Tous les articles par EritajWayal

Ou se chanjman e ou sou kont Bondye

Lè pou chanjman pozitif fèt laperèz ak dout toujou cho devan. Emosyon sa yo nomal paske anpil nan mounn ap viv ak yon idantite ki enpose men ki pa soti nan Bondye. Men ou menm fòk ou konnen ou se yon ajan chanjman (Efezyen 2:10; 6:12; Women 6:2) .

Ou pa bezwen pè. Ou sou kont Bondye (Ezayi 46:4-9; 43:1-7). Sa vle di l’ap gide’w, pwoteje’w, pirifye’w, grandi’w, ba’w lajwa, e dolote’w tou lè ou nan chagren. Sèlman koze ak li pou ou konnen domèn espesyal li kreye’w pou kite enpwent li a travè lavi ou.

Idantite’w kòm chanjman ka parèt dwòl(Ezayi 43:18-19). Depi tikakat, lespri’w ka twouble paske anpil mounn ta vle’w kwè lavi ou depann de politisyen, lòt sitawyen, mwayen finansyè, parènn ak marènn, oswa gouvènman. Pawòl tankou « se leta ki pa fè travay yo », « ou pa leta ou ka fè anyen », « se fòt leta », « fòt mounn rich yo », « siw pa gen je vèt ou pap anyen » elatriye fè kenken. Anpil nan filofi kilti ki antoure ou ta vlè’w kwè fòk ou abiye yon mòd jan, woule yon sènten machinn pou ou montre ou se yon « siksè ». Komsi fòk ou ta pitit soyèt pou gagne yon ti pen e viv byen menm yo pa kole sou Bondye menm si se li ki bay tout sa ou genyen ak ti souf la (Sòm 24:1-2).

Lavi ou pa yon aksidan ni li pa depann de lòm ki inkli gouvèmman, èd sosyal, edikasyon fòmèl, eltatriye. Ou se yon mounn chwazi, ki rich, talantye, jenere, e ou gen kouraj ak viktwa. Mo ki soti nan bouch ou gen anpil otorite ak valè. Mande Bondye sajès ak bon konprann pou’w vanse pi devan e kontinye konbat nan lafwa (2Korent 10:4-5).

Se dwa’w ak devwa’w pou ou pwogrese. Pwogrè pa vle di sèlman ale lekòl pou gen yon metye ak fè plis kòb. Li bon pou kontribisyon ou yo pozitif nan sosyete a e pou ou viv alèz men li enpòtan anpil pou grandi nan idantite’w nan Bondye e aplike chak ti pwen. Reve ankò e vanse. Konsa wa pote chanjman pou glwa Bondye manifeste nan ou e a travè de ou tout kote’w pase.

Ou fèt pou briye paske ou se limyè. Pa inkyete’w kijan bagay yo pral dewoule. Lapriyè pou’w kenbe fèm e reyizi e kontinye mande Bondye direksyon epi li va kondwi’w paske ou sou kònt li sèl. Fanmi, zanmi, solda lanmou, lajwa, lafwa, ak lespwa, reveye. Nou chak ki gen kwè nan Jezi Kris bezwen’w. Sonje kote fòs ou soti. Leve.

Chwazi lavi. Chwazi kanpe sou pwomès Bondye yo pou tranfòme lavi’w, kominote’w, avni’w ak kolòn ou pou yon demen miyò pou jenerasyon pa’w, sak la avan, e sa k’ap vini yo. Bondye vle ou pwospere nan tout aspè nan lavi’w inkli finansyè e li preokipe anpil ak nanm ou, ak idantite’w pou ou ka konnen vre valè’w ak wòl ou nan sosyete sila paske ou se yon ajan chanjman(Tcheke Women 12:2; 2 Korent 5: 17; Jeremi 29-8-11; 1 Jan 4:4-6; Detewonomi 28:11-12; Pwovèb 10:22; Pwovèb 11:24; 2 Korent 9:6-8; 2 Korent 8:9; Efezyen 3:16-20)

Pran yon ti tan pou sonje tout wout Bondye fè avè’w, vitkwa li ba ou yo, mèvèy souf sa ak konesans li ba ou (ki pa soti nan lòm. Redouble ak fòs ou paske mizerikòd, kontantman lè l’ap admire’w, zanmitay li, fidelite ak konpasyon li pou ou pap janm fini.

