All posts by kreyolmwen

Sekirite se youn nan Eritaj ou nan Bondye

Bondye pwomèt ou pou li ba’w lapè ak sekirite tout kote’w pase si ou mete tout lafwa ou nan li. Se li sèl ki gen ekip sekirite pa egselans e li bay zanj li yo lòd pou toujou pran swenw. Si ou pa konn ki mo pou di pou reklame bèl eritaj sa, Sòm 91 gen antidòt la pou’w koze ak li.  

Jodia pa pè ni gen krent paske Bondye la avè’w. Li wè’w e damou’w e vle’w konnen nan nenpòt zòn ou ta ye, depi’w konfye nan li e invite’l nan tout sa w’ap fè li pap kite’w. Ou pa bezwen nan kè kase non. Ou se pitit wa e pitit wa pa janm mache san defans!!! (Sòm 91:9-10)

Reklame eritaj sa nan lapriyè jodia pou lap lanmou ak viktwa Bondye envayi tout kwen e mande bon Papa ou an pou kontinye kouvri ou, fanmi, zanmi, vwazin, peyi ou ak tout rès mòn nan paske kè li sansib pou chak pitit li.

Sòm 91

“Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

 Se li menm ki p’ap kite ou pran nan pèlen, ki p’ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou. L’ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p’ap rive ou kote ou kache a. L’ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

Ou pa bezwen pè bagay k’ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. Ou pa bezwen pè move maladi k’ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k’ap touye moun gwo midi. Mil (1,000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p’ap rive ou. W’ap rete konsa, w’ap gade, w’a wè jan y’ap bay mechan yo sa yo merite.

Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, okenn malè p’ap rive ou, okenn mechan p’ap ka pwoche bò kot kay ou. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.Y’ap pote ou nan men yo pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. W’ap mache sou lyon ak sou sèpan, w’ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

Bondye di: M’ap sove moun ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè’l rele’ m, m’ap reponn li. Lè’l nan tray, m’ap la avèk li. M’ap delivre’ l, m’ap fè yo respekte’ l. M’ap fè’ l viv lontan, m’a fè’ l wè jan m’ap delivre’ l.”

Lapriyè: Amen!!! Amen!!!! Mèsi senyè pou gwo eritaj m’ap jwi nan ou!!! Mèsi pou pwoteksyon ou ba nou nan tout dimension lavi ak lespri nou. Mèsi pou pwomès ou yo ki pap janm fayi e ak lanmou’w ki renouvle chak jou pou nou. Tanpri kountinye kache nou anbra manto lagras ou a e gide nou nan chimen lavi ki soti nan ou sèl. Lè tanpèt lavi a ta vle ebranle’n ede’n fè silans devan majeste’w pou’n tande ti koze delivrans nou. Pa gen tankou’w senyè e nanm nou beni ou!!!  Ou sèl ki toujou pote viktwa e gen tout otorite sou late and nan syèl. Lwanj pou on Yahweh!!!!

https://www.youtube.com/watch?v=W9PzAnN0doM
Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Ou se kouraj

“Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.” (2 Tim 1:7)

Nan lavi li fasil pou dekouraje lè ou wè tout bagay ta vle fè nwa sitou nan moman konyea kote vyolans ak insekirite ap simaye toupatou. Lè nou fè fas ak difilkte lavi, nou ka itilize mo nou yo nan fason ki negative e pawòl sa yo ka fè nou dekouraje.

Mo nou yo tèlman gen pouvwa nou ka dekouraje tèt nou epi n’ap panse se djab k’ap fè nou depafini oswa ki enpeche nou avanse. Se sak fè li imperatif pou’w gen kontwòl panse k’ap pase nan tèt ou, mo k’ap soti nan bouch ou lè w’ap fè Bondye konfyans nan lapriyè, e ak ki mounn w’ap koute lè y’ap baw konsey. Li pap fasil pou ou wè men Bondye ki toujou ap travay pami ou nan mitan tout zeprèv si ou lespri ou negative oswa dekouraje. Dekoujman ak desespwa pa pou ou paske nan Bondye idantitie ou se kouraj.

