Tag Archives: Bondye

Ankourajman pou jodia

« Kanta [ou]* menm, frè’m [ak sèm]* yo, Bondye te rele [ou]* pou’[w]* te ka gen libète [ou]*. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou [ou]* viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.

Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a : Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou. » Galat 5 :13- 14

Fè tout efò pou’w viv tankou mounn ki gen tout libete ou nan Bondye !

« Paske, Bondye vle pou’n fè sa ki byen, pou’n ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann.

 Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k’ap sèvi Bondye.

         Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a [mounn ki nan pòs otorite kote’w ye] *. » (1 Pyè 2 : 15-17)

Ann priye Ansanm :  Senyè mèsi paske’w pat kite’m peri nan peche. Tanpri kontinye gide’m, konsa « M’a mache alèz san anyen pa jennen m’, paske m’ap toujou chache swiv lòd ou yo.

 M’a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p’ap wont fè sa.  Mwen pran tout plezi’ m nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M’ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M’ap kalkile sou sa ou vle’ m fè a. » (Sòm 119 :45-49)

Jan ou te di nan Egzòd 6 :7 « M’ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m’a Bondye nou. N’a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. » Mwen kwè ou se Bondye’w e nan ou mwen lib. Mèsi anpil pou sa ! Amen.

https://www.youtube.com/watch?v=g01KGTNdRJE
Ou bon pou non papa!!! Mesi!!!

Idantite’w nan Bondye : Ou se libète

« Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou’ n pa tounen esklav ankò » Galat 5 :1

Libète se yon mo nou tande souvan. Nan istwa peyi’n, nou te aprann younn nan slogan popilè general Capois nan youn nan lagè indepans lan se te « Libète ou lanmò ». Anpil mounn lè younn ak ankouraje lòt yo toujou di « goumen pou sa’w kwè pou’w ka gen libète ».  Timounn konn kouri kite paran paske yo vle « libète » oswa yon pèp al nan lagè ak yon lòt, madanm kite mari (vise vèsa) tout sa you nan non libète. Kisa ki libete a vre ? Kijan libète a manifeste nan lavi yon mounn ki kwè nan Jezi Kris ?

 Esklavaj se kontrè libete. Nan fason ki pi senp pou ekplike, si’w pa yon mounn ki lib (ki gen volonte pou chwazi), ou se yon esklav.

Yon mounn esklav tout bagay ki domine sou li (2 Pyè 2 :19). 

Esklavaj egziste sou plizyè fòm (fizik, emosyonèl, finisyèl, ak espirityèl). Chak jou anpil nan nou mache nan lari a san minòt nan men nou, byen chèlbè ak santibon, fre tankou kola 15 men lespri nou nan anba gwo kokènn chèn ki anpeche nou vanse menm lè nou kwè nan Bondye.

 Jodia n’ap fokis sou esklavaj espirityèl la ki se sous libète ki gen pouvwa pou detwi tout lòt fòm esklavaj nan vi nou chak paske se pwomès sa Bondye fè’n (Jeremi 29 ; Ezayi 61) ! Si’w pa lib nan lespri’w chanjman Bondye vle fè nan lavi’w pou idantite’w ka nan li a pap pote bon fwi.

Idantite’w nan Bondye se libete paske non sèlman ou se pitit li men ou aksepte sakrifis li te fè pou ou a sou lakwa a pa Jezikri (si’w poko kwè sa kontinye li toujou gen pou ou tou). Pòl eksplike’n byen nan Galat 3 :

« Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.

Nou tout, nou te resevwa batèm pou’ n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.

Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè youn nan Jezikri. » Galat 3 :26-28

Nan lanmou li, Bondye fè nou tout egal nan jel sa vle di pa gen youn nan nou ki ki bon ke lòt ni ki gen plis enpòtans nan je Bondye kelkeswa ran sosyal nou oubyen tit yo ban ou. Poutèt sa ou gen otirite nan lavi’w pou’w chwazi viv byen e ekzèse libète sa pou mache dwat devan Bondye.

Kòm mounn ki kwè nan Kriz sa vle di nou pa esklav dezi kò nou yo tankou jalouzi, sèvi idol, immoralite, fè kont ak kolè, malpwoòpte, ak vis (tcheke Galat 5 :19-21).

