Tag Archives: Bondye

Idantite’w nan Bondye: Ou vanyan

“Se pou [ou]* vanyan. Se pou [ou]* mete gason sou [ou]. [Ou] pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan [ou]. Senyè a, Bondye [ou] an, kanpe la avèk [ou]. Li p’ap janm lage [ou], li p’ap janm kite [ou]* pou kont [ou]*.
Detewonòm 31:6 HAT98, *adapte pou devosyon an

Laperèz se pi gwo taktik enmi nanm ou itilize pou li kapòne’w pou ou ka pa pran otorite sou tout aspè nan lavi’w. Men Bondye te gentan konnen sa. Se sak fè li mande’w pou asire konfyans ou nan li nan tout sikonstans pou’w ka konbat laperèz sou tout fòm (Det 31:6). Li tèlman enpòtan pou ou pa kite lavi’w domine laperèz ke Bondye komande tout pitit li yo pou yo pa pè . “Pa pè” repete 365 fwa nan bib la. Ki vle di chak jou fòk ou pran desizyon pou ou pa viv nan laperèz!

Kontrèman ak sa anpil mounn panse, laperèz devan yon bagay nouvo nòmal paske ou pa abitye avè’l ni konnen sak pral pase. Anpil mounn ak viv nan perèz sou sa fiti yo ap pote, sekirite, elatriye. Lè’w pè, lespri’w nan mòd panik e ou pa reflechi klè e li fè’w tankou yon esklav. Bagay sa ka toupizi’w e anpeche’w vanse.

Kòm yon mounn ki ankre idantite’l nan Jezi Kris, laperèz pa eritaj ou!

Nan Bondye, idantite’w chanje e ou se yon moun mounn vanyan. Depi’w rekonèt prezans perèz se derasine’l nan patòt kè’w, lespri’w, ak panse’w e aktive lafwa’w. Menm si se sant li ou ta pran, rale Bib ou epi desenfekte lespr’w rapid ak pawòl Bondye yo nan non Jezi! Li pi rèd ke viris. Pa danse kole ak li menm. Pwoteje kè’w ak laviw pa demaske laperè chak li parèt.

Anpil pasaj nan Bib la (nouvo ak ansyen testamen) menm jan ak Det 31:6, Bondye raple’w pou divòse laperèz paske li menm li la avè’w tout kote ou ye. Men kèk nan pawòl Bondye yo pou sonje e itilize lè’w santi prezans laperèz pou raple’w prezans li nan ou:

  • Pa pè, mete konfyans ou nan Bondye pito pandan w’ap mande lespri bon konprann li an pou gide’w. Mak 5:36; Mak 9:23
  • Bondye toujou avè’w, ” Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.”
    Detewonòm 31:8 HAT98
  • Bondye konnen’w, li renmen’w, e ou chè pou li. Sa vle li pap janm kote’w sèl no san sekou.
    ” Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou[..] — Nou pa bezwen pè anyen! M’ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.”
    Ezayi 43:1 HAT98

Pwomès li pou ou chak jou: “Lè [w]‘ap pase sou lanmè, m’ap kanpe la avèk [ou]. Lè [w]‘ap janbe gwo dlo, dlo a p’ap bwote [ou] ale. Lè [w’]* ap mache nan mitan dife, dife p’ap boule [ou]. Flanm dife a p’ap fè [ou] anyen. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye [ou]* an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k’ap delivre [ou]! Pou m te ka delivre [ou] mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas [ou]*.
Ezayi 43:2‭-‬3 HAT98, adapte pou devosyon an

  • Senyè a se fòs ak pwoteksyon’w ban tout sikonstans. Sòm 18; 23:4; 27:1, Jozye 1:9
  • Lespri Bondye abite nan ou e li gen tout pwisans: 2 Tim 1:7
  • Bondye ba’w lapè nan tout sikontans paske ou asire’w nan li: Ezayi 41:13, Jan 14:27, Matye 10:28, Filipyen 4:6-7
  • Fixe je’w sou Jezi nan tout sikonstans ki ta ve fè’w twouble oswa fè’w pè: Sòm 56:3;118:6, Lik 12:32, Matye 6:34

Ann Lapriyè:

Senyè, pawòl ou yo nan Bib la dim poum vanyan e poum kenbe kouraj. Mwen mande’w fòs ak kouraj nan tout sikonstans m’ap andire. Mwen pa vle viv nan laperèz ankò paske mwen kwè ke ou avè’m tout kote mwen ye. Mwen kwè ke ou toujou la avè’m e ou pap janm lage’m nan won san baton. Mwen remèt tout laperèz mwen yo paske avè’w mwen pa bezwen pè anyen. Mwen resevwa kouraj sa ak fòs sa ou ban mwen pa pouvwa Lesentespri ou. Mèsi paske ou toujou la pou mwen e w’ap gidem nan tout sikonstans. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Alo?! Ou gen yon yon apèl direk: Senyè a vle pale ak ou. Klike pou ou aksepte’l!

