Tous les articles par EritajWayal

Lògèy detwi bonte kè’w

« Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt [ou]. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè [ou] gen pi bon konprann pase sa. » Women 12:16

*modifye pou devosyon an

Diksyonè larousse la defini lògèy kòm yon exagerasyon santiman enpòyans pèsonèl yon mounn genyen pa rapò ak yon lòt nan yon sikonstans byen detèmine.

Santiman lògèy sa ka menmen jalouzi, rankinn, kolè, ak anpil lapènn nan kè mounn ki akimile’l la ak lantouraj li. Lògèy ka fè nenpòt sitiyason parèt entensyonèl e panse tout moun rayi ou. Lògèy ka fè ou gen anpil maladi tankou sik, tansyon, depresyon elatrye paske li gen yon fason li bouyi nan kè yon mounn ki ka detwi bèl nanm andan li an. Sèl objektif li se pou fè tèt li jistis nan tan pal e montre lòt la li siperyè. Men dezi sa yo pa nan amoni ak pawòl Bondye yo paske li mande pou ou pa kite anyen gonfle kè’w (Women 12:16-18).

Lògèy manifeste lè’w konnen idantite’w nan Bondye se padon men ou poko ka aksepte’l.

Younn nan fason pou ou ka konbat lògèy se pou ou pratike genyen yon kè ki gen rekonesans ak remèsiman nan tout sikonstans jan Filipien 4: 4-7 dil la. Note byen se tout sikontans Bib la di sa vle nan tout moman ki bon pou ou yo ak sila yo ki parèt difisil oswa ki ap teste’w. Konsa glwa Bondye a va kontinye briye pi plis nan lavi ou.

Bondye gen anpil bèl mèvey li vle akonpli nan lavi’w e pwomès li yo se lajan sere.

Koze ak Bondye plis lè’w santi’w ofanse, e fè tout efò ou kapab pou ou pa pran desizyon lè ou trè emosyonèl e medite sou sityasyon ki deranje’w la pou ou ka metrize emosyon’w yo avan ou reaji paske ou se lapè.

Kontrèman ak younn nan slogan popilè yo, sa nèg fè nèg Bondye pa ri sa paske li se yon Bondye ki base sou lanmou, padon, respè, kouraj, lafwa, ak lespwa.

Ranplase logèy ak yon kè ki senp e ki ranpli ak lanmou ak padon.

Pwovèb 11:17-19 « Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y’ap fè tò. Mechan yo kwè y’ap fè benefis. Men, moun k’ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo. Yon moun ki sòti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k’ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri. »
Pwovèb 11:17‭-‬19 HAT98.

Ann Lapriyè:
Senyè mèsi paske ou banm ou kè ki nèt chak jou. Mèsi paske bonte ou nan lavi’m se yon istwa extraòdinè ki ap aprann mwen renmen ou, tèt mwen, ak mounn ki kote’m yo pi plis.

Pa kite’m monte tèt mwen pou lògèy pa bare jem.

Padon pou tout fwa mwen kite emosyon’m yo domine’m. Mwen ofri’w plis plas nan kè’m ak nan panse’m yo jodia pou’m pa gen plas pou lògèy ak rankinn nan kèm konsa glwa ou va manifeste plis nan lavi’m. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Kenbe lespwa ak lafwa’w nan Bondye

« Sous bonte Senyè a p’ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout. Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Mwen di: Se Senyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m. Senyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k’ap konte sou li. » Lamantasyon 3:22‭-‬25 HAT98

Sous bonte Bondye pap janm fini pou ou e pwomès li yo sou lavi’w renouvle chak maten. Souf sa ou leve avèl maten an ki pèmèt ou respire e fòksyone se prèv ke li poko fini avè’w ni fanmi’w ni zanmi’w ak vwazinyaj ou yo li bay menm opòtinite sa yo jodia.

Nan moman difisil sa yo ke peyi an ak anpil nasyon sou tè sila ap travèse, li enpòtan plis ke jamè pou ankre idantite’w nan Bondye plis. Pou’w abiye’w pa lafwa e mete nan krann tèt ou tout pwomès Bondye gen pou ou paske lavi ou pa yon aksidan e ou se respons ak lapriyè yon moun.

