« Mwen pran syèl la ak latè a sèvi’m temwen jòdi a:
Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò,
madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm
ansanm ak tout pitit nou yo » (Detewonòm 30 :19).
Pèson pa ka retire kontantman
Bondye ba ou nan kè’w (Jan 16 :22).
Bondye tèlman vle wèw nan kè
kontan, li ba w yon examen ansanm ak tout repòns lan (Detowonòm 30 :19).
Li mande’w pou chwazi lavi chak jou pou’w ka lajwa. Chwazi lavi, chwazi
lajwa !
Chwazi lajwa e kite li ogmante lè
ou pase tan nan prezans Bondye paske li ki sous lajwa. Se li menm ki fè nou
kontan paske li se yon Bondye apa (Sòm 33 :21).
Nan li gen tout plezi ki pou
ranpli nanm ak kè ou e ba’w yon lavi ki gen vitkwa etènèlman (Sòm
16 :11 ; Ezayi 55 :12).
Ann Lapriyè : Jezikri, mèsi pou lanmou ak konpasyon ou genyen pou mwen chak jou. Edem poum toujou ba ou glwa menm lè « pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo. [ Sa vle di menm lè mwen poko ka wè pwogrè mwen te vle nan vim, sikontans ta vle fèm bite, oswa priyè’m yo poko jwenn repòns] *, mwen menm, m’ap toujou kontan poutèt ou Senyè a.
M’ap fè fèt pou Bondye k’ap delivre’ m lan. Se Senyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye’ m tankou pye kabrit. Li fè’ m mache sou mòn yo, san’ m pa tonbe. » Se poutèt sa jodia mwen chwazi lavi ak lajwa san kondisyon ou pwomèt mwen an. Mèsi pou gwo kado sa ou banm san patipri e ke volonte ou fèt nan lavim chak jou. Nan non ou mwen priye.
(Adaptasyon, Abakik 3 :17-19)
Benediksyon : Women 15 :13 « Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou’l fè kè [ou]* kontan nèt, pou l’ fè kè [ou] poze ak konfyans [ou] gen nan li a. Se konsa espwa [ou] va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a ». Amen.
« Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l’ap viv yon jan ki fè ou plezi! Tout lajounen y’ap fè fèt pou ou. Y’ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè. Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo. » (Sòm 89 :15-19)
Tout plezim se lè mwen wè mounn
mwen renmen yo ap souri e ap ri ak kè kontan. Sa fèm reflichi, si mwen menm
mwen rejwi nan nivo wo sa lèm wè yo, konbyen plis Bondye kontan lè’l wè pitit
li yo nan lajwa ?!
Sa fèm konprann konsa tou Bondye renmen wè lè w’ap souri. Kè’l tresayi ak lajwa lè li tande’w ap chante kantik damou pou li. Li renmen tande lè w’ap pataje lwanj li ak lòt moun. Lè w’ap mache san kè sote paske ou konnen se li k’ap pwoteje e gide ou (Sòm 89 :18). Li ranpli ak kè kontan lè w’ap danse pou li e lespri’w an pè pou’w ka tande’l lè li pale ak ou.
Poutèt sa Bondye vle restore
lajwa nan kè’w e ede’w viv lavi nan kè kontan li prepare pou ou a! (Jeremi 29 :11)
Li vle retire tout sa ap ba’w
traka e anpeche’w grandi nan li. Li vle restore lafwa’w ak lanmou ou gen pou li
(Ezayi 61 :3).
Li vle fòtifye lafwa e ede’w
remèt tout inkyetid ou yo nan menl ( 1 Pyè 5 :7).
Lanmou Bondye gen pou ou a san parèy e li
desire restore tout sa ke ou pèdi e siye tout dlo nan jan’w pou’w ka kontinye
lavi tankou yon timounn ki toujou nan kè kontan. Kote ou santi’w fèb, li vle vinn
fòs ou (Nehemi 8 :10).
Jodia se jou paw pou’w aksepte
lajwa nan kè’w e ba li yon plas ki pèmanan (Jeremi 31 :13).
Kite’l transfòme’w pou lòt mounn
yo ka wè glwa Bondye nan ou e pou yo ka anvi konnen li tou !
Ann lapriyè :
Senyè, mwen rekonèt ou se sous lajwa’m e mwen mande ou pou restore tout pati nan lavim ki manke lajwa nan ou. Edem kenbe lajwa na ou, « Fè’m tande pawòl [ou]*ki pou fè kè’m kontan an, pawòl ki pou fè’m chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m’, men w’a fè kè’ m kontan ankò. Wete peche mwen yo devan je ou.