“Vwa Senyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan Tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.” Sòm 29:9

Onè, respè zanmim! Kijan ou ap pase kadè yo?

Jodia nou pral fe yon ti koze sou enpotans vwa/opinyon. Nan lavi, nou kwè ke tande vwa (ki egal ak opinyon) mounn ki chè pou ou yo toujou trè enpòtan sitou lè ou gen gwo desizyon pou ou pran e ou bezwen konsèy. Se gwo privilèj pou ou koze ak mounn sa yo pou ou dejaje lepri’w e jwenn solisyon. Lè pou ou pale ak yo, ou fè tout sak posib pou rantre an kontak ak yo swa pa telefòn, korye elektwonik, apèl video, pase wè yo, planifye rankont fas ak fas, ekri lèt, etc.

Vwa gen yon pouvwa espesyal. Vwa ede mounn jwenn direksyon, bay koreksyon, exprime entansyon yo, pataje konesans, ak ka bay pwoteksyon tou nan anpil sikonstans. Vwa tèlman enpòtan menm lè yon ti bébé nan vant depi apre 16-18 semènn , li ka rekonèt son depi bonè e li ka reaji lè li tande yon vwa ki familyè.

Nan moman sila kote tout mounn ap bay opinyon yo sou tout aktivite swa politik, relijyon, kilti, relasyon, edikasyon, elatriye, abilite pou tande vwa Bondye korèk trè enpòtan kòm abitid pou ou pratike pou evite ale nan move chemen. Vwa Bondye pi enpòtan pami tout lòt paske se li sèl ki gen denye mo nan tout sikonstans.

Ou se yon mounn chwazi e plan lavi’w trase nan men gran Kreatè a deja! Menm jan lè’w rakonte ti koze’w bay baz ou, yo koute’w e ba’w repons. Bondye vle devlope menm ti kòkòday sa avè’w chak jou. Li bon pou ou kominike ak mounn ou fè konfyans, men lè ou ale nan lye sekrè ou an silans ak Bondye tou w’ap jwenn rezilta pozitif w’ap chache yo paske li wè lwen e rive kote lezòm paka rive.

Rantre nan kominikasyon avèk Bondye se trap de paske nenpòt kote’w ye ou ka fèl epi aksè ak pawòl li yo nan Bib kòm gid aksesib preske tout kote ou ye kounyea menn sou telefòn. Kontak sa se lapriyè. Lapriyè se asksè’w e li gratis pou ou jwen. Ou pa menm bezwen nan fè plan entènèt, mete minit, oswa deplase! Bondye sèlman mande pou ou pale ak li ak yon kè ki sensè e ak lafwa.

Bondye vle revele’w tout sekrè ak plan lavi li gen pou ou yo apa. Wi, se konsa ou espesyal nan je’l! Wa dè wa sa, prezidan tout prezidan ak gouvènman sou tè si la e sou tout mònn yo ba ou aksè ak li 24/7 depi’w aksepte mete lafwa’w nan Kris.

Bon, sak pi gou a se menm si jodia pandan w’ap li sa ou pot ko aksepte li kòm sovè, bra li tou louvri poul resevwa’w jan’w ye a– ak tout defòw ak kalite (wi, 6 Kreyòl li ye ak li men ou gen pou’w wè jan l’ap fè’w pi fre, panse byen, transfòme kè’w, e rann ou pwodiktif lè’w aksepte’l). Ou se pi bèl kreati li fè e li vle koze avè’w tou! Pa tann twò lontan pou ou bal plas nan vi’w. Ou pap regrèt, zanmi’m!!!

Jodia, pran yon ti tan, fèmen tout vwa distraksyon ak opinion lòt mounn (e pa’w yo tou), e pase yon ti tan nan lapriyè. Mande Lesprisen pou ede’w tande e distenge vwa Bondye pi plis jodia. Chwazi yon sijè ki chè pou ou epi tann. Wa va wè jan lavi’w (panse, dezi, mo k’ap soti nan bouch ou yo, konpòtman’w, ak antouraj ou yo) ap transfòme chak lè ou fè sa.

Bondye wè’w, li damou’w, li vle ba’w lapè, e li dezire pale ak ou nan yon fason espesyal. Eske’w vle fè eksperyans sa jodia? Fel epi kite komante pou nou. Nou vle selebre e priye avew!