Lesprisen fèw kenbe libète kòm idantite’w nan Bondye pa pouvwa sakrifis Kris sou kwa a « Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò.  Bagay lalwa Moyiz la pa’t kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè’l : Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè’ l voye pwòp Pitit pa’l nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou’ l te ka fini nèt ak peche a » (Women 8 :1-3).

Paske nou gen konfyans nan Bondye, nou egzèse libète lè nou kite Lesprisen gide chwa nou yo paske « Tout bagay pa bon pou fèt. [Menm lè] * Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k’ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye. Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa’l ase. Se pou’ l chache enterè lòt yo tou. » 1 Korint 10 :23

Konsa tou, idantite’w se libète paske ou se represantan Bondye e kote Bondye ye gen libète (2 Korint 3 :17) e ou lib pou pwoche twòn li ak ninpòt chèn esklavaj (ninpòt bagay ki vle domine’w e retire je’w sou li) ak konfyans li tande’w e l’ap reponn ou (Efezyen 3 :12).

Nou ka fè tout sa nou vle menm jan ak tout mounn men lè nou menm ki kwè nan Kris chwazi kite Bondye itilize kò nou, kè nou, ak nanm nou pou travay li lavi nou pote pi bon fwi e reflekte pouvwa gran achitèk ki kreye nou an ! Konsa, ann ankouraje younn ak lòt pou viv nan libète ki pote kè kontan pou glwa Bondye ka manisfeste pi plis tout kote nou ye e lafwa nou ka pote fwi tou.

Pase yon bòn jounen ak Jezi !!!

Oh oh! Libete!!!

Idantite’w nan Bondye : Ou Se Padon

« Padon, mwen pap fè sa ankò ! »

Konbyen fwa nou tande mo sa yo, di Bondye yo lè n’ap lapriyè pou nou mande’l padon, oswa di yon mounn nou blese sa?

Padon fasil pou mande lè ou kite konsyans ou nan bon eta e ou vle viv nan lapè. Men pa toujou fasil pou aksepte ak pasaje lè Bondye pa nan tout sa n’ap fè. Mem lè sa, idantite’w nan Bondye se Padon!

Ou se padon paske Bondye padone’w san mezi chak jou. (Ezayi 43 :25-26 ; Ezayi 1 :18 ; Travay 3 :19 ; Efezyen 1 :19 ; Sòm 103 :12)

Menm jan lanmou se yon komand, padon (padone youn ak lòt sa nou fè ki mal) se younn nan komand tout disip Jezikri yo tou.( 1 Jan 1 :9 ; Mak 11 :25).

Ou se padon paske Pa gen lanmou ak tèt ansanm san padon (Lik 7 :47-48).

Ou padone paske Nou tout se pechè e nou pa toujou fè sa ki bon (Lik 24 : 46-47 ; 1 Korint 6 :9-11, 1 Jan 1 :8-10).

Ou se padon paske Bondye se padon e nou se reflè li (Efezyen 1 :7-8).

Si’w tankoum menm lè ou fè tout efò pou fè sa ki byen, gen de lè ou fè erè e lòt mounn ou renmen blese!

Gen yon epòk chak lè m pral priye e men ouvri bib la se yon vèsè sou padon ki monte. Ninpòt mounn mwen t’ap pale ak yo nan semèn sa a, menm lè mwen pa ta pwoche sijè a yo vinn sou li nan plisyè fason kan menm. Menm lè mwen te ale ‘legliz’ , mesaj jounen an la se sou menm sijè padon an. M tèlman te sezi  m rele yon bon solda lapriyè pou’l te edem priye popum ka konprann kisa padon an te ye vre!

Mwen te komanse réfléchi e mande Bondye eske mwen te gen mounn nan lavi’m m pot ko padone ? Nan refleksyon ak lapriyè li fèm wè wi te gen gen yon mounn, e mounn sa se te tèt mwen. Paske nan li idante’m se padon, mwen dwe padone lòt mounn e tèt mwen tou menm jan Bondye padone’m. Se younn nan bagay ki te pi difisil pou mwen te admèt ke se te verite e pou’m te fè. Nan experyans sa mwen te aprann kisa padon ye vre e konprann pi plis ke pa gen anyen ki enposib lè se Lesentespri k’ap fè gide’n (sinon m pa tap ka la jodia pou’m pataje sa avè’w).