Ou se kouraj paske:

  1. Kouraj se yon pwomès Bondye ba ou paske ou se lapè. Nan Jan 14:27, Jezi pwomèt “M’ap ban nou kè poze. M’ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.” Jan 14:27
  2. Ou gen anpil espwa nan Bondye e ou gen aksè ak li pa lapriyè, “mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!” Sòm 27:14
  3.  Ou gen sekirite tout kote ou pase. Menm jan David te di, “Menm si m’ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p’ap pè anyen, paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m’ pa kase” Sòm 23:4; 91.
  4. Ou pa janm sèl. Se sak fè Det 31:6-8 raple nou menm jan li te raple Moyiz: “Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo (ninpòt sitiyasyon ki ta vle fè’w bite)* parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p’ap janm lage nou, li p’ap janm kite nou pou kont nou. […] Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen. Ou pa bezwen tranble.  Det 31:6-8
  5. Lespri sen toujou la pou gide’w. 2 Tim 1:7
  6.  Kenbe lafwa nan Bondye nenpòt sa ki ka rive. Paske ou gen otorite sou tout sikonstans, “Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.” 1 Korent 16:13
  7. Se yon komandman Bondye ba ou. “Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.” Josye 1:9

Benediksyon: “Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n’a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.” 2 Korent 1:3-4

* Nou ajoute explikasyon

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Ou pa manke anyen

“Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen. “ Sòm 34:10

Bòn nouvèl pou ou maten an! Zanmi, ou pa manke anyen nan Bondye! Eske’w kwè e konnen sa? Tout sa ou beswen, Bondye konnen yo e li vle ba ou yo men li toujou vle prepare kè’w pou resevwa benediksyon yo avan (Sòm 34, Prov 3:5-6, Matye 7:9, Lik 11:11).

Ou se grenn pitit ki chè pou li anpil se poutèt sa li toujou renmen wè lè kè’w ap rejwi e lè ou asire idantite’w ak kè’w nan li tout bon, w’ap realize vre ke ou pa manke anyen. Paske Senyè a se li ki sous ou e se li menm ki gen kontwòl tout bagay! (Sòm 24; 1 Korent 10:26)

Jodia pandan w’ap koze ak Bondye nan kèw, medite sou Sòm 34. Bondye vle konble tout dezi kè ou yo ki an akò ak pawòl li yo sèlman fè’l konfyans e ba li espas pou li repòn nan fason ak nan lè pal. Asire’ w sou bonte ak bon plan li pou lavi’w (Jeremi 29:11-13). Ou pap regrèt ni wont lè’w fè sa paske Bondye gen bon kè e li damou’w!

Sòm 34  Lwanj pou Bondye pou Bon kè li

“(2) Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li.          (3) M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.                          (4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! 

(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre’m anba tout sa ki t’ap fè’m pè yo.                                      (6) Lè nou vire je nou gade’l, sa fè kè nou kontan. Nou p’ap janm wont.                        (7) Lè moun ki san sekou yo rele’l, li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.                   (8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

 (9) Goute, n’a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!                                   (10) Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen.    (11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k’ap chache fè volonte Senyè a p’ap manke anyen.

 (12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m’ap di nou. M’a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.           (13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?        (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.                      (15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.                                                        (16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye’l. 

(17) Men, Senyè a vire do bay moun k’ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo.        (18) Lè moun ki mache dwat yo rele’l, li tande yo. Li wete yo anba tray.               (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.                  (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou’l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre’l anba tout soufrans li yo.                                                                          (21) L’ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò’l p’ap kraze.                                       (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k’ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.                                                        (23) Senyè a ap delivre moun k’ap sèvi”l yo, li p’ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote’l.”

