Archives par mot-clé : Bondye

6èm Semèn: Senyè a se kay pou kò ak nanm ou

“Wi, mwen konnen w’ap toujou renmen’m, w’ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi’m. Se lakay ou m’ap rete tout tan tout tan.” Sòm 23:6

Gad kijan tan an pase vit! Nou pati pou 6èm ak denyè semèn nou sou tèm Som 23. Mèsi paske ou te reponn ak envitasyon lanmou pou experyanse Bondye nan yon lòt dimansyon. Mèsi anpil pou prezans ou ak devozyon pou wayòm Bondye ak devouman ou pou grandi nan lafwa.

Kounyea menm lè tout mounn ta vle recite Sòm sa pa abitid, ou menm ou byen ame pou itilize li kòm epe pou koupe tèt lenmi ou yo e pwospere. Ann vanse!

Kontèks: Nan 6èm vèsè Sòm nan, David raple nanm li jan Bondye toujou renmen li ak yon lanmou etènèl. Se poutèt sa li deside rete nan “kay” Senyè a pou tout tan li gen soup. Non selman lanmou Bondye jan nou te wel la pote pwovizyon pou ou a, li la pou pwoteje ak gide ou, li se fòs ou, e li se repo ak lapè ou. Paske li se yon bon gadò, li ofri tèt li tou kòm “kay” kote ou ka chwazi rete.

“Kay” sa kote Bondye rete a se yon espas espesyal nan fon kè ou ki gen prèv tangible de relasyon ou avek li. Pa egzanp, le ou pase anpil tan nan espas sa ou vinn gen plis kapasite pou renmen lòt mounn paske ou konnen jan Bondye damou ou san patipri e viv nan respè ak kè poze malgre tout difikilte paske Bondye genyen batay la deja sou tout fòs fenmwa.”Kay” sa reprezante prezans Bondye an dedan ou pa pouvwa Sentespri li ki pote bon kichòy tankou pwoteksyon, sekirite, repo, ak rekonfò pou ou tout kote ou ye.

Menm jan ak David ou ka chwazi demere anba pwoteksyon ak direksyon pou jwi lavi li mete apa pou ou a. Ou ka deside ankre idantite’w plis e grandi nan entemite avèk li pou dekouvri plan ak dezi li yo pou lavi ou. Oswa tou ou ka deside chwazi viv selon emosyon ou yo ak sikonstans kote w’ap viv la.

Jodia, ki chwa ou vle fè? Pa kite vwa kondanasyon ni pressyon fòse’w chwazi men bay Sentespri plas pou gide’w. Fè nou konnen tou nan komantè yo. Nou la pou ou!

Ann Lapriyè:

Senyè, mèsi pou lanmou ou ki san mezi e prezans ou ki abite nan mwen. Gras ou ap swiv mwen tout tan m’ap viv paske mwen dispoze pou sèvi ak kolabore avè’w nan tout sa m’ap fè. Mèsi paske ou se fòs nan feblès mwen e ou pa janm lage’m ou. Ke prezans ou kontinye anviyi tout kwen kè’m, ilimine nanm mwen, e avili tout move lide ak pèsepksyon nan mwen kontrè ak pawòl ou yo ak destine ou sou lavi mwen. Mwen few konfyans e remesye’w. Nan non Jezi, Amen.

5èm Semenn: Senyè a se pwovizyon ou

Mèsi pou prezans ou ak nou nan 5èm semen konsekrasyon and meditasyon nou sou Sòm 23. Yon sòm ki popilè ke anpil mounn ka recite pa kè men anpil pa konprann kalite trezò ke Bondye sere nan chak vèsè pou chak grenn pitit li pou yo briye tout kote yo ye. Tout liv nan Bib la gen pouvwa sa men jodia n’ap pwogrese e medite 5èm vèsè nan Sòm 23. Ann vanse!

Kontèks: Yon tab nan mònn fizik lan se kote mounn chita swa pou manje, diskite yon sijè/fè reinyon , kolabore, pataje, elatriye. Se sa ki fè tab reprezante divès bagay tankou kominyon, tèt ansanm, rekonfò, pataj, asirans, disiplin, jijman, ak pwovizyon.

