Tag Archives: lespwa

Remèsiman pou Bondye!

“Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li. M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. Mete tèt nou ansanm avè m’ pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!” Sòm 34:1-3

Yon ti lèt lanmou pou Bondye de yon kè ki gen anpil rekonesans ak remèsiman pou tout mèvèy li fè chak jou.

Dat: Chak Jou ou Banm Lavi

Sijè: Mèsi

Bondye lanmou,

Pandan yon pil tan mwen te panse lanmou’w pou mwen se te pawòl kremòl
Mwen te panse li te yon fenomèm twò dwòl. Sitou mwen pat ka konprann koman jouk mwen menm tout mwen te ka eritye’w. Bib la rakonte mwen fèt nan imaj ou men menm sa gen anpil fwa mwen te wè doub. Sosyete, kilti, ak sousi lavi toujou ap vle fè’m pase koub nan tè glise.

Dapre majeste ou, li pa fasil pou konprann poukisa mwen enpòtan pou ou. Tankou yon egzile san patri,
Mwen pat ka konprann lanmou’w pou mwen san patipri. Se sa ki te fè mwen pran anpil tan pou reyalize pwofondè lanmou sa e aksepte li ak enpòtans lavi mwen pou ou.

Tankou douvanjou k’ap leve pou anonse yon nouvo jounen, tipatipa w’ap louvri je’m.
Ak dlo rekonesans nan yon kè benyen ak lanmou, mwen lave pye’w ak lwanj ak adorasyon mwen yo. Souri nan lèv mwen temanye grandè ou. Chak ti baton tanbou kè’m raple mwen de proximite’w ak mwen.

Plis mwen ap pase tan avè’w,
Plis mwen ap dekouvri jan ou te pran san ak tan ou pou te fè’m kreyòl ak yon eritaj wayal. Chak ti detay nan mwen byen kalkile (Sòm 139).

Nan lagè pou kè pitit ou sila ou se pi gran general ki pa janm pèdi yon batay. Mèsi pa sifi pou’w diw paske li pa ase pou mwen exprime bonte ou. Mwen koube’m byen ba devan’w.

Jodia, mwen pa prezante’m devan ou pou mwen fè’w yon demand men sèlman di ou mèsi. Mwen konsyan mwen pa fè’l ase men recevwa adorasyon ak aksyon de gras mwen.

Ou fè’m konfyans menm lè pafwa mwen doute de tèt mwen.
Ou toujou ap montre’m nan pawòl ou kontrè a tout panse negatif mwen yo.
Ou pa nan toupizi e pawòl ou se lajan sere.

Mwen konnen konyea lonbrit mwen pat antere nan move tè paske se ou ki mèt tout tè a. Tankou yon pye bwa bò dlo, rasinn mwen toujou pouse ak ou (Sòm 1:3; Ezayi 58:11). Ou se sous dlo ki pase swaf mwen e ou banm fòs lè’m panse tout sak nan mwen finn kaba (Jan 4:14).

Sim ta gen malè yon jou santi’m òfelen ou montre’m se je nan tèt ou (Ezayi 49:15).
Ou kajole’m, dòlote’m, sipote’m, pirifye’m, e gide’m.
Lanmou’w se pi gwo eritaj mwen.
Lanmou’w se fòs mwen.
Lanmou’w se idantite’m e ak ou bò kote’m pa gen anyen ki ka fè mwen ebranle.

Mwen fè lwanj ou e exalte non ou. Chak jenerasyon mèt ta vle ba ou non pa yo,
Lasians paka finn explike ou,
Ni mirak paka mete ou nan bwat. Ou vrèman extraodinè! Idantite’w ak lanmou ou pa janm chanje. Ou sèl se Bondye. Ou se Yahweh!

Ou fèm fè explwa mwen pat imajine,
E mwen sèten ou fèt kòmanse ak mwen.
Mèsi paske ou se ekla nan lajwa’m, Fòs nan feblès mwen,
Lajwa nan touman mwen yo, E lespwa nan fènwa.
Ou se plis ke sa e mo yo manke men mwen di ou Mèsi. Mèsi paske ou chwazi’m, renmen’w, e aprann mwen renmen ou, renmen tèt mwen ak pwochen mwen yo pi byen chak jou.

Avèk anpil lanmou ak yon chay gratitid, – Pitit ou a ki aksepte Erital Wayal li

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Ankourajman Bondye pou ou jodia:

Ezayi 51:1‭-8, vèsyon HAT98

” Men sa Senyè a di: — Nou tout ki dèyè delivrans lan, nou tout k’ap chache Senyè a, chonje rasin kote nou soti, chonje ki pyebwa nou ye!

Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m te rele Abraram, li pat gen pitit. Mwen beni’l, mwen ba li anpil pitit.

Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi [Ayiti]* an, pou tout moun k’ap viv nan kay kraze li yo.

M’ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m’ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y’a chante, y’a fè mizik pou di m mèsi.

Mwen p’ap mize vin sove nou. Talè konsa m’ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y’ap tann mwen vin delivre yo.

Nou menm pèp mwen, koute sa m’ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m’ap anseye prensip ki dwat, y’a sèvi gid pou nasyon yo.

Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m’ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p’ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.

Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m’ap di nou. Nou menm k’ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.

Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal kanni. Men delivrans m’ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p’ap janm nan ka pou mwen delivre yo ankò.”

*Modifye pou devosyon an

Ann Lapriyè: Lwanj pou ou granmèt mwen! Mèsi pou pawòl ou yo ki plis ke lò, plis ke lajan sere. Yo se rekonfò ak sous lavi mwen. Mwen konnen tout pwomès ou yo se wi ak Amen. Mwen konte sou ou ak tout pwomès ou fèm yo nan Bib la. Kontinye fè travay ou nan mwen e nan kè ak travè chak grenn pitit ou yo pou patou pou ou non kontinye glorifye. Amen.

Gen Lafwa nan Fènwa

« A la dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. Lòd ou yo fè’m konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè’m bay manti. Pawòl ou se yon chandèl ki fè’m wè kote m’ap mete pye’m, se yon limyè k’ap klere chemen mwen.” Sòm 119:3-5

Depil nan nwit epi pa gen limyè swa natirèl ak lalinn lan oswa atifisyèl, majorite mounn pa ka wè anyen. Si’w nan lari, l’ap fasil pou’w ta tonbe nan yon twou oswa fè yon aksidan paske vizyon ou limite. Li fasil pou’w fè nenpòt erè paske vizyon ou limite. Se sa ki rele fènwa.

Gen anpil sikonstans nan lavi kit sou fòm emosyonèl, konplikasyon sante, chomaj, ensekirite, elatriye ka koze gwo fènwa nan lavi’w. Fènwa sa defini kòm yon eta mental e esprityèl ki afekte lajwa, lafwa, lasante, kalite jounen ou pase e li ka menm andanje lavi ou sou anpil fòm tankou depresyon, dout, anxiete, inkredibilite, laprèz, tristès, indiferans, elatriye.

Fènwa pa vini sèlman lè yon bagay pèsonèl rive ou men tou lè w’ap gade injistis, zak vyolans, zak malonèt tankou piyaj, ak vagabondaj ki trakase lespri’w. Gen anpil espri malen ap infliyanse mounn fè mechanste men nan Bondye ou se viktwa. Sa ki enpotan an se konnen kijan pou’w jere’l paske ou ankre idantite’w nan Bondye.

Se pa tout bagay yon mounn ka epanye men paske ou ankre idantite’w nan Kris, ou konnen kote ou asire, ak sonje kiyès ou ye. Ou konnen Senyè a se woche ou. ou se otorite, lespwa, ak lafwa. Ou gen yon amitye ak yon Bondye ki gran e li fidèl. Li enpotan pou ou konnen kijan pou konbat fènwa sou tout fòm.

Moyen ki pi asire a se abiye’w pa lafwa chak jou. Sonje ou gen kontak dirèk ak Bondye e li sensib pou ou. Kenbe banè lafwa ou wo chak jou, chak moman e ankre’w nan pawòl li yo. Medite e reflechi sou moyen ou ka aplike konsèy li yo nan bib la nan lavi’w konsa lè fènwa lavi ta vle fè’w pa wè kote pou mete pye’w ya sevi yon limyè pou klere’w. Bay Bondye lwanj, egzalte non li paske ou konnen li gran e li gen tout pouvwa ak pwisans sou tè sila ak nan syèl la. Tout inivè a sou kontwòl e ou se trezò li.

Kenbe fèm. Pa moli. Kote ou ye, fènwa pa gen plas li paske idantite’w nan Bondye se limyè.  Rete an pozisyon. Wete lògèy, jalouzi, mechanste, move lide etc pou ka tande Bondye pi byen e pwogrese jan li vle’w la.