Sak fè konyea mwen kwè ke Padon se kado Bondye ba’n sou lakwa pou nou te ka gen lavi etènèl (Jan 3 :16 ; Lik 7 :48).

Mwen kontan ke Bondye libere nou e li padone nou tout peche nou yo kifè jodia nou ka pataje bèl kado sa younn ak lòt !

Ann Lapriyè : Bondye mwen konnen pa gen anyen ou komanse pou ou pa fini. Mèsi paske w’ap aprann mwen ke nan ou mwen padone e poutèt gwo favè sa ou ban mwen an, mwen ka padone lòt mounn ak tèt mwen tou. Tanpri kontinye transfome kèm pout ka konprann pi plis ke idantite’m nan ou se padon konsa kèm ap plis legè chak jou. Mèsi paske pa gen anyen mwen ka fè ki ta fè’w ban do. Mèsi pou kè sansib ou a ki pa janm lage’m menm lè m pa toujou fè sa ki bon nan je’w. Ede’m resevwa padon ou an nan kèm pi plis poum ka aksepte l ak kè louvri. Konsa ma simaye’l tout kote mwen pase jodia e pandan tout rès vinn pou non’w ka glorifye, Amen.

Lèt Lanmou Bondye Pou Ou

« Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l’ap toujou kenbe pawòl li. » (Lamentasyon 3 :23)

Pitit mwen,

Solèy la leve ankò jodia e w’ap respire. Fèmen zye’w, louvri kèw, respire dousman. Konpasyon’m, lanmou’m, ak devouman’m ou ou renouvle (Lamentasyon 3 :23). Eske’w santi kèm k’ap bat pou ou ?

Mwen renmen pase tan avè’w e gen anpil bagay mwen vle moutre’w (Jeremi 33 :3). Pa kache ni kite logèy ak wont mete divisyon nan nou. Mwen prèt pou padone’w tout sa’w fè paske ou gen anpil valè pou mwen (1 Jan 1 :9). Pa gen anyen ou fè oswa ou ka fè k’ap diminye lanmou’m pou ou (Jeremi 31 :3).

Ou se san’m e zantray mwen (Jenèz 1 :26-28). Kout dlo nan ze’w se kout kouto. Lè’w pa domi poutèt sousi lavi, mwen santi’w banm do. Mwen vle plis espas nan kè’w. Zepòl mwen se pou fado’w (Matye 11 :28-30). Pa kite Satan fèw rayi tèt ou ni mete’w espwa’w nan loto.

Mwen te pwomèt ou m’ap toujou la. Poum ba’w tout sa’w bezwen (Filipyen 4 :19). Tout limit mwen se ou (Lik 1 :37 ; Matye 19 :26 ; Ezayi 40 :28). Mwen renmwen’w e mwen konnen’w (Jeremi 1 :5). Mwen vle’w konnen’m tou pi plis (Ose 6 :6). Kite’m siye dlo nan ze’w, touche figi’w, e ba’w yon idante tou nèf (2 Korint 5 :17).

Mwen te peye pou’w ka viv san perèz (Ezayi 53 :5-9). Chak pa’w fè mwen tou pre’w (Ezayi 43 :2 ; Matye 28 :20). Eske’w ap kite’m gide’w ?

Pitit mwen damou’w anpil. Ou se kreyati mwen pran plis plezi nan li (Detowònòn 14 :2). Benediksyon’m pou ou pil sou pil (2 Korint 9 :8). Lanmou’m pou ou pap janm fini se sak fè mwen vle idante’w nan mwen sèl. Konsa sèlman wap k’ap beni lòt moun san patitri (Jenèz 12 :2). Kèm bat tanbou chak lè’m tande vwa’w. Jodia tanpri pase yon ti tan an plis nan fè yon ti koze ak mwen.

