“Li fè’m reprann fòs. Li fè’m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.” Sòm 23:3
Wow, ou vreman devwe! Chapo ba pou ou e mèsi pou patisipasyon ou pou nan 3èm semèn envitasyon konsekrasyon pou viv lanmou nan yon lòt dimansyon ak Bondye nan medite sou Sòm 23 semèn sa vèsè 3 a. Ke Bondye beni nanm ou, kè ou, ak kò ou pou ou kontinye pote glwa li tout kote ou ye. Si ou te rate premye 2 semèn yo, tcheke la pou 1er ak 2èm semèn yo. An nou vanse!
Kontèks: David ilistre Senyè a nan Sòm 23 kom yon bèje pou demontre karaktè li ak dezi kè li pou chak pitit (metafò brebi) li yo. Paske se Bondye ki ap gade ou, non sèlman li vle ou gen lapè ak kè pose, li vle ou toujou djanm. Se li ki fòs ak kouraj ou e li vle ou jwenn direksyon ak vizyon li yo pou lavi ou (“mache sou chemen dwat”) pou simayen lanmou ak prezans li tout kote ou pase.
Pran yon ti tan, kite prezans li avanyi yo pou restore tout pati nan ou ki ka dekouraje oswa sek. Kite li renouvle fòs ou, devouman, vizyon, ak emosyon ou yo. Ou fè t pou briye e li gen tout zouti pou ede ou trionfe pou glwa li. Ak gadò ou kote ou, ou paka echwe ni tonbe nan feblès. Kenbe fè m.
Ann Lapriyè:
Senyè,
Mèsi paske ou se yon bèje. Mèsi paske ou pa janm lage’m nan tout sikonstans mwen ye. Kit m’ap soufri oswa kè’m fremi ou toujou la. Wi, ou se fos mwen. Nan ou mwen jwenn fòs ak rekonfò. Tanpri kenbe’m nan chemen ki dwat devan ou e apa pou ou pou glwa ou manisfeste nan chak aspè nan lavi’m. Gide’m e kenbe mwen nan wout lavi ki se konnen’w e konnen bi ou te kreye’m pou reflekte lanmou ou sou tè sila.
Mèsi bon papa pou prezans ou, pou lavi mwen, pou jan ou pran swen mwen ak fanmi’m, zanmi’m. Mèsi paske pa sèlman yon bon gadò men tou yon bon zanmi, yon gid, ak konseye. Mwen ba ou tout glwa, lwanj ak lonè ou merite. Mwen exalte’w e remèsie’w. Mo yo pa sifi pou mwen di mèsi. M’ap kenbe fè’m menm lè wout la difisil paske mwen konnen ou avèk mwen e se ou ki gen tout pouvwa sou tout lavi mwen. Mwen beni non ou Senyè Jezi. Ou merite tout glwa! Alleluia. Amen.
Ann adore:

Add to favorites