Kesyon pou’n koze : ki moyen ki efikaz pou ou ilitilize pou kwape fènwa nan lavi’w chak jou? Pataje’l konsa wa beni yon lòt mounn!

Ann Lapriyè : Senyè, mèsi! Mèsi paske ou se limye’m tout kote mwen pase e avè’w mwen pa janm manke anyen. Mèsi paske ou chwazi’m kò’m lamp ou nan kominote’m, lakay mwen, ak tout kote mwen pase pou chwape fèmwa sou tout fòm. Ke non ou beni. Nan non Jezi mwen magnifye’w. Amen.

WILIADEL DENERVIL Feat. FRÈ GABE – ESPWA MWEN (Official Video) – YouTube

Lògèy detwi bonte kè’w

“Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt [ou]. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè [ou] gen pi bon konprann pase sa.” Women 12:16

*modifye pou devosyon an

Diksyonè larousse la defini lògèy kòm yon exagerasyon santiman enpòyans pèsonèl yon mounn genyen pa rapò ak yon lòt nan yon sikonstans byen detèmine.

Santiman lògèy sa ka menmen jalouzi, rankinn, kolè, ak anpil lapènn nan kè mounn ki akimile’l la ak lantouraj li. Lògèy ka fè nenpòt sitiyason parèt entensyonèl e panse tout moun rayi ou. Lògèy ka fè ou gen anpil maladi tankou sik, tansyon, depresyon elatrye paske li gen yon fason li bouyi nan kè yon mounn ki ka detwi bèl nanm andan li an. Sèl objektif li se pou fè tèt li jistis nan tan pal e montre lòt la li siperyè. Men dezi sa yo pa nan amoni ak pawòl Bondye yo paske li mande pou ou pa kite anyen gonfle kè’w (Women 12:16-18).

Lògèy manifeste lè’w konnen idantite’w nan Bondye se padon men ou poko ka aksepte’l.

Younn nan fason pou ou ka konbat lògèy se pou ou pratike genyen yon kè ki gen rekonesans ak remèsiman nan tout sikonstans jan Filipien 4: 4-7 dil la. Note byen se tout sikontans Bib la di sa vle nan tout moman ki bon pou ou yo ak sila yo ki parèt difisil oswa ki ap teste’w. Konsa glwa Bondye a va kontinye briye pi plis nan lavi ou.

Bondye gen anpil bèl mèvey li vle akonpli nan lavi’w e pwomès li yo se lajan sere.

Koze ak Bondye plis lè’w santi’w ofanse, e fè tout efò ou kapab pou ou pa pran desizyon lè ou trè emosyonèl e medite sou sityasyon ki deranje’w la pou ou ka metrize emosyon’w yo avan ou reaji paske ou se lapè.

Kontrèman ak younn nan slogan popilè yo, sa nèg fè nèg Bondye pa ri sa paske li se yon Bondye ki base sou lanmou, padon, respè, kouraj, lafwa, ak lespwa.

Ranplase logèy ak yon kè ki senp e ki ranpli ak lanmou ak padon.

Pwovèb 11:17-19 “Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y’ap fè tò. Mechan yo kwè y’ap fè benefis. Men, moun k’ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo. Yon moun ki sòti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k’ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri.”
Pwovèb 11:17‭-‬19 HAT98.

Ann Lapriyè:
Senyè mèsi paske ou banm ou kè ki nèt chak jou. Mèsi paske bonte ou nan lavi’m se yon istwa extraòdinè ki ap aprann mwen renmen ou, tèt mwen, ak mounn ki kote’m yo pi plis.

Pa kite’m monte tèt mwen pou lògèy pa bare jem.

Padon pou tout fwa mwen kite emosyon’m yo domine’m. Mwen ofri’w plis plas nan kè’m ak nan panse’m yo jodia pou’m pa gen plas pou lògèy ak rankinn nan kèm konsa glwa ou va manifeste plis nan lavi’m. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Envite Bondye nan Koze’w e Kenbe fèm nan lapriyè

“Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a, pran kouraj, kenbe fèm.” Sòm 31:25

Chak w’ap grandi, responsabilite ap ogmante. Responsabilite sa yo ak pwoblèm politik ak sekirite fasil fè ou mache nan laperèz ak estrès e menm bliye kiyès ou ye nan Bondye. Men Bondye nan lanmou li pap janm kite’w e li vle baw lapè ak lajwa nan tout sikonstans.

