All posts by kreyolmwen

Idantite’w nan Bondye: Ou se lasante

“ Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M’ap geri yo. M’ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san okenn danje.” Jeremi 33:6

Lasante se pi gwo trezò ou posede e se li ki ba’w posibilite pou ou akompli tout rèv ou genyen e simayen pawòl ak lanmou Bondye a toupatou kote’w pase. Ak koze korona viris aktyèl, anpil mounn vinn plis apresye enpòtans lasante. Pa gen lò ni diaman ni okenn kantite lajan ki ka achte’l oswa doktè ki ka ba ou li. Bon nouvèl jodia, se ke gerizon Bondye toujou disponib e li pa gen okenn maladi ki enposib pou li geri!

 Lasante pa sèlman refere de kòw lèw pa gen okinn malèz men tou de eta lespri’w, emosyon, relasyon, ak nivo esperityèl ou yo. Menm jan mo ou itlize yo afekte kalite lavi ou genyen, konsa tou yo afekste eta sante’w nan tout dimensyon sa yo (Pwovèb 16:24). Nan Jeremi 33:6, Bondye te pwomèt pou li geri mounn pèp  Izrayel ak peyi Jida yo tout maladi, ba yo lasante, e fè yo kanbe ankò . Konsa Bondye fèw menm pwomès sa antan ke pitit li ke li damou anpil la(tcheke tou Jeremi 30:7,Sòm 146:8; Exòd 23:25, Ezayi 41:10; 2 Wa 20:5).

Kit ou gen pwoblèm emosyonèl, mental, espirityèl, sosyal, oswa fizik Bondye vle geri’w! Li te sakrifye lavi’l sou kwa pou kwape tout enfimite ak maladi ou ka genyen e Lesentespri li ki abite nan ou depi’w te aksepte viv pou li a non sèlman ka men li vle geri’w pou glwa li (Ezayi 53:4-6;  Mat 8:1-3; 1 Korent 6:19-20).

Sak pi bèl la, pa pouvwa Jezikri ou gen otorite pou ou geri lòt mounn tou nan non li (Malachi 4:2; Mat 10; Lik 9,10; Mak 16). Non selman ou dwe e ou geri, li vle ou geri lòt mounn ou rankontre ki malad tou. Se poutèt sa younn nan idantite’w nan Bondye se Lasante! Lè’w wè maladi ap tonbe agòch adwat, pran prekosyon ki baze sou bon sans li ba ou yo (pran syen tèt ou manje bagay natirèl e ki bon pou kòw tout otan ou kapab, domi byen, redwi strès, pratike bon ijyèn, fè egzesis etc Pwovèb 17:22) men pa neglige lapriyè. Pran otorite’w sou lasante’w r invite wayòm Bondye a nan lavi lòt ki kote’w yo ki ap soufri pou yon rezon pou yon lòt paske kote ou ye, dwe gen lasante (e sa komanse nan ou e nan pase tan nan lapriyè; Det 7:12-15; Prov 3:5-4; ) e yo menm toh. Gerizon se yon kado e komandman Bondye te bay tout disip li yo e si li ou genyen tou jodia. Pa neglige privilèj sa e pase ti tan sou vèsè bib yo sou sijè sa pou apwonfondi idantite sa ou genyen nan li.

Annn Lapriyè: Mèsi paske idantite’m nan ou se lasante. Edem viv nan yon fason ki reflekte realite sa nan ou poum ka ede lòt viv nan menm pouvwa ak otorite ou bay pitit ou yo ki kwè nan ou. Bondye mèsi paske ou ban mwen lasante chak jou e ou kouvri mwen anba manto lagras ou. Mwen mande’w fè inventè tout sa ki andann e mete lavi’w ak lasante nan tout pati nan mwen ki pa an akò ak pawòl ou yo pou lajwa, lafwa, viktwa, ak glwa ou manifeste plis nan vi mwen. Konsa lavi mwen a sèvi yon testaman de egzistans ak glwa ou e plis pitit ou yo ap retounen jwenn ou lè yo experyanse menm lanmou sa.

