Tag Archives: pititbondye

Egzalte non Bondye

“Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.  M’ap souke kò mwen, m’ap leve. M’ap pran gita mwen, m’ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! Senyè, m’a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M’a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. « Sòm 57 :8-10

Egzalte non Bondye vle di ba li kompliman, lwanj, ochan, ak admirasyon li menm sèl li merite. Se yon privilèj pou exalte non Bondye nan tout sikonstans. Sa montre ou rekonesan  men tou ke ou fè Bondye konfyans paske ou konnen li se lanmou e nan li ou pap janm manke anyen (Sòm 23 ; 34 :10). Younn nan fòm nou egzalte non Bondye se nan lapriyè ak lwanj. Pa bliye yo fè pati defans djanm ou genyen.

Yon lòt fason ou egzalte non Bondye se nan atitid ou fas ak lavi e nan kompòtman ou. Jan ou renmen tèt ou ak lòt mounn, padone, e kalite panse ki nan tèt ou yo tou. Fason ou wè tèt ou dwe egzalte non Bondye tou paske li di nan pawòl li nan Jan 13 :34-35 « Men, m’ap ban [ou]* yon kòmandman nouvo: Se pou [ou]* yonn renmen lòt. Wi, se pou [ou]* yonn renmen lòt menm jan mwen renmen [ou]* an. Si [ou]* yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen [ou]* ye. »

 Bondye fidèl e li toujou la pou ou. Chak souf ou respire tenmwanye jan li gen pouvwa e jan li vle manisfeste lanmou li ak travè ou menm. Dispoze kè’w e louvri bra’w pou recevwa lanmou li a pi plis e simanyen’l tout kote’w pase pandan w’ap ba li glwa ak lonè li merite non sèlman ak bouch ou men tou ak tout kè’w, nanm ou, lespri ou, ak jan ou konpòte kò ou. Egzalte li. Raple nanm ou jan li gran konsa wa kontinye grandi nan lafwa.

Kesyon pou’n koze : kisa ou realize ki anpachew egzalte non Bondye ? Sonje nou se yon fanmi ki ap grandi ansanm alòs ou pa bezwen pè komante pou ou pataje lide ansanm.

*adapte ou devosyon an

Ann Lapriyè : Papa, mèsi paske ou toujou la pou mwen chak jou. Kit m’ap rejwi, kit mwen kagou, fidelite’w pa janm lagem. Mèsi pou sa.  Mèsi tou pou lavi, lasante, pawòl ou yo, Sentespri’w ki toujou la. Mèsi pou sekirite ou ban mwen nan tout sikonstans. Mèsi pou fanmi menm yo ak zanmi ou ban mwen tout kote mwen pase. Mwen egzalte’w ak tout kè’m, nan’n mwen, lesprim, panse’m, ak tout kò’m. Mwen fè lwanj ou. Mwen ba ou tout lonè, ak konpliman ou merite pou jan ou gen bon kè. Ou pa janm lage pitit ou yo malgré nou pa toujou fè sa ki dwat devan je’w. Kontinye fè travay ou nan mwen Senyè. Amen.

Pèsevere nan lapriyè

“Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp. Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.”Ebre 10:22‭-‬23 HAT98

Bondye toujou kenbe pwomès li e bib la chaje temwanyaj anpil fanm ak gason ke Bondye te itilize pou raple chak jenerasyon de lanmou, prezans, ak grandè li. Eske Bondye ka itilize’w pou chanjman li vle fè nan jenerasyon ou an? Nan zòn ou ak peyi w’ap viv la? Eske ou kwè ou se viktwa e ou pote viktwa tout kote ou pase?


Nan moman sila kote mòn nan chaje pwoblèm, ensekirite ap monte pye toupatou, epidemi, ak estrès ta vle fè chak mounn al kache e chape pye yo si yo kapab (men nanpwen). Men nou menm ki ankre idantite nou nan Bondye, sekirite nou se nan li pandan nap pratike prekosyon ak bon konprann, nou gen devwa pou pwoklame pawòl li yo ak pwomès li yo nan tout sikonstans menm lè nou pa toujou konprann sa k’ap pase yo.