Ann Lapriyè ansanmm nan Sòm 29:
Senyè mèsi pou privilèj sa pou meen tande vwa ou. Kòm yon papa san repwòch, ou pa janm lwenm. Mèsi pou sa. Edem tande’w e konprann ou pi plis pou’m ka viv selon volonte’w.

“(1b) Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!Fè lwanj non Senyè ki gen pouvwa a! Adore Senyè a nan bèl kay ki apa pou li a!

Senyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loray yo gwonde. Senyè a ap mache sou tout lanmè a. Vwa Senyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte’l!

Vwa Senyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi [Ayiti]* yo. Li fè mòn [pwoblèm] nan peyi [ Ayiti] yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn [Pòtoprens]* sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.

Vwa Senyè a fè zèklè. Vwa Senyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè [Solino* (di non zon kote ou ye a] la tranble.

Vwa Senyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan Tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li. Senyè a te chita sou fòtèy li lè te gen gwo inondasyon an. L’ap gouvènen tankou wa pou tout tan. Senyè a va bay pèp li a fòs, l’a beni yo, l’a ba yo kè poze.” Amen
Sòm 29:1‭-‬11 HAT98

[]* adapte pou devosyon an

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Tout glwa pou Bondye

Sòm 145: Lwanj pou Bondye!
(1b) Bondye mwen, wa mwen, m’a fè konnen jan ou gen pouvwa. M’ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Chak jou m’ap di ou mèsi. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p’ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y’a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
M’a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M’a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

Y’a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M’a rakonte jan ou gen fòs.
Y’a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè.
Y’a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p’ap janm sispann renmen nou!
Senyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

Senyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! Y’a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y’a fè konnen jan ou gen pouvwa, pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. Gouvènman ou lan la pou tout tan. W’ap donminen pou tout tan.

Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. L’ap soutni tout moun k’ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

Senyè a san patipri nan tou sa l’ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l’ap fè. Senyè a kanpe toupre moun k’ap rele’l, toupre tout moun k’ap rele l ak tout kè yo. L’ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y’ap rele’l, l’ap delivre yo. L’ap pwoteje tout moun ki renmen l. Men, l’ap detwi tout mechan yo.

M’a fè lwanj Senyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l tout tan tout tan.
Sòm 145:1‭-‬21 HAT98

Idantite’w nan Bondye: Ou se jistis

“[…] Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w’ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.” Miche 6:8 HAT98

Jistis… Se yon mo anpil nan nou itilize men nou pa toujou konprann li.Jistis telman enpòtan pou Bondye li eki 212 fwa nan bib la. Jistis se lè nou fè sa ki byen younn ak lòt e sèvi nan lanmou. Jistis pa nan sere kras, ni nan tire pit oswa taye banda, ni nan fè vyolans sou nanm ak kò moun. Jistis pa vle di revanj (Det 32:35) ni jalouzi ak kè grenn.

Jistis fèt lè nou chwazi viv nan lanmou, lapè, ak respè. Lè nou ankre idantite nou nan Bondye e non pa byen materyèl nou yo oswa jan sosyete a toujou ap dikte nou pou nou toujou nan konkou younn ak lòt. Kelkeswa fanmi nou soti oswa travay nap fè, nou chak gen yon plas sou tab la (Jan 14:2).

Jistis Bondye infi e pafè e li soti nan lespri egalite (Det 32:4; Ps 89:14). Bondye gen anpil lòd e li pa tap janm kite piti li yo (nou chak) tankou pitimi san gadò ni kite nou detwi younn ak lòt san pinisyon. Depi nan Jenèz nou wè jistis e gen menm yon liv nan Bib la dedike pou sa! (Jenèz 38:24; Jereme 32:7-15;  Jij 4:5; 2 Kronik 19:1-11).

Malgre gen sistèm an plas pou jistis manifeste, nou tout konnen gen anpil injistis ki fèt chak jou. Yon bagay anpil nan nou bliye se jistis pap janm fèt tout tan vre si nou pa realize jistis se mwen, jistis se ou, jistis se NOU. Sa vle di si frè oswa sè nou yo nan tray, depi younn nan nou ka ede nou paka rete bwa kwaze paske nou fè pati yon fanmi. Se pou nou kole zepòl, younn veye pou lòt menm jan apoy yo te konn fè e zansèt nou yo tou pou nou te ka jwi libète Bondye ba nou an.