Efase tout fòt mwen fè yo. O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè’m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou’ m ka kenbe fèm. Pa voye’ m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. Sove’ m. Fè kè’ m kontan ankò. Ban’m bon lide ki pou fè’m toujou obeyisan. Lè sa a, m’a moutre moun k’ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou ». Nan non Jezi mwen priye’w, Amen. (Adapte de Sòm 51 : 8-13, Vèsyon HCV)
« Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W’ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan. » Sòm 5 : 1.1
Ou se lajwa e Bondye se sous lajwa ki tou pi a paske li bay moun ki fè’l plezi bon konprann, konesans ak kè kontan (Eklesyas 2 :26).
Sous lajwa nan Bondye soti nan pawòl li ( 1 Jan 1 :4) e se kontantman sa ki ba nou fòs ak kouray pou lite chak jou (Neemi 8 :10).
Li demontre sous lajwa pou nou lè
li te vinn mouri sou lakwa pou rekonsilye nou avèk tèt li e sove nou (Jan
3 :16).
Menm jan Pòl te raple nou, « Se pou nou toujou kontan nan lavi n’ap mennen ansanm nan Seyè a. M’ap repete’l ankò: Fè kè nou kontan anpil. » Filipyen 4 :4
Lajwa anpil nan nou kondisyonèl. Eske’w pa janm gen panse sa yo ? Nou
ka di « Lè’m gen ti kòb kèm ap kontan oswa lè mwen marye, lè mwen gen
yon lòt kay, lèm gen yon lòt travay, lè gen lasante, lè kèm geri etc ma gen kontantman. »
Tout sa yo pa soti nan Bondye ki se sous lajwa.
Lajwa ki soti nan Bondye a pa
depann de sikonstans paske Bondye mande mande nou pou’n rejwi nan tout
sikontans (1 Tes 5 :6). An tan ke eritye Bondye, li ban nou komand pou nou
toujou nan lajwa. Sa vle di pou nou kenbe pwomès li yo nan kèn e fèl konfyans. Kòmand poun gen lajwa nesesè pou’n ka kontinye
grandi nan lafwa.
Gen kè kontan tout tan nan Bondye
pa vle di fè sanblan ke n byen ni bay tèt nou manti paske Bondye wè tout kèn. Konsa
tou gen lajwa nan tout sikonstans pa vle di aksepte ninpòt sitiyasyon san ou pa
fè efò pou chanjman.
Non, kè kontan nan Bondye vle di fèl konfyans ak kèn. Menm lè dlo ta koule
nan jen n’ap toujou obeyi’l e fè sa’l di’n fè paske nou konnen li renmen’n ak
yon lanmou ki san parèy.
Figi’n ak kè’n pa dwe make mizè
chak jou. Bondye genyen viktwa pou nou deja !
Menm jan ak Jòb, ann toujou ba li
glwa menm lè nou pa wè ni devan ni dèyè. Menm lè nou ta fè tout sa ou konnen
poum fè pou yon sitiyasyon ka chanje e nou poko wè resilta. (Jòb 5 :17)
Kite kè’w rejwi nan Bondye e
asire lajwa’w nan paske nan li se lajwa nèt al kole !
Ann Lapriyè :
Senyè mèsi paske se ou ki sous lajwa mwen e ou banm pawòl ou poum ka kenbe fèm chak jou pa pouvwa Lesentespri ki abite nan mwen. Men jan ak Mari nan Lik 1 :46-50 « Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.
Lespri’m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. Paske li voye je’l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon [fanm/ gason]* Bondye beni! Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. L’ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. » Mèsi pou sa. Amen.
“Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w’ap deperi sou pye”. Pwovèb 17:22, HAT98
Lajwa se youn nan charaktè ki ka parèt pi difisil pou nou aksepte men se verite.
Menm lè ou fè Bondye konfyans e ou renmenl, gen de fwa w’ap santi’w ba e ou pa ka menm jwenn mo pou’w exprime’w. Lavi gen yon jan li baw cho, ou santi tristès ak dlo nan je ta vle yo de pi bon zanmi w. Se komsi yon jou ou wo epi lòt la ou santi’w ba. M pa konn pou ou men dè fwa se goumen map goumen pou mete yon pye devan epi lòt la deyè.