M’ap tann ou ti doudou. Ou konnen mwen toujou gen pasyans pou ou. Mwen vle beni’w plis ak transfòme’w. Ansanm pa gen anyen nou pa ka fè. Mèsi davans pou sa !

Avek anpil lanmou, Bondye ki gen tout pouvwa a.

Ann travay pou lapè

« Benediksyon pou moun k’ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li. » Matye 5 : 9

Paske ou se lapè, lajwa, lanmou, ak otorite, « Fè tou sa nou kapab pou [ou]* viv byen ak tout moun mezi [ou] wè [ou] ka fè li. » Women 12 :18

Bondye renmen ou chak ak yon lanmou san limit. Poutèt lanmou sa menm lè gen de moun ki parèt difisil pou ou sèvi byen ak yo, efò dwe fèt pou sa.

Paske ou se lapè :

1. « Se sak fè, [fòk ou] toujou chache bagay ki kapab ede [ou] viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt [ou] soutni lòt nan konfyans [ou] nan Bondye. » Women 14 :19

2. Fiti ou asire nan Bondye ki se sous tout bon bagay ak lapè (Sòm 37 :37).

3. Ou pa bezwen nan fè jalouzi, oswa nan konpetisyon ak lòt moun pou siksè aparan ou wè yo dwe genyen, ni monte kolèt ou sou lòt mounn. Bondye gen yon plan damou e siksè asire nan li pou nou chak (Jeremi 29 :7-14).

4. Pa rann mal pou mal.

Jan 1 Pyè 3 : 9-12 explike nou an, « Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou’ l ban nou lè li te rele nou an. Paske : Si yon moun vle jwi lavi a, si’ l anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou’ l kenbe lang li pou’ l pa pale moun mal. Se pou’ l veye bouch li pou’ l pa bay manti.

Se pou’ l sispann fè sa ki mal, se pou’ l fè sa ki byen. Se pou’ l chache viv byen ak moun. Se pou’ l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.

Paske, Bondye veye sou moun k’ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y’ap lapriyè nan pye’ l. Men, l’ap vire do bay moun k’ap fè sa ki mal. »

Pa dekouraje nan fè sa ki bon e kontinye sèvi ak tout moun nan lanmou pou lapè ka renye. Konsa plis mounn va enterese konnen ki ba’w lapè ak sajès sa tout kote’w pase paske Viktwa ou se nan fè sa ki dwat devan Bondye. Women 12 :17-21

Ann Lapriyè : Senyè mwen konnen avan lontan ou menm ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye ou ak [mwen] (Women 16 :20). Mwen beni non’w pou sa ! Mèsi paske ou chwazim kòm youn nan agan lapè ou. Paske mwen kwè nan ou pa gen fos fenwa ki ka kanpe devanm. Kote mwen ye ou la alò lapè ka toujou renye sim kite Lesentespri’w gide’m. Beni bouch ak lang mwen pou pawòl kap soti ladann yo pote lapè nan ninpòt sikonstans ou mete’m. Beni zyem pou’w ka wè frèm ak sèm yo nan menm lanmou ou gen pou mwen an e pou’m ka toujou sèvi yo nan padon ak sajès san logèy nan kèm. Beni kèm poum pa gen plas pou rayisans ak lapèn ladann. Edem lagem nan men’w plis. Konsa lapè, lafwa, lespwa, ak lajwa va simaye tout kote mwen pase e plis moun va konnen’w e chante lwanj ou. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Benediksyon : « Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou’ l fè kè [ou]* kontan nèt, pou’ l fè kè [ou]* poze ak konfyans [ou]* gen nan li a. Se konsa espwa [ou] va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a. »  Women 15 :13 

 [ ] ak * vle di mo tankou ‘nou’ tanje pou ‘mwen’ pou devosyon an. Vèsè yo soti nan vèsyon HCV ak HAT 98

https://www.youtube.com/watch?v=Cyt-OhD0qU0

Bondye vle ba’w lapè

« Ou menm, Bondye, w’ap ba yo kè poze ! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w’ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou ! » Ezayi 26 :3

Li pa toujou fasil pou asksepte ke idantite’w nan Bondye se lapè se poutèt sa Bondye vle restore lapè ou pou’w ka grandi nan li. Li pwomèt ou lapè tout kote’w ye e pwomès li pi asire ke lè’w gen lajan sere! (Levitik 26 :6 ; Sòm 37 :11).

