“Wi, mwen konnen w’ap toujou renmen’m, w’ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi’m. Se lakay ou m’ap rete tout tan tout tan.” Sòm 23:6
Gad kijan tan an pase vit! Nou pati pou 6èm ak denyè semèn nou sou tèm Som 23. Mèsi paske ou te reponn ak envitasyonlanmou pou experyanse Bondye nan yon lòt dimansyon. Mèsi anpil pou prezans ou ak devozyon pou wayòm Bondye ak devouman ou pou grandi nan lafwa.
Kounyea menm lè tout mounn ta vle recite Sòm sa pa abitid, ou menm ou byen ame pou itilize li kòm epe pou koupe tèt lenmi ou yo e pwospere. Ann vanse!
Kontèks: Nan 6èm vèsè Sòm nan, David raple nanm li jan Bondye toujou renmen li ak yon lanmou etènèl. Se poutèt sa li deside rete nan “kay” Senyè a pou tout tan li gen soup. Non selman lanmou Bondye jan nou te wel la pote pwovizyon pou ou a, li la pou pwoteje ak gide ou, li se fòs ou, e li se repo ak lapè ou. Paske li se yon bon gadò, li ofri tèt li tou kòm “kay” kote ou ka chwazi rete.
“Kay” sa kote Bondye rete a se yon espas espesyal nan fon kè ou ki gen prèv tangible de relasyon ou avek li. Pa egzanp, le ou pase anpil tan nan espas sa ou vinn gen plis kapasite pou renmen lòt mounn paske ou konnen jan Bondye damou ou san patipri e viv nan respè ak kè poze malgre tout difikilte paske Bondye genyen batay la deja sou tout fòs fenmwa.”Kay” sa reprezante prezans Bondye an dedan ou pa pouvwa Sentespri li ki pote bon kichòy tankou pwoteksyon, sekirite, repo, ak rekonfò pou ou tout kote ou ye.
Menm jan ak David ou ka chwazi demere anba pwoteksyon ak direksyon pou jwi lavi li mete apa pou ou a. Ou ka deside ankre idantite’w plis e grandi nan entemite avèk li pou dekouvri plan ak dezi li yo pou lavi ou. Oswa tou ou ka deside chwazi viv selon emosyon ou yo ak sikonstans kote w’ap viv la.
Jodia, ki chwa ou vle fè? Pa kite vwa kondanasyon ni pressyon fòse’w chwazi men bay Sentespri plas pou gide’w. Fè nou konnen tou nan komantè yo. Nou la pou ou!
Ann Lapriyè:
Senyè, mèsi pou lanmou ou ki san mezi e prezans ou ki abite nan mwen. Gras ou ap swiv mwen tout tan m’ap viv paske mwen dispoze pou sèvi ak kolabore avè’w nan tout sa m’ap fè. Mèsi paske ou se fòs nan feblès mwen e ou pa janm lage’m ou. Ke prezans ou kontinye anviyi tout kwen kè’m, ilimine nanm mwen, e avili tout move lide ak pèsepksyon nan mwen kontrè ak pawòl ou yo ak destine ou sou lavi mwen. Mwen few konfyans e remesye’w. Nan non Jezi, Amen.
“Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi’m yo. Ou resevwa’m, ou fè kè’m kontan e ou ban’m tou sa’m bezwen.” Sòm 23:5
Mèsi pou prezans ou ak nou nan 5èm semen konsekrasyon and meditasyon nou sou Sòm 23. Yon sòm ki popilè ke anpil mounn ka recite pa kè men anpil pa konprann kalite trezò ke Bondye sere nan chak vèsè pou chak grenn pitit li pou yo briye tout kote yo ye. Tout liv nan Bib la gen pouvwa sa men jodia n’ap pwogrese e medite 5èm vèsè nan Sòm 23. Ann vanse!
Kontèks: Yon tab nan mònn fizik lan se kote mounn chita swa pou manje, diskite yon sijè/fè reinyon , kolabore, pataje, elatriye. Se sa ki fè tab reprezante divès bagay tankou kominyon, tèt ansanm, rekonfò, pataj, asirans, disiplin, jijman, ak pwovizyon.