Raple’w kiyès Bondye w’ap sèvi a ye.
Raple’w mèvèy li te fè nan lavi’w ak fanmi’w ayè, e kite je’w louvri pou sa l’ap fè nan moman sila a.
Raple’w ki mounn ou ye.
Raple’w ke lavi’w pa yon aksidan.
Raple’w Sentespri li akonpanye’w tout kote ou ye e li la pou gide’w, konsele’w, dirije’w, ak pwoteje’w. Eske ou ba li plas poul fè sa jodia?

Bondye pa janm sispans goumen pou ou e pwoteje’w. Medite ankò sou Lamentasyon 3:22-25 ki raple ou de konpasyon Bondye sou lavi ou. Ke Sentespri’l ba ou plis bon konprann pandan w’ap reli’l.

« Sous bonte Senyè a p’ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout. Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Mwen di: Se Senyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m. Senyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k’ap konte sou li.

Lamantasyon 3:22‭-‬25 HAT98″

An koze: kisa sa vle di pou ou ke mizerikòd Bondye yo pa fini nan lavi’w jodia? Ekri nou nan komantè a!

Ann Lapriyè: Senyè, mèsi pou gras ou ak konpasyon ou gen pou nou chak. Mèsi pou prezans ak lanmou ou gen pou nou. Mèsi pou gado lavi sa. Lavi paske ou gen kontwòl tout aspè lavi mwen, katye, vil, ak peyi kote m’ap viv la. Menmm si tout bagay ta parèt mwa ou pwomèt mwen. Menmm jan ak Jeremi ke nanm mwen mete tout lespwa’l nan ou paske ou se sous tout bonte e mwen konnen ou pa janm pèdi pwose. Mwen kwè nan ou e mwen glorifye’w. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen. »

Ankouraje yon lòt mounn jodia e pataje devosyon an ak yon lòt mounn! Ansanm nou pi fò!

Pèsevere nan lapriyè

« Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp. Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li. »Ebre 10:22‭-‬23 HAT98

Bondye toujou kenbe pwomès li e bib la chaje temwanyaj anpil fanm ak gason ke Bondye te itilize pou raple chak jenerasyon de lanmou, prezans, ak grandè li. Eske Bondye ka itilize’w pou chanjman li vle fè nan jenerasyon ou an? Nan zòn ou ak peyi w’ap viv la? Eske ou kwè ou se viktwa e ou pote viktwa tout kote ou pase?


Nan moman sila kote mòn nan chaje pwoblèm, ensekirite ap monte pye toupatou, epidemi, ak estrès ta vle fè chak mounn al kache e chape pye yo si yo kapab (men nanpwen). Men nou menm ki ankre idantite nou nan Bondye, sekirite nou se nan li pandan nap pratike prekosyon ak bon konprann, nou gen devwa pou pwoklame pawòl li yo ak pwomès li yo nan tout sikonstans menm lè nou pa toujou konprann sa k’ap pase yo.


Lapriyè se aksè’w 24/7 ak Bondye. Itilize’l pou envite Sentespri nan tout sa w’ap fè e w’ap andire. Sekirite se eritaj ou nan Bondye menm jan ak lasante, lapè, ak lajwa tou (nan tout sikonstans). Pa kite anyen gonfle kèw. Pandan w’ap deklare pawòl Bondye e kwè y’ap manifeste nan lavi ou ak pa fanmi ou, pa bliye ou gen devwa pou ou deklare yo e priye pou peyi’w, katye’w, ak zòn kote ou pase yo (Jeremi 29:7).

Lavi ou nan de pla men Bondye e ou pa yon aksidan. Lenmi nanm ou djòb li se pou li fè ou kwè kontrè a pou ou ka panike, dekouraje, e abandone.


Gen yon istwa nan 2 Makabe 1:10-17 nan pati bib la yo rele Apokrifa a kote yo tap rakonte lanmò wa Antiok ki te yon wa ki te chaje lanbisyon ak move lide. Istwa sa raple ke Bondye pa janm pèdi pwose e mechan yo toujou mouri anba move zak y’ap fè.


Bondye w’ap sèvi a tout pwisan e se li ki toujou gen denye mo. Kite je’w sou li e pèsevere nan lapriyè pandan w’ap abiye’w pa lafwa e obeyi fè tout sa li mande’w nan ti moman ou pase koze ak li yo.