Lapriyè se aksè’w 24/7 ak Bondye. Itilize’l pou envite Sentespri nan tout sa w’ap fè e w’ap andire. Sekirite se eritaj ou nan Bondye menm jan ak lasante, lapè, ak lajwa tou (nan tout sikonstans). Pa kite anyen gonfle kèw. Pandan w’ap deklare pawòl Bondye e kwè y’ap manifeste nan lavi ou ak pa fanmi ou, pa bliye ou gen devwa pou ou deklare yo e priye pou peyi’w, katye’w, ak zòn kote ou pase yo (Jeremi 29:7).

Lavi ou nan de pla men Bondye e ou pa yon aksidan. Lenmi nanm ou djòb li se pou li fè ou kwè kontrè a pou ou ka panike, dekouraje, e abandone.


Gen yon istwa nan 2 Makabe 1:10-17 nan pati bib la yo rele Apokrifa a kote yo tap rakonte lanmò wa Antiok ki te yon wa ki te chaje lanbisyon ak move lide. Istwa sa raple ke Bondye pa janm pèdi pwose e mechan yo toujou mouri anba move zak y’ap fè.


Bondye w’ap sèvi a tout pwisan e se li ki toujou gen denye mo. Kite je’w sou li e pèsevere nan lapriyè pandan w’ap abiye’w pa lafwa e obeyi fè tout sa li mande’w nan ti moman ou pase koze ak li yo.

Kwè e wa va wè grandè li manifeste!

Ou se yon mounn extraòdinè e lafwa’w ak pèseverans ou nan Jezikri ap fè’w djanm e pote chanjman k’ap dire nan lavi’w, fanmi’w, ak antouraj ou. Jan pawòl granmounn yo di a, ” se lè li pral jou li pi fènwa.” Deliverans pa’w, pa fanmi’w ak peyi Ayiti pre rive. Kontinye envite wayòm Bondye a pou li manifeste sou tè sila a ak nan tout sikonstans sa yi.  Pèsevere nan lapriyè ak lafwa.

Ann Lapriyè:
Mèsi paske ou se fòs ak pwoteksyon ou ban mwen tout kote mwen pase. Mèsi paske nan ou mwen pa manke anyen. Ba mwen fòs, kouraj, ak plis pasyans poum pa dekouraje ni desespere pou lavi’m ka temwanye grandè ou pou lòt jenerazon ka sonje jan ou renmen chak pitit ou e jan ou fidèl e mèveye. Mwen ba ou glwa ak lwanj ou menm sèl merite. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.


https://youtu.be/b15WiUppftk


https://youtu.be/m5LC9zFk0bo

Bay yon lòt mounn

“Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n’ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k’ap bay pase pou moun k’ap resevwa” .Travay 20:35 HAT98

Bay tout ou kapab, Bay ak tout kè’w e san repwòch (Pwovèb 22:9), konsa wa wè menm lè ou pa janm konnen dlo pase poul rantre nan wòch yo lavi’w ap anrichi nan pratike konsèy sila yo pou reflete idantite’w nan Bondye ki se jenerozite (Lik 6:38; Travay 20:35).

Lè’w santi’w anvi ebranle.
Pwoblèm lavi ta vle pote’w ale,
Pa kite’w kè’w sere ni komanse depale (Pwovèb 17:22).
Ouvri kè’w bay Jezi epi ouvri kè’w pou ede yon lòt mounn.

Si’w santi ou sèl, pase wè yon zanmi oswa pase pwoble vwazinaj ou pa wè kèk jou a;
Pase wè pèsonaj aje ki rete pou kont li an, prezans ou ka fèl souri e bal plis fòs (Ezayi 58:7-10).

Si’w santi mounn tou pre ou yo pa montre’w yo renmen’w ase, montre yo chak jou pi plis kijan ou renmen yo.
Sonje Jezi renmen’w anpil e idantite’w se lanmou (Efèz 6:7).

Si’w santi lavi’w san sans, komanse fè volontaria nan zòn ou.
Netoye lari, fonde yon gwoup detid biblik, aprann yon lòt lang, pase ti tan dekouvri talan ak objektif ou genyen pou lavi’w.

Si’w anvi souri, souri bay yon lòt mounn menm lè en dedanw dlo ap kouri. souri sa ka non sèlman ajoute sou jwa lòt mounn lan men l’ap bay plis fòs ak lajwa tou ( Pwov 15:13).
Si’w panse ou pa gen ase, komanse pataje sa’w genyen yo wa realize ou genyen plis ke ou te panse.
Si’w santi’w fatige, respekte sante emosyèl ak fisik ou e pran ti repo (Ebre 4:9-10; Det 5:12-14; Matt 11:29-30).