Som 23:5 ka separe nan 4 pati: (1) Bondye toujou gen pwovizyon pou ou. Som 23:5 “Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi’m yo...”Salmist la ap dekri pwovizyon Bondye pou li nan fas difikilte ak pèsekisyon li t’ap travèse. Note byen li di “ou” pou refere’l ak Senyè a paske se nan li tout richès ak kè poze soti. “Lènmi” yon mounn pa toujou yon lot ki la nan chè ak po (Efez 6:12). Li ka tou sityasyon difisil sou nenpot fom ki ta vle domine lavi li.
Devan tout difikilte ki reprezante “lènmi” ou, Bondye toujou bò kote’w pou li pote kichòy ou bezwen. Li sansib pou ou e li pa janm vle ou soti wont. Avan yon bagay rive’w li te gentan gen solisyon (li Jenèz 1-5).
(2) Bwa ak zorèy Bondye toujou disponib pou ou. Li la pou anvlope ak yon lanmou san parèy e ba ou yon akèy chalere e wayal paske (3) Bondye vle fè ou kontan ak yon lajwa ki pa depann de okenn sikontans paske nan li (4) ou pap janm manke anyen ou bezwen. “[….] Ou resevwa’m, ou fè kè’m kontan e ou ban’m tou sa’m bezwen.”Som 23 vèsè 5
Pa gen anyen w’ap travèse ki yon sipriz pou Bondye. Li renmen’w ak yon lanmou san mezi e vle ba ou tout sa ou bezwen ki ap soti nan yon zanmitay ki gen anpil bèl konplisite avek ou sou “tab” li prepare apa pou ou a(espas entemite ki apa pou li ak ou). Ou sèlman dwe kwè (Jak 1:1-6).
Ann Lapriyè:
Senyè,
Yon relazyon entim ak ou se yon bagay sakre. Li retire tout konfizyon ak kondanasyon nan kè’m e ranplase yo pa konfyans, libète, ak serenite. Menm jan ou te montre David “tab” ou te prepare pou li a, louvri je’m chak jou pou mwen toujou wè pwovizyon ou yo nan tout sikonstans e priorize relasyon mwen ak ou.
Mèsi paske ou toujou la, jan ou pran swenm, korije’m, e toujou la pou fè kè’m kontan. Mèsi paske devan tout sikonstans, pèsekisyon, ak difikilte ou pa janm fè bak menm lè mwen ta febli. Ou menm sel ki Bondye. Ou menm sel ki merite tout lwanj ak konpliman. Banm fòs pou’m kontinye pou glwa ou ak edifikasyon nanm mwen. Nan non Jezi, Amen.
“[…]Senyè a fè Salomon wè l’ ankò yon jou lannwit. Li di l’ konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye’m. M’ chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen. Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la, lè sa a si pèp ki pote non m’ lan lapriyè nan pye’m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache’ m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t’ap fè yo, m’ap tande yo nan syèl kote’ m ye a, m’ap padonnen peche yo, m’ap fè peyi a kanpe ankò.” 2 Istwa 7:12-14
Mònn lan twouble, peyi nou ap kilbite, e lespri anpil nan nou ap degringole. Kòm eritye wayal ki ankre idantite nou nan Bondye, nou chak gen yon wòl ak devwa pou nou pou avanse wayòm Bondye ki se menm idantite li ba nou yo tankou lanmou, lajwa, lapè, lespwa, sekirite, jenerozite, padon, kouraj, ak pasyans ak tout otorite ak viktwa Bondye.
Pou yon vè ka kenbe dlo, fòk li vid e li pa koule. Konsa tou pou nanm ou rafrichi, idantite ou ankre fòk ou pase tan kote idantite ou ankre nan Bondye. Younn nan meyè fason pou sa fèt se chache fas Bondye nan pase tan ak li. Rejwenn nou chak Mèkredi pandan sis semèn pou refleksyon, konsekrasyon, ak delivrans pandan n’ap medite sou chak vèsè Sòm 23 yo.
Se nan Bondye sèl chanjman k’ap dire ye. Byenèt, direksyon, gerizon, klarite, lajwa, ak entimite w’ap chache yo ap tann ou tou nan bra Senyè a. Karatè li pa janm chanje. Menm jan nan 2 Istwa 7″12-14 li te pwomèt Salomon pou reponn tout pitit li ki kwè nan li ak tout kè yo si yo chache fas li, l’ap reponn ou tou.
