Tag Archives: lanmou

Idantite’w nan Bondye : Ou se lafwa

Ou ka panse ke tit la se erè paske dabitid, li popilè pou’w tande « fòk ou gen lafwa ». Men lè ou vreman byen kalkile, si lafwa pa fè pati idantite’w ki soude nan Jezi ou pap ka genyen’l!

Tout sa ou pa genyen ou pa ka pwodi. Menm jan joumou paka donnen kalbas konsa tou ou pap ka gen lafwa si li pa fè pati de ou ki ap soti nan yon relasyon ak Bondye.

Kisa lafwa ye menm?

Lafwa se yon konfyans ki ankre nan nati Bondye ak bonte li pou ou*. Li se yon andirans ak konvisyon nan pouvwa, sajès, ak grandè Bondye sou tout bagay (lavi pèsonèl ou, fanmi ak dezi ou yo fè pati de ‘tout bagay’ yo tou). Ebre 11 :1 di « konfyans nan Bondye se yon konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre. » (Ebre 11 :1)

Konfyans nou nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye (1 Korent 2 :5).

Lalwa ak règ relijyon yon mou nap swiv paka fè Bondye pran plezi nan li (Galat 2 :15-16, Galat 3 :10-13). San lafwa li enposib pou’w gen yon relasyon sensè ak Bondye e pou fè li plezi (Ebre 11 :6).

Lafwa se yon asirans nan lanmou ak fiti Bondye gen pou ou paske Bondye pa renmen mounn ki gen de lide. Paske lafwa pa gen doutans e dout pa kè Bondye kontan « moun ki gen doutans, li tankou lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa beswen mete nan tèt li l’ap resevwa anyen nan men Senyè a. Se yon moun ki pa konn sa li le vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann » (Jak 1 :5-8)

Dout fè anpil mirak bloke. Nan Matye 17 :20 Jezi t’ap explike disip yo poukisa yo pat ka chase yon move lespri e li di yo « se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m’ap di nou la a, se vre wi, : si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a : wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. » (Ou ka wè menm diskou sa nan Lik 17 :6 ; Mak 11 :22-24)

Lèw pwoche Bondye fòw kwè ke li egziste e ke lap reponn tout mounn ki ap chache li ak tout kè yo (Ebre 11 :2). Se paske mounn lontan yo te gen anpil lafwa kifè Bondye te pran plezi e yo te jwenn anpil favè nan li. Si nou fè sa tou, n’ap wè mirak Bondye nan tout sa nou invite Sentespri ladann kit se nan  kè nou, fanmi nou, lekòl,  timounn nou yo, nan katye nou, ak an peyi nou paske li san limi!

Poukisa pou’w konnen ou gen lafwa ?

« Paske lè yon moun gen konfyans tout bon nan kèl, se lè sa a Bondye fèl gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout mou li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li, apre sa ki ekri nan Liv la : Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li pap janm sòti wont » (Women 10 :10-11)

Kijan lafwa manifeste nan lavi’w?

Lèw gen lafwa ou fè sa ki byen paske nan peyi Bondye wa a se aksyon ki konte e pale anpil pa vle di anyen (1 Korent 4 :20). Paske « menm jan yon kò san nanm se yon kadav, konsa tou lafwa nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon lafwa ki mouri. » (Jak 2 :26). Ou travay di paske ou gen renmen nan kè’w e ou rete fèm nan espwa ou gen nan Jezikri Senyè ou an (1 Tes 1 :3)

Kijan lafwa fè pati idantite’w nan Jezikri ?

Konfyans nan Bondye se yonn nan karaktè nesesè k’ap ede’w dekouvri plis kiyès Bondye ye e kiyès ou ye tout bon vre.

Si ou kwè ke nan Bondye ou se lanmou e ou se lespwa. Kote’w ye fòk limyè klere la menm lè sitiyasyon lavi ta vle parèt difisil, eh byen konsa tou ou se lafwa paske lanmou ak lespwa paka demere san lafwa!

 Alò en tan ke fanm ak gason ki konn Bondye e aksepte Jezikri: « Toujou pran konfyans [ou]* gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt [ou] pare tout flèch Satan an ap voye tout limen sou [ou] » (Efesyen 6 :16)

 « Menmen batay pou lafwa ou byen. Kenbe lavi ki p’ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a » (1 Timote 6 :12)

Kote lòt mounn ap kilbite, ou ka kanpe dwat paske ou gen relasyon pèsonèl ak Jezi. Si ou kwè, wa wè pouvwa bondye! (Jan11 :40 ; Matye 21 :22)

Benediksyon : « Map mande Bondye pou li ba [mwen]*, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè [mwen], pa mwaye pouvwa Sentespri a, pou [mwen] ka grandi nan karaktè [mwen], pou Kris la rete nan kè [mwen] ak konfyans [mwen] gen nan li a. M’ap mande Bondye pou [mwen] pouse rasin, pou [mwen] chita byen fèm nan renmen, pou [mwen] ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo [pou lafwa’m ka ogmante e pou’m viv yon vi san limit nan idantite pam ki se lafwa nan li] » (Adapte de Efezyen 3 :16-18).