Kite je’w fixe sou li. Se nan li sèl ki gen vrè delivrans, lespwa, ak chanjman. Li te chwazi’w depi avan’w te fèt pou ou pote glwa li. Pa kite kè’w ebranle devan sikontans lavi e kenbe fèm nan lapriyè menm jan David te fè nan Sòm 31.

Envite li nan tout koze ou yo. Remèt sò ou nan men Yhaweh. Se li sèl ki pi gwo avoka. Li pa janm pedi yon pwose depi lemòn te kreye e li pap komanse pèdil jodia! Kenbe fèm.

Ann Lapriyè:

Sòm 31

(31:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.

(31:2) Seyè, m’ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m’ pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.

(31:3) Panche zòrèy ou bò kote’m, prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote’m ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi’m ranpa. Se ou menm ki pou delivre’ m.

 (31:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije’m, kondi’m poutèt non ou pote a.
 (31:5) Pa kite’m tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k’ap pwoteje’m.

(31:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W’a delivre’m, Senyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.

 (31:7) Ou rayi moun k’ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.

(31:8) M’ap kontan, m’ap fè fèt, paske ou renmen’m. Ou wè jan m’ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.

(31:9) Ou pa kite lènmi m’ yo mete men sou mwen, ou mete’m yon kote pou anyen pa rive’m.

(31:10) Gen pitye pou mwen, Senyè, paske mwen anba tray. Figi m’ fin rale, mwen kagou. Kò m’ ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.

(31:11) Mwen pase tout lavi m’ ap soufri, se tout tan m’ap plenn. Mwen santi m’ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m’ ap fè’m mal.

(31:12) Tout lènmi m’ yo ap pase m’ nan rizib. Vwazen m’ yo ap pase m’ nan betiz. Tout moun ki konnen m’ yo pè m’. Lè yo wè m’ nan lari, yo kouri pou mwen.

(31:13) Tout moun gen tan bliye m’, tankou si m’ te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.

(31:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m’ mal. Kote m’ pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do’m, y’ap fè konplo pou yo touye’m.

(31:15) Men, Senyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.

 (31:16) Lavi m’ nan men ou. Delivre m’ anba lènmi m’ yo, anba moun k’ap pèsekite m’ yo.

(31:17) Se sèvi m’ap sèvi ou, tanpri, fè’m santi ou la avèk mwen. Delivre’ m, paske ou renmen’m.

(31:18) M’ap rele ou, Senyè. Pa kite m’ pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik.

(31:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k’ap bay manti, tout moun sa yo k’ap fè grandizè yo, k’ap fè awogans, k’ap pale mal sou moun k’ap mache dwat devan Bondye yo.

(31:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w’ap pwoteje moun k’ap chache pwoteksyon anba zèl ou!

 (31:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k’ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.

(31:22) Lwanj pou Senyè a! Ala bèl bagay li fè pou’l moutre jan’l renmen mwen, lè m’ te anba tray, lè yo te sènen m’ toupatou a!

(31:23) Mwen te pè, mwen t’ap di nan kè m’: -Gen lè ou voye m’ jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m’ t’ap mande ou sekou.

(31:24) Nou tout k’ap sèvi Senyè a, se pou nou renmen l’. Wi, Senyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l’ap pini moun k’ap vante tèt yo.

 (31:25) Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a, pran kouraj, kenbe fèm.

Nan non Jezi. Amen.

Lapriyè: Senyè fè mwen reyisi

“Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje’m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.” Fil 4:13

Bondye, tanpri ban mwen fòs pou’m kontinye ankre idantite’m nan ou e sèvi’w ak tout kèm pi plis.
Pa kite’m dekouraje ni pou tantasyon, traka lavi, ak distraksyon sou tout fòm fèm mode lage nan koze ou ye ak neglije zanmitay sakre nou an. Lè sityasyon lavi ta vle mwen twouble, souple ede’m kite je’m sou ou. Lè’m pa konn sa pou’m fè, gide’m. Lè’m pa konn sa pou’m di, mete pawòl ou yo ki gen anpil sajès ak konesans nan bouch mwen jan’w te pwomèt nan Sòm 81:10. Nan moman ensètitid mwen yo, fè’m santi prezans ou ki toujou la avèk mwen jan ou te pwomèt la nan Matye 28:20.

Tout kote ou voye ak nan tout sikonstan, fè’m reyisi Senyè mwen. Jan ou Pòl te di nan Fil 4:13, “Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje’m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.” Konsa mwen pran kouraj paske lavi’m nan men’w. Ou menm ki se alfa ak omega, pa gen anyen ki kache pou ou. Mwen vle rete nan prezans ou chak segond nan lavi’m. Se ou ki relem, se ou ki chwazi’m. Tout istwa lavi’m ak tout sa mwen ye nan pla men’w. Tanpri fèm reyisi fè sa.