Bondye se sèl jij pafè e li toujou fè jistis (Sòm 9:7-10). Jistis Bondye toujou a lè (Lik 18:8; Det 32:4) alò nou pa bezwen dekouraje nan mache ak kè sere. Paske Bondye renmen sa ki dwat, aksyon ki soti nan lanmou ak integrite, ki pa renmen moun k’ap fè zak malonèt pou enterè pa yo. Ou se reflè Bondye sa vle di karaktè yo ankre nan ou tou se sak fè li mande’w pou fè parèy ak li nan sans pou fè ki dwat e viv nan lanmou ak respè (Miche 6:8). Sa pa vle di malè pap janm frape pòt ou men ou deja genyen viktwa ak jistis sou tout nan non Jezi. Poutèt sa, younn nan idantite’w nan Bondye se jistis tou.

Nan Ezayi 61:8: “Senyè a di: -Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M’a kenbe pawòl mwen, m’a bay pèp mwen an rekonpans yo, m’a pase ak yo yon kontra k’ap la pou tout tan.” (Ezayi 61:8)

Jistis denonse sa ki mal lè li wèl e goumen avèk sajès nan lanmou pou sa li kwè. Jistis pa kapon ni mache nan derizon oswa komèt zak malonèt. Jistis se aksyon ak kouraj. Li pa nan diskriminasyon ni nan derizon. Ou se jistis, toujou fè jistis e travay pou li paske avni nou chak mande pou chak nan nou aksepte responsabilite nou.

Jodia si yon mounn mandew kiyès ou ye, nou swete ou sonje ou se jistis e ou pa ka mache tèt bese san espwa.

Ann Lapriyè: Senyè gen anpil bagay ki reve ki fèm santim twouble lèm ap fè fas ak ensekirite, mechanste, ògèy, ak salte. Yo fè kèm fremi e atriste andanm. Tanpri montre kijan pou mwen viv idantite sa nan ou ki se jistis nan lavi mwen pou glwa ou ka manifeste tout kote mwen pase. Louvri je mounn kap fè sa ki mal e ap detwi younn ak lòt yo pou yo fè yon experyans lanmou avèk ou. Mèsi paske ou toujou pwoteje nou e jistis ou pa janm an reta. Mwen kontan sou ou e ba ou glwa ak lonè ou menm sèl merite. Nan non Jezi mwen priye. Amen.

Idantite’w Nan Bondye: Ou se Pèseverans

“Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n’ap rann Mèt la.Pandan n’ap tann lan, fè kè n’ kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.” Women 12:11-12

Pèseverans se abilite pou fè resistans nan nanm ak lespri lè yon mounn ap fè fas anba presyon eprèv ak yon lafwa solid nan Bondye paske ou  pa janm sèl (Jozye 1:9). Pèseverans manifeste nan yon moun lè mounn sa kontinye fè efò pou li jwenn yon rezilta.  Lòt mo ki itilize pou dekri pèsistans se tenasite, detèminasyon, ak andirans. Pèsevrans ka bay rezilta pozitif oswa negatif.  Si yon mounn pèsevere (toujou deside oswa kontinye agi) nan sa ki zak malonèt oswa fè ki mal (tankou jalouzi, kòlè, avaris, idolatry, rayisans etc; wè Galat 5:19-21), mounn sa ap detwi tèt li bout pa bout. Menm ou menm ki ankre idantite ak lavi’w sou prensip pawòl Bondye, pèseverans ou (ki se desisyon ou fè chak jou pou aliyen tèt ou ak pawòl Bondye yo ak pwomès li yo sou lavi ou), soti nan lafwa sa ak pwodi plis lespwa, lanmou, ak kouraj tout kote pase pou glwa Bondye (1 Tim 6:12; Women 12:12; Travay 1:14).

Pèseverans se yon chwa e li fè pati idantite’w paske Bondye toujou pèsevere nan lanmou li pou ou e chak jou li toujou ap chache kè’w ak yon relazyon entim ak ou. Ou ka aprann plis de benefis pèseverans yo nan  Jak 1:2-4; Women 5:1-5; 2 Tim 4:6-8. Idantite’w nan Bondye se pèseverans paske nan lavi sa w’ap toujou gen eprèv (Jan 16:33) men ou konnen nan Jezi ou genyen viktwa deja depi’w kite je’w fixe sou li (Ebre 6:19; Jan 15:5).

Pèseverans enpòtan pou ou prakite nan tout etap nan lavi’w paske pa gen anyen w’ap atreprann nan lavi ki gen anpil lavi vale ak potansyèl, ou p’ap rankontre opozisyon (Jan 16:33).  Anplis de sa, nan Bondye ou se pasyans, lafwa aklanmou ki fè pati engredyan necesè pou ou pèsevere. Menm jan misk ou yo fòk yo fè egzèsis e fòk ou gen pasyans pou ou wè rezilta ou vle yo e pou ede yo rete nan bon fonksyon. Plis ou itilize yo, plis ou djanm konsa toulafwaou agrandi e apwofondi chak fwa ou fè fas ak eprèv lavi sa ak lafwa nan Bondye,lespwa, ak lapriyè.