* ‘nou’ modifye pou ‘ou’ obyen ‘mwen’ pou pèsonalize vèsè yo pou devosyon an.

Tout vèsè yo sòti nan vèsyon bib HAT 98

Sonje Kiyes ou ye! Ou se lanmou. Ou se lespwa. Ou Se LAFWA!

Idantite’w nan Bondye : Ou se lespwa

« Wi, poukisa mwen kagou konsa ? Poukisa m’ap plenn konsa nan kè mwen ? M’ap mete espwa’m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k’ap delivre’m, se li ki Bondye mwen. » (Sòm 42 :11)

Lè’w aksepte Jezikri nan lavi’w e ou konnen ou se lanmou, sa pa vle pwoblèm pap janm frape pòt kay ou ni ou pap janm santi’w dekouraje pafwa.

 Gen sikonstans nan lavi ki ka fèw bite e manke lafwa. Menm jan ak David nan Sòm 42 :11 lan ak Jòb ou ka di « « kote ki gen espwa pou mwen ankò ? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò ? » (Jòb 17 :15)

Men youn nan pi gwo avantaj ou genyen lè idantite’w asire nan Bondye ou pap janm pèdi batay paske li gen pouvwa pou’l fè tout bagay !

 Nan chak nivo nan relasyon ou ye ak Jezikri, li revele’w yon charaktè nouvo ki nan ou pou lafwa ou grandi. Lè’w byen asire nan lanmou san kondisyon li gen pou ou alò ou vinn fèl konfyans ak tout kè’w. Lè’w fè sa, ou se espwa ! (Matye 5 :13-16)

Jan la ekri a : « Moun ki fè kè li kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo » (Sòm 147 :11)

Kisa ki espwa ye vre ?

                   Pi gwo Espwa yon moun ki kwè nan Jezikri se lavi etènèl e pou nou gen pou nou patisipe nan bèl pouvwa Bondye yo (Tit 3 :7-8 ; Kolosyen 1 :27).

Yon bagay tout richès nan mònd la pa ka achte men yon relasyon ak Jezikri ba ou gratis ! Men tou espwa se yon asirans de yon demen miyò nan lavi kotidyen ak asirans ke sitiasyon lavi ou ap chanje ak pouvwa Sentespri ki abite nan ou lè Jezi se sovè’w.

Kòman pou’w fè gen espwa sitou lè lavi ap baw anpil defi ?

Bondye konfyans !

Ebre 11 :1 di : » Lè yon moun di li gen konfyans Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l’ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa wè ak je nou, yo egziste tout bon vre. » e se sa ki espwa a ! (vèsyon HAT 98)

Se nan Senyè a pou’w mete tout espwa’w paske se sèl li ki ka ba’w kè pose. (Sòm 33 :18 ; Lamatasyon 3 :24)

« Espwa sa se tankou yon lank batiman li ye pou [ou]*. L’ap kenbe nanm [ou]* fèm, byen solid. » (Ebre 6 :19)

« Espwa sa pap janm twompe nou paske Bondye te fè nou wè janl renmen nou lè li nan nou Sentespri li » Women 5 :2-5

Kijan espwa fè pati de idantite’w ?

Ou se espwa paske :

  • Ou fè Bondye konfyans. « Moun ki gen krentif pou Granmèt la pap è anyen. Yo p’ap tranble paske se Bondye ki espwa yo » (Chirasid 34 :14) e Senyè a kenbe pwomès li (Ebre 10 :23)
  • Ou gen lavi. Eklezyas 9 :4 di « men, toutotan yon moun vival toujou gen espwa pou li. Yo chen vivan miyò pase yon lyon mouri »
  • Lavni ou sèten nan Bondye e ak li ou pap janm tann pou granmesi (Jeremi 29 :11 ; Jeremi 31 :17 ; Pwovèb 23 :18)
  • Ou se sèl tè a !  Ou ajoute kè poze, jwa (gou) ak renmen nan lavi (Matye 5 :13-16)
  • Ou pote limye tout kote’w pase paske ou idantifye’w ak Jezikri (Jan 8 :12 ; Jan 1 :9 ; Jan 9 :5 ; Efesyen 5 :9 ; Lik 11 :36).
  • Bondye nan ou e nan nati li li se espwa ! (1 Pyè 1 :16)
  • Bondye chwazi’w pou viv a pa pou li (1 Tesalonysyen 1 :4)
  • Bondye ki kreye ou gen anpil lacharite lakay li e « lacharite pèmèt sipote tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l’ap toujou moutre pasyans li » (1 Korent 13 :7).