Pa neglije pase tan ou kapab la-piti kou li ka ye- nan lapriyè konsekrasyon sa ak nou pou pwofese, deklare, e reklame pwomès Bondye yo sou lavi ou. Kite lapriyè nou pral pataje chak semèn yo gide’w pou ou rantre nan konvèsasyon pa’w ak Bondye e wa va sezi wè jan li karese nanm ak kè ou jan li menm sèl konnen e kapab fè.
Chache yon zanmi, yon fanmi, yon vwazen pou pataje moman sa tou si’w kapab. Ansanm nan lafwa ak lanmou nou toujou pi fò.
Nou konte sou Bondye pou beni devouman ou yo pou lavi ou kontinye pote fwi pou li.
“Nonm lan (Adan) ak madanm li tande vwa Senyè a nan jaden an pandan labriz diswa. Y’al kache nan mitan pye bwa yo nan jaden an pou Senyè Bondye pa wè yo. Men Senyè a, Bondye a rele nonm lan, li di li: – Kote ou ye? ” (Jenèz 3:8-9, vèsyon HAT98)
Kote ou ye? Se kesyon Bondye te poze Adan ak mandanm li (ke li te vinn ba li non Èv) nan jaden Edèn lan apre yo te finn manje nan fwi pye bwa Bondye te entèdi yo menm touche a ki te lakòz yo ale kache lè yo te tande vwa Bondye.
Jaden nan mònn fizik la se kote tout kalite plant ak vegetab plante,donnen, nouri, ak pwodwi fwi epi divès kalite flè. Konsa menm yo la mouri nan jaden an tou si yo pa byen nouri oswa plante nan move sezon. Nan espas espirityèl la, jaden reprezante koneksyon entim ak Bondye, kreativite, lide ki pwodwi karaktè ak rèv tou ki manisfeste kòm “fwi” kè yon mounn.
Nan Jenèz 3:1-8, Adan ak madanm li te sibi yon tantasyon ki fè move zèb te grandi nan jaden yo. Yo te vinn sedwi pa lide pou vinn menm jan ak Bondye nan konesans byen ak mal. Desizyon sa yo te pran an pou manje fwi a te soti nan admirasyon pou sanble Bondye pi plis men sete yon pyèj ki te gen yon filè byen pwès.
Yo te vle sanble plis ak Bondye men yo bliye ke yo te kreye nan imaj li depi lè yo te fèt (Jenèz 1:26) . Lè rezilta pa jan yo t’ap espere li a e anpil lide te vinn anvayi yo san yo pat ko konnen kijan pou jere yo, yo bay plas a laperèz ki pote konfizyon e pèmèt yo bliye kote yo te ye. Paske jaden sa se nan prezans ak lanmou infini Bondye pou yo e elwanye yo de Bondye. Bondye santi konfizyon yo e nan lanmou li mande Adan “kote ou ye?”.
Imajine’w ou nan jaden sa ki bay yon koneksyon dirèk e entim ak Bondye. Tou doucement ou glise chita anba yon gwo pye bwa ki ap byen fleri e arome’w ak sant li. Lè w’ap respire a pi e bon ti van ap karase figi’w, epi ou tande Bondye ki ap pase ki mande’w “kote ou ye [ di non pa’w]”? Kijan ou t’ap reaji? Kisa ou t’ap reponn?
Pran ti tan pou egzamine “kote ou ye” sa vle di pou ou kalkile sou lide ki ap domine lespri’w yo. Eske menm jan ak Adan ak Èv w’ap chache sanble ak Bondye plis nan chache sa ou gen deja tankou lanmou, talan, reyisit, sekirite, elatriye? Eske w’ap kache pou prezans li e ou santi w’ap elwanye’w de entimite ak li pou yon rezon oswa yon lòt oswa w’ap chache fás li ak tout kè’w, tout fòs ak nanm ou (Matye 22:37; Mak 12:30-31; Det 6:5; Pwov 3:5-6)? Eske panse sa yo aligne ak pawòl e pwomès li yo sou lavi’w? Kote idantite’w asire?