Se pa lafwa ak konpasyon Bondye ki renouvle chak maten w’ap viv chak jou e se menm lafwa ak pasyans sa ki deja fè pati idantite’w (sonje kiyès ou ye)  nan li ki va ede’w sipòte e gen viktwa sou tout tantasyon jouk sa kaba. Jan Ebre 10:36 te raple ou, “ Pa pèdi lasirans [ou]* te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. Men, [ou]* bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l’ te pwomèt la.”

Pèsevere nan fè sa ki byen tankou pataje lanmou Bondye, kenbe lafwa, kanpe ou lajistis, egalite (ou se jistis), ak renmen; pale pou sa ki pi fèb yo e defann ti inosan kote’w yoKonfyans nan Bondye pou delivre ou e si yon mounn pèsiste (toujou deside) fè sa ki pa bon men pou ou (Miche 6:8).

Pou ou devlope pèseverans sa ki fè pati idantite’w nan Bondye, abiye’w pa lafwa chak jou, sonje ke nan Bondye ou se respe,lajwa, padon, otorite, kouraj,lasante, entregrite; ou gen sekirite nan li e ou pa manke anyen. Sitou kontinye fixe je ou Jezi nan tout sikonstans paske se li sèl ki ka satisfè tout dezi ou yo e li toujou avè’w (Ebre 12:1-2; Fil 3:13-14; Esayi 46; Lamantasyon 3:22-24). lwanj li lè ou santi ou vle febli paske li ka plis de tout sa ou dezire oswa imajine (Efèz 3:20-21), beni mounn ki ap pèsekite’w ye (Women 12:13-21) e sonje ou fè pati yon fanmie ke mounn ki mete konfyans nan Bondye pa janm soti wont (Ezayi 40:31; 2 Istwa 15:7; Women 8:28).

Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske nan ou mwen se pèseverans. Ou konnen li pa fasil pou pèsevere nan eprèv lavi sila men mwen di’w mèsi paske ou banm anpil egzanp nan Bib la e tou pa pèsòn Jekiri pou montre’m kijan pou’m pèsevere devan soufrans ak opozisyon. Tanpri edem toujou kenbe fèm nan lafwa nan tout sikontans e kite jem fixe sou ou. Mwen mande’w pou mwen toujou pèsevere nan fè sa ki byen tankou nan devlope yon relasyon sinsè avè’w, ak travay di pou lajistis, lanmou, padon, ak pataj pandan m’ap pataje bòn nouvèl lanmou ou an ak anpil respè ak kè kontan tout kote mwen pase. Mwen fè lwanj ak konpliman pou ou e remèsye’w pou viktwa ou ban mwen chak jou. Ke pèseverans nan lanmou ou pou mwen banm plis kouraj ak renmen chak jou poum ka pataje yo tout kote pase. Amen.

Benediksyon: Fil 1:6 “Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan [ou]*, li gen pou l’ kontinye’ l jouk li va fini’ l nèt, lè jou Jezikri a va rive.”

Pwov 4:25-26—” Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w’ap fè. Konsa, tou sa w’ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.”

Mizik atis lakay sou sijè sa tou pou sipòte yo:

Lwanj ak adorasyon:

https://www.youtube.com/watch?v=6NoRbh2yQa8

Idantite’w nan Bondye: Ou se pasyans

“Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n’ ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n’ aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.” Kol 3:12

“Gen pasyans”, “pran pasyans”, “devlope pasyans”, “nan lavi fòk ou gen pasyans” etc. Tout sa se bagay ou ka tande pou yon rezon oswa yon lòt men kisa pasyans lan ye menm? Koman pou’w devlope’l? Kisa Bib la de sa? Koman li fè pati de idantite’w nan Bondye?

Diksyonè define pasyans kòm yon kapasite pou aksepte pwovokasyon, kontraryete, malè, oswa doulè, san plent, pèt tanperaman (kolè, fristrasyon, jalouzi), ak iritasyon. Bib konkòdans lan dekri pasyans kòm on aksyon oswa yon pouvwa pou aji avèk kalm oswa kè kontan pandan w’ap tann yon bagay ki dwe fèt oswa ou espere fèt; tolerans**. Bib la di pasyans enplike resistans, endirans ak kapasite pou rete tann yon resilta ak yon detèminasyon pèsonèl l’ap fèt ak yon asirans fèm nan Bondye pou glwa li manifeste (2 Korent 1:6; 2 Korent 4-6).  