‭‭Sòm‬ ‭34:1-22‬ ‭HAT98‬‬

Nan silans ou…

“Senyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou (fè silans).” Egzòd 14:14

Lèt lanmou Bondye pou ou jodia:

“Nan silans ou tande vwa’m plis, K’ap diw ti pawòl dous ki chaje delivrans. Tankou ou domi byen sou yon kabanm san pis, Mwen nouri nanm ou ak lapè e ba ou fokis. Nan lanmò’m mwen te pran tout penitans, Pou’w te ka viv yon vi san pretans. Pa pè fè silans….

Ou pa bezwen di mil pawòl, Ni eseye pale ak mwen nan jan dwòl. Mwen menm avè’w pa bezwen nan teke mo. Mwen renmen’w janw ye a e mwen potew sou do.

Afèksyon’m pou ou san repwòch, Plan mwen yo pou lavi’w san banbòch. Fè yon ti rete plis ak mwen an silans.

Ou se younn nan pi bèl kreasyon’m, E mwen rejwi lè nou pase ti moman espesyal yo an silans tou. Wi, ou pa bezwen kriye ni fè anpil bri poum koute’w, Paske mwen konnen’w e mwen toujou bò kote’w.

Mwen renmen dolote’w, Konsa tou pafwa mwen oblije korije’w, Men lanmou’m pou ou fè mwen pap janm lage’w. Nan silans ou dekouvri plis janm damou’w, E tande bri kèm k’ap bat tanbou pou ou.

Enmi nou an ta vle’w pè silans paske li konnen li gen anpil enpòtans. Silans ou lè nou ansanm ap fèw gen viktwa sou anpil sikonstans, Mwen vle ede’w wè klè e montre’w sa’w dwe fè.

Paske mwen renmen’w, mwen pa vle pale pi fò ke vwaw. Lè’w fè silans ou chwazim e invite’m pale, Konsa w’ap plis remake lè mwen manisfeste glwa’m.

Nan silans ou mwen vle ranpli’w ak panse pam. Kite’m restore’w konsa wa jwenn plis lapè, lajwa, lanmou, ak lafwa. Pa neglige ti moman sa… mwen gen anpil koze pou ou.”

Adorasyon:

Idantite’w nan Bondye manifeste nan mo ou chwazi yo

“Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li. Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w’ap jwenn.” Pwovèb 18:20-21

Mo ki soti nan bouch ou ak lide’w yo gen anpil vale. Mò tèlman gen pouvwa se avèk pawòl li Bondye kreye tout linivè a (Jenèz 1:3). Paske ou fèt nan imaj li ( Jenèz 1:26), pawòl ou yo gen anpil pwisans e kreye linivè w’ap viv la.

Bondye tèlman fè’w konfyans li ba ou mwayen pou kreye menm jan ak li e fè bèl bagay ak lavi’w nan istwa lanmou l’ap ekri avè’w la ak pawòl ki soti nan bouch ou! Lavi (abilite pou kreye oswa konstwi, develope rafine pou epanouyi talan ak konesans) oswa lanmò (abilite pou detwi, detwi, fè sabotaj) se nan lang ou li ye.  (Pwov. 18: 4,20-21)

Avèk mo ou yo ou kreye oswa detwi fiti ou e  ankouraje oswa dekouraje tèt ou ak lòt mounn ki bò kote ou yo tou.

Gen de lè ou ka panse se djab kap manje’w pandan ke se panse ki nan tèt ou ak pawòl w’ap deklare sou viw, ak lantouraj ou k’ap mennen’w deyè ( Pwovèb 23:7).  Anpil fwa ou konn ap mande Bondye pou li di yon mo alòske kouw finn lapriyè ou di di mil mo ki kontrè ak sa n’ap tann Bondye di a san’w pa ran ou kont ki ka fè repòns priyè a mize anpil. Se youn nan rezon ki kòz apot Pòl te raple nou pou nou kenbe lide nou yo sous a ki korèk, wat, bèl e ki pap fè nou wont (Fil. 4:8).