Kwè e wa va wè grandè li manifeste!

Ou se yon mounn extraòdinè e lafwa’w ak pèseverans ou nan Jezikri ap fè’w djanm e pote chanjman k’ap dire nan lavi’w, fanmi’w, ak antouraj ou. Jan pawòl granmounn yo di a,  » se lè li pral jou li pi fènwa. » Deliverans pa’w, pa fanmi’w ak peyi Ayiti pre rive. Kontinye envite wayòm Bondye a pou li manifeste sou tè sila a ak nan tout sikonstans sa yi.  Pèsevere nan lapriyè ak lafwa.

Ann Lapriyè:
Mèsi paske ou se fòs ak pwoteksyon ou ban mwen tout kote mwen pase. Mèsi paske nan ou mwen pa manke anyen. Ba mwen fòs, kouraj, ak plis pasyans poum pa dekouraje ni desespere pou lavi’m ka temwanye grandè ou pou lòt jenerazon ka sonje jan ou renmen chak pitit ou e jan ou fidèl e mèveye. Mwen ba ou glwa ak lwanj ou menm sèl merite. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.


https://youtu.be/b15WiUppftk


https://youtu.be/m5LC9zFk0bo

Bay yon lòt mounn

« Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n’ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k’ap bay pase pou moun k’ap resevwa » .Travay 20:35 HAT98

Bay tout ou kapab, Bay ak tout kè’w e san repwòch (Pwovèb 22:9), konsa wa wè menm lè ou pa janm konnen dlo pase poul rantre nan wòch yo lavi’w ap anrichi nan pratike konsèy sila yo pou reflete idantite’w nan Bondye ki se jenerozite (Lik 6:38; Travay 20:35).

Lè’w santi’w anvi ebranle.
Pwoblèm lavi ta vle pote’w ale,
Pa kite’w kè’w sere ni komanse depale (Pwovèb 17:22).
Ouvri kè’w bay Jezi epi ouvri kè’w pou ede yon lòt mounn.

Si’w santi ou sèl, pase wè yon zanmi oswa pase pwoble vwazinaj ou pa wè kèk jou a;
Pase wè pèsonaj aje ki rete pou kont li an, prezans ou ka fèl souri e bal plis fòs (Ezayi 58:7-10).

Si’w santi mounn tou pre ou yo pa montre’w yo renmen’w ase, montre yo chak jou pi plis kijan ou renmen yo.
Sonje Jezi renmen’w anpil e idantite’w se lanmou (Efèz 6:7).

Si’w santi lavi’w san sans, komanse fè volontaria nan zòn ou.
Netoye lari, fonde yon gwoup detid biblik, aprann yon lòt lang, pase ti tan dekouvri talan ak objektif ou genyen pou lavi’w.

Si’w anvi souri, souri bay yon lòt mounn menm lè en dedanw dlo ap kouri. souri sa ka non sèlman ajoute sou jwa lòt mounn lan men l’ap bay plis fòs ak lajwa tou ( Pwov 15:13).
Si’w panse ou pa gen ase, komanse pataje sa’w genyen yo wa realize ou genyen plis ke ou te panse.
Si’w santi’w fatige, respekte sante emosyèl ak fisik ou e pran ti repo (Ebre 4:9-10; Det 5:12-14; Matt 11:29-30).

Si’w ta renmen yon mounn longe men ba ou, fè premye pa e longe men’w bay yon lòt mounn.
Konsa konsa wa va realize ou gen plis fòs andanw ke’w te panse, lajwa se eritaj ou, souri’w se paspòw e rayon solèy pou anpil lòt mounn, lanmou ankre nan idantite’w, e lavi pi bèl lè ou viv ak lòt mounn ki bò kote’w… lavi gen plis sans lè ou bay yon lòt ke lè se ou ki toujou ap pran.

Chak lè ou santi’w gen yon mank, bay yon lòt mounn sa ou ta swete a. Nan kòmansman li pap fasil men resilta yo ap tranfòme vi’w ak pa sila ki kote’w yo pou yon demen miyò (Sòm 23; 34:10).