Si’w ta renmen yon mounn longe men ba ou, fè premye pa e longe men’w bay yon lòt mounn.
Konsa konsa wa va realize ou gen plis fòs andanw ke’w te panse, lajwa se eritaj ou, souri’w se paspòw e rayon solèy pou anpil lòt mounn, lanmou ankre nan idantite’w, e lavi pi bèl lè ou viv ak lòt mounn ki bò kote’w… lavi gen plis sans lè ou bay yon lòt ke lè se ou ki toujou ap pran.

Chak lè ou santi’w gen yon mank, bay yon lòt mounn sa ou ta swete a. Nan kòmansman li pap fasil men resilta yo ap tranfòme vi’w ak pa sila ki kote’w yo pou yon demen miyò (Sòm 23; 34:10).

https://youtu.be/El6wU2UQ-cg

Pitit Bondye Kouraj…🇭🇹⬛⚫

Si dlo nan je te ka bay chanjman, tout dlo ki koule nan pa nou mele ak pa zanzèt nou yo ta baw yon soulajman. Men Bondye kapab e li vle bay tout konfò kè nou chak ap chache nan moman sila a.

Yon kè ki lou. Yon lespri twouble. Kè ebranle. Se konsa sitiyasyon yo fè nou santi nou.
Kout fizi toupouzi anpil nan pitit granmèt la.
Vyolans ak rayisans pap janm pote chanjman.
Listwa nou ak lòt sivilasyon yo aprann nou menm leson an.

Ann kite lesklavaj moral la pou nou anbrase libète Bondye ba nou nan li a.
An pran kouraj e retounen sou jenou nou kote nou pi disponib pou tande vwa Bondye.

Ann reprann rasinn nou e sonje, Bondye kreye nou chak ak yon bi byen detèmine. Nou dwe respekte souf lavi sa Bondye prete nou sou tè sila.

Retire souf yon mounn pap ajoute sou pa okenn lòt moun. Se kè sere ap estrès li ajoute pou tout moun. Doulè younn dwe doulè lòt. Respekte lavi pou yon demen miyò.

Respekte lavi se respekte Bondye ki bay li an, respekte tèt nou, e respekte younn ak lòt.
Zan koule nan vèn nou menm jan e nou tout se frè ak sè nan Bondye.
Ann renmen tèt nou ak chak mounn nan entouraj nou menm jan.

Enmi nou an pa sila nou ka sèlman wè ak de je nou yo (Efez 6:12). Ann goumen batay la kote viktwa asire e veye je sou younn lòt.

Anpil panse pwoblèm ensekirite a se pwoblèm sòyèt men tout kònsène.
Jodia nou experyanse ak anpil lapèn ak kesyon Presidan peyi nou an ki tonbe…….semèn denyè sete tou plis ke 23 lòt konpatriòt ki tonbe… ann pran konsyans ke se sèl Ansanm nou pi fò.

Nou menm nan Kris ann leve kanpe ansanmm pou nou kolabore pou chanjman pou lapè, sekirite, gerizon, ak rekonfò retounen nan kè chak grenn Ayisyen kap viv lakay oswa lot bò dlo…Ann pran kouraj e mare senti nou ak lanmou, lespwa, lafwa, ak pèseverans paske Bondye sèl ki gen denye mo e se nan li tout espwa nou ye. Li pa janm pèdi pwose e li pap kòmanse jodia.

Ann Lapriyè:

Senyè mèsi pou prezans ou, pou souf lavi sa ou prete nou chak ti moman nou respire, pou gras, ak pwoteksyon ou ba nou malgre tout difikilte toupatou nan mòn nan. Nou fèw konfyans Yaweh e nou mande’w plis fòs, kouraj, sajès, bon konprann, ak lafwa pou nou kontinye. Ou se sèl fòs nou e nou pa gen lòt rele ni reponn ke ou. Tanpri sekoure nou. Mèsi pou tout sa ou te fè nou yo, tout sa w’ap fè e kontinye fè pou nou. Nan non Jezi nou priye. Amen.

Medite sou Sòm 125.