M sonje yon jou m te empas sa epi mwen mande yonn nan sè nan lafwa mwen yo ke m pat abitye avèl pou priye pou mwen. Sa ki makem plis nan jou sa se pandan l’ap lapriyè ak vwa poum tande li fè yon pòz epi li di ” M pa konn bi priyè prinsipal ou men nan Bondye ou se lajwa!” Lè li dim sa gen yon bagay nan mwen m santi ki transfòme. M te etone e mwen ale verifye nan Bib la si se verite.
Jou sa mwen te ranpli ak plis konfyans paske non sèlman sèm nan Kris sa pat konnen ke m te fèt ap mande Bondye retire tristès nan kèm men m te mandel pou revele idantitem nan li pou jou sa!
Mwen konnen li tande priyè e se avèk tout asirans m’ap ankouraje’w pale ak li de ninpòt sa kap sakaje lespri’w.
Menm jan Bondye te itilize sè sa poul te raple ke nan li mwen se lajwa, konsa tou jodia Bondye ap pase men sou braw nan yon kalin souple epi li souleve tèt ou jantiman pou jew ka kapte nan je pal ki ranpli ak lanmou pou ou epi li di’w: ” Ou se zantray mwen. Nan pawòl mwen gen tout sa ou bezwen (Sòm 34:10). Pwoche pi prem. Dim tout ti koze’w kèw. Onèt ak mwen pouw ka gen lajwa nan tout sikonstans jan mwen te pwomèt you a (1 Tes 5:16-18).
Lapèn ak tristès pa eritaj ou. Mwen pat batize nan ji citron, jèw pa dwe koule dlo souvan konsa. Siye dlo nan jèw, fè kè’w kontan paske Se ak Lesentespri pam ki gen lanmou, lespwa, lafwa, otorite, mwen kreyew e ranpli’w (Lik 11:14). Ou se lajwa!
Ou se lajwa pa’m chak sekònd e mwen toujou pi fò ke ninpòt sa w’ap travase. Fèm konfyans. Mwen vle ale pi lwen avew. Ou se lajwa tout mounn ki nan fènwa e lajwa mwen ba ou pa depann de sikonstans paske nan mwen ou se viktwa tou. Pa gen mounn ki gen viktwa san lajwa. Eske w ka banm pèmisyon pou’m abite nan kèw pi plis?”
Ann Lapriyè: Senyè padon paske reaksyon’m fas a la vi pa toujou reflekte lajwa mwen ye e mwen genyen nan ou. Mèsi paske ou pa janm abandome’m e ou toujou banm fòs poum kontinye. Se ou ki sous tout kè kontan e mwen mande’w pou ranplim plis ak Sentespri ou pou lajwa m kapab donen nan ou. Fè plis satisfè ak lavi ou ban mwen. Edem chanje sam dwe e ka chanje poum grandi pi plis paske m pap ka vanse e gen yon lajwa kontinyèl san ou. Nan non Jezikri mwen priye’w. Amen.
“Kisa n’a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?” (Women 8:31)
Bondye pou ou e pa gen okènn fòs fè nwa ki ka kontre kare avè’w lè ou kenbe fèm nan lapriyè!
Anpil moun pèdi nwit nan chache stateji pou yo ka gen viktwa e ou plan lavi yo reyisi. Pawòl Bondye ankouraje nou pou nou fè pridans nan tout desisyon n’ap pran men tou pou nou toujou sonje ke viktwa se nan Bondye sèl sa soti. Men Pwovèb di ” Moun pare chwal pou y’ al fè lagè, men se Senyè a k’ap deside kilès k’ap genyen batay la.” (Pwovèb 21:31)
Ou se viktwa paske ou fè Bondye konfyans e li ba ou otorite sou tout latè (Lik 10:19).
Viktwa se ou “Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye” ( 1 Jan 5:4-5).
Viktwa’w nan Bondye sou ninpòt sikontans lavi tèlman asire, li menm ba ou viktwa sou lanmò ak pwomès lavi etènèl paske idantite’w ak konfyans ou nan li!! (Jan 3:16)
Se gwo koze wi pam!! Poutèt sa, “ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!” (1 Korent 15:57)
Menm Bondye ki te leve Jezikri nan lanmò a pou demontre lanmou infini li pou ou vle resisite tout sa lenmi nan ou te vle detwi nan ou e fè’w dekouraje.
Bondye vle restore rèv ou yo, talan ou yo, sante’w, relasyon nan fanmi’w ak zanmitay ou ye. Li vle antre plis nan kè’w e fotifye nann ou ak lespri’w pou’w ka ede lòt mounn viv nan lanmou li gen pou to. Pou yo ka konnen ke yo menm tou ou se viktwa e yo pa bezwen viv yon vi ki base sou echèk ak desepsyon.