Som 23:5 ka separe nan 4 pati: (1) Bondye toujou gen pwovizyon pou ou. Som 23:5 Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi’m yo...”Salmist la ap dekri pwovizyon Bondye pou li nan fas difikilte ak pèsekisyon li t’ap travèse. Note byen li di “ou” pou refere’l ak Senyè a paske se nan li tout richès ak kè poze soti. “Lènmi” yon mounn pa toujou yon lot ki la nan chè ak po (Efez 6:12). Li ka tou sityasyon difisil sou nenpot fom ki ta vle domine lavi li.

Devan tout difikilte ki reprezante “lènmi” ou, Bondye toujou bò kote’w pou li pote kichòy ou bezwen. Li sansib pou ou e li pa janm vle ou soti wont. Avan yon bagay rive’w li te gentan gen solisyon (li Jenèz 1-5).

(2) Bwa ak zorèy Bondye toujou disponib pou ou. Li la pou anvlope ak yon lanmou san parèy e ba ou yon akèy chalere e wayal paske (3) Bondye vle fè ou kontan ak yon lajwa ki pa depann de okenn sikontans paske nan li (4) ou pap janm manke anyen ou bezwen. “[….] Ou resevwa’m, ou fè kè’m kontan e ou ban’m tou sa’m bezwen.”Som 23 vèsè 5

Pa gen anyen w’ap travèse ki yon sipriz pou Bondye. Li renmen’w ak yon lanmou san mezi e vle ba ou tout sa ou bezwen ki ap soti nan yon zanmitay ki gen anpil bèl konplisite avek ou sou “tab” li prepare apa pou ou a(espas entemite ki apa pou li ak ou). Ou sèlman dwe kwè (Jak 1:1-6).

Ann Lapriyè:

Senyè,

Yon relazyon entim ak ou se yon bagay sakre. Li retire tout konfizyon ak kondanasyon nan kè’m e ranplase yo pa konfyans, libète, ak serenite. Menm jan ou te montre David “tab” ou te prepare pou li a, louvri je’m chak jou pou mwen toujou wè pwovizyon ou yo nan tout sikonstans e priorize relasyon mwen ak ou.

Mèsi paske ou toujou la, jan ou pran swenm, korije’m, e toujou la pou fè kè’m kontan. Mèsi paske devan tout sikonstans, pèsekisyon, ak difikilte ou pa janm fè bak menm lè mwen ta febli. Ou menm sel ki Bondye. Ou menm sel ki merite tout lwanj ak konpliman. Banm fòs pou’m kontinye pou glwa ou ak edifikasyon nanm mwen. Nan non Jezi, Amen.

3èm Semèn: Senyè a se fòs ou

“Li fè’m reprann fòs. Li fè’m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.” Sòm 23:3

Kontèks: David ilistre Senyè a nan Sòm 23 kom yon bèje pou demontre karaktè li ak dezi kè li pou chak pitit (metafò brebi) li yo. Paske se Bondye ki ap gade ou, non sèlman li vle ou gen lapè ak kè pose, li vle ou toujou djanm. Se li ki fòs ak kouraj ou e li vle ou jwenn direksyon ak vizyon li yo pou lavi ou (“mache sou chemen dwat”) pou simayen lanmou ak prezans li tout kote ou pase.

Ann Lapriyè:

Senyè,

Mèsi paske ou se yon bèje. Mèsi paske ou pa janm lage’m nan tout sikonstans mwen ye. Kit m’ap soufri oswa kè’m fremi ou toujou la. Wi, ou se fos mwen. Nan ou mwen jwenn fòs ak rekonfò. Tanpri kenbe’m nan chemen ki dwat devan ou e apa pou ou pou glwa ou manisfeste nan chak aspè nan lavi’m. Gide’m e kenbe mwen nan wout lavi ki se konnen’w e konnen bi ou te kreye’m pou reflekte lanmou ou sou tè sila.