Pitit Bondye Kouraj…🇭🇹⬛⚫

Si dlo nan je te ka bay chanjman, tout dlo ki koule nan pa nou mele ak pa zanzèt nou yo ta baw yon soulajman. Men Bondye kapab e li vle bay tout konfò kè nou chak ap chache nan moman sila a.

Yon kè ki lou. Yon lespri twouble. Kè ebranle. Se konsa sitiyasyon yo fè nou santi nou.
Kout fizi toupouzi anpil nan pitit granmèt la.
Vyolans ak rayisans pap janm pote chanjman.
Listwa nou ak lòt sivilasyon yo aprann nou menm leson an.

Ann kite lesklavaj moral la pou nou anbrase libète Bondye ba nou nan li a.
An pran kouraj e retounen sou jenou nou kote nou pi disponib pou tande vwa Bondye.

Ann reprann rasinn nou e sonje, Bondye kreye nou chak ak yon bi byen detèmine. Nou dwe respekte souf lavi sa Bondye prete nou sou tè sila.

Retire souf yon mounn pap ajoute sou pa okenn lòt moun. Se kè sere ap estrès li ajoute pou tout moun. Doulè younn dwe doulè lòt. Respekte lavi pou yon demen miyò.

Respekte lavi se respekte Bondye ki bay li an, respekte tèt nou, e respekte younn ak lòt.
Zan koule nan vèn nou menm jan e nou tout se frè ak sè nan Bondye.
Ann renmen tèt nou ak chak mounn nan entouraj nou menm jan.

Enmi nou an pa sila nou ka sèlman wè ak de je nou yo (Efez 6:12). Ann goumen batay la kote viktwa asire e veye je sou younn lòt.

Anpil panse pwoblèm ensekirite a se pwoblèm sòyèt men tout kònsène.
Jodia nou experyanse ak anpil lapèn ak kesyon Presidan peyi nou an ki tonbe…….semèn denyè sete tou plis ke 23 lòt konpatriòt ki tonbe… ann pran konsyans ke se sèl Ansanm nou pi fò.

Nou menm nan Kris ann leve kanpe ansanmm pou nou kolabore pou chanjman pou lapè, sekirite, gerizon, ak rekonfò retounen nan kè chak grenn Ayisyen kap viv lakay oswa lot bò dlo…Ann pran kouraj e mare senti nou ak lanmou, lespwa, lafwa, ak pèseverans paske Bondye sèl ki gen denye mo e se nan li tout espwa nou ye. Li pa janm pèdi pwose e li pap kòmanse jodia.

Ann Lapriyè:

Senyè mèsi pou prezans ou, pou souf lavi sa ou prete nou chak ti moman nou respire, pou gras, ak pwoteksyon ou ba nou malgre tout difikilte toupatou nan mòn nan. Nou fèw konfyans Yaweh e nou mande’w plis fòs, kouraj, sajès, bon konprann, ak lafwa pou nou kontinye. Ou se sèl fòs nou e nou pa gen lòt rele ni reponn ke ou. Tanpri sekoure nou. Mèsi pou tout sa ou te fè nou yo, tout sa w’ap fè e kontinye fè pou nou. Nan non Jezi nou priye. Amen.

Medite sou Sòm 125.

Senyè a se pwoteksyon ou

«  Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a depi kounyeya ak pou tout tan.  » Sòm 125:2

Bondye pwomèt pou pwoteje’w nan tout sikonstans. Li pwomèt pou ba ou lapè, lajwa, lasante, e revele’w anpil sekrè lavi depi’w konfye’w nan li ak tout kè’w (Jer 29:9-11; 31:25; 33; Det 31:26). Li se yon bon gadò e pawòl li yo se lajan sere (Sòm 23).

Li pa fasil pou ou toujou fixe zye’w sou li nan tout eprèv ak sikonstans lavi. Li konnen sa e se sa ki fè li te voye Sentespri li pou ede ou. Jodia, pran yon ti moman silans pou koze ak li e rafrechi nanm ou.

Meditasyon:

Sòm 125

« Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou’ l, yo p’ap janm brannen, y’ap la pou tout tan.

Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a depi kounyeya ak pou tout tan.

Non. Mechan yo p’ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k’ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k’ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.

Senyè, aji byen avèk moun k’ap fè byen, avèk moun k’ap mennen yon lavi san repwòch.

Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k’ap fè mechanste.