Frèm ak Sèm, Bondye tande tout priyè ou yo e li vle’w konprann ke paske ou se pitit li ou pap goumen pou viktwa- ou genyenl deja men w’ap goumen pou viktwa sa briye tout kote’w pase paske li fè pati ADN ou.
Jezikri ve li ba ou yon avni and idantite tout nèf chak jou ki anrasine nan viktwa ki soti nan li. Tout sa li mande’w se pase ti tan avèl nan lapriyè e fè li konfyans. Nan pawòl li yo li aprann ou ke ou se lanmou, ou se lafwa, ou se lespwa, ou se otorite… kote 4 karaktè sa yo ye ankre nan ou, ou pa ka pa wè mirak nan viw ak nan enviwònman ou yo paske mirak se yon manifestasyon viktwa nan Bondye.
Jodia li vle’ raple’w ke idantite’w se viktwa tou paske li menm li pa janm pedi pose. Menm lan li ba’w otorite sou tout move panse ak sikontans lavi, konsa tou li ba’w viktwa sou yo tou pou ka jwi bèl pwomès li yo pou ou! Menm lè sikonstans yo ta parèt nwa, viktwa se pou ou tout kote’w pase fanm ak gason vanyan nan Jezikris!
Meditasyon/Refleksyon: Fèmen jè’w, detann zepòl ou yo, imajine lavi ou paske ou se viktwa e ou kite Lesentespri dirije’w ban tout sa w’ap fè chak jou. Ki chanjman ou wè nan ou ak anviwòman’w? Eske ou kwè ke Bondye baw viktwa vre e chanjman sa yo sa fèt? (Ou ka pataje repòns ou yo ak nou si ou kite yon komantè oswa ekri yo nan yon ti papye, pataje yo ak Bondye priyè w si ou santiw gen dout e jwenn yon zanmi ki kwè nan Bondye pou pataje yo tou pou yonn ka priye pou lòt sou sa.)
Benediksyon:” Senyè ki gen tout pouvwa a pral pwoteje pèp li a [avék mwen]*. [Nou] pral kraze zam lènmi yo anba pye [nou]. Pandan batay la, [nou] pral rele tankou moun sou. [Nou] pral fè san lènmi yo koule. Li pral koule tankou san bèt yo touye sou lotèl yo.
Jou sa a, Senyè a, Bondye [nou] a, va delivre [nou]. Tankou yon bon gadò, l’ap sove bann mouton l’ yo. [Nou] pral klere nan peyi li a tankou bèl pyè nan yon kouwòn.
Ala bon sa pral bon nan peyi a! Ala bèl peyi a pral bèl! Jenn gason ak jenn fi pral grandi ak tout grenn jaden ak tout diven yo pral rekòlte nan peyi a.”(Zakari 9:15-17) Mèsi Senyè pou pwomès sa yo e viktwa’m ki asire nan ou paske mwen se pitit ou, mwen kwè nan ou, e ou pa janm pèdi batay! Amen. Alleluia!!!! Glwa pou ou papa mwen!!!
Devosyon an Kreyòl vle ta vle ofri’w tout adorasyon yo an Kreyòl men nou pa toujou jwenn sa men nou swete nanm ou beni ak adorasyon jodia tou. Nou ankouraje atis evanjelik yo kontinye chante plis an Kreyol tou pou nou fè plis mounn konnen bèl viktwa sa! Mèsi pou tout bèl travay n’ap fè e talan nou mete apa pou ede nou tout bay Bondye glwa. #ou se viktwa
Jezikri di: “Se vre wi, sa m’ap di nou la a: Tou sa n’a defann moun fè sou latè, yo p’ap kapab fè l’ nan syèl la non plis. Tou sa n’a pèmèt moun fè sou latè, y’a kapab fè l’ nan syèl la tou.
Men sa m’ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y’ap lapriyè, Papa m’ ki nan syèl la va ba yo li.
Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m’ap la nan mitan yo“. (Matye 18: 18-20; vèsyon HCV)
Lè nou dakò pou nou uni vwa nou nan lapriyè sou yon sijè detèmine, sa fè kè Bondye plezi.
Devosyon an Kreyòl remèsye’w paske ou te pase semènm nan avèk nou nan lapriyè entesesyon pou Ayiti pou chanjman radikal nan kè nou ak enviwòman nou. Nou swete ou te pran ti tan pèsonèl e espesyal sa e ke nanm ou te beni.