Mèsi bon papa pou prezans ou, pou lavi mwen, pou jan ou pran swen mwen ak fanmi’m, zanmi’m. Mèsi paske pa sèlman yon bon gadò men tou yon bon zanmi, yon gid, ak konseye. Mwen ba ou tout glwa, lwanj ak lonè ou merite. Mwen exalte’w e remèsie’w. Mo yo pa sifi pou mwen di mèsi. M’ap kenbe fè’m menm lè wout la difisil paske mwen konnen ou avèk mwen e se ou ki gen tout pouvwa sou tout lavi mwen. Mwen beni non ou Senyè Jezi. Ou merite tout glwa! Alleluia. Amen.

Ann adore:

2èm Semèn: Senyè se repo ak lapè ou

Zanmi, kijan ou ye jodia?

Mèsi pou prezans ou nan 2èm semèn envitasyon pou lapriyè ak konsakre kè ak idantite ou nan Bondye e itilize Sòm 23 kom gid pou priyè yo. Si ou te rate 1er a, tcheke la–> Senyè a se gadò ou.

Ke Bondye kontinye briye fas li sou ou e ba ou yon experyans lanmou inik e nouvou ak li pou pase tout swaf kè ou. An nou derape!

Ann Lapriyè:

Senyè mwen,

Mo yo pa ase pou mwen exprime rekonesans mwen anvè ou pou grandè ak fidelite ou. Ou telman fidè, reyèl e san parèy ke mwen vle ak tout kè’m di ou mèsi. Mèsi paske tout panse ou anvè mwen se pou lapè, kè poze, ak pwogrè.

Ou se yon gadò extraòdinè ki pa vle okenn malè rive’m. Avèk ou mwen mache de glwa an glwa. Mèsi paske ou ap retire vwal inkietid e kraze tout fòs fè nwa sou lavi’m. Kontinye gide’m kote zèb yo pi fre yo. Lè pye’m ta vle chape, kenbe’m pou mwen benyen e satye swaf mwen nan dlo dous ki soti nan pawòl ou yo. Nan ou sèl mwen jwenn vre lapè ak repo pou nanm ak ko mwen.

Mwen konte sou ou.

Amen.

1er Semèn: Psttt…Senyè a se gadò ou!

“Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen.” Sòm 23:1

Byenvini nan 1er semèn konsekrasyon an! Mèsi paske ou reponn prezan nan envitasyon pou ou viv lanmou Bondye nan yon lot dimansyon a travè Sòm 23 e lapriyè ansanm. Ke Bondye kontinye beni devouman ou ak tan sa ou mete apa pou li. Ann derape.

Kontèks: Yon gadò se yon gid ki toujou la pou montre chemen dwat, pwoteje, nouri, ak sekouri ak anpil atansyon. Yon bon gadò pran travay li a kè e toujou sousye de tout ti detay paske li se youn mounn responsab ki fè tout bagay li ak anpil atansyon ak lanmou.

Mèt tout linivè a se gadò ou. Wi, ou menm menm! Sa vle di li toujou ap gade sou ou, pwoteje ou, nouri ou, e li konsène nan chak ti detay lavi ou. Eske ou kwè sa?

Menm jan yon bon paran pap kite pitit li pase mizè, konsa kè Bondye sansib pou ou. Wi, nan anpil pasaj lèt lanmou Bondye kite pou yo ki nan Bib la li raple ou menm bagay la— ou pa manke anyen.

Kite verite sa marinen nan fon kè ‘w pou efase tout inkredilite, estrès, ak santiman negatif.

Kwè li paske se eritaj ou. Ou gen bwa deyè banann ou paske a Senyè a se gadò ou!

Ann Lapriyè:

Bon Papa Mwen,

Lè’m pran tan poum reflechi, mwen realize ak tout onète ke pafwa fòs ak lafwa mwen fayi.
Nan enviwònman mwen, toujou gen yon reklam, yon rezilta, yon atant, yon ti sousi agoch adwat ki ta vle pran fokis mwen de ou ki fè li pa toujou fasil pou mwen konfye ke mwen pa manke anyen nan ou.

Jodia ou raple’m ke se ou ki gadò mwen. Se ou ki gid mwen, gadyen mwen, pwotektè ak defansè mwen. Mwen vle fixe zye mwen yo plis sou fòs ak kapasite ou yo nan mwen e mete lespwa mwen ak tout rezolisyon nan ou sèl. Prezans ou ka satisfè tout dezi kè mwen e mwen mande’w padon pou tout tan mwen bite.