Ann medite ansanm sou pwomès Bondye pou ou jodia

« [Ou] * menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la,
[Ou] * menm mwen te pote nan men depi jou [Ou] * te fèt la,
[Ou] * menm mwen te soutni depi nan vant manman [ou]* an,
koute sa m’ap di [ou] * byen:
M’ap toujou aji konsa ak [ou] * jouk w*’a vye granmoun.
M’ap toujou soutni [ou] * jouk n’a gen cheve blan.
M’a pote [ou] * nan men m jan m te toujou fè l la. M’a pran [ou] * sou kont mwen, m’a delivre [ou].
Ak ki moun [ou] * ta konpare m? Ki moun [ou] * ka di ki sanble m?
Ki moun [ou] * ka mete bò kote m ki tankou m? »

Ezayi 46:3-6, * adapte pou devosyon an

Rete beni.

Bondye pa bliye’w

 » Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]*! » Ezayi 49:15 HAT98

Kit se yon sezon w’ap rejwi oswa ou santi fòs ou ta vle febli,
Bondye la avè’w e chak jou li vle fè’w souri.


Gen de sikonstans w’ap pase nan lavi ki ka fè’w santiw dekouraje.
Lè’w gade kijan lemòn ap degringole, li ka fè tout kote’w pase ou santi’w andanje.
Sitiyasyon sa yo ka fè’w viv nan yon strès ak ansyete pèmanen e bliye idantite ou nan Bondye.

Tankou yon klorat ki eklate twò prè’w ki ta vle pete je’w,
Konsa lenmi nanm ou ta vle ou dekouraje e kenbe nan chèn prizon mantal san pyew ni men’w pa mare.

Ale nan sous la.
Pawòl li senten.
Se la repons w’ap chèche yo ye.
Pa bliye pouwa lapriyè.
E kwè ke Ou pa pou kò’w.
Sentespri Bondye nan ou.
Ou pa janm pou kont ou.

Bondye pa bliye’w.
Leve je’w anlè. Egzalte non li e ba li glwa ak tout kè’w.
Sonje kiyès ou ye.
Nou menm tou nou la avè’w.
Menm lè ou pa li nou menm jan souvan,
N’ap priye pou ou paske nou se yon fanmi e renmen’w.
Kenbe fè’m.

Ann Medite Ansanm sou Ezayi 49:14-23

 » 14 Men, pèp lavil Jerizalèm lan t’ap di: — Senyè a lage nou. Mèt la bliye nou.

15 Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]*!

16 Non [ou]* tanpe nan plamen mwen.[Ou]* pa janm soti nan lespri mwen.

17 Men moun yo ki pral rebati lavil la ap vini! Moun yo ki t’ap kraze [ou]* yo, ki t’ap piye [ou]* yo, y’ap met deyò.

18 Senyè a di: – Voye je [ou]* toupatou, gade sa k’ap pase. Tout moun [ou]* yo ap rasanble, y’ap vin jwenn [ou]*. Mwen sèmante sou vi’m: [ou]* pral kontan wè yo lakay [ou]*, Se va tankou lamarye kontan lè bèl rad nòs li sou li. Se Senyè a menm ki di sa.

19 Peyi [ou]* an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, kounyeya li pral twò piti pou kantite moun k’ap rete ladan’l. Paske moun ki t’ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen [ou]*.

20 Yon lè, pitit [ou]* te kwè ki te pèdi nèt yo, n’a tande yo ap pale nan zòrèy [ou]*, y’a di [ou]*: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.

21 Lè sa a, n’a di nan kè nou! — Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pat kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo sòti menm?