Si mwen ta malad jodia, mwen delakre gerizon sou tout ògan nan kòm e mwen kouvrim ak san ou Jezi. Gerizon se pou mwen e mwen kwè ke mwen gentan geri pa pouvwa Lesentespri ou ki abite e ap travay nan mwen. Mwen deklare gerizon tou sou tout pitit ou yo tou ki afekte ak viris sa e lòt k’ap soufri pou lòt rezon. Mwen beni non ou e mwen di’w mèsi pou tout mounn w’ap geri nan moman sa (ajoute non yon kounn ki sou kè’w ki ap soufri pou yon rezon oswa yon lòt epi kontinye di Bondye mèsi pou mounn nan oswa pou gerizon paw). Banm fòs poum viv nan idantite sa plis e men jan ak Pyè te di nonm enfim nan : “ mwen pa gen li lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m’ap bao u li. Nan non Jezikri de Nazarèt, leve mache.” (Travay 3:6 ) a tout enfimite mwen ta rankontre jodia. Amen.

https://www.youtube.com/watch?v=5dNuA5MKhyY

Konfye’w nan Bondye ak tout kèw

Ak tout insètitid ki pafwa ka antoure ou, li fasil pou ou ta santi ou dekouraje e san fòs men ou pa poukont ou. Non, ou pa sèl paske ou fè pati yon fanmi ki plis se sa je ou we yo. Epi, ou gen yon idantite ki ankre nan yon Bondye ki fidèl, ki konnen’w an detay, e ki trase plan lavi ou ak anpil lanmou ak tandrès.

Sonje ke Bondye se yon bon zanmi ki la nan bon ni move tan. Ou se pitit yon wa ki pa janm wè defèt, ki pap janm abandone pitit li yo, e li pat janm pèdi batay e li pap ka pèdi sa. Li mache de viktwa an viktwa. Se san li ap koule nan vènn ou alò ou menm tou ou paka pèdi prose. Lesprisen li nan ou depi’w lè ou te aksepte lanmou san fi li gen pou a e te demontre li sou lakwa a. Ou se viktwa e se yon asirans etènèl nan li.

Lè’w pa ka jwenn mo yo pou exprime sa’w santi, pa kite perèz, chagren, ak dekourajman pran plas nan ou. Kite pawòl Bondye yo nan Bib la pale pou ou pandan w’ap medite sou yo. Pa egzamp, Sòm 27, ki raple ou pou chwazi fè Bondye konfyans chak segond w’ap respire paske li toujou pou reponn a tan.


Sòm 27


“ Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m’ pè? Se Seyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m’ tranble? Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m’ yo ap chache touye m’, se yo menm k’ap bite, se yo menm k’ap tonbe. Menm si tout yon lame ta sènen’m toupatou, mwen p’ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè’ m lagè, m’ap toujou gen konfyans nan Bondye.


Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m’ ta pase tout lavi m’ nan kay Seyè a, pou m’ ka gade bèl bagay li yo byen, pou m’ ka pran tan m’ pou m’ kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l’a pwoteje m’ lakay li. L’a kache’m byen fon nan tanp li a. L’a leve’m mete yon kote pou anyen pa rive’m.


Se konsa m’ap genyen batay la sou tout lènmi k’ap sènen’m yo. M’a bat tanbou, m’a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M’a chante, m’a fè lwanj Seyè a. Senyè, tande’m non lè m’ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!


Ou pale nan kè’m, ou di m’ vin jwenn ou. M’ap vin jwenn ou, Senyè. Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k’ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite’m pou kont mwen, pa lage’ m.


Papa’m ak manman’m te mèt lage’m, Senyè a va ranmase mwen. Senyè, moutre’ m jan ou vle’ m viv la. Fè’ m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k’ap veye’ m. Pa lage’m nan men lènmi’m yo. Yo soti pou yo touye’ m. Se yon bann moun k’ap bay manti. Mwen menm, mwen sèten m’a viv pou’m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.


Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!”

Benediksyon: Ke pawòl Bondye yo mete fòs nan feblès, lajwa nan tritès ou, lapè nan inkyetid ou yo, sekirite nan dout ou yo, ba’w plis opotinite pou kontinye grandi nan lafwa, e kenbe’w djanm nan tout sikonstans lavi a. Ke nanm ou fotifye e lafwa ou restore nan li chak jou pandan l’ap kontinye proteje ou ak tout fanmi e itilize’w pou glwa li tout kote ou pase.

Sakrifis lakwa a se te pou ou

« Men, se pou peche nou kifè yo te mete san’l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze’l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè’l tonbe sou li. » ( Ezayi 53:5-6

Mwen reveye’w ak lanmou, Ak yon tas espwa, mwen pwoche’w. Kitem admire’w e dolote’w…pa kache ni fè timid, pou mwen ou plis ke pafè. Rete nan bran’m youn ti moman, kite’m chouchoute’w.

Jodia se yon komorasyon yon gran jou pou nou chak e mwen vle revele’w plis. Wi, yon jou konsa mwen te vini sou tè a pou restore zanmitay dirèk nou. Anpil mounn pat konprann alò yo te fè refò ak vyolans sou infliyans SatanChak kout frèt mwen te pran se pou asirem ke relasyon nou soude plis. Chak mepri se pou rachte souri ou doudou. Se vre sakrifis mwen sou kwa te asire lavi étènèl ou men yon lavi ki gen viktwa ou sou tè a tou.

Pafwa ou ka santi ou sèl nan yon mònd k’ap mande plis izolasyon, Li ka difisil pou ou santi lanmou lè jalouzi ak ipokrizi sou inflasyon. Lè vwa kritik yo vle fè’w pèdi idantite’w e kè ap grandi san konpasyon, Men pa fè erè kite panse negatif sa yo oswa tristès anvayi’w. Se pou sa sakrifis lakwa te fèt pou ouka gen lavi plen viktwa.

Se avèk bonè’w mwen te panse lè soufrans lakwa te di e se sa ki te banm plis fòs. Plis yon bagay gen valè, plis mounn fè sakrifis pou yo. Ou gen plis valè pou mwen pase tout sa egziste sou latè e nan syèl la. Eske w bliye ou se reflè’m? Nan imaj mwen ou te kreye. Pouki ou kite lòt dikte valèw? Gade sou lakwa wa wè nan mwen ou pap janm pèdi chèlbè’w.

Mwen damou’w e vle raple w ke lèm te bay vim sou kwa se te pou ou.  Se la mwen te redefini lanmou e baw resi ke’w seyon mounn rachte. Mwen tèlman sansib pou ou, mwen kachew anba san’m chak jou. Mwen toujou swaf tande vwa’w e koze ak ou fè kèm louvri. Wi ou se pi gwo trezò mwen genyen e mesaj la lakwa dwe raple’w sa chak jou. Se sa mwen vle ou komemore. Wi. Lanmoun pou ou ki grandi plis chak jou.

https://m.youtube.com/watch?v=vgqeog-wXuw

Fixe je’w sou Jezi!

Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k’ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè’l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre’l te fin soufri a, Bondye t’ap fè kè’l kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.” Ebre 12:2

Li fasil pou ou fè tèt cho nan moman sa oswa kite laperèz anvayi’w ak koze pandemi COVID19 sa men se sitou kounyea a pou ou ankre idantite ou nan Jezi. Bondye vle restore lapè’w ak lajwa’w nan nenpòt sikonstans lavi a se poutèt sa pandan w’ap obeyi instriksyon pou pou ou rete lakay e pran anpil prekosyon ak kò ou e sitou ak mo ki ap soti nan soti nan bouch ou pandan ou ap kontinye priye.

Ranplase laperèz, krent yo, ak insètitid yo ak lafwa nan Bondye. Menm lè gen anpil bagay ki poko parèt klè e ou ka gen anpil kesyon, pote yo bay Jezi, koze ak li pi souvan e kite zye’w sou li paske se nan li sèl gen tout solisyon ak onksyon pou chanjman w’ap tann nan.