Espwa fè’w chèlbè e souri ou reflekte lanmou ak asirans ou genyen nan Bondye (e ki toujou disponib pou ou si’w poko kwè nan Jezi) ! Pa dekouraje. Nan Jezi Ou gen gwo sinyati dèyè non’w….

Defi ou pou jodia: Si ou kwè idantite’w ou se lanmou ak espwa nan Jezi, poste yon foto tèt ou Jodia Ekri non’w epi pa bliye ekri Lanmou ak Espwa deyèl kom sinyati ou!

Gwo koze ! Se pa ninpòt ti move van kap soufle ki ka fè’w pè kounyea.

Kontinye travay di pou Jezi, fè Bondye konfyans ak rèv ou yo, fanmi ou ak tout sa ki chè pou ou. Pase ti tan avèl nan lapriyè. Li pap fèw wont !!!

 Fè enmi nanm ou an konnen non sèlman ou gen espwa nan Bondye men depi Sentespri te finn ranpli’w ou se espwa !

 Pa bliye ankouraje yon lòt moun jodia pou ba yo espwa nan Jezi !

Benediksyon : « Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè [ou]* kontan nèt, pou l fè kè [ou]* poze ak konfyans [ou]* gen nan li a. se konsa espwa [ou]* va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a » (Women 15 :13)

* ‘nou’ modifye pou ‘ou’ obyen ‘mwen’ pou pèsonalize vèsè yo pou devosyon an.

Tout vèsè yo sòti nan vèsyon bib HAT 98

Kite espwa’w nan Jezi e pataje heritaj sa ak lot moun!

Idantite’w nan Bondye: Ou se lanmou!

Wi, ou se lanmou!!!

Ooo lanmou ! Nou tèlman itilize mo sa nan anpil kontèx ke li preske pèdi sans pwòp li men lanmou se ou.

Ou Se lanmou e pa gen mo ki ase pou dekri lanmou infini ki entoure’w chak jou menm lè dèfwa ou ka santi ou sèl.

Ou se lanmou depi nan orijin kreyasyon ou ki soti nan imaj Bondye ki gen anpil renmen nan li (Jenèz 1 :26 ; 1 Jan 4 :16 ; Woman 5 :8) . Lanmou se ou e Bondye renmwen’w ak yon lanmou ki etènèl e ki fidèl (Jeremi 31 :3).

Ou se lanmou paske chak zo nan kòw te desinen ak anpil tandrès e ou se yon mounn ki gen anpli valè pou Bondye. Li pa janm rate baw souf pou yon segònd paske ou gen anpil enpòtans nan zyel e li renmenw anpil (Ezayi 43 :4 ; Jeremi 1 :5).

Lanmou se ou paske ou se limyè tè a e chak kote’w pase depi’w gen Jezi ou toujou pote klere lòt ki nan fènwa e ou pote lespwa (Matye 5 :14 :16).

Ou se lanmou paske nan nati’w ou toujou pot viktwa nan Jezikri e lanmou pa janm pedi konba (1 Korent 13 :8)

Bondye pa janm bay pitit li yo lòd ke li konnen yo paka obeyi…alò ou se lanmou paske Bondye ba ou lòt pou ou renmen yon ak lòt menm jan li renmen ou (Jan 15 :12)

Alò Ou pa bezwen al chache lanmou nan di mil chemen ni sipliye mounn pou renmen’w si tout fwa ou santi ou gen vid nan ou. Fèmen je’w ouvri kè’w bay Jezi. Ou ka repose atò paske lanmou se ou e Ou komplè nan Bondye! (Sòm 34 :10)

Kite idantite’w byen anrasine nan lanmou san parèy sa Bondye genyen pou ou konsa wa grandi nan jan ou renmen tèt ou ak lòt moun. Kite lanmou sa a fè fondasyon kèw ak pati prensipal de kiyès ou ye paske se li kap fè’w toujou gen fòs e ba’w viktwa.

Konsa menm jan ak apòt Pòl wa gen asirans ke « anyen paka fè [ou]*pèdi lanmou Kris gen pou [ou]* an : kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k’ap vini yo, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou nan Jezikri, Senyè [ou]* an. » (Women 8 :38-39)

Benediksyon : « Mwen mande Senyè a pou [mwen]* gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout mounn. Kris la va fòtifye kè [mwen]* pou [mwen]* ka san repwòch devan Bondye, Papa [mwen]*, tankou moun k’ap viv apa pou li kouk lè Jezikri, Senyè [mwen] an, Amen. » (Modifye e adapte de 1 Tesalonisyen 3 :12-13 ; Vèsyon, HAT98)

* ‘nou’ modifye pou ‘ou’ obyen ‘mwen’  pou pèsonalize vèsè yo pou devosyon an.

Bondye renmen’w ak yon lanmou san mezi e se nan abondans ak asirans lanmou sa li vle’w viv chak jou. Ke nanm ou beni!