Archives par mot-clé : pititbondye

Idantite’w nan Bondye: Ou se lasante

“ Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M’ap geri yo. M’ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san okenn danje.” Jeremi 33:6

Lasante se pi gwo trezò ou posede e se li ki ba’w posibilite pou ou akompli tout rèv ou genyen e simayen pawòl ak lanmou Bondye a toupatou kote’w pase. Ak koze korona viris aktyèl, anpil mounn vinn plis apresye enpòtans lasante. Pa gen lò ni diaman ni okenn kantite lajan ki ka achte’l oswa doktè ki ka ba ou li. Bon nouvèl jodia, se ke gerizon Bondye toujou disponib e li pa gen okenn maladi ki enposib pou li geri!

 Lasante pa sèlman refere de kòw lèw pa gen okinn malèz men tou de eta lespri’w, emosyon, relasyon, ak nivo esperityèl ou yo. Menm jan mo ou itlize yo afekte kalite lavi ou genyen, konsa tou yo afekste eta sante’w nan tout dimensyon sa yo (Pwovèb 16:24). Nan Jeremi 33:6, Bondye te pwomèt pou li geri mounn pèp  Izrayel ak peyi Jida yo tout maladi, ba yo lasante, e fè yo kanbe ankò . Konsa Bondye fèw menm pwomès sa antan ke pitit li ke li damou anpil la(tcheke tou Jeremi 30:7,Sòm 146:8; Exòd 23:25, Ezayi 41:10; 2 Wa 20:5).

Kit ou gen pwoblèm emosyonèl, mental, espirityèl, sosyal, oswa fizik Bondye vle geri’w! Li te sakrifye lavi’l sou kwa pou kwape tout enfimite ak maladi ou ka genyen e Lesentespri li ki abite nan ou depi’w te aksepte viv pou li a non sèlman ka men li vle geri’w pou glwa li (Ezayi 53:4-6;  Mat 8:1-3; 1 Korent 6:19-20).

Sak pi bèl la, pa pouvwa Jezikri ou gen otorite pou ou geri lòt mounn tou nan non li (Malachi 4:2; Mat 10; Lik 9,10; Mak 16). Non selman ou dwe e ou geri, li vle ou geri lòt mounn ou rankontre ki malad tou. Se poutèt sa younn nan idantite’w nan Bondye se Lasante! Lè’w wè maladi ap tonbe agòch adwat, pran prekosyon ki baze sou bon sans li ba ou yo (pran syen tèt ou manje bagay natirèl e ki bon pou kòw tout otan ou kapab, domi byen, redwi strès, pratike bon ijyèn, fè egzesis etc Pwovèb 17:22) men pa neglige lapriyè. Pran otorite’w sou lasante’w r invite wayòm Bondye a nan lavi lòt ki kote’w yo ki ap soufri pou yon rezon pou yon lòt paske kote ou ye, dwe gen lasante (e sa komanse nan ou e nan pase tan nan lapriyè; Det 7:12-15; Prov 3:5-4; ) e yo menm toh. Gerizon se yon kado e komandman Bondye te bay tout disip li yo e si li ou genyen tou jodia. Pa neglige privilèj sa e pase ti tan sou vèsè bib yo sou sijè sa pou apwonfondi idantite sa ou genyen nan li.

Annn Lapriyè: Mèsi paske idantite’m nan ou se lasante. Edem viv nan yon fason ki reflekte realite sa nan ou poum ka ede lòt viv nan menm pouvwa ak otorite ou bay pitit ou yo ki kwè nan ou. Bondye mèsi paske ou ban mwen lasante chak jou e ou kouvri mwen anba manto lagras ou. Mwen mande’w fè inventè tout sa ki andann e mete lavi’w ak lasante nan tout pati nan mwen ki pa an akò ak pawòl ou yo pou lajwa, lafwa, viktwa, ak glwa ou manifeste plis nan vi mwen. Konsa lavi mwen a sèvi yon testaman de egzistans ak glwa ou e plis pitit ou yo ap retounen jwenn ou lè yo experyanse menm lanmou sa.

