2èm Semèn: Senyè se repo ak lapè ou

Zanmi, kijan ou ye jodia?

Mèsi pou prezans ou nan 2èm semèn envitasyon pou lapriyè ak konsakre kè ak idantite ou nan Bondye e itilize Sòm 23 kom gid pou priyè yo. Si ou te rate 1er a, tcheke la–> Senyè a se gadò ou.

Ke Bondye kontinye briye fas li sou ou e ba ou yon experyans lanmou inik e nouvou ak li pou pase tout swaf kè ou. An nou derape!

Ann Lapriyè:

Senyè mwen,

Mo yo pa ase pou mwen exprime rekonesans mwen anvè ou pou grandè ak fidelite ou. Ou telman fidè, reyèl e san parèy ke mwen vle ak tout kè’m di ou mèsi. Mèsi paske tout panse ou anvè mwen se pou lapè, kè poze, ak pwogrè.

Ou se yon gadò extraòdinè ki pa vle okenn malè rive’m. Avèk ou mwen mache de glwa an glwa. Mèsi paske ou ap retire vwal inkietid e kraze tout fòs fè nwa sou lavi’m. Kontinye gide’m kote zèb yo pi fre yo. Lè pye’m ta vle chape, kenbe’m pou mwen benyen e satye swaf mwen nan dlo dous ki soti nan pawòl ou yo. Nan ou sèl mwen jwenn vre lapè ak repo pou nanm ak ko mwen.

Mwen konte sou ou.

Amen.

FavoriteLoadingAdd to favorites