Pasyans ka ede ou gen bon resilta e fè ou pridan nan tout sa w’ap fè. Pwov 19:2 di “Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w’ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm”. Kapasite sa pa sèlman aplike lè nan tout sa w’ap fè kit nan lajwa oswa nan difikilte. Men kèk vèsè ki ka ede ou gen plis bon konprann sou sijè sa: Women 5:3, 12:2; 2 Tes 1:4; Ebre 10:36.

Ou se pasyans paske Bondye se pasyans (sonje ou fè nan imaj li e pitit tig se tig) e li exprime pasyans sa nan lanmou li pou ou chak jou  (Travay 13:18; Women 3:25; Women 9:22; Women 15:4-5; 2 Pyè 3:15; 2 Korent 12:12). Pasyans se younn nan pi bèl kado Sentespri ba ou kom yon mounn chwazi (1 Tim 6:11; Kol 3:12) e li nesesè pou ou ka devlope gen bon relasyon ak tèt ou e ak lòt yo (Lik 8:15; Gal 5:22; Ebre 12:1; Efez 4:2; Tit 2:2).

Jan Pòl te ekri mounn Women yo, “Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè [ou]** viv byen yonn ak lòt, pou [ou]** ka swiv egzanp [ou]* jwenn nan Jezikri (Women 15:5). Jezikri te demonstre pasyans nan tout sa lap fè (1 Tim 1:16; 1 Tim 6:11; ) e Bib la chaje ak anpil lòt egzanp kit e viv nan pasyans e wè glwa Bondye manifeste nan lavi yo tankou Jòb, Jozèf, Abraham, Ana, Rit, elatriye  ( Jenèz, Rit, 2 Tim 3:10; Ebre 6:12).

Paske ou se pasyans, Bib la ankouraje’w pou ou gen pasyans nan fè sa ki bon pandan w’ap kontinye chaje fas Bondye, onè, ak lavi etènèl (Women 2:7). Pasyans enpòtan paske l’ap ba ou andirans pou’w fè tout zafè ou byen e li gen plis rekonpans ke ògèy. Ekl 7:8 “Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l’ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.” Lè lafwa ou teste tou, li aprann ou plis pasyans menm jan latè ap tann lapli ak anpil  kalmte ( Jak 5:7). Ankouraje younn ak lòt nan lanmou ak lapè (2 Tim 4:2). Konstans nan travay oswa aplikasyon; pèseverans (Biblehub.com).

Anplis de sa, nan Bondye ou se lanmou e nan lanmou fòk gen pasyans (konesans idantite’w, padon, resistnas, andirans, tolerans, aji kalm oswa nan kè kontan san fristrasyon oswa kolè) ki mache men men ak lajwa, lapè, espwa, lafwa, otorite, ak entegrite. Menm jan Pòl te ekri a, “Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p’ap anvye sò lòt moun. Li p’ap fè grandizè, li p’ap gonfle ak lògèy” 1 Kor 13:4,7. Ak pasyans wa rive reyisi nan tout sa w’ap fe (Ebre 6:12, 10:36; Jak 5:11; Rev 3:10; Rev 14:12).

Konesans de pawol Bondye yo fè’w gen tanperans ki li menm bay pasyans e ede’w viv yon vi pi sen ( 2 Pyè 1:6; Women 2:4). Gen yon ti pwovèb Kreyòl ki di “ak pasyans w’ap jwenn trip foumi”.  Pasyans ap ede pou gen sajès ak bon konprann ki ka fè ou refise bay tèt ou pwoblèm oswa pèdi tan move refleksyon ak kòlè lè yon bagay ofanse’w. Pwov. 19:11 di “Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.”

Pasyans ede’w kenbe sante’w djanm e rive lwen. Jan Pwov. 25:15 “Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w’ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.”  Poutèt ou ka deside pou ou entansyonèlman lòt moun ak pasyans (2 Korent 6:6; Kol 1:11; 2 Tes 1:4).

Nan mònn sila kote tout bagay alavavit, e anpil enfòmasyon aksesib nan yon segond depi’w gen entènèt,  pasyans sanble ak yon bagay ansyen. Men bon karaktè nan lavi ak devlope idantite’w nan Bondye pa tankou pètpèt mayi depiw mete’l nan lwil li pete. Men li mande ou pou kiltive’l chak jou menm jan kiltivatè toujou ap netoiye tè yo pou yo gen bon rekòlt. Jak 5:7 di, “ Se poutèt sa, frè m’ yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l’ rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.” Avèk èd Sentespri Bondye ki fè tout bagay posib pa lafwa, pasyans ou gen pou devlope plis pou grandè Bondye klere plis nan lavi ou(Mat 19:26)  

Ann travay pou lanmou ak pasyans!