Si mwen ta malad jodia, mwen delakre gerizon sou tout ògan nan kòm e mwen kouvrim ak san ou Jezi. Gerizon se pou mwen e mwen kwè ke mwen gentan geri pa pouvwa Lesentespri ou ki abite e ap travay nan mwen. Mwen deklare gerizon tou sou tout pitit ou yo tou ki afekte ak viris sa e lòt k’ap soufri pou lòt rezon. Mwen beni non ou e mwen di’w mèsi pou tout mounn w’ap geri nan moman sa (ajoute non yon kounn ki sou kè’w ki ap soufri pou yon rezon oswa yon lòt epi kontinye di Bondye mèsi pou mounn nan oswa pou gerizon paw). Banm fòs poum viv nan idantite sa plis e men jan ak Pyè te di nonm enfim nan : “ mwen pa gen li lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m’ap bao u li. Nan non Jezikri de Nazarèt, leve mache.” (Travay 3:6 ) a tout enfimite mwen ta rankontre jodia. Amen.

Konfye’w nan Bondye ak tout kèw

Ak tout insètitid ki pafwa ka antoure ou, li fasil pou ou ta santi ou dekouraje e san fòs men ou pa poukont ou. Non, ou pa sèl paske ou fè pati yon fanmi ki plis se sa je ou we yo. Epi, ou gen yon idantite ki ankre nan yon Bondye ki fidèl, ki konnen’w an detay, e ki trase plan lavi ou ak anpil lanmou ak tandrès.

Sonje ke Bondye se yon bon zanmi ki la nan bon ni move tan. Ou se pitit yon wa ki pa janm wè defèt, ki pap janm abandone pitit li yo, e li pat janm pèdi batay e li pap ka pèdi sa. Li mache de viktwa an viktwa. Se san li ap koule nan vènn ou alò ou menm tou ou paka pèdi prose. Lesprisen li nan ou depi’w lè ou te aksepte lanmou san fi li gen pou a e te demontre li sou lakwa a. Ou se viktwa e se yon asirans etènèl nan li.

Lè’w pa ka jwenn mo yo pou exprime sa’w santi, pa kite perèz, chagren, ak dekourajman pran plas nan ou. Kite pawòl Bondye yo nan Bib la pale pou ou pandan w’ap medite sou yo. Pa egzamp, Sòm 27, ki raple ou pou chwazi fè Bondye konfyans chak segond w’ap respire paske li toujou pou reponn a tan.


Sòm 27


“ Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m’ pè? Se Seyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m’ tranble? Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m’ yo ap chache touye m’, se yo menm k’ap bite, se yo menm k’ap tonbe. Menm si tout yon lame ta sènen’m toupatou, mwen p’ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè’ m lagè, m’ap toujou gen konfyans nan Bondye.


Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m’ ta pase tout lavi m’ nan kay Seyè a, pou m’ ka gade bèl bagay li yo byen, pou m’ ka pran tan m’ pou m’ kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l’a pwoteje m’ lakay li. L’a kache’m byen fon nan tanp li a. L’a leve’m mete yon kote pou anyen pa rive’m.


Se konsa m’ap genyen batay la sou tout lènmi k’ap sènen’m yo. M’a bat tanbou, m’a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M’a chante, m’a fè lwanj Seyè a. Senyè, tande’m non lè m’ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!


Ou pale nan kè’m, ou di m’ vin jwenn ou. M’ap vin jwenn ou, Senyè. Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k’ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite’m pou kont mwen, pa lage’ m.


Papa’m ak manman’m te mèt lage’m, Senyè a va ranmase mwen. Senyè, moutre’ m jan ou vle’ m viv la. Fè’ m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k’ap veye’ m. Pa lage’m nan men lènmi’m yo. Yo soti pou yo touye’ m. Se yon bann moun k’ap bay manti. Mwen menm, mwen sèten m’a viv pou’m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.


Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!”

Benediksyon: Ke pawòl Bondye yo mete fòs nan feblès, lajwa nan tritès ou, lapè nan inkyetid ou yo, sekirite nan dout ou yo, ba’w plis opotinite pou kontinye grandi nan lafwa, e kenbe’w djanm nan tout sikonstans lavi a. Ke nanm ou fotifye e lafwa ou restore nan li chak jou pandan l’ap kontinye proteje ou ak tout fanmi e itilize’w pou glwa li tout kote ou pase.