Pran otorite’w sou tout opresyon e maladi kòm pitit li e kontinye entèsede pou fanmi ou. Fixe je’w sou Jezi nan mitan tout sikonstans yo e kontinye apiye sou li pandan w’ap kache pwomès li yo nan Sòm 121 nan kèw. Pawòl Bondye se lajan sere e li pap fè ou defo!!

 Sòm 121

Mwen leve je’m, mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m’a jwenn sekou? Sekou mwen soti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a. Li p’ap kite pye ou chape [ou ebranle****], moun k’ap veye sou ou a p’ap janm dòmi.

Moun k’ap veye sou [ di non ou****]  la p’ap kabicha, li p’ap dòmi. Se Senyè a k’ap veye sou ou, l’ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.

Lajounen, solèy la p’ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p’ap fè ou anyen. Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p’ap kite anyen rive ou. L’ap pwoteje ou kit w’ap antre, kit w’ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

Amen **** adaptasyon pou devosyon an

Konsèy pou COVID-19

Nan moman sa kote strès ap ogmante chak jou e lavi jan nou te konnen’l lan ap change. Koze viris COVID-19 sa fè anpil mounn gen kè sote. Tout mounn pè mounn e si yon mounn respire twò fò oswa estène, tout kè vle bloke. Men ou menm ki kwè nan Bondye, agi lafwa’w ( 1 Korent 16:13; 1 Pyè 5:9)

Sa vle di, pa neglige pale ak Bondye, lapriyè pou gerizon mounn ki afekte yo ak pwoteksyon kontinyèl pou sa ki an bòn sante yo.

Fòk ou lapriyè tou pou otorite ki ap gouvènen yo pou Lesentespri ka dirije yo nan tout desisyon y’ap pran yo k’ap efikas e ap sèvi tout pèp la nan lanmou.

Lapriyè’w se defans ou e lafwa’w se pwoteksyon’w ak lantouraj ou. Pandan w’ap respekte lwa ligyèn yo tankou lave men ou yo souvan ak dlo pwòp ak savon pandan o mwen 20 segond, evite mounn ki malad, touse oswa estènen nan koud ponyèt ou oswa nan yon mouchwa, pa soti san bezwen e kenbe kò ou an sante pa repoze ak manje byen epi redwi strès ak kenbe lantouraj ou pwòp (pa jete fatra nan lari a ak bouche rigòl ki kote ou yo ni kite devanpòt ou sal pou redwi mikròb); Kontinye priye pou pandemi sa pase, strès ak laperèz vinn ranplase pa lafwa ak plis kouraj nan kè tout mounn, e pou ekonomi mondial la ki afekte.

Kontinye envite Bondye nan kè sila yo ki pa ko konnenl oswa aksepte soumèt lavi yo sou komandman li yo pou glwa li manisfeste nan mitan fleo sa. 

Nenpòt kote ou ye, kòm pitit Wa syèl ak tè a sekirite ou se nan Bondye (Sòm 91).

Abiyè’w ak tout ekipman espiritèl ou yo e kenbe fèm.

Ede lòt ki kote’w yo gere strès pa ankouraje yo ak pawòl Bondye yo e medite sou yo lèw gen yon ti tan. Deklare pwomès li yo ak viktwa li genyen deja sou tout fòs fènwa ak toumant lè li te bay lavi li sou lakwa. 

Se pou nanm ou kontinye beni senyè a paske se li sèl ki gen tout pouvwa e ap renye pou tout tan.

Paske ou fè Bondye konfyans, sikonstans yo pa ka detèmine lajwa ak lapè andan w. Menm lè ou pa santi sa Bondye ap fè ni ou pa wè pwogrè ap fèt. Jak jou plis ka viris ap idantifye, èpòt ap fèmen, moun sou presyon, menm Bondye rete menm nan (Heb 13:8).