Sa ki pa korèk se bagay tankou: touye mounn ak lang ou (tripotay) ak avili lòt moun (Prov 11:9-13); pa peye dèt (Pwov 11:15); fè penng (Pwov 11:225); mete konfyans nan byen materyèl (Pwov 11:28); negativite ((Pwov 16:24), bay manti (Pwov 10:31, Sòm 34:13-14), ògèy, fè maji, sèvi zidol, jalouzi, rayisman, kòlè san kontwòl, fè klan, chirepit, fè tafyatè ( Galat 5:19-26), etc.

Anvan’w kite mo yo soti nan bouch ou oswa kèk lide nan tèt pi pap edew vanse, sonje tout sa ou di gen enpòtans e ou kreye inivè ou ap viv la ak realite ou experyanse chak jou (Matye 15:11-18).

 Pran kontwòl pawòl k’ap soti nan bouch ou jodia ak lide ou yo. Refise tout panse ak mo ki pa an akò ak pawòl Bondye sou vi’w ak sou lantouraj ou (tcheke Jeremi 29:9-13). Fè atansyon ak tout sa w’ap di e kwè ke y’ap realize epi wa wè jan lavi’w ap transfòme! (Mak 11:23; Women 10:10; Efezyen 4:29; 1 Jak 3:10).

Lè’w gen kontwòl bouch ou, ou gen kontwòl sou lavi’w e ou bay Bondye plis plas pou manifeste glwa li nan ou e travè ou (jak 3:2-4). Repran lavi’w jodia! Chwazi mo ki bay lavi ki soti nan pawòl Bondye yo.

 Pa bliye apiye’w ak tout fòs ou sou Sentespri Bondye a pou li ede’w fè sa paske lenmi nanm ou an gen anpil riz e chak jou l’ap atake lespri’w ak move lide oswa mete sitiyasyon sou wout ki ka fè’w bite.

Sa pitit Bondye yo deklare sou late se yo k’ap akonpli paske nou gen tout otorite ak pouvwa sou satan ak tout kolòn li yo k’ap gouvènen.

Mande Bondye (ak nenpòt lòt mounn ou ofanse ak bouch ou oswa atitid) padon epi komanse itilize pouvwa lang ou pou konstwi ak simayen lanmou Bondye a tout kote’w pase!

Ann Lapriyè: Bondye, mèsi paske ou ban mwen tout otorite ak pouvwa sou tout move panse ak move mo ki ka soti nan bouch mwen. Netoye kèm poum toujou sèvi’w ak senserite e pale pawòl ki fè ou plezi e ki ka ede frèm ak sèm yo grandi tou. Aprann mwen pale byen e deklare viktwa ki soti nan pawòl ou yo sou lavim ak antouraj mwen. Mete yon kontwòl sou lang mwen ak kè mwen e ban mwen plis obeyisans nan poum ka toujou fè sa ki dwat nan ze’w ak devan lezòm.

Mèsi paske mwen pa sèl nan chanjman sa e pou Sentespri’w k’ap gidem ak chak moman.  Mwen beni non e mwen aligne tout viva k fanmi’w ak peyi’m ak pawòl ou yo ki bay lavi ak kè poze. Pa gen anyen lenmi an ka fè pou detwi plan ou yo pou nou e mwen di’w mèsi pou sa tou.  Mwen fè’w konfyans paske se ou ki gen deny emo e pwomès ou fidèl. Amen

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Bòn Ane 2020!!!

Pwomes Bondye pou nou jodia”[ ….] Senyè a di: -Mwen wete sa ki t’ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an. Jou sa a, m’a pini tout moun ki t’ap peze nou yo. M’a sove moun k’ap bwete yo, m’a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t’ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo. Lè sa a, m’a fè nou tounen lakay nou. Wi, m’a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M’a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y’a nonmen non nou. N’a wè m’a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Senyè a menm ki di sa.” Sofoni 3:17-20

Devosyon an Kreyòl swete’w Bòn Ane!!!

