Archives par mot-clé : DevosyonanKreyol

Ou aksepte

Eske sa poko rive’w pou ou gen yon mounn de konfyans ki ba ou yon akolad ki fè’w santi’w nan po’w? Tankou nan moman an, tout dout, tout tristès ak angwas disparèt. Mounn sa wè’w ak tout defò ak kalite ou yo e li chwazi renmen ou e ba ou sipò ak afeksyon li tout li kapab. Lè ou fè yon bagay ki pa fè li plezi, si li gen pou li tire zòrèy ou li fè’l men li aksepte’w jan ou ye a ki fè prezans li sèlman mete chalè nan kè’w menm lè mo pa pataje. Ou sonje expresyon lanmou sa? Li te trankilize kè’w pa vre? Eh bien se bòn nouvèl pou ou jodia se Bondye vle mounn sa pou ou paske li damou’w plis ke tout mounn sou latè e vle ou ankre nan fasèt idantite sa nan li ki se yon mounn ki aksepte.

« Aksepte » se yon mo ki ki itilize souvan men anpil mounn pa konprann li. Tankou magi li nan tout sòs men li pa gen pwodwi chimik. Se sèl bon gou li bay lè li soti nan yon kè ak kontèks ki nèt.

Diksyonè yo defini mo aksepte a nan divès manyè. Cambridge defini akseptans kòm “yon akò jeneral ke yon bagay satisfezan oswa bon, oubyen ke yon moun ta dwe enkli nan yon gwoup”. Selon Merriam Webster, akseptans se kòm “1. lalwa: yon akò swa ekspresman oswa pa konduit sou aksyon oswa òf yon lòt moun pou konkli yon kontra epi pati yo vin legalman angaje. 2. yon rakèy oswa yon apwobasyon favorab. 3. Pou mo: yon siyifikasyon jeneralman aksepte nan yon mo oswa yon konpreyansyon sou yon konsèp »(Merriam Webster). An rezime, akspetans se yon akò oswa yon apwobasyon favorab ki fòmèl (tankou yon kontra) oswa enfòmèl (san obligasyon legal).

Idantite’w nan Kris, se yon mounn ki « aksepte » dapre sa ki ekri nan Jan 6:37. Nan yon mònd ki pran plezi nan bay plis valè a sa yon moun posede, jan li vann tèt li sou rezo socio, nan fè wè, chofe ak mete dife nan konpetitisyon ak konparezon, kisa idantite sa kòm yon moun ki aksepte vle di pou ou jounen jodia? Kijan sa reflekte nan sikonstans ou ap travèse yo ak jan ou wè tèt ou? Tankou si tout tit ou ta posede ta ale, rezo socio ak travay disparèt, sipò ou konte sou yo paka ede’w, maladi ta anvayi’w, kijan wap wè tèt ou? Abandone, rejete, oswa aksepte nan Kris?

Lè yon mounn oswa yon bagay oswa sitiyasyon aksepte, akseptans sa gen plizyè fasèt e genyen anpil enpòytans pou kwasans fizik, emosyonèl, sosyal, ak espirityèl pou mounn sa. Konsa tou, akseptans ou nan Bondye kouvri tout aspè nan lavi ou e li se yon akseptans ki fòmèl. Men kèk prèv pou sa.

  1. Depi avan ou te vini sou tè sila, Bondye te gentan konnen’w e chwazi ou pou pitit li paske sa fè li plezi (Efezyen 1:5).
  2. Bondye non sèlman konnen ou, li fè ou pwomès pou toujou la pou ou e pou li pa janm repouse ou. Nan Jan 6:37, Jezi di « tout moun Papa a ban [li]*, gen pou vin jwenn mwen. [Li]* p’ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. » Sa vle di, nan tout sikontans Bondye toujou la kòm yon bon zanmi, yon frè nan tout advèsitw (Pwovèb 17:17).
  3. Bondye deklare piblikman alyans li ak ou ki se e yon kontra fòmèl. Jeremi 31: 31-34 ekri,  » Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Se p’ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè’m te pran men yo pou’m te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa’ t kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa! Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m’ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m’ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M’a tounen Bondye pou yo, y’a tounen yon pèp pou mwen. Pesonn p’ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m’, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M’a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p’ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa ». Tcheke tou Matye 26:28 ak Ebre 8:10.
  4. Paske se yon akseptans fòmèl, gen anpil benediksyon ak konsekans lèsi zanmitay sa pa respekte ( Jozue 1:8, Levitik 20-26). Li pap repwoche’w, fèmen pòt sou ou, ni voye ou jete paske ou enpòtan pou li.