Ann Lapriyè: Papa, mèsi paske idantite’m nan ou se pasyans. Ede’m devlope pa pouvwa lespri oupaske li pa toujou fasil poum andire sikonstans m’ap travèsè ak lajwa ak kalm. Mwen soumèt tout lavi mwen ak dezi mwen yo devan’w e mande’w ede kèm aksepte lanmou ou plis pou lafwa ak bon karaktè kontinye pran rasin nan mwen. Padone tout dout mwen yo e ke mwen gen plis pasyans ak tèt mwen ak lòt mounn  e sitiyasyon ke mwen pa ka chanje yo pou glwa ou manifeste plis. Nan non Jezi mwen priye. Amen.

Benediksyon: “Mwen mande Seyè a pou’l dirije kè [ou]* pou [ou]* ka renmen Bondye, pou [ou]* ka gen pasyans tankou Kris la.” (2 Tes 3:5) “Mwen mande Bondye pou l’ fòtifye [ou]* tout jan ak bèl pouvwa li pou [ou]* ka sipòte tout bagay avèk pasyans.” (Kol 1:11)

*Modifye pou devosyon an    **Diksyonè.com

Ankourajman: “Paske, [ou]* konnen byen, lè konfyans [ou]* gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban [ou]* pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou [ou]* kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san [ou]* pa manke anyen.Si yon moun pami [ou]* manke bon konprann, se pou’l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san’l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.” Jak 1:3-6

Idantite’w nan Bondye: Ou se entegrite

“Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w’ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo. Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p’ap jwenn anyen pou yo di sou nou”. Tit 2:7-8

Entegrite se yon desisyon pou aksepte viv selon yon kòd moral ak prensip ki demontre karaktè ak onètete (ki pa nan patipri ni nan mayònnaj oswa manti). Mo sa soti nan Ebre “tom, tummah” ki tradwi “senplisite”, “fondamantal nan karaktè ki vre”,  “otantik”, “onèt”, “solidite ” ( nan sans tèt ou byen plase sou zepòl ou), “antye oswa konplè”, “mache dwat”, e “pèfeksyon”***. Nan nouvo testaman an mo entegrite a itilize nan sans “senserite”, “verite”, “ kè ki gen bon kalite; kè pi”, “yon sèl grenn je” (ki pa nan gen egoist e gen yon sèl pawòl)***. Nan rezime, entegrite se karaktè youn mounn ki ede yon mounn ki pratike li (wi, ‘pratike’ paske se yon chwa entansyonèl pou ou fè chak jou) viv yon mannyè ki senp e sensè nan tout l’ap fè.

Entegrite se idantite’w paske ou fèt nan imaj Bondye (Jenèz 1:27), e li se entegrite. Tout kalite sa yo reflekte nan pawòl li yo nan Bib la (Ezayi 45:23). Pawòl li yo se verite e pa gen anyen okenn mounn ka fè pou demanti yo. Bondye te demontre sa tou nan karaktè Jezikri kote nan yo te definil tankou yon nonm ki detèminen pou fè sa ki dwat, jis, e ekselan ki soti nan yon lanmou enkondisyonèl menm lè sa te lakòz li anpil pèsekisyon. Li te anseye tout mounn verite sou pawòl Bondye yo san patipri (Matye 22:16, Mak 12:14; Fil 4:8).

Nan yon mònn kote gen anpil magouy ak mechanste, li pa fasil kòm pitit Bondye pou’w wè entegrite fè pati entegral lavi tout mounn ki di y’ap sèvi Bondye men ou menm ou diferan paske ou ankre idantite ou nan li e ou pa sèl. Lesprisen la ak ou e tout rès fanmi ou yo nan lafwa ap kole zepòl ak ou chak jou. Ou se yon mounn chwazi.

Lè ou mache nan entegrite ou fè sa ki bon e wout ou toujou pwoteje e ou viv yon san krent paske ou konnen ou sèvi byen ak tout mounn e ou gen yon relasyon sinsè ak Bondye (Pwov. 10:9; Sòm 25:21). Entegrite ak kenbe’w pou ou pa koze tet ou chagren oswa detwi relasyon ou ak Bondye, tet ou e mounn ki kote ou yo swa nan biznis lekol, oswa lot tip relasyon  (Som 41:2; Pwov 11:3, 13:6).