Mèsi paske nan tout sikonstans ou kite pawòl ou yo nan Bib la ki sèvi’m kòm bousòl tout kote mwen ye. Tankou yon ti van dous ki ap mawonen nan po’m anba yon jounen solèy kale konsa Sòm 23:1 karese nanm mwen pandan ou ap renouvle verite sa nan kè’m- ou se gadò mwen. Wi, lavi’m pap janm gen okenn mank depi mwen kite je mwen yo sou ou. Karaktè ou pa janm chanje se sa ki fè mwen konnen mwen ka fè’w konfyans.

Mwenchwazi lavi. Mwen chwazi lajwa. Mwen chwazi ranplaseplenn mwen yo pa lapriye e deklare sou nanm mwen nan tout sikonstans:”Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen.” Sòm 23:1. Wi, mwen pap janm manke anyen.

Tout glwa pou ou Jezi. Amen.

Lwanj pou ou!

Ou envite. Vini viv lanmou nan yon lòt dimansyon!

“[…]Senyè a fè Salomon wè l’ ankò yon jou lannwit. Li di l’ konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye’m. M’ chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen. Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la, lè sa a si pèp ki pote non m’ lan lapriyè nan pye’m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache’ m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t’ap fè yo, m’ap tande yo nan syèl kote’ m ye a, m’ap padonnen peche yo, m’ap fè peyi a kanpe ankò.” 2 Istwa 7:12-14

Mònn lan twouble, peyi nou ap kilbite, e lespri anpil nan nou ap degringole. Kòm eritye wayal ki ankre idantite nou nan Bondye, nou chak gen yon wòl ak devwa pou nou pou avanse wayòm Bondye ki se menm idantite li ba nou yo tankou lanmou, lajwa, lapè, lespwa, sekirite, jenerozite, padon, kouraj, ak pasyans ak tout otorite ak viktwa Bondye.

Pou yon vè ka kenbe dlo, fòk li vid e li pa koule. Konsa tou pou nanm ou rafrichi, idantite ou ankre fòk ou pase tan kote idantite ou ankre nan Bondye. Younn nan meyè fason pou sa fèt se chache fas Bondye nan pase tan ak li. Rejwenn nou chak Mèkredi pandan sis semèn pou refleksyon, konsekrasyon, ak delivrans pandan n’ap medite sou chak vèsè Sòm 23 yo.

Se nan Bondye sèl chanjman k’ap dire ye. Byenèt, direksyon, gerizon, klarite, lajwa, ak entimite w’ap chache yo ap tann ou tou nan bra Senyè a. Karatè li pa janm chanje. Menm jan nan 2 Istwa 7″12-14 li te pwomèt Salomon pou reponn tout pitit li ki kwè nan li ak tout kè yo si yo chache fas li, l’ap reponn ou tou.

Pa neglije pase tan ou kapab la-piti kou li ka ye- nan lapriyè konsekrasyon sa ak nou pou pwofese, deklare, e reklame pwomès Bondye yo sou lavi ou. Kite lapriyè nou pral pataje chak semèn yo gide’w pou ou rantre nan konvèsasyon pa’w ak Bondye e wa va sezi wè jan li karese nanm ak kè ou jan li menm sèl konnen e kapab fè.

Chache yon zanmi, yon fanmi, yon vwazen pou pataje moman sa tou si’w kapab. Ansanm nan lafwa ak lanmou nou toujou pi fò.

Nou konte sou Bondye pou beni devouman ou yo pou lavi ou kontinye pote fwi pou li.

Rete konekte!

Zanmi’m, kote ou ye?

“Nonm lan (Adan) ak madanm li tande vwa Senyè a nan jaden an pandan labriz diswa. Y’al kache nan mitan pye bwa yo nan jaden an pou Senyè Bondye pa wè yo. Men Senyè a, Bondye a rele nonm lan, li di li: – Kote ou ye? ” (Jenèz 3:8-9, vèsyon HAT98)

Kote ou ye? Se kesyon Bondye te poze Adan ak mandanm li (ke li te vinn ba li non Èv) nan jaden Edèn lan apre yo te finn manje nan fwi pye bwa Bondye te entèdi yo menm touche a ki te lakòz yo ale kache lè yo te tande vwa Bondye.