Reflechi ak repons yo e kite Sentespri gide ou nan yon moman refleksyon entim paske pou ou konnen byen kote ou prale, fòk ou konnen kote ou soti e pi enpòtan kote ou ye pou ou ka fè yon bilan. Nenpòt jan repons yo soti pa pè paske li seten lè Bondye mande kote ou ye se pa pou pini men pou li koze ak ou e ede’w travèse tout sikonstans. Vanse pi prel. Ou pap regrèt.
Ann Lapriyè:
Senyè, mèsi pou gras ak lanmou ou ki san mezi ki pa janm kite mwen nan wout ni pou’m kouri san pran souf. Mèsi paske ou toujou ap chache kè’m e ou la pou bat tout distans jiska ke’w jwen mwen. Pa gen montay ki twò wo ni vale ki twò ba pou patwouye jiskake’w jwen mwen, ban’m plas pou nou koze e koud tout pati nan mwen ki ta dechire nan wout la. Ou pap kite ankenn peche, wont, doulè, ni siksè ak echèk mete rasinn move logèy nan kè’m e separe mwen de lanmou ou. Oh Papa, mèsi. Abite nan prezans ou se pi gwo rekonfò ak lajwa kè’m. Pa gen lòt tankou’w e bouch mwen, kò’m, kè’m ak lavi’m tout antye pa ase pou’m fè lwanj ak konplimam pou ou e remèsye’w ase. Mwen glorifye e exalte nan ou. Nan non Jezi. Amen.
“Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li. M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. Mete tèt nou ansanm avè m’ pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!” Sòm 34:1-3
Yon ti lèt lanmou pou Bondye de yon kè ki gen anpil rekonesans ak remèsiman pou tout mèvèy li fè chak jou.
Pandan yon pil tan mwen te panse lanmou’w pou mwen se te pawòl kremòl Mwen te panse li te yon fenomèm twò dwòl. Sitou mwen pat ka konprann koman jouk mwen menm tout mwen te ka eritye’w. Bib la rakonte mwen fèt nan imaj ou men menm sa gen anpil fwa mwen te wè doub. Sosyete, kilti, ak sousi lavi toujou ap vle fè’m pase koub nan tè glise.
Dapre majeste ou, li pa fasil pou konprann poukisa mwen enpòtan pou ou. Tankou yon egzile san patri, Mwen pat ka konprann lanmou’w pou mwen san patipri. Se sa ki te fè mwen pran anpil tan pou reyalize pwofondè lanmou sa e aksepte li ak enpòtans lavi mwen pou ou.
Tankou douvanjou k’ap leve pou anonse yon nouvo jounen, tipatipa w’ap louvri je’m. Ak dlo rekonesans nan yon kè benyen ak lanmou, mwen lave pye’w ak lwanj ak adorasyon mwen yo. Souri nan lèv mwen temanye grandè ou. Chak ti baton tanbou kè’m raple mwen de proximite’w ak mwen.
Plis mwen ap pase tan avè’w, Plis mwen ap dekouvri jan ou te pran san ak tan ou pou te fè’m kreyòl ak yon eritaj wayal. Chak ti detay nan mwen byen kalkile (Sòm 139).
Nan lagè pou kè pitit ou sila ou se pi gran general ki pa janm pèdi yon batay. Mèsi pa sifi pou’w diw paske li pa ase pou mwen exprime bonte ou. Mwen koube’m byen ba devan’w.
Jodia, mwen pa prezante’m devan ou pou mwen fè’w yon demand men sèlman di ou mèsi. Mwen konsyan mwen pa fè’l ase men recevwa adorasyon ak aksyon de gras mwen.
Ou fè’m konfyans menm lè pafwa mwen doute de tèt mwen. Ou toujou ap montre’m nan pawòl ou kontrè a tout panse negatif mwen yo. Ou pa nan toupizi e pawòl ou se lajan sere.
Mwen konnen konyea lonbrit mwen pat antere nan move tè paske se ou ki mèt tout tè a. Tankou yon pye bwa bò dlo, rasinn mwen toujou pouse ak ou (Sòm 1:3; Ezayi 58:11). Ou se sous dlo ki pase swaf mwen e ou banm fòs lè’m panse tout sak nan mwen finn kaba (Jan 4:14).
