“Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y’ap boule ofri ba ou yo. Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p’ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.” Sòm 51: 16-17, vèsyon HAT98
Sakrifis ki fè Bondye plezi se lè ou soumèt li ak li nan tout sa w’ap fè. Pawòl yo parèt senp men mounn ki ap oswa vle grandin nan relatyon ak Bondye konnen se wout ki sèlman posin pa pouvwa Sentespri li. Se sak fè chak moman li ankouraje ou pou “abiye’w” pa lafwa.
Pi gwo kan konba nan kay chak pitit li se nan panse ak mo ki chwazi yo. Lide nan tèt ou yo detèmine vikwa ak echèk oy nan chak etap. Yo ka bay nenpòt sitiyasyon nan ou oswa nan anviwònman ou lavi oswa detwi’l.
Ak tout pil enfòmasyon ou recevwa chak jou ak experyans ou ka fè ou kagou. Se sak fè li enpòtan pou ou fè anpil efò jere yo pi byen ke monnen nan pòch ou e kontinye ofri Bondye lavi’w de tan an tan lè w’ap evalye tout chemen li pase ave’w, ak fanmi’w, zanmi’w etc.
Sonje pa gen chay ki twò lejè ni two lou pou Yaweh. Kontinye pwoche pi prè li e soumèt lavi ou (lide ou yo, rèv, lajwa, siksè ak echèk ou experyanse, lasante‘w etc). Lè ou fè sa konsa Bondye va ede’w konprann idantite’w nan li plis. Li ap louvri je’w sou anpil bagay, lave e kenbe kè’w pwòp pou ou ka fleri.
Pi bon moman an pou ofri lavi’w (rekonekte ak Bondye, pase yon ti tan de refleksyon sou idantite’w ak desizyon w’ap pran yo) se kounyea. Pi bèl òpòtinite a se jodia menm. Ou pa bezwen anpil bagay ni rakonte anpil detay, sèlman fèmen je ou si ou kapab e louvri kè’w. Bondye la avè’w. Li la pou ou. L’ap konbat pou ou e li renmen koze ak ou.
Ann Lapriyè:
Bondye, idantite’m nan ou se pi gwo trezò’m. Koze ak ou se pi gwo ranfò’m. Se sa ki fè mwen mande’w pou ou kenbe je’m sou ou. Kit m’ap souri oswa ap soufri, mwen vle rete atache ak ou. Tankou yon lanmidon byen pwès, mwen vle rete kole ak ou.
Ede’m grandi plis nan ou pou mwen pwogrese nan fason ki fè ou plezi sèlman.
Ou pa pran plezi nan ofrann exteryè. Ni ou pa meprize pitit ou ki ap chache fas ou. Nan kontèks sa, mwen mande’w pou lave kè’m.” Pa kite okenn move lide nan kè’m . Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm. Pa voye’m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an” (Sòm 51:11-12).
Gide mwen. Sankyifye mwen. Pa kite distraksyon lavi fè mwen pèdi direksyon ou. Se pou lavi’m yon benediksyon ki reflekte glwa ou nan tout gwandè li tout kote mwen pase.
Ou se tout fòs ak espwa mwen, mwen fixe je’m sou ou.
Mwen ofri’w kò mwen, kè mwen, nanm ak lespri mwen. Ak bra’m louvri, mwen ofri lavi mwen tout antye. Mwen konnen se nan ou sèl mwen asire. Se avè’w sèlman mwen gen sekirite.
Mèsi pou amitye’w, lanmou’w, prezans ou, ak pwoteksyon ou tout kote mwen menm, fanmi’m, zanmi’myo, ak chak grenn pitit ou pase.
Mèsi pou favè ou sou lavi nou e jan ou kreye nou kòm mounn nouvo.
Mèsi pou mizerikòd ak konpasyon ou ki pa janm chanje.
Kenbe lide’m yo sou ou pou mwen pi obeyisan lè ou pale e tande vwa ou pi klè. Mèsi paske w’ap netoye kè’m e ranpli li ak Sentespri ou pi plis.
Tout glwa pou ou Yaweh. Amen