Paske ou gen konfyans nan Bondye e aksepte lanmou infini li gen pou a, Ou se yon mounn apa! Tristès ak inkietid pa dwe domine’w chak jou ankò. Pran otorite sou pwoblèm w’ap andira chak jou paske Jezi vle chanje yo e ba’w lapè! ( Jan 16:33)

Lè’w konnen idantite’w se lapè nan Bondye, mande li bon konprann pou’w ka rive nan yon lòt nivo ak li e viv nan viktwa li chak jou. Konsa lajwa ak lagwa Bondye va briye nan lavi’w pi plis !

Lapè jwi nan fè sa ki byen e kenbe tout pwomès Bondye gen pou yo nan lapriyè. Tankou pou’w ka jwi lapè sa, gen bagay pratik Bib la raple kòm pa chaje moun kont san rezon (Pwovèb 20 :3) epi mande Bondye bon konprann pou nou ka fè sa ki dwat devan je’l menm la sa difisil pou nou. Jak 3 :17 di « moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l’ap viv byen ak tout moun, l’ap respekte tout moun, l’ap tande rezon, l’ap gen kè sansib, l’ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit. »

Lapè ak bon konprann nesesè pou youn ka egziste. Pwovèb 3 :13-18 di, « Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann ! Benefis l’ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l’ap bay gen plis valè pase lò. Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.

Ou pa janm twò lwen Bondye ni nan yon sitiyazyon ki twò dezespere pou Bondye pote chanjman ak lapè. Li sèlman mande’w pou fèl konfyans e l’ap restore lapè’w (Sòm 55 :18).

Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l’ap bay richès, l’ap fè moun respekte ou. L’ap fè moun viv ak kè kontan. L’ap fè ou reyisi nan tou sa w’ap fè. Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann ! »

Pou restorasyon sa ka konplè Bondye e pou ou ka viv nan otorite li ban ou an jou, Ezayi 53 :5 raple nou gwo sakrifis Jezikri te fè sou kwa a. Paske Bondye damou’w san resèv li te vinn sakrifye tèt li nan pèsòn Jezikri kòm yon demonstrasyon de jan lap fou pou ou e li vle ke’w mete tout konfyans ou nan li konsa wa gen lapè. Ezayi 53:5 di ” Men, se pou peche nou kifè yo te mete san’l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze’ l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.”

 Bondye vle ba’w lapè pa restore bon konprann nan kè’w kote ki beswen santi lanmou pi plis, eske’w vle ba’l pèmisyon pou sa jodia ?

2 nan Pwomès Bondye pou ou jodia :

Jan 14 :27 « M’ap ban [ou] kè poze. M’ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap fè li pou [ou] jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. »

Ezayi 54 :10 « Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p’ap janm sispann renmen ou. M’ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou’m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa. »  

Ann Lapriyè : Senyè mwen di’w mèsi paske ou pa janm mande’m fè yon bagay san ou pa montre’m kijan. Mèsi paske ou renmen ak yon lanmou san mezi e ou vle restore tout sa ki pèdi nan mwen e ou pa janm two lwen pou tande lèm rele’w. Mwen remèt tout inkietid mwen yo nan mwen m e mwen mande’ w padon pou tout fwa nan doute de bonte ou e bliye pwomès lapè ou gen pou kèm ak lavi chak mounn ki kwè nan ou. Tanpri banm plis bon konprann poum ka viv nan lapè sa mwen gen nan ou. Edem viv pi prew chak jou nan non Jezi, Amen.

Benediksyon : « Mwen mande Seyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè [ou]* poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout. » 2 Tes 3 :16

 « Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite. » Jid 1 :2

* adapte pou devosyon an. Vèsè yo soti nan vèsyon HAT 98.