Bondye ap travay nan fènwa mondial sa e li pap kite pitit li yo konsa (Abbakuk 3:17-18).

Menm lè ou pa konnen sa k’ap rive ni sa ki gen pou pase, Bondye konnen deja e li gen anpil mizerikòd. Pa dekouraje, sonje kiyès ou ye nan li, kenbe fèm nan lapriyè. Delivrans lan tou pre!!!

Priyè pou delivrans kont laperèz ak COVID 19 (Senyè ann koze)

Senyè ou se sèl fòs mwen e san ou mwen ka fè anyen. Se nan ou ou mwen jwenn idantite’m, avni’m, bi lavi’m ak sekirite’m. Nan moman sa lemònn nan boulvèsè anpil e laperèz sou tout fòm vle renye. Mwen konnen se ou sèl ki gen denye mo e ou damou’m ak lòt pitit ou yo, Alò m’ap aji lafwa’m nan ou e ajoute vwa’m ak lòt frèm ak sèm yo nan ou k’ap rele’w. Mèsi davans paske ou koute tande’m lèm ap lapriyè, toujou disponib pou nou koze, e ou repònn.

Nan noman sa mwen bezwen tande’w plis, tanpri fè’m santi’w tout pre’m pi plis toujou.   Louvre jem pou’m wè’w pami tout chanjman sa anviwònman mwen yo ak lemònn ap andire.     Sitou sou koze pandemi viris COVID19 sa ki vle deglanche lagè nan lavi ak lespri nou.     

Se pa volonte’w pou nou malad ni nan laperèz chak jou pou lavi ak avni nou (Ezayi 53:5; 2 Tim 1:7)   E papa koze viris sa ap peze nou anpil. Mwen vle wè glwa nou manifiste pi plis nan moman sa!    Mwen mande’w gras pou tout lapèn nou fè’w lè nou ap inkyete e bite sitou lè kriz piblik ak aflije lavi espirityèl nou. (1 Kronik 16:11; Matt 6:33)

Viktwa a se pou ou e mwen fèt ak lwanj ak kompliman pou ou!!! Lwanj ak lapriyè yon kè ki gen lafwa asire nan ou se yo ki fèw plezi (Heb 1-11) E yo se pi gwo antidòt ki egziste nan tout sikontans! Pa sèlman antidòt kont pandemi viris ki ka detwi kò men tou kont sa yo ki ka detwi nan nanm nou tou tankou vyolans, rayisans, jalouzi, negativite (nan lespri ak mo nou itilise), kolè, rankinn, dout, laperèz etc. Pa gen mirak ou pa ka fè ou menm ki te leve Laza nan tonbo ( Jan 11:38-44), fè avèg wè, bèbè pale, e soti nan pami yo pou ou te ba nou lavi ètènèl! (Mak 9:27-30; Matye 15:31; Mak 16; Lik 24)

Pawòl ou banm fòs ak lafwa e mwen deklare ke epidemi sa fini nan ou, Jezi! Mwen deklare viktwa tou sou tout perèz, negativite, ak dout nan non ou Jehovah Jireh et Tsidkenu! Papa, geri tout moun ki malad nenpòt kote yo ye kounyea pandan y’ap agi fwa yo nan ou. Detwi viris k’ap sakaje kò pitit ou yo patou nan kote yo ye e voye viris sa ak tout krent li vini ak yo al nwaye nan fon lamè wouj pou disparèt sou teritwa tè sa ou ba nou. Mèsi paske ou ap kontinye pwoteje sila yo ki an sante e pou agrandi lafwa nou chak nan eprèv yo.

San ou te koule sou lakwa pou tout chay sa yo e ou peye dèt kit e sou lavi nou yo deja! Nan ou jwenn bon libète a! Mwen beni non ou e fè lwanj ak konpliman bon Papa paske pitit ou yo pap jan soti wònt. Mèsi!!!!! Amen.

Mèsi!!!!! Amen.

Medite sou Sòm 75.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.