Jaden nan mònn fizik la se kote tout kalite plant ak vegetab plante,donnen, nouri, ak pwodwi fwi epi divès kalite flè. Konsa menm yo la mouri nan jaden an tou si yo pa byen nouri oswa plante nan move sezon. Nan espas espirityèl la, jaden reprezante koneksyon entim ak Bondye, kreativite, lide ki pwodwi karaktè ak rèv tou ki manisfeste kòm “fwi” kè yon mounn.

Nan Jenèz 3:1-8, Adan ak madanm li te sibi yon tantasyon ki fè move zèb te grandi nan jaden yo. Yo te vinn sedwi pa lide pou vinn menm jan ak Bondye nan konesans byen ak mal. Desizyon sa yo te pran an pou manje fwi a te soti nan admirasyon pou sanble Bondye pi plis men sete yon pyèj ki te gen yon filè byen pwès.

Yo te vle sanble plis ak Bondye men yo bliye ke yo te kreye nan imaj li depi lè yo te fèt (Jenèz 1:26) . Lè rezilta pa jan yo t’ap espere li a e anpil lide te vinn anvayi yo san yo pat ko konnen kijan pou jere yo, yo bay plas a laperèz ki pote konfizyon e pèmèt yo bliye kote yo te ye. Paske jaden sa se nan prezans ak lanmou infini Bondye pou yo e elwanye yo de Bondye. Bondye santi konfizyon yo e nan lanmou li mande Adan “kote ou ye?”.

Imajine’w ou nan jaden sa ki bay yon koneksyon dirèk e entim ak Bondye. Tou doucement ou glise chita anba yon gwo pye bwa ki ap byen fleri e arome’w ak sant li. Lè w’ap respire a pi e bon ti van ap karase figi’w, epi ou tande Bondye ki ap pase ki mande’w “kote ou ye [ di non pa’w]”? Kijan ou t’ap reaji? Kisa ou t’ap reponn?

Pran ti tan pou egzamine “kote ou ye” sa vle di pou ou kalkile sou lide ki ap domine lespri’w yo. Eske menm jan ak Adan ak Èv w’ap chache sanble ak Bondye plis nan chache sa ou gen deja tankou lanmou, talan, reyisit, sekirite, elatriye? Eske w’ap kache pou prezans li e ou santi w’ap elwanye’w de entimite ak li pou yon rezon oswa yon lòt oswa w’ap chache fás li ak tout kè’w, tout fòs ak nanm ou (Matye 22:37; Mak 12:30-31; Det 6:5; Pwov 3:5-6)? Eske panse sa yo aligne ak pawòl e pwomès li yo sou lavi’w? Kote idantite’w asire?

Reflechi ak repons yo e kite Sentespri gide ou nan yon moman refleksyon entim paske pou ou konnen byen kote ou prale, fòk ou konnen kote ou soti e pi enpòtan kote ou ye pou ou ka fè yon bilan. Nenpòt jan repons yo soti pa pè paske li seten lè Bondye mande kote ou ye se pa pou pini men pou li koze ak ou e ede’w travèse tout sikonstans. Vanse pi prel. Ou pap regrèt.

Ann Lapriyè:

Senyè, mèsi pou gras ak lanmou ou ki san mezi ki pa janm kite mwen nan wout ni pou’m kouri san pran souf. Mèsi paske ou toujou ap chache kè’m e ou la pou bat tout distans jiska ke’w jwen mwen. Pa gen montay ki twò wo ni vale ki twò ba pou patwouye jiskake’w jwen mwen, ban’m plas pou nou koze e koud tout pati nan mwen ki ta dechire nan wout la. Ou pap kite ankenn peche, wont, doulè, ni siksè ak echèk mete rasinn move logèy nan kè’m e separe mwen de lanmou ou. Oh Papa, mèsi. Abite nan prezans ou se pi gwo rekonfò ak lajwa kè’m. Pa gen lòt tankou’w e bouch mwen, kò’m, kè’m ak lavi’m tout antye pa ase pou’m fè lwanj ak konplimam pou ou e remèsye’w ase. Mwen glorifye e exalte nan ou. Nan non Jezi. Amen.