Nou pa bliye dat 1er Janvye a men nou te vle pran ti tan pou redefini ane a ansanm sou koze idantite nou nan Jezi Kris. Alò, anvan mwa a fini nou swete’w:

Bòn ane ak tout fanmi ak zanmi ou yo

      Onè ak respè pou kouraj ou chak jou

Nan lanmou ak konpasyon li, ke Bondye kontinye ba’w favè li e ede’w grandi nan lafwa ak sajès

2020 se…

Ane fokis, lajwa, ak siksè

Negativite pa pou paske fòk ou kenbe tèt ou klè

Eskiz se lenmi’w. Li ka detwi idantite’w nan Bondye e derasinen valèw. Jete’l lwen pou epanye malè.

Bondye gen anpil sipriz ki exselan pou ou ane sa!!! Ann rete branche pou’n wè bèl mèvèy e jan li pral transfome idantite nou pou nou sanble plis ak li chak jou.

Benediksyon pou ou ak tout fanmi’w!!!

Lavi’w nan pla men Bondye!

” Si n’ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la. ” 2 Korent 5:7

Gen de jou lavi a ta vle pran tèt ou e fè’w kwè manti tankou “Bondye bliye’w”, “Bagay sa yo pap janm chanje”, “Se konsa bagay yo ap toujou ye”, “pa gen lespwa anko” etc. Lè sa yo leve bra ou anlè e kite zye’w sou Jezikri paske lè tout bagay ta vle fènwa, se le sa pral fè jou pou ou!!! Fè Bondye konfyans epi w’ap wè jan l’ap mennen’w lwen(2 Korent 5:7).

Sonje pawòl Bondye yo se defans ou ! Lè fòs ou ap febli epi panse negatif ta vle anvi’w pou fè dlo kouri nan je’w tankou lapli, nouri nanm ou nan ti pawòl ki ka ba’w lavi a paske lajwa ak viktwa se pou deja nan Jezi.

Ranplase manti yo lenmi nanm ou an ta vle’w kwè yo pa verite ki nan Bib la sou plan Bondye pou lavi ou yo. Mare sentiwon laverite ki soti nan Bondye yo nan fon kèw e kenbe pwomès Bondye yo. Men kèk ti egzanp:

  1. Manti: “Bondye bliye’w” Verite: ” Senyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]!  Mwen ekri non [ou] nan pla men’m. Mwen toujou wè miray [ou] yo devan je’ m.”Ezayi 49:15-17

2. Manti: “Bagay sa yo pap janm chanje” Verite: ” Senye a di: Mwen menm Senyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou’ m fè. ” Jeremi 32:27

3. Manti: “Se konsa bagay yo ap toujou ye” Verite: ” Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l’ap fè a. Mwen wè pi bon bagay yon moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi se fè sa ou vin pou fè a byen.” Eklesyas 3: 10-12 Verite: ” Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. ” Lik 1:37; Matye 19:26

4. Manti: “Pa gen lespwa ankò” Verite: ” benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. ” Jak 1:7 Verite: “Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li. Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l’ kouraj ankò! Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y’ap pran zèl pou yo leve ale. Y’ap kouri san yo p’ap janm bouke. Y’ap mache, yo p’ap janm febli.” Ezayi 40:28-31

Kontinye aprann kiyès ou ye konsa wa gen konviksyon ke tout ti detay nan lavi’w byen trase nan men Bondye (Jeremi 29:11). Li damou fou jan ou ye a e li pap jan’m abandone’w (Det 31: 1-6). Pwochèn panse negatif ta vle anvayi’w, lapriye, pran defans ou nan Bondye epi kenbe lafwa’w paske dosye’w la rezoud deja!

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.