Si yon jou, ou ta santi Bondye lwen’w oswa ou pa ase, sonje ke akseptans Bondye pou ou gratis. Efezyen 2:8-10 explike: « [8] Se paske li renmen [ou]* kifè li delivre [ou]*, [ou]* menm ki mete konfyans [ou]* nan li. Sa pa sòti nan [ou]* menm menm, se yon kado Bondye ban [ou]*. [9] Non, [ou]* pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo. [10] Se Bondye ki fè [ou]*. Li kreye [ou]* nan Jezikri pou [ou]* pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou [ou]* fè yo. »

Idantite’w nan Jezi Kris, ou se mounn ki aksepete non pa zèv ou fè men pa relasyon ou ak li ak lanmou li genyen pou oj. Menm lè pafwa li difisil pou ou santi prezans Bondye si lespri ou brouye oswa sikontans lavi ta fè’w doute, Bondye li menm klè nan relasyon li ak ou. Li rete fidèl e sensè ak pwomès li yo sou lavi ou.

Ou se yon mounn aksepte ki vle di ou gen responsabilite pou grandi, aprann konnen Bondye ak tèt ou plis, e aksepte sila yo ki kote’w. Ou pa bezwen kraze tèt ou pou fe moun wè valè’w ni pèfòme pou Bondye « wè’w » paske li avè’w e wè ou chak moman. Li renmen’w jan ou ye a e vle ou pataje akseptans sa nan lantouraj ou. Women 15:7 di ,  » se pou yonn asepte lòt jan’l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye. » Se sak fè li bon pou ou kontinye develope tèt ou pou reflekte karaktè Kris la nan tout fasèt nan lavi ou (Jan 13:34-35; 15:14; Matye 16:24).

Li renmen’w jan ou ye tankou plim je nan tèt li e lanmou li pou ou san kondisyon. Ou pa bezwen ale lwen ni pase nan kat chemen pou ou pale ak li. Li gentan aksepte’w kòm pitit li sa vle di li dispoze pou resevwa ou jan ou reprezante’w nan chak moman, damou’w jan ou ye a e pa gen anyen ou ka fè ki ka fòse’l vire do ba ou.

Ann reflechi:

  1.  » Kijan idantite sa ou gen nan Bondye kòm mounn ki aksepte afekte jan ou wè tèt ou ak sikonstans ou yo jodia?
  2. Eske ou santi lanmou li ak akseptans li pou ou oswa distans ak rejet? Pouki?
  3. Ki kat aksyon ou ka poze jodia pou demontre akseptans ak de mounn nan lantouraj ou pou fè yo santi akseptans sa tou? (Men yon ti poul pou 1er aksyon an-> pataje devosyon sa ak li pou envite’l medite sou idantite’l kòm yon mounn ki aksepte nan Kris tou!) »

Ann Lapriyè:

Senye mèsi pou gras ou ak kompasyon ou ki pa janm fini pou mwen. Mèsi pou pwomès nan Jan 6:37 pou ou toujou aksepte’m paske mwen mete konfyans mwen nan ou. Ou pap janm voye’m jete. Menm lè gen moman mwen ta santi’m rejete pa lavi, dekourajman ak lòt sikntans ta vle fè’m doute de tèt mwen, lanmou ou gen pou mwen, ak toujou gen yon refij nan ou. Lè ou wè’m ak pèfòme olye ke’m repoze nan ou, tanpri tire zorèy mwen e kenbe kè’m nèt pou’m ka renmen e aksepte tèt mwen ak sila yo ou mete sou wout mwen pou glwa ou paske ou se Bondye. Mwen adore, exalte, e glorifye non ou. Amen.

Weepaa!! Yon ti rapel sou idantite’w nan Bondye jodia!

Matye 6:21,“ […]kote richès ou ye, se la kè ou ye tou »

Onè, onè, onè! Kote richès ou ye mounn pa’n?? Ou reponn nan idantite ak otorite’w nan Bondye pa vre? Bingo, egzelan repons (nou konnen’w sou men’w, tokay 😄).

