Archives par mot-clé : Pitit

Ou se pitit Bondye


“Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi.” Efezyen 1: 5 HAT98

Nan listwa lemònd, pitit se gwo koze paske yo reprezante nouvèl , mès, kilti, ak avni yon fanmi ak peyi. Paran oswa responsab pitit souvan trete yo tankou de je nan tèt yo e fè jefò pou ba yo tout sa yo bezwen (e anpil fwa plis toujou).

Pitit yon mounn reprezante imaj li e se eritye prinsipal mounn sa genyen. Eritaj sa gen anpil fasèt. Li ka parèt nan fòm kò li, estyl li abiye ak sistem lasante li genyen; byen materyèl ke paran oswa lot zanzèt te travay fè; pwofesyonèl (anpil fanmi gen talan ak pwofesyon yo pataje de jenerasyon an jenerasyon); kiltirèl (egzanp, yon resèt manje oswa tradisyon yo obzève); esperityèl (nan lafwa yo pataje ak jan yo kiltive li); manyè mounn sa reflechi ak predisposizosyon emotyonèl li, elatriye.

Nan menm kontèks sa, ou se pitit Bondye.

Bondye se mèt tout syèl, tè, ak lanmè yo e li ba out tou kalite favè, konesans ak bon konprann (Ps 24:1; Efèz 1:4-8). Li kreye fi ak gason (Jenèz 1:27) nan imaj li e dapre sa ki ekri nan liv Efezyen depi ” byen lontan anvan Bondye kreye lemonn, li chwazi [ou] nan Kris pou [ou] kapab viv apa pou li, pou [ou]* san repwòch devan li. Nan renmen li renmen [ou] an, Bondye te deside depi davans pou li adopte [ou] pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi” (Efezyen 1: 4-5).

Sa vle li kit ou oswa gason, kit ou ofelen sou tè oswa mounn ki jwe wòl paran nan lavi’w egzite, Bondye reklame’w avan menm ou te vinn sou tè sila (Jeremi 1:5; Sòm 139). Ou pa e ou pap janm poukò’w (Ezayi 41:10; Deut 31: 8; Matye 28:20).

Menm jan pitit reprezante nouvèl jenerasyon mès, kilti, ak avni yon fanmi ak peyi, idantite sa ou genyen kòm pitit Bondye ba ou anpil privilèj ak responsabilite. Ou reprezante wayòm, imaj, ak grandè Bondye chak jou ou egziste e ou se eritye tout sa li posede. Nan chak sityasyon ou trouve’w, toujou sonje kiyès ou ye.

Ou gen pouvwa e devwa pou ou pwogrese wayòm li, viv nan lanmou ak viktwa li ba ou, e konbat ak lafwa pou glorifye non li. Bondye renmen’w tankou de je nan tèt li se sa ki fè depi ou kite je’w fixe sou li ou ap fasil wè ke ou pa manke anyen (PS 23:1; Ps 34). Menm chak grenn cheve nan tèt ou kote ( Lik 12:7; Matye 10:30).

Kounyea pran yon ti tan pou ou reflechi e medite sou enpòtans idantite’w kòm pitit Bondye genyen nan lavi ou jodia.

Nan sikonstans w’ap fè fas ak yo, kisa sa vle di pou ou? Kijan ou ka kote idantite sa ede’w grandi nan relasyon ou ak Bondye rantre nan lòt dimansyon?

Ou pa nenpòt ti chèlbè non. Wa tout linivè chwazi’w e li renmen’w ki donk ou se yon prens/prensès pa tankou kont de fe paske ou fè pati yon wayòm ki inebranlab de jenerasyon an jenerasyon. Kwè e aji lafwa ou. Papa’w la pou ou ak bra li louvri!

Ann Lapriyè

Bondye, mèsi pou pawòl ou ki toujou la pou gide’m e montre’m kiyès mwen ye. Liv Efezyen 1 fèm konnen ke “Byen lontan anvan [ou]*kreye lemonn, [ou]* chwazi [mwen]*nan Kris pou [mwen]* kapab viv apa pou [ou]*, pou [mwen]* san repwòch devan [ou]*. Nan renmen [ou]*renmen [mwen]* an, [5] [ou]* te deside depi davans pou [ou]* adopte [mwen]*pou pitit [ou]* nan Jezikri, paske sa fè [ou]* plezi.” (Vèsè 4-5). Mwen souri e fremi lè w’ap panse ak lanmou ak onè sa ke sa fè ou plezi pou ou pran mwen kòm pitit ou, zèv zantray ou, ak lajwa nan kè’w menm lè mwen pa toujou fè sa ki bon pa aksyon o pa omisyon. Ou san parèy! “[6] Se poutèt sa, [m’ap]*toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a [ou]* fè [mwen]* kado, gremesi Pitit li renmen anpil la! [7] Gremesi Kris ki mouri pou [mwen]* an, [mwen]* delivre, [mwen]* resevwa padon pou peche [mwen]* yo. Bondye fè [mwen]* wè jan [ou]* renmen [mwen]* anpil. [8] [Ou]* ban [mwen]* favè [ou]* an kantite, [ou]* ban [mwen]* tout kalite konprann ak konesans”Efezyen 1:6-8 HAT98 e nanm mwen exalte ou!

*modifye pou devosyon an