Benediksyon Bondye sou pèp [Ayisyen*] la. »

  • adapte pou devosyon an.

Sòm 125:1‭-‬5 Vèsyon HAT98

Ann Lapriyè:

Senyè mèsi pou pwomès sa yo sou lavi’m ak sou lavi chak grenn pitit ou yo sou fas tè sila. Ede nou konfye nan ou pi plis nan tout sikonstans. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Envite Bondye nan Koze’w e Kenbe fèm nan lapriyè

« Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a, pran kouraj, kenbe fèm. » Sòm 31:25

Chak w’ap grandi, responsabilite ap ogmante. Responsabilite sa yo ak pwoblèm politik ak sekirite fasil fè ou mache nan laperèz ak estrès e menm bliye kiyès ou ye nan Bondye. Men Bondye nan lanmou li pap janm kite’w e li vle baw lapè ak lajwa nan tout sikonstans.

Kite je’w fixe sou li. Se nan li sèl ki gen vrè delivrans, lespwa, ak chanjman. Li te chwazi’w depi avan’w te fèt pou ou pote glwa li. Pa kite kè’w ebranle devan sikontans lavi e kenbe fèm nan lapriyè menm jan David te fè nan Sòm 31.

Envite li nan tout koze ou yo. Remèt sò ou nan men Yhaweh. Se li sèl ki pi gwo avoka. Li pa janm pedi yon pwose depi lemòn te kreye e li pap komanse pèdil jodia! Kenbe fèm.

Ann Lapriyè:

Sòm 31

(31:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.

(31:2) Seyè, m’ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m’ pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.

(31:3) Panche zòrèy ou bò kote’m, prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote’m ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi’m ranpa. Se ou menm ki pou delivre’ m.

 (31:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije’m, kondi’m poutèt non ou pote a.
 (31:5) Pa kite’m tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k’ap pwoteje’m.

(31:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W’a delivre’m, Senyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.

 (31:7) Ou rayi moun k’ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.

(31:8) M’ap kontan, m’ap fè fèt, paske ou renmen’m. Ou wè jan m’ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.

(31:9) Ou pa kite lènmi m’ yo mete men sou mwen, ou mete’m yon kote pou anyen pa rive’m.

(31:10) Gen pitye pou mwen, Senyè, paske mwen anba tray. Figi m’ fin rale, mwen kagou. Kò m’ ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.

(31:11) Mwen pase tout lavi m’ ap soufri, se tout tan m’ap plenn. Mwen santi m’ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m’ ap fè’m mal.

(31:12) Tout lènmi m’ yo ap pase m’ nan rizib. Vwazen m’ yo ap pase m’ nan betiz. Tout moun ki konnen m’ yo pè m’. Lè yo wè m’ nan lari, yo kouri pou mwen.

(31:13) Tout moun gen tan bliye m’, tankou si m’ te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.

(31:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m’ mal. Kote m’ pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do’m, y’ap fè konplo pou yo touye’m.

(31:15) Men, Senyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.

 (31:16) Lavi m’ nan men ou. Delivre m’ anba lènmi m’ yo, anba moun k’ap pèsekite m’ yo.

(31:17) Se sèvi m’ap sèvi ou, tanpri, fè’m santi ou la avèk mwen. Delivre’ m, paske ou renmen’m.

(31:18) M’ap rele ou, Senyè. Pa kite m’ pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik.

(31:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k’ap bay manti, tout moun sa yo k’ap fè grandizè yo, k’ap fè awogans, k’ap pale mal sou moun k’ap mache dwat devan Bondye yo.

(31:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w’ap pwoteje moun k’ap chache pwoteksyon anba zèl ou!

 (31:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k’ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.

(31:22) Lwanj pou Senyè a! Ala bèl bagay li fè pou’l moutre jan’l renmen mwen, lè m’ te anba tray, lè yo te sènen m’ toupatou a!

(31:23) Mwen te pè, mwen t’ap di nan kè m’: -Gen lè ou voye m’ jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m’ t’ap mande ou sekou.

(31:24) Nou tout k’ap sèvi Senyè a, se pou nou renmen l’. Wi, Senyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l’ap pini moun k’ap vante tèt yo.

 (31:25) Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a, pran kouraj, kenbe fèm.

Nan non Jezi. Amen.