Idantite’w nan Jezikri se yon eritaj espirityèl presye ke ou genyen e pi gwo trezò ou nan pakou pou ou reklame e viv Eritaj Wayal ou sou tè sa. Wi, nou la pou ede’w e grandi ansanm e kòm chak grenn nan nou , ou dwe toujou kenbe yo fèm nan memwa ak konpòtman ou pou ou ka toujou byen abiye.

Lavi ap toujou gen chanjman men depi’w sonje kiyès ou ye, reyisit ap toujou pou ou.

Idantite prensipal pou ou toujou kenbe djanm nan ou tout kote ou pase:

  1. Bondye renmen’w san mezi e ou se lanmou.
  2. Ou fèt nan imaj Bondye se sa ki fè ou se yon èt mèveye.
  3. Ou se eritye e pitit Bondye se sak fè ou pa manke anyen jan Sòm 23 ak 34 la raple. Bondye responsab ou. Se Senyè a se gadò ak pwoteksyon ou, ou pa manke anyen.
  4. Ou se yon mounn nouvo! Peche ou yo padone e ou gen yon fiti asire nan Kris la.
  5. Ou se yon mounn chwazi.
  6. Ou se chanjman. Lavi’w konte anpil se sak fè ou paka bay laperèz legen.
  7. Ou fè pati yon fanmi. Ou pa janm pou kont ou.

Sèlman, pa kite anyen gonfle kè’w, ranplase plenn ou pa lapriyè, e kite’w je’w fixe sou Jezi. Lè’w fè sa, li pwomèt pou li menmen’w pi lwen ke ou ka imajine (Jeremi 29:8-13).

Pran otorite’w, deklare vitkwa ou sou tout reflexion ak sikonstans ki vle domine’w. Bay Bondye glwa paske nan li ou se chanjman e avni mounn depann de obeyisans ou plis ke ou imajine. Mete Sajès ak bon konprann kom eritaj ou pou’w viv ak kè poze e pwospere nan tout sa w’ap fè (Ezayi 32:18-20).

Sonje kiyès ou, grandi e pwoteje richès esperityèl ou ki soti nan idantite’w nan Bondye pou ou kontinye prospere ak briye. Non li ak karaktè li pap janm chanje. Konte sou li!

Benediksyon: Ke Bondye lavi a kenbe kè’w nan prezans li nèt al kole pou ou toujou gen yon trezò etènèl ki manifeste nan tout glwa li nan lavi sou pandan pasaj ou tè sila. Ke Bondye kontinye kouvri’w ak gras li e devwale’w plis toujou de idantite ou nan li pandan favè li ap miltipliye plis pou ou tout kote ou pase. Amen.

Lapriyè: Senyè fè mwen wè

Senyè, pawòl ou yo fè mwen konprann ke je mwen yo se lanp kò a (Matye 6:22-23). Yo explike tou san vizyon pitit ou yo ap peri (Pwovèb 29:18). Se sak fè mwen ap mande ou pou louvri je’m pou mwen ka wè ou pi byen.
Menm jan ou te fè pou avèg la wè nan Matye 10 51-52, Mak 8;22-25, Jan 9:1-12.
Ou te repònn Eli lè li te priye pou Elize te wè (2 Wa 6:17-20),
Repònn kri kè’m pou mwen wè jodia.

Ban’m vizon’w.
Ban’m pasyon’w.
Mwen remèt ou kè’m ak dezi mwen yo.
Mwen vle toujou viv nan volonte’w.

Lèt lanmou ou pou mwen toujou o prezan e li pa janm chanje. Mwen se ti chouchou’w chak jou menm lè pafwa mwen sèvi ak ou tankou etranje. Retire tout sa nan mwen ki ka fè vizyòn’m flou,
Pou mwen pa kouri tankou machinn ki gen move kaoutchou.


Montre mwen tout sa ki ka oswa ki ap fè’m mache bite,
E lave mwen de tout move lide ki ka fè’m doute e pase kalamite. Mo mwen gen anpil pouvwa pou kreye realite’m, Sanktifye kè ak bouch mwen pou mwen ka itilize yo ak repè.

Ou menm Bondye se ou sè ki se sous kouraj mwen.
Ede mwen fokis sou ou pou’m wè ou ak sikonstans lavi nan tout klète. Ede mwen padone epi reve anko pou mwen reponn apèl ou ak obeyisans ak gete.
Mwen vle reyisi simayen lanmou ak lajwa ou tout kote mwen pase.