Chanjman ki dire soti nan Bondye e nou di li mèsi paske l’ap chanje kè nou chak jou pou nou aprann kiyès nou ye vre e kijan nou dwe reyaji fas a sikonstans la vi. Jan Jòb 12:16-25 te di li a: “16 Bondye gen fòs, li konn sa l’ap fè. Ni moun k’ap bay manti, ni moun k’ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.
17 Li fè moun k’ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
18 Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.
19 Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!
20 Li fèmen bouch moun k’ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.
21 Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.
22 Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.
23 Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l’ disparèt.
24 Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.
25 Y’ap tatonnen nan fènwa, y’ap titibe tankou moun sou.”” (Vèsyon HCV)
Glwa pou Bondye granmèt nou an!!!! Nou konnen pa gen anyen ki enposib pou Senyè Jezi nou an ki gen tout pouvwa e nou ankouraje’w kontinye fè entesesyon pou youn ak lòt (Efezyen 6:18). Kontinye kenbe nan lapriyè pou peyi nou an ak transfòmasyon kè nou chak paske se konsa n’ap ka toujou genyen batay sou fòs fè nwa. Ou se otorite e lapriyè se sekrè pou yon viktwa ki asire nan Jezikri. Pa dekouraje. Pawòl Bondye plis ke lajan sere. Kontinye fè’l konfyans. Gwo chapo ba pou fanm ak gason vanyan pou Bondye ak lafwa. Ke Bondye kontinye beni’w!
Mèsi paske ou chwazi fè Bondye konfyans ak nou pandan n’ap mandel pou glwa li manifeste pi plis nan lavi nou ak peyi nou. Kote Bondye ye se lajistis, lanmou, lafwa, ak lespwa ki toujou gouvènen.
Ann bay Bondye glwa paske se li ki gen tout pouvwa sou la tè e se li ki ap chanje kè nou chak.
N’ap medite ansanm sou Sòm 97 pandan n’ap kontinye pale ak Bondye sou bi espesyal ki se chanjman nan kè nou chak ak peyi nou an.
Sòm 97 (*Adapte e modifye pou devosyon jodia, vèsyon HAT98)
Se Senyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan [menm lè sikonstans lavi ta vle bay anpil kè kase]* ! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!
2 Li nan mitan yon gwo nway tou nwa. L’ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
3 Yon dife ap mache devan li. L’ap boule lènmi l’ yo tout kote l’ pase.
4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
6 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
7 Tout moun k’ap sèvi zidòl yo, yo tout k’ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
8 ¶ Pèp peyi [Ayiti]* an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi [Ayiti]* yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!
9 Senyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W’ap dominen sou tout bondye yo.
10 Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.
11 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l’ap fè kè yo kontan.
12 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l’ mèsi! Li pa tankou tout moun.
Priyè: Senyè mwen beni non’w pou grandè ak kompasyon ou pou pitit ou yo ak lanati. Ou se wa dè wa e pa gen fòs ki ka kare’w! Mwen konnen lè’w pale anyen paka kontre kare avè. Mwen fè’w konfyans ak tout kèm paske ou kreyem ak imaj ou e ou renmenm ak yon lanmou san parèy (Jenèz 1:26-29).
Chanjman mwen vle wè nan peyim nan dwe soti nan mwen tou. Ede mwen fè plas nan lavi m pou mwen ka tande’w plis chak jou. Mwen beni kèm ak kè chak moun nan peyim pou lavi nou ak enviwòman nou ka transfòme pou tounen reflè gwo lanmou ou gen pou nou chak.
Mwen mande’w pou batize nou de nouvo ak Sentespri ou pou nou ka fè sa ki dwat nan jew paske mwen kwè se ou sè ki gen tout pouvwa e ou pap janm chanje. Mèsi paske ou toujou tande e reponn nou lè nou rele’w e invite’w nan sa nap fè. Mèsi davans pou priyè sa wap reponn. Ou toujou genyan batay e mwen konnen w’ap pote delivrans ak kè kontan pou nou tout. Kote mwen gen dout, mwen mande’w padon . Kote m gen lapen, Edem fè kèm kontan pandan m’ap tan glwa ou manifeste nan pwoblèm politik, emosyonèl, edkisasyonèl, ak finans peyi mwen e nan lavim. Nan non Jezi, Amen.
Tout pawòl Bondye se wi ak Amen. Li pap jam fè nou wont alò Ann kontinye fè’l konfyans!