Li necesè pou ou konnen ke entegrite fè pati entegral karaktè ou nan Kris paske se li menm k’ap fè ou pwospere ak pwogr jwi lavi ki plen viktwa sa ke Bondye prepare pou ou (Det 9:5; 1 Wa 9:4). Sa fè Bondye lapènn lè li wè pitit li yo ap viv nan manti, rayisans, negative, ak mechanste ak tèt yo ak lòt mounn (Ezayi 59:4). Poutèt sa lè ou aksepte idantite’w se entegrite e komanse viv nan verite sa, wa va wè plis glwa Bondye manifeste nan lavi ou (Neh 7:2). Konsa tou wa va jwi plis respè ak kè poze ak lòt mounn ki nan lantouranj ou paske y’ap ka fè’w konfyans nan nenpòt bagay (piti koul ye oswa gwo koze) yo ta bezwen jere ( Eg. Jozef nan liv Jenèz oswa Hanani nan Nehemi 2).

Entegrite ap ede’w mache selon sajès Bondye e non pas tout avis mounn (2 Korent 8:11). Sa pla vle di ou pap koute konsèy men ou toujou al chache sa Bondye di nan sijè/sikonstans w’ap travèse nan moman an epi filtre tout sa ou tande e santi nan pawòl Bondye yo. Lesprisen li va fè’w wè verite nan tout sityasyon paske li nan ou e li toujou la avè’w (Jan 14:16; Jan 16:7; Lik 12:12; Woman 8:26-27).

Mache nan senplisite ak onètete (entegrite), konsa pou konsyans ou ka klè e menm jan ak Jòb w’ap gen anpil lafwa lè w’ap pale ak Bondye kit nan lajwa oswa nan soufrans (Jòb 2:32; Korent 1:12). Le’w deside viv nan entegrite (viv selon prensip Bondye yo, sevi youn ak lòt nan lanmou ak respè) e fè tout zafè’w nan yon manyè ki dwat, w’ap gen anpil lenmi tou.

Se pa tout mounn k’ap konprann ou e menm mounn ki pwòch ou pafwa ka vinn kritike’w anpil jan madan Jòb la te fè a (Jòb b2:9). Sitiyasyon lavi sa ap toujou vinn sou do pye’w pou teste konfyans ou nan Bondye e vle fè’w bite men lè w’ap mache nan entegrite w’ap mache nan lapè (Jan 16:33). Men mounn k’ap rayi ou yo oswa menace lavi ou yo ap fè’l paske yo pa gen konprann  lanmou Bondye a nan kè yo (Pwov 29:10).

Ou pa bezwen pè paskse nan Jezi ou se viktwa! (Ezayi 54:3; Sòm 55:23-24, 65; 1 Korent 15:57;  Rev 19) men entegrite’w ak lafwa nan Bondye ap ba ou plis fòs pou kontinye kwè nan Bondye kòm pi gwo defans ak protektè ou (Job 6:29, Som 7:8). Konsa tou, y’ap ba ou anpil renmen, resistans, fòs, ak pasyans pou ou fè fas ak kritik/pozisyon yo e frennen presyon kanmarad ou yo ta fè sou ou pou fose’w reaji yon jan ki pap onore ni Bondye ni lafwa ou nan li (Jòb 27:5).

Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske mwen se yon mounn ki gen anpil karaktè paske mwen deside kite Lesprisen ou gidem chak jou. Mèsi paske se ou ki fòme karaktè’m e se ou ki sous idante ak lavi’m chak jou. Mwen se entegrite. Ke verite sa ankre nan fon kèm pi plis e anvayi chak kwen nan lavi mwen pou’m ka viv idantite sa plis pou glwa ou.

Nan ou mwen jwenn verite e viv yon vi nan senplisite ak onètete ki ap ede mwen pwogrese nan tout sa m’ap fè. Menm jan ak Jozèf ak anpil lòt karaktè nan Bib la tankou Moyiz, Hanani, Danyèl, David, Natanayèl, Zacchari etc,  edem viv plis tankou yon fanm/gason ki gen entregrite. Chanje kèm plis paske mwen realize ke chanjman mwen swete wè nan fanmim oswa nan peyim ki chaje koripsyon dwe soti nan mwen avan. Mèsi pou konsyans sa w’ap ede mwen pran chak jou de wòl mwen nan enviwònman mwen tou paske ou pa janm fè erè e plan lavim byen trace nan men’w. Edem gen plis entegrite nan tout sa m’ap fè chak jou e sonje enpotans li. Mèsi pou tout sa ou fè pou mwen e prezans ou nan lavi’m. Amen.

Vèsè pou metite: Sòm 25:21-22

Ann Reflechi : Ki chanjman ou ka komanse aplike nan lavi’w pou ou reflekte nouvo idantite sa?

Ou ka pataje repons ou yo nan espas komente a epi pa bliye pataje paj sa ak yon zanmi!