Bondye ka ede’w viv na lapè chak jou. Kontinye fèl konfyans!

https://www.youtube.com/watch?v=xTZxF6Uh7c4

Idantite’w nan Bondye : Ou se lapè

 « Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.Moun k’ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa. Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye. » Women 14 :17-19

Lè w’ap fè jounal oswa w’ap gade jan sitiyasyon nan lavi konn mete do’w nan poto, ou ka poze tèt ou kesyon kote mounn ap janm jwenn lapè sa a ? Pri manje ak monte, lavi sanble ap vinn pi chè chak jou, timoun ak granmoun ap tonbe malad, dè fwa ou santi ou pa gen ni rele ni reponn,… kijan poum jwenn lapè ?

Kijan w’ap ka viv nan lapè lè insekirite ap ogmante tout kote, manifestasyon ak barikad patou, timoun paka al lekol, soufrans nan fason emosyonel, finansyèl ap detwi relasyon younn ak lòt pandan grangou li menm ap fè banbòch nan anpil zòn, e pwoblèm ap monte pil sou pil ? Ou ka dekouraje menm defwa e panse, petèt Bondye te ekri bagay sa yo pou mounn tan lontan paske kounyea bagay yo rèd…. Eske se pa vre ? Dim non, ou pa janm panse konsa?

Si n’ap onèt ak lòt, nap di wi e menm si ou pa ta dakò, gen bon nouvèl pou ou jodia Lapè oswa kè poze se eritaj ou nan Bondye !

Lapè se idantite’w paske ou gen konfyans nan Bondye. Nan Women 5 :1 nou li « Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n’ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an. »

Kè poze se pou ou paske Bondye pa yon Bondye briganday, konfisyon, ak mechanste (1 Korintyen 14 :33) e ou fèt nan imaj li (tcheke orijin idantite’w pou plis detay ) .

Bondye beni chak pitit li ak lapè, Sòm 29 :11 « Senyè a va bay pèp li a fòs, l’a beni yo, l’a ba yo kè poze » e Jezi li menm ki se sovè chak mounn ki kwè na li,
se prins lapè (Ezayi 9 :6).

Jezi se lapèw (Efesyen 2 :14) e pwomès li asire (Sòm 85 :8).

Ou se lapè paske Jezikri etabli lapè pou ou (Ezayi 26 :12).

 Ou gen lapè ak Bondye lèw mete lafwa’w ak Jezi (Woman 5 :1)

Pa kite anyen volè lajwa ak lapè’w. « Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou [tankou inkietid, tristès, move lide, sansation kò’w pou fè bagay nan ninpòt move kondisyon, move langaj k’ap derespekte tèt ou ak lòt moun, epi abitid ki ka fèw byen pou yon moman men k’ap detwi nanm ou ak kòw] *, se mouri w’ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri, a pran tèt ou [tankou lanmou, lafwa (konfyans nan Bondye), lajwa, konwòl tèt ou ak sajès] *, se viv w’ap viv ak kè poze. » Women 8 :6

Bondye tèlman vle ou gen lapè, nan ti lèt damou kite pou ou li baw anpil ti sekrè nan kijan pou ou gen sa lapè sa. Tankou nan Matye 11 :28-30 li di «. Matye 11 :28-30, « Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete’ l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze. Paske, jouk m’ap ban nou an fasil pou pote, chay m’ap ban nou an pa lou. »

Epi nan Jan 16 :33 li di, « Mwen pale konsa pou [ou]* kapab gen kè poze nan mwen. [Ou] gen pou’ n soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen. »

Menm jan Pòl te di nan Filipyen 4 :6-7 : « Pa bay kò [ou]* traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa [ou]* bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di’l mèsi tou lè [w]’ap lapriyè.  Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l’, bagay lèzòm pa ka konprann ; la kenbe kè [ou] ak lespri [ou] fèm nan Jezikri. » Konsa wa va gen lapè nan tout sikonstans ak tout kote’w pase.

Paske ou se lapè sekirite ak somèy ou asire nan Bondye (Sòm 4 :8)!

Benediksyon : « M’ap mande Bondye ki bay kè poze a pou’ l fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou’ n kapab fè volonte li. M’ap mande’ l tou pou’ l fè travay ki fè’ l plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn. » (Ebre 13 :21)