Senyè a se pwoteksyon ou

Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a depi kounyeya ak pou tout tan. ” Sòm 125:2

Bondye pwomèt pou pwoteje’w nan tout sikonstans. Li pwomèt pou ba ou lapè, lajwa, lasante, e revele’w anpil sekrè lavi depi’w konfye’w nan li ak tout kè’w (Jer 29:9-11; 31:25; 33; Det 31:26). Li se yon bon gadò e pawòl li yo se lajan sere (Sòm 23).

Li pa fasil pou ou toujou fixe zye’w sou li nan tout eprèv ak sikonstans lavi. Li konnen sa e se sa ki fè li te voye Sentespri li pou ede ou. Jodia, pran yon ti moman silans pou koze ak li e rafrechi nanm ou.

Meditasyon:

Sòm 125

“Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou’ l, yo p’ap janm brannen, y’ap la pou tout tan.

Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a depi kounyeya ak pou tout tan.

Non. Mechan yo p’ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k’ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k’ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.

Senyè, aji byen avèk moun k’ap fè byen, avèk moun k’ap mennen yon lavi san repwòch.

Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k’ap fè mechanste.

Benediksyon Bondye sou pèp [Ayisyen*] la.”

  • adapte pou devosyon an.

Sòm 125:1‭-‬5 Vèsyon HAT98

Ann Lapriyè:

Senyè mèsi pou pwomès sa yo sou lavi’m ak sou lavi chak grenn pitit ou yo sou fas tè sila. Ede nou konfye nan ou pi plis nan tout sikonstans. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Envite Bondye nan Koze’w e Kenbe fèm nan lapriyè

“Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a, pran kouraj, kenbe fèm.” Sòm 31:25

Chak w’ap grandi, responsabilite ap ogmante. Responsabilite sa yo ak pwoblèm politik ak sekirite fasil fè ou mache nan laperèz ak estrès e menm bliye kiyès ou ye nan Bondye. Men Bondye nan lanmou li pap janm kite’w e li vle baw lapè ak lajwa nan tout sikonstans.

Kite je’w fixe sou li. Se nan li sèl ki gen vrè delivrans, lespwa, ak chanjman. Li te chwazi’w depi avan’w te fèt pou ou pote glwa li. Pa kite kè’w ebranle devan sikontans lavi e kenbe fèm nan lapriyè menm jan David te fè nan Sòm 31.

Envite li nan tout koze ou yo. Remèt sò ou nan men Yhaweh. Se li sèl ki pi gwo avoka. Li pa janm pedi yon pwose depi lemòn te kreye e li pap komanse pèdil jodia! Kenbe fèm.

Ann Lapriyè:

Sòm 31

(31:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.

(31:2) Seyè, m’ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m’ pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.

(31:3) Panche zòrèy ou bò kote’m, prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote’m ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi’m ranpa. Se ou menm ki pou delivre’ m.

 (31:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije’m, kondi’m poutèt non ou pote a.
 (31:5) Pa kite’m tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k’ap pwoteje’m.

(31:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W’a delivre’m, Senyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.

 (31:7) Ou rayi moun k’ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.

(31:8) M’ap kontan, m’ap fè fèt, paske ou renmen’m. Ou wè jan m’ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.

(31:9) Ou pa kite lènmi m’ yo mete men sou mwen, ou mete’m yon kote pou anyen pa rive’m.

(31:10) Gen pitye pou mwen, Senyè, paske mwen anba tray. Figi m’ fin rale, mwen kagou. Kò m’ ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.

(31:11) Mwen pase tout lavi m’ ap soufri, se tout tan m’ap plenn. Mwen santi m’ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m’ ap fè’m mal.

(31:12) Tout lènmi m’ yo ap pase m’ nan rizib. Vwazen m’ yo ap pase m’ nan betiz. Tout moun ki konnen m’ yo pè m’. Lè yo wè m’ nan lari, yo kouri pou mwen.

(31:13) Tout moun gen tan bliye m’, tankou si m’ te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.

(31:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m’ mal. Kote m’ pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do’m, y’ap fè konplo pou yo touye’m.

(31:15) Men, Senyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.

 (31:16) Lavi m’ nan men ou. Delivre m’ anba lènmi m’ yo, anba moun k’ap pèsekite m’ yo.

(31:17) Se sèvi m’ap sèvi ou, tanpri, fè’m santi ou la avèk mwen. Delivre’ m, paske ou renmen’m.