22 Men sa Senyè a, Bondye a, di ankò: M’ap fè nasyon yo siyon ak men m. M’ap leve drapo m pou m avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k’ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.

23 Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y’ap ajenou devan nou, y’ap bese tèt yo jouk atè, Y’a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Senyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p’ap janm wont. »
Ezayi 49:14-24 HAT98

Ann Lapriyè

Papa, mèsi pou konpasyon’w ak prezans ou. Pa gen lòt tankou’w Senyè. Ou pwomèt menm si yon manman ta ka bliye pitit li, ou menm ou pap janm bliye’m ni lage’m yon bout.

Mèsi pou lanmou sa ou gen pou mwen, konpasyon ou ki san mezi. Mèsi pou mizèrikod ou, nouvo sezon ak pwomès restorasyon ak novote sa yo ou genyen sou lavi’m, zantray mwen, fanmi’m, ak tout peyi’m.

Mwen resevwa’l ak tout kè’m ak bra’m louvri. Tout pawòl ou se wi ak Amen. Mwen konfye’m nan ou. Gide’m. Ede’m kenbe zye sou ou nan tout sikonstans. Ke non ou beni e glorifye sou tout fas tè a, Senyè Jezi. Amen.

* adapte pou devosyon an

Kwè nan Bondye nèt al kole!

Nou pa ka kite pwemye mwa nan 2024 ale san nou pa swete’w bòn ane e remèsye’w paske ou fè pati fanmi nou. Mèsi anpil. Ke Bondye kontinye vide gras li sou ou e wouze rasinn ou tout kote ou pase.

Devouman’w pou kontinye grandi nan lafwa ak konnen idantite’w nan Bondye, ba nou plis fòs pou kontinye kole zepòl ak ou pou nou grandi ansanm.

Anvan nou ale pi lwen nan koze idantite nou nan Bondye a, ann medite sou sòm 16 kote salmist la raple nou ke Bondye se sous kè kontan nou e nan li nou pa manke anyen. Bon meditasyon e Bòn ane 2024! Ke Bondye edew grandi plis nan lafwa, sajès, konfyans, ak otorite nan li.

Ann Lapriyè:

Sòm 16

(1b) Pwoteje’m, Bondye, paske se bò kote ou m’ap chache pwoteksyon.

(2) Mwen di Senyè a: — Se ou ki sèl mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!

(3)Tout plezi’m se pou’m toujou la avè moun k’ap sèvi Senyè a nan peyi a.

(4) Moun k’ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y’ap chache bay tèt yo. Mwen p’ap mele nan ofrann bèt y’ap fè. Mwen p’ap janm nonmen non bondye sa yo.

(5) Senyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m tou sa’m merite. Lavi’m nan men ou. Ala yon bèl eritay ki vin pou mwen!

(6) Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa’m lan!

(7) M’ap fè lwanj Senyè a paske li ban’m bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di’m sa pou’ m fè.

(8) Mwen toujou mete Senyè a devan je’m. Paske li toujou bò kote’m. Anyen pa ka brannen’m.

(9) Se poutèt sa, kè’m kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m’ap poze ak konfyans nan Bondye.

(10) Paske ou p’ap kite’m kote mò yo ye a, ou p’ap penmèt moun k’ap sèvi ou la pouri anba tè.

(11) W’a fè’m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè’m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p’ap janm fini. Amen
Sòm 16:1‭-‬11 HAT98

Tout glwa pou Bondye!

LEVE!

Wi, jodia se jou pou ou L.E.V.E!

Louwe Bondye pou mèvèy li yo nan lavi’w
Eleve vwa ou pou ba li tout glwa ak konpliman li merite
Vanse ak kè kontan paske Bondye restore’w
Egzalte non li pou mirak li ap opere ak kado lavi

Ou gen lavi, w’ap respire alòs olye pou’w plenyen deside jodia se jou’w pou ou gen lajwa nan tout sikonstans. Wi, souke kò’w!