Fèm reyisi nan fè ki byen, nan konesans ak aplikasyon idantite mwen nan ou pou’m pa kite nenpòt move van fèm tonbe. Papa, fè’m reyi nan travay ou yo e nan fè volonte’w. Fèm reyisi nan sèvi’w ak tout kè’m, tout nanm mwen ak fòs mwen. Fè’m reyisi nan di’w wi pi souvan e fè sa ou mandem fè menm lè mwen pa konpranm. Fèm reyisi nan viv yon vi ki pwòp devan’w ak devan lezòm. Yo vi ki gen anpil viktwa, otorite, integrite, pèseverans, pasyans, ak lespwa mwen jwenn nan ou paske se ou sél ki tout mwen.

Fè’m reyi nan simaye lanmou, bonte, kompasyon, jistis, lapè, padon, lespwa ak agwandi nan lafwa’m. Fèm reyisi nan rèv mwen yo ki nan volonte ou e kenbe yon kè ki pi menm lè sikonstans yo ta parèt nwa. Fèm reyisi poum pa flechi lè dout, kalamite ak pèsekisyon ki soti nan lenmi nanm mwen an ta vle fè’m bite.

Bondye mwen an ti fidèl tout tan, tanpri fèm reyisi pou glwa ou. Kenbe’m nan chemen ou ki dwat. Fèm reyisi nan realize tout plan ak destine ou gen pou mwen yo jouk sa kaba. Fèm reyisi nan gen yon kè ki gen anpil obeyisans ak lanmou pou ou ak pwochèm yo. Fèm reyisi nan tout plan ak destine ou gen pou mwen pandan m’ap aksepte yo ak kè louvri. Tanpri fè’m reyisi. Sa se kri kè mwen san rezèv. Mwen pa vle viv nan laperèz ni nan mediokrite. Se sèl volonte ou ki pafè mwen akonpli nan lavi’m, souple fè’m reyisi.

Menm jan’w te fèl pou Moyiz, Jozèf, David, Estè, Ana, Gideon, Jozye, Abakik, Jeremi, Pòl, fanm ki tap pèdi san an, ak anpil lòt pitit ou yo ki kwè nan ou, mwen konnen w’ap fèm reyizi paske ou se Bondye ki mache de viktwa an viktwa.

Mèsi davans bon papa!!!! Mwen konnen w’ap fèm reyisi pandan m’ap kite jem fixe sou ou. Mwen leve kèm ak men mwen yo ba ou. Mwen fè lwanj ak konpliman pou ou. Mèsi paske w’ap fè mwen reyisi. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

https://m.youtube.com/watch?v=pymhAJR0_44

Idantite’w Nan Bondye: Ou se Pèseverans

“Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n’ap rann Mèt la.Pandan n’ap tann lan, fè kè n’ kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.” Women 12:11-12

Pèseverans se abilite pou fè resistans nan nanm ak lespri lè yon mounn ap fè fas anba presyon eprèv ak yon lafwa solid nan Bondye paske ou  pa janm sèl (Jozye 1:9). Pèseverans manifeste nan yon moun lè mounn sa kontinye fè efò pou li jwenn yon rezilta.  Lòt mo ki itilize pou dekri pèsistans se tenasite, detèminasyon, ak andirans. Pèsevrans ka bay rezilta pozitif oswa negatif.  Si yon mounn pèsevere (toujou deside oswa kontinye agi) nan sa ki zak malonèt oswa fè ki mal (tankou jalouzi, kòlè, avaris, idolatry, rayisans etc; wè Galat 5:19-21), mounn sa ap detwi tèt li bout pa bout. Menm ou menm ki ankre idantite ak lavi’w sou prensip pawòl Bondye, pèseverans ou (ki se desisyon ou fè chak jou pou aliyen tèt ou ak pawòl Bondye yo ak pwomès li yo sou lavi ou), soti nan lafwa sa ak pwodi plis lespwa, lanmou, ak kouraj tout kote pase pou glwa Bondye (1 Tim 6:12; Women 12:12; Travay 1:14).