Ou se kouraj

“Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.” (2 Tim 1:7)

Nan lavi li fasil pou dekouraje lè ou wè tout bagay ta vle fè nwa sitou nan moman konyea kote vyolans ak insekirite ap simaye toupatou. Lè nou fè fas ak difilkte lavi, nou ka itilize mo nou yo nan fason ki negative e pawòl sa yo ka fè nou dekouraje.

Mo nou yo tèlman gen pouvwa nou ka dekouraje tèt nou epi n’ap panse se djab k’ap fè nou depafini oswa ki enpeche nou avanse. Se sak fè li imperatif pou’w gen kontwòl panse k’ap pase nan tèt ou, mo k’ap soti nan bouch ou lè w’ap fè Bondye konfyans nan lapriyè, e ak ki mounn w’ap koute lè y’ap baw konsey. Li pap fasil pou ou wè men Bondye ki toujou ap travay pami ou nan mitan tout zeprèv si ou lespri ou negative oswa dekouraje. Dekoujman ak desespwa pa pou ou paske nan Bondye idantitie ou se kouraj.

Ou se kouraj paske:

  1. Kouraj se yon pwomès Bondye ba ou paske ou se lapè. Nan Jan 14:27, Jezi pwomèt “M’ap ban nou kè poze. M’ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.” Jan 14:27
  2. Ou gen anpil espwa nan Bondye e ou gen aksè ak li pa lapriyè, “mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!” Sòm 27:14
  3.  Ou gen sekirite tout kote ou pase. Menm jan David te di, “Menm si m’ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p’ap pè anyen, paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m’ pa kase” Sòm 23:4; 91.
  4. Ou pa janm sèl. Se sak fè Det 31:6-8 raple nou menm jan li te raple Moyiz: “Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo (ninpòt sitiyasyon ki ta vle fè’w bite)* parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p’ap janm lage nou, li p’ap janm kite nou pou kont nou. […] Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen. Ou pa bezwen tranble.  Det 31:6-8
  5. Lespri sen toujou la pou gide’w. 2 Tim 1:7
  6.  Kenbe lafwa nan Bondye nenpòt sa ki ka rive. Paske ou gen otorite sou tout sikonstans, “Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.” 1 Korent 16:13
  7. Se yon komandman Bondye ba ou. “Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.” Josye 1:9

Benediksyon: “Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n’a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.” 2 Korent 1:3-4

* Nou ajoute explikasyon

Ou pa manke anyen

“Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen. “ Sòm 34:10

Bòn nouvèl pou ou maten an! Zanmi, ou pa manke anyen nan Bondye! Eske’w kwè e konnen sa? Tout sa ou beswen, Bondye konnen yo e li vle ba ou yo men li toujou vle prepare kè’w pou resevwa benediksyon yo avan (Sòm 34, Prov 3:5-6, Matye 7:9, Lik 11:11).

Ou se grenn pitit ki chè pou li anpil se poutèt sa li toujou renmen wè lè kè’w ap rejwi e lè ou asire idantite’w ak kè’w nan li tout bon, w’ap realize vre ke ou pa manke anyen. Paske Senyè a se li ki sous ou e se li menm ki gen kontwòl tout bagay! (Sòm 24; 1 Korent 10:26)

Jodia pandan w’ap koze ak Bondye nan kèw, medite sou Sòm 34. Bondye vle konble tout dezi kè ou yo ki an akò ak pawòl li yo sèlman fè’l konfyans e ba li espas pou li repòn nan fason ak nan lè pal. Asire’ w sou bonte ak bon plan li pou lavi’w (Jeremi 29:11-13). Ou pap regrèt ni wont lè’w fè sa paske Bondye gen bon kè e li damou’w!

Sòm 34  Lwanj pou Bondye pou Bon kè li

“(2) Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li.          (3) M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.                          (4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! 