W’ap chachè yon mèvèy? Ou ta renmen Bondye fè yon mirak nan lavi’w? Leve, gade nan yon miwa wap wè yon reflè. Ou sipri? Se ou!! Ou se mèvèy la, ou se mirak la, e Bondye kreye’w pou ou se repons lapriyè o mwens yon mounn kote’w e sa ap afekte anpil nasyon sou tè sila. Sa, w’ap tann??LEVE zanmi’m. Kontinye adore e vanse pou pi devan. Lavi ou twò enpontan pou ou kite dout paralize’w.

Ann medite ansanm sou Ezayi 51:17-23

 » Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!

Nanpwen yonn nan tout pitit li fè yo ki la pou moutre’l chemen pou l pran. Pa gen yonn nan tout pitit li elve yo ki la pou ba l men.

De malè tonbe sou ou yonn dèyè lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè li. Grangou ak lagè fin detwi moun yo. Ki moun ki ka konsole ou?

Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Senyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la.

Se poutèt sa, nou menm, moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, Koute yo, nou menm ki sou tankou si nou te bwè.

Senyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k’ap pran defans pèp li a di: — Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p’ap gen pou nou bwè ankò nan gode k’ap fè nou sou a.

M’pral mete gode a nan men moun ki t’ap maltrete nou yo, moun ki t’ap di nou yo: Plat atè non pou nou pase. Lè sa a, se do ou ki te sèvi chemen. Se do ou ki te sèvi lari. »

Ann Lapriyè: Mèsi Senyè!!! Mèsi pa sifi pou’m temanye grandè ak gantiyès ou nan lavi’m. Mèsi paske ou ban mwen fòs poum LEVE e temanye. Mwen sou kont ou e se sak fè kè’m pap sote nan tout sikonstans ou la pou mwen e ou la avèm. Mwen ba ou lwanj ak konpliman ou menm sèl merite. Ke non ou ak volonte ou egzalte nan lavim al toupatou sou tè sila. Ou extraòdinè e mwen renmew ak tout kè’m. Kontinye fè travay nan mwen, pirife’m, sanktife’m, e gide’m poum mache dwat devan ou e lavim sèvi temwanyaj grandè ak pwisans ou tout kote mwen pase. Nan non Jezi. Amen!

Bondye se sous kouraj ou

Yon sous se yon kote ki gen abondans yon bagay patikilye. Li ka tanporè oswa pèmanen. Nan tout sous ki egziste tankou sous dlo, sous petwòl, elatriye se sèl Bondye ki gen pwovizyon san limit. Pou chak pitit li yo, tankou ou menm, li vle ba yo abondans nan tout bagay (Sòm 34:10) e jodia li vle raple’w ke sous kouraj ou (kote ou ka vrèman rechaje’w 100 % pou ou vanse pou pi devan an nan tout sikontans lavi) se nan li.

Sonje younn nan karakteristik idantite’w nan Bondye se kouraj. Kouraj pou vanse nan lafwa kit nan lajwa ou nan lapènn. Kouraj pou kontinye fè sa ki bon e kwè ke pwomès Bondye yo sou lavi’w ap akonpli paske ou nan pla men li e li renmen’w ak yon lanmou san mezi. Kouraj pou ou kontinye pwoklame grandè li ak volonte li nan tout sikonstans.

Pwoche pi pre tròn li e louvri kè’w panda w’ap medite sou Ezayi 51:12-16. Kite nan’m ou beni.

Ezayi 51: 12-16

« Senyè a di: — Se mwen menm k’ap ban nou kouray. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?

Gen lè ou bliye Senyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w’ap tranble konsa devan kòlè moun k’ap peze ou yo, moun k’ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?

Talè konsa, yo pral lage moun ki nan prizon yo. Yo p’ap mouri nan kacho. Y’a toujou jwenn dekwa pou yo manje.

Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye ou la. Mwen souke dlo lanmè a, mwen fè lanm lanmè yo gwonde. Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele m!