Sim ta gen malè yon jou santi’m òfelen ou montre’m se je nan tèt ou (Ezayi 49:15). Ou kajole’m, dòlote’m, sipote’m, pirifye’m, e gide’m. Lanmou’w se pi gwo eritaj mwen. Lanmou’w se fòs mwen. Lanmou’w se idantite’m e ak ou bò kote’m pa gen anyen ki ka fè mwen ebranle.
Mwen fè lwanj ou e exalte non ou. Chak jenerasyon mèt ta vle ba ou non pa yo, Lasians paka finn explike ou, Ni mirak paka mete ou nan bwat. Ou vrèman extraodinè! Idantite’w ak lanmou ou pa janm chanje. Ou sèl se Bondye. Ou se Yahweh!
Ou fèm fè explwa mwen pat imajine, E mwen sèten ou fèt kòmanse ak mwen. Mèsi paske ou se ekla nan lajwa’m, Fòs nan feblès mwen, Lajwa nan touman mwen yo, E lespwa nan fènwa. Ou se plis ke sa e mo yo manke men mwen di ou Mèsi. Mèsi paske ou chwazi’m, renmen’w, e aprann mwen renmen ou, renmen tèt mwen ak pwochen mwen yo pi byen chak jou.
Avèk anpil lanmou ak yon chay gratitid, – Pitit ou a ki aksepte Erital Wayal li
“Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l’ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.” 1 Jan 1:9
Peche. Ah wi “peche”, yon pawòl ki itilize souvan men ak yon pakèt konsepsyon ki pa Biblik ki lakòz anpil konfizyon ak dezinyon nan divès kominote. Mank enfòmasyon sa fè anpil mounn elwanye yo de opòtinite pou devlope yon relasyon entim ak Bondye.
Peche soti nan mo Ebre ” khata‘ ” e nan lang Grèk ” hamartia” ki vle di “echwe” oswa “rate objektif la”* alò ‘peche’ se echwe nan atenn yon objektif.
Ki objektif ou menm ki ankre idantite ou nan Jezi-Kris genyen?
Daprè istwa kreyasyon nan Bib la, Bondye ki se lanmou kreye chak mounn nan imaj li alò objektif prensipal ou se pou renmen Bondye ak tout kè yo e renmen chak pwochen ak pwòp tèt ou menm jan an (Matye 22:37-40; Mak 12:30-31; Lik 10:27; Egzòd 20; Pwovèb 3:5-6; Det 6:4-7).
Nan nati lòm, li fasil pou move lide anvayi tèt youn moun nan nenpòt sikonstans (Women 3: 21-24). Se sa ki fèt tout mounn “peche” oswa “echwe nan atenn objektif” prensipal la nan divès manyè kote lanmou, onè, ak respè manke nan prezans yo. Se yonn nan rezon Pòl te exolte chak disip Jezi-Kris yo tankou ou menm pou abiye pa lafwa a chak moman (Efez 6:10-18).
“Onè” oswa “onore ” vle di kenbe [yon mounn oswa yon bagay] nan gwo respè ak reverans; sèvi nan yon fason ki onèt e distenge**. Se sak fè onè pou Bondye konekte ak onore younn ak lòt kòm reprezantan li sou tè sila (1 Jan 4:20).
Kilè oswa kijan yon mounn ‘peche’?
Bravo, bòn kesyon!
Nan kontèks Biblik la, yon mounn peche lè lide li genyen oswa aksyon li fè yo oswa pa fè sa- ki rele nan ka sa peche pa omisyon an ki pa bay Bondye ak lòt mounn ki konsène yo (si sityasyon inkli mounn) respè, lanmou, ak onè ki merite (Matye 5:28-29; 15-19-20; Mak 7:20-23; Fil 4:8; Jak 1:14-15; Pwov 4:23).