(31:18) M’ap rele ou, Senyè. Pa kite m’ pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik.

(31:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k’ap bay manti, tout moun sa yo k’ap fè grandizè yo, k’ap fè awogans, k’ap pale mal sou moun k’ap mache dwat devan Bondye yo.

(31:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w’ap pwoteje moun k’ap chache pwoteksyon anba zèl ou!

 (31:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k’ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.

(31:22) Lwanj pou Senyè a! Ala bèl bagay li fè pou’l moutre jan’l renmen mwen, lè m’ te anba tray, lè yo te sènen m’ toupatou a!

(31:23) Mwen te pè, mwen t’ap di nan kè m’: -Gen lè ou voye m’ jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m’ t’ap mande ou sekou.

(31:24) Nou tout k’ap sèvi Senyè a, se pou nou renmen l’. Wi, Senyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l’ap pini moun k’ap vante tèt yo.

 (31:25) Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a, pran kouraj, kenbe fèm.

Nan non Jezi. Amen.

Sajès ak bon konprann se eritaj ou nan Bondye

“Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo. Y’ap ba ou lavi, y’ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou. W’a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p’ap janm bite sou anyen.” (Pwov. 3: 21-23)

Avèk pwoblèm pasi pa la, li fasil pou ou distrè oswa santi’w bouke men sonje ke Bondye voye’w sou tè sila pou yon rezon byen detèminen. Dekourajman ap vini pi vit si’w pa konprann sa kap pase yo ni reflechi sou yo ak yon pèsepsyon divin. Pèsepsyon sa a se Bondye sèl ka revele’w yo se sak fè li enpòtan pou nou rete kole ak li nan lapriyè. Anvan ou pran yon desizyon, fè yon ti reflechi e mande Bondye direksyon.

Entegrite, pasyans, ak sajès ap ede’w viv byen ak tèt ou e ak mounn tout kote’w pase. Eleman sa yo fè patit necesè pwogrè nan lavi’w. Ou gen anpil talan ak konesans (plis ke’w panse e imajine). Andan’w ou pote chanjman pou lakay ou, fanmi’w, peyi’w, ak nan mònn lan ki dwe fèt e yo depann de ou. Koze ak Senyè a ki renmenw anpil la pou mande’l direksyon paske li toujou la pou ou Jer 33:3.

Medite sou Pwovèb 3:21-35 jodia e envite Lesprisen revele’w idantite’w nan li nan yon fason espesyal pou’w ka genyen plis sajès ak bon konprann nan tout ti desisyon w’ap pran. Konsa Bondye va gide’w e louvri je’w sou tout sa ki te parèt nwa oswa difisil pou ou e ba’w siksè pou glwa li.

Pwovèb 3:21-35 ki ranpli ak sajès ak bon konsey pou ou jwi eritay Bondye prepare pou ou yo:
” 21. Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.

  1.  Y’ap ba ou lavi, y’ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
  2.  W’a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p’ap janm bite sou anyen.

24. Lè ou pral kouche, ou p’ap pè anyen. Lè w’a fin lonje kò ou, w’a dòmi nèt ale.

25. Ou p’ap bezwen pè: malè p’ap rete konsa pou l’ tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p’ap rive ou.

26. Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p’ap kite ou pran nan pèlen.

  1. Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.

28. Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M’a ba ou kichòy!

29. Moun k’ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.

30. Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.

31. Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.

32. Paske Senyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l’ yo.

33. Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l’ ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.

34. Moun k’ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l’ap moutre yo jan li renmen yo.

35. Y’a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y’a wont.”

Ann Lapriyè:

Mèsi Senyè pou pawòl ou yo ki toujou plen lavi ak bon konsèy. Banm sajès ak bon konprann ou plis chak jou poum rete nan volonte’w e reziste tout tantasyon poum mòde lage. Fèm sonje yo toujou disponib pou mwen nan tout desizyon m’ap pran.

Pa kite kèm di poum anvye mounn k’ap fè zak malonèt ni espas nan kèm pou jalouzi ak move lide. Mwen vle jenere ak tout sam genyen menm lè li yo ka pa anpil paske tout se pou ou e mwen pap janm manke anyen nan ou. Kouvrim anba manto gras ou poum ka mache dwàt devan’w e pou lavi’m temanwanye grandè ou tout kote mwen pase. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.