Pèseverans se yon chwa e li fè pati idantite’w paske Bondye toujou pèsevere nan lanmou li pou ou e chak jou li toujou ap chache kè’w ak yon relazyon entim ak ou. Ou ka aprann plis de benefis pèseverans yo nan  Jak 1:2-4; Women 5:1-5; 2 Tim 4:6-8. Idantite’w nan Bondye se pèseverans paske nan lavi sa w’ap toujou gen eprèv (Jan 16:33) men ou konnen nan Jezi ou genyen viktwa deja depi’w kite je’w fixe sou li (Ebre 6:19; Jan 15:5).

Pèseverans enpòtan pou ou prakite nan tout etap nan lavi’w paske pa gen anyen w’ap atreprann nan lavi ki gen anpil lavi vale ak potansyèl, ou p’ap rankontre opozisyon (Jan 16:33).  Anplis de sa, nan Bondye ou se pasyans, lafwa aklanmou ki fè pati engredyan necesè pou ou pèsevere. Menm jan misk ou yo fòk yo fè egzèsis e fòk ou gen pasyans pou ou wè rezilta ou vle yo e pou ede yo rete nan bon fonksyon. Plis ou itilize yo, plis ou djanm konsa toulafwaou agrandi e apwofondi chak fwa ou fè fas ak eprèv lavi sa ak lafwa nan Bondye,lespwa, ak lapriyè.

Se pa lafwa ak konpasyon Bondye ki renouvle chak maten w’ap viv chak jou e se menm lafwa ak pasyans sa ki deja fè pati idantite’w (sonje kiyès ou ye)  nan li ki va ede’w sipòte e gen viktwa sou tout tantasyon jouk sa kaba. Jan Ebre 10:36 te raple ou, “ Pa pèdi lasirans [ou]* te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. Men, [ou]* bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l’ te pwomèt la.”

Pèsevere nan fè sa ki byen tankou pataje lanmou Bondye, kenbe lafwa, kanpe ou lajistis, egalite (ou se jistis), ak renmen; pale pou sa ki pi fèb yo e defann ti inosan kote’w yoKonfyans nan Bondye pou delivre ou e si yon mounn pèsiste (toujou deside) fè sa ki pa bon men pou ou (Miche 6:8).

Pou ou devlope pèseverans sa ki fè pati idantite’w nan Bondye, abiye’w pa lafwa chak jou, sonje ke nan Bondye ou se respe,lajwa, padon, otorite, kouraj,lasante, entregrite; ou gen sekirite nan li e ou pa manke anyen. Sitou kontinye fixe je ou Jezi nan tout sikonstans paske se li sèl ki ka satisfè tout dezi ou yo e li toujou avè’w (Ebre 12:1-2; Fil 3:13-14; Esayi 46; Lamantasyon 3:22-24). lwanj li lè ou santi ou vle febli paske li ka plis de tout sa ou dezire oswa imajine (Efèz 3:20-21), beni mounn ki ap pèsekite’w ye (Women 12:13-21) e sonje ou fè pati yon fanmie ke mounn ki mete konfyans nan Bondye pa janm soti wont (Ezayi 40:31; 2 Istwa 15:7; Women 8:28).

Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske nan ou mwen se pèseverans. Ou konnen li pa fasil pou pèsevere nan eprèv lavi sila men mwen di’w mèsi paske ou banm anpil egzanp nan Bib la e tou pa pèsòn Jekiri pou montre’m kijan pou’m pèsevere devan soufrans ak opozisyon. Tanpri edem toujou kenbe fèm nan lafwa nan tout sikontans e kite jem fixe sou ou. Mwen mande’w pou mwen toujou pèsevere nan fè sa ki byen tankou nan devlope yon relasyon sinsè avè’w, ak travay di pou lajistis, lanmou, padon, ak pataj pandan m’ap pataje bòn nouvèl lanmou ou an ak anpil respè ak kè kontan tout kote mwen pase. Mwen fè lwanj ak konpliman pou ou e remèsye’w pou viktwa ou ban mwen chak jou. Ke pèseverans nan lanmou ou pou mwen banm plis kouraj ak renmen chak jou poum ka pataje yo tout kote pase. Amen.

Benediksyon: Fil 1:6 “Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan [ou]*, li gen pou l’ kontinye’ l jouk li va fini’ l nèt, lè jou Jezikri a va rive.”

Pwov 4:25-26—” Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w’ap fè. Konsa, tou sa w’ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.”

Mizik atis lakay sou sijè sa tou pou sipòte yo:

Lwanj ak adorasyon:

https://www.youtube.com/watch?v=6NoRbh2yQa8