Kòm rezilta mounn ki ‘peche’ a ka santi li elwanye de Bondye tankou prezans Bondye absan menm se pa vre (Jenèz 28:15; Det 31:8; Ebre 13:5-6). Santiman dekoneksyon pèsonèl sa ak Bondye ka enfliyanse pou li elyanye tèt li de Sentespri ak kominote lafwa kote l’ap viv la tou. Kòm rezilta li ka rantre nan yon izòlman espirityèl ak fizik ki malouk paske li pa apiye sou pawòl Bondye yo ki fè’l vinn manke bon konprann ki fè dout ak laperèz anvayi li paske kwayans yon mounn se realite’l.
Bib la gen egzamp ki ilistre ‘peche’ nan kontèks pwòp li ki se lè yon mounn fè kichòy ki dezonore Bondye ki souvan inkli pwochen yo tou. Nan moman sa yo gen mounn ki ka konvenk tèt yo sa yap fè bon e jistifye’l petèt pa ignorans (mank enfòmasyon oswa bon konprann), pa aksyon yo fè, oswa omisyon (aksyon yo pa fè sa ki te necesè). Younn nan egzamp nan Bib la soti nan istwa Jozèf ak madan Potifa nan Jenèz 37. Jozèf pat vle kouche ak madan Potifa paske li pat vle “peche devan Bondye”- nan sans de baz li pat vle dezonore yon lòt mounn ki fèt nan imaj Bondye pa respè pou Bondye ki te kreye li, zanmitay li ak Potifa, ak pou tèt li tou paske li te konnen idantite’l nan Bondye (Jenèz 37:9).
Chaje lòt egzamp biblik ou ka pran san’w pou idantifye e ou ka pataje’l nan espas komantè a. Ou ka pataje tou kijan explikasyon sou tèm peche ede yo konprann idantite’w nan Bondye.
Eske gen solisyon pou ‘eche’?
Bondye wè’w e li renmen’w anpil. Nan lanmou infini ak bonte li, Bondye raple ou chak jou ke pa gen okenn ‘peche’ (objektif pou ou renemen e fè sa ki byen nan je li ki ap benefisye limanite jan pawòl li deklare’l) ki ka fè’l renmen’w mwens (Lament 3:22-23). Se sak fè chak jou Sentespri li nan ou la pou ede ou grandi, kenbe fè’m nan lafwa, e gide’w pou fè sa ki byen devan Bondye ak devan lezòm pou glwa li (Pwovèb 21:3; Matye 6:1; Mak 13:11; Ezayi 11:2; Jan 16:13-24).
Gen anpil moman w’ap bite e w’ap peche (echwe nan objektif ou pou renmen, respekte, onore Bondye, ak frè ak sè ou yo oswa tèt ou). Lè ou “echwe” oswa peche pa dekouraje. Pèsevere. Sentespri ap toujou la avèk ou pou ede ou fè pi bon chwa, mande eskiz ak padon lè necesè e kontinye grandi.
Younn nan solisyon Bib la bay pou ‘peche’ a pa de rekonèt e aksepte sakrifis Jezikris te fè pou chak mounn sou lakwa pou retabli koneksyon dirèk ap Bondye se konfesyon.
Konfese oswa konfesyon vle di pataje, degaje konsyans ou, oswa vide lespri ou de “peche” a (moman feblès la kote lanmou, respè, onè, oswa byenfesans te manke ).
Se yon opòtinite Bondye bay chak pitit li pou pwoche pi pre li (lè ou ap koze ak li e bay verite sou tout sa ki te pase yo ki fè’w te ‘peche’ menm jan ak David te fè nan anpil nan chapit nan liv Sòm nan) e grandi younn ak lòt pou fòme yon kominote sipò ak fratènite (lè ou konfese younn ak lòt nan yon relasyon ki baze sou respè mityèl ki konfidansyèl e baze sou lanmou) pou gwandi nan lafwa ak bon konprann ( 1 Jan 1:9, Women 10:9-10; Jak 5:6; 1 Tim 6:12; Leviktis 5:5; Pwovèb 28:13; Sòm 32:3-5).
Kounyea ke ou genyen yon definisyon solid de ‘peche’, pataje’l ak yon lòt mounn pou ou envite ou rapwoche yo de Bondye paske ou se libète.