Mwen konfye ou pawòl mwen, W’ap jwenn pwoteksyon anba zèl mwen, M’ap fè yon syèl nouvo, m’ap fè yon tè tou nèf. M’ap di [Ayisyen]*: Ou se pèp mwen. »

* modifye pou devosyon an

Ann Lapriyè: Senyè mèsi pou gras ou ak konpasyon ou ki pa janm vini. Mèsi paske ou chwazi’m pou fè pati pèp ou. E ou toujou la pou gide’m. Mwen konfyem nan tout pawòl ou yo paske ou se yon Bondye fidèl ki sansib pou mwen. Mèsi pou pwoteksyon’w ak kouraj ou ban mwen chak you. Ede’m rete pi pre’w chak jou. Aktive pwisans ou nan mwen plis pou’m kenbe jis sa kaba e simayen lanmou ak lajwa tout kote mwen paske ou se sous tout sa mwen genyen. Mwen konfye’m nan ou. Amen.

Ankourajman Bondye pou ou jodia:

Ezayi 51:1‭-8, vèsyon HAT98

 » Men sa Senyè a di: — Nou tout ki dèyè delivrans lan, nou tout k’ap chache Senyè a, chonje rasin kote nou soti, chonje ki pyebwa nou ye!

Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m te rele Abraram, li pat gen pitit. Mwen beni’l, mwen ba li anpil pitit.

Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi [Ayiti]* an, pou tout moun k’ap viv nan kay kraze li yo.

M’ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m’ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y’a chante, y’a fè mizik pou di m mèsi.

Mwen p’ap mize vin sove nou. Talè konsa m’ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y’ap tann mwen vin delivre yo.

Nou menm pèp mwen, koute sa m’ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m’ap anseye prensip ki dwat, y’a sèvi gid pou nasyon yo.

Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m’ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p’ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.

Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m’ap di nou. Nou menm k’ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.

Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal kanni. Men delivrans m’ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p’ap janm nan ka pou mwen delivre yo ankò. »

*Modifye pou devosyon an

Ann Lapriyè: Lwanj pou ou granmèt mwen! Mèsi pou pawòl ou yo ki plis ke lò, plis ke lajan sere. Yo se rekonfò ak sous lavi mwen. Mwen konnen tout pwomès ou yo se wi ak Amen. Mwen konte sou ou ak tout pwomès ou fèm yo nan Bib la. Kontinye fè travay ou nan mwen e nan kè ak travè chak grenn pitit ou yo pou patou pou ou non kontinye glorifye. Amen.

Senyè a se fòs ou

« Ala renmen mwen renmen ou, Senyè! Se ou menm ki tout fòs mwen. Se ou menm ki twou wòch kote’ m kache a. Se ou menm ki sèvi’m ranpa. Se ou menm ki delivre’ m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje’m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k’ap sove’ m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou’m kache. » Sòm 18 :1-3

Lè ou pase ti tan plis nan kontanple gwandè Bondye, w’ap siprann tèt ou nan mitan lavi chè, insekirite, depresyon, lagè, ak move nouvèl k’ap sikile yo e ak lafwa w’ap deklare e reklame tout pwomès li yo nan lavi’w. paske ou konnen kiyès ou ye e konprann pouvwa Lesentepri nan ou (1 Korint 6:19). Ou se yon mounn chwazi alò double fòs e deklare :

 « Mwen santi’m gen fòs paske Senyè a se gadò mwen. Mwen pa manke anyen paske li menm ki provide tout sa mwen bezwen. Mwen se yon èt presye nan zye Bondye e mwen represante’l sou tè a.

Sak pi mèveye a se ke kreatè syèl ak tè a konnen mwen pa non e li damou’m ankò plis se sak fè chak jou l’ap revele’m plis sou li, sou wayòm li, e sou bi precis li voye’m sou tè sila nan moman.

Mwen pote yon repons pou jenerasyon mwen an. Lavi mwen pa yon askidan e mwen konnen pawòl li toujou akonpli. Mèsi pou lanmou san limit sa ou genyen pou mwen Senyè « . Amen