Mèsi pou prezans ou nan lavi mwen e mizerikod ou ki pa janm fini. Mèsi pou vizyon ak idantite mwen w’ap restore ak yon lanmou infini. Remèsiman, lwanj, egzaltasyon pou ou ki se sèl wa pou tout tan. Ke entimite ak amitye grandi pi plis tankou Moiz pou lavi mwen temanye entegrite, kreativite, prezans, grandè ou nan jenerasyon jodi yo ak tout sa ki gen pou vini pa pouvwa Sentespri ou. Amen.

Reziste

« Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l’, pou nou ka soti anba li. » 1 Korent 10:13

Onè zanmim!

Lavi chaje moman difisil e chak mounn fè experyans avèl yon fason ou yon lòt men Bondye fidèl!!

Se pou ou reziste (rete fèm). Wi, se pa rezistans oswa fè opozisyon jan sa pase lakay nou kote nou wè revandikasyon kont vyolans ak injistis fèt ak menm vyolans lan epi boule kaoutchou ak deblozay ki ap polye enviwòman an e pa pote solysyon ki dire. Jak 4:7 di « Enben, livre lavi’w bay Bondye pou obeyi’l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l’ap kouri ale byen lwen’w » (VKF). Rezistans ou menm ki ankre idantite’w nan Kris diferan.

Pasaj sa aprann ke vrè rezistans ou se nan livre lavi ou nan men Bondye e obeyi’l nan chak ti direksyon li ba ou. Li pap fasil e w’ap jwen oposizyon se sak fè fòk ou reziste (pa bay enmi nanm ou an legen). Sa vle di aprann kanpe djanm devan tout sityasyon paske ou konnen Bondye avè’w (Matye 28:20). Lè fè sa, gen yon pwomès viktwa pou ou! Jak 4:7 ki si’w fè opozisyon ak lespri malen ki pafwa sanble ap teste tout zantray ou yo, lespri mechan sa gen pou li kouri pou ou. Moman sa yo tanporè e Jezi te mouri sou lakwa e pote tout viktwa yo pou deja. Djòb ou se reklame viktwa sa nan tout sikonstans (Filipyen 4:6-8).

1 Korent 10:13 raple ke chak tantasyon/difikilte w’ap andire yo pa inik. Fòm tantasyon oswa sityasyon difisil pa’w yo ka diferan de sa lòt zanmi’w yo ka ap travese nan yon sezon ak yon lòt men tout tantasyon se tantasyon e objektif yo menm:  » se vòlè (lapè pa ou oswa pa lòt mounn nan), se touye (enpirasyon ak bonte ou gen kèw oswa pa lòt la), se detwi (nanm ou, kò’w, lespri’w oswa estabilite emosyonèl ou, lavi’w etc) (Jan 10:10).

Se poutèt sa li enpòtan pou ou rete je kale e reziste ak lafwa nan lapriyè pandan w’ap fè tout sa Bondye mande ou fè e chache konsèy ak direksyon nan pawòl li yo.

Kijan pou’w rezite? Bèl kezyon!

  1. Ou reziste nan simayen renmen menm le lòt fè ou mal (Jan 13:35).
  2. Ou reziste nan pèsevere menm lè tout espwa ta vle pèdi depi ou te gentan genyen wi Bondye sou sijèea (kelkeswa sal ta ye a) (Women 5:3-5).
  3. Ou reziste nan reve anko (Pwovèb 29:18).
  4. Ou reziste nan kontwole mo k’ap soti nan bouch ak lide nan panse’w yo(Pwovèb 23:7).
  5. Ou reziste nan kolabore younn ak lòt e mete tèt ansanm paske ou fè pati yon fanmi (Women 12:16; 1 Pyè 3:8)).
  6. Ou reziste nan padone mounn ki fè ou lapèn (sa ka tèt ou tou pafwa) (Efezyen 4:32).
  7. Ou reziste nan envite Bondye nan tout ti detay ou yo e pataje koze ou ak li plis (Pwovèb 3:5-6).

Pran kouraj nan tout sikonstans e sonje lavi’w pa yon aksidan. Reziste tantasyon sou tout fòm, kit se dekourajman, tristès, perèz, jalouzi, vyolans, panse negatif, repete move pawòl ki pap beni tè a ak nanm ou, elatriye. Pran otorite sou chak aspè lavi’w! Pa bay vag ni dekouaje. Kontinye priye, kontinye bay Bondye lwanj ak konpliman paske li bon!!

Kenbe fèm e pa bliye pataje devosyon sa ak zanmi ou yo!