Klere limyè tout kote ou pase e fè tout efò ou kapab pou atenn objektif prensipal ki se pou ou reflechi ak aji ak lanmou, onè, ak repè ou genyen nan Bondye ak mounn ki kote yo kelkeswa koulè po, kwayans, posibilite fizik ak finansyè nan chak moman. Men sa ki pi enpòtan tou se pou sonje ke ou pa janm pou kont ou nan konba sa pou atènn objektif prensipal la nan chak moman paske Bondye pap chèche pèfeksyon men yon relasyon pi avè’w chak jou. Ou fè pati yon fanmi, ou gen zanmi, e Bondye damou’w san mezi.
“Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen [ou], Li ban [ou] lavi nan Kris la, [ou]* menm ki t’ap viv nan lanmò akoz peche [ou]. Se yon favè Bondye fè [ou]* lè li delivre [ou]. […] Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen [ou]* anpil anpil, jan li aji byen avèk [ou]* nan Jezikri. Se paske li renmen [ou]* kifè li delivre [ou]*, [ou] menm ki mete konfyans [ou] nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban [ou]. Non, [ou] pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.” Efezyen 2:4-9
Jodia kit ou retrouve’w nan mònn oswa vale nan etap lavi ou, sonje ke Bondye renmen’w ak yon lanmou san mezi ki pa gen kondisyon ni egcepsyon. Lèt lanmou li pou ou toujou o prezan, dirèk, ak yon garanti pou lavi. Ou se ti chouchou wa inivè a. Eske ou kwè sa?
Anpil fwa gen sikonstans ak teoloji ki ta ka vle fè ou kwè fòk ou ta toujou ap fè yon bagay oswa pote yon chay Bondye pat ba ou pou ou ka demontre ou se disip Jezi Kris. Fòk lavi ou ta tèl jan oswa pou ou ta pale yon lòt lang, rete yon lòt katye oswa peyi, abiye yon lòt mòd elatriye pou ou ka jwenn favè ak lanmou Bondye men realite a pi senp. Bondye renmen ou jan ou ye a. Lavi ou nan pla men li e li vle grandi zanmitay li ak ou. Ah wi, li damou’w e pa gen anyen ki ka anpeche li kontinye renmen ou (1 Jan 4:15-18; Eza 43:3-4; Efez 2:4-9).
Lè ou santi w’ap bite e lanmou sa ta sanble lwen, se pa emosyon li yo ki chanje pou ou. Dòz lanmou li pou ou soti nan yon sous infini e li ouvri kè li ba ou san resèv ni repwòch. Sèlman pran yon ti tan pou sonje kiyès ou ye. Si w’ap plenyen, ranplase yo pa lapriyè. Abiye’w pa lafwa e mande Bondye pou louvri je ak kè ou pou ou resevwa lanmou gratis ti cheri sa ak de pla men ou.
Kounyea menm, pran yon ti moman pou fèmen je si ou kapab epi mete men sou kè’ w. Repete ak yon sèl kè: ” Bondye renmen’m ak yon lanmou san repwòch. Li aksepte mwen san kondisyon e li damou mwen nan mezi. Wi, mwen se ti chouchou Wa syèl ak tè a e li vle kiltive yon relasyon entim e sensè ak mwen chak moman. Mwen gen anpil valè. Ak lanmou sa Bondye kouvri’m nan, mwen menm tou mwen se lanmou”.
Apre pran yon ti poz pou reflechi ak deklarasyon veridik sa ou sòt fè a. Eske ou kwè? Si ou jwenn dout nan kè’w pa enkyete’w. Se yon bon moman pou ou mande Sentespri pou revele’w rezon yo pou ou ka afemi lafwa e benyen nan lanmou sa nèt alkole. Nenpòt kote ou ye Bondye renmen’w e ou se lanmou.
Benediksyon:
” M’ap mande Bondye pou li ban [ou]*, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè [ou], pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou [ou] ka grandi nan karaktè [ou],
pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M’ap mande Bondye pou [ou] pouse rasin, pou [ou] chita byen fèm nan renmen,
pou [ou] ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.
Wi, mwen mande pou [ou] rive konnen kalite renmen Kris la gen pou [ou], atout pèsonn p’ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, n’a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.” Amen. Efezyen 3:16-19 vèsyon HAT98 * adapte pou devosyon an