi » (Efezyen 1: 4-5).

Sa vle li kit ou oswa gason, kit ou ofelen sou tè oswa mounn ki jwe wòl paran nan lavi’w egzite, Bondye reklame’w avan menm ou te vinn sou tè sila (Jeremi 1:5; Sòm 139). Ou pa e ou pap janm poukò’w (Ezayi 41:10; Deut 31: 8; Matye 28:20).

Menm jan pitit reprezante nouvèl jenerasyon mès, kilti, ak avni yon fanmi ak peyi, idantite sa ou genyen kòm pitit Bondye ba ou anpil privilèj ak responsabilite. Ou reprezante wayòm, imaj, ak grandè Bondye chak jou ou egziste e ou se eritye tout sa li posede. Nan chak sityasyon ou trouve’w, toujou sonje kiyès ou ye.

Ou gen pouvwa e devwa pou ou pwogrese wayòm li, viv nan lanmou ak viktwa li ba ou, e konbat ak lafwa pou glorifye non li. Bondye renmen’w tankou de je nan tèt li se sa ki fè depi ou kite je’w fixe sou li ou ap fasil wè ke ou pa manke anyen (PS 23:1; Ps 34). Menm chak grenn cheve nan tèt ou kote ( Lik 12:7; Matye 10:30).

Kounyea pran yon ti tan pou ou reflechi e medite sou enpòtans idantite’w kòm pitit Bondye genyen nan lavi ou jodia.

Nan sikonstans w’ap fè fas ak yo, kisa sa vle di pou ou? Kijan ou ka kote idantite sa ede’w grandi nan relasyon ou ak Bondye rantre nan lòt dimansyon?

Ou pa nenpòt ti chèlbè non. Wa tout linivè chwazi’w e li renmen’w ki donk ou se yon prens/prensès pa tankou kont de fe paske ou fè pati yon wayòm ki inebranlab de jenerasyon an jenerasyon. Kwè e aji lafwa ou. Papa’w la pou ou ak bra li louvri!

Ann Lapriyè

Bondye, mèsi pou pawòl ou ki toujou la pou gide’m e montre’m kiyès mwen ye. Liv Efezyen 1 fèm konnen ke « Byen lontan anvan [ou]*kreye lemonn, [ou]* chwazi [mwen]*nan Kris pou [mwen]* kapab viv apa pou [ou]*, pou [mwen]* san repwòch devan [ou]*. Nan renmen [ou]*renmen [mwen]* an, [5] [ou]* te deside depi davans pou [ou]* adopte [mwen]*pou pitit [ou]* nan Jezikri, paske sa fè [ou]* plezi. » (Vèsè 4-5). Mwen souri e fremi lè w’ap panse ak lanmou ak onè sa ke sa fè ou plezi pou ou pran mwen kòm pitit ou, zèv zantray ou, ak lajwa nan kè’w menm lè mwen pa toujou fè sa ki bon pa aksyon o pa omisyon. Ou san parèy! « [6] Se poutèt sa, [m’ap]*toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a [ou]* fè [mwen]* kado, gremesi Pitit li renmen anpil la! [7] Gremesi Kris ki mouri pou [mwen]* an, [mwen]* delivre, [mwen]* resevwa padon pou peche [mwen]* yo. Bondye fè [mwen]* wè jan [ou]* renmen [mwen]* anpil. [8] [Ou]* ban [mwen]* favè [ou]* an kantite, [ou]* ban [mwen]* tout kalite konprann ak konesans »Efezyen 1:6-8 HAT98 e nanm mwen exalte ou!

*modifye pou devosyon an