(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre’m anba tout sa ki t’ap fè’m pè yo.                                      (6) Lè nou vire je nou gade’l, sa fè kè nou kontan. Nou p’ap janm wont.                        (7) Lè moun ki san sekou yo rele’l, li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.                   (8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

 (9) Goute, n’a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!                                   (10) Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen.    (11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k’ap chache fè volonte Senyè a p’ap manke anyen.

 (12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m’ap di nou. M’a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.           (13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?        (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.                      (15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.                                                        (16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye’l. 

(17) Men, Senyè a vire do bay moun k’ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo.        (18) Lè moun ki mache dwat yo rele’l, li tande yo. Li wete yo anba tray.               (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.                  (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou’l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre’l anba tout soufrans li yo.                                                                          (21) L’ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò’l p’ap kraze.                                       (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k’ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.                                                        (23) Senyè a ap delivre moun k’ap sèvi”l yo, li p’ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote’l.”

‭‭Sòm‬ ‭34:1-22‬ ‭HAT98‬‬

Nan silans ou…

“Senyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou (fè silans).” Egzòd 14:14

Lèt lanmou Bondye pou ou jodia:

“Nan silans ou tande vwa’m plis, K’ap diw ti pawòl dous ki chaje delivrans. Tankou ou domi byen sou yon kabanm san pis, Mwen nouri nanm ou ak lapè e ba ou fokis. Nan lanmò’m mwen te pran tout penitans, Pou’w te ka viv yon vi san pretans. Pa pè fè silans….

Ou pa bezwen di mil pawòl, Ni eseye pale ak mwen nan jan dwòl. Mwen menm avè’w pa bezwen nan teke mo. Mwen renmen’w janw ye a e mwen potew sou do.

Afèksyon’m pou ou san repwòch, Plan mwen yo pou lavi’w san banbòch. Fè yon ti rete plis ak mwen an silans.

Ou se younn nan pi bèl kreasyon’m, E mwen rejwi lè nou pase ti moman espesyal yo an silans tou. Wi, ou pa bezwen kriye ni fè anpil bri poum koute’w, Paske mwen konnen’w e mwen toujou bò kote’w.

Mwen renmen dolote’w, Konsa tou pafwa mwen oblije korije’w, Men lanmou’m pou ou fè mwen pap janm lage’w. Nan silans ou dekouvri plis janm damou’w, E tande bri kèm k’ap bat tanbou pou ou.

Enmi nou an ta vle’w pè silans paske li konnen li gen anpil enpòtans. Silans ou lè nou ansanm ap fèw gen viktwa sou anpil sikonstans, Mwen vle ede’w wè klè e montre’w sa’w dwe fè.

Paske mwen renmen’w, mwen pa vle pale pi fò ke vwaw. Lè’w fè silans ou chwazim e invite’m pale, Konsa w’ap plis remake lè mwen manisfeste glwa’m.

Nan silans ou mwen vle ranpli’w ak panse pam. Kite’m restore’w konsa wa jwenn plis lapè, lajwa, lanmou, ak lafwa. Pa neglige ti moman sa… mwen gen anpil koze pou ou.”

Adorasyon:

Yon kè ki gen remèsiman rive lwen!

” Wi, kite m’ di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. ” Som 103:2

Lè ou pran yon ti tan pou di Bondye mèsi pou tout grandè li, karaktè li, sa li ye e fè pou ou (Sòm 107:1) ou ap pratike rekonesans oswa gratitid. Se younn nan pi gwo zanm pandan w’ap lapriyè e medite sou pawòl Bondye  ou genye! (1 Tim 2:1-4)

Lè’w fè sa se pa sèlman non Bondye w’ap glorifye men w’ap aprann kè ou pou li sonje tout sa Bondye fè e ap fè nan lavi’w konsa tou w’ap agrandi abilite’w pou’w di lòt mounn ki nan lantouraj ou mèsi tou. Konsa, lè lavi a parèt difisil pou ou wa sonje fidelite Bondye e di li mèsi nan mitan tout eprèv ou paske lanmou li pou ou san parèy e li pwomès li yo se lajan sere (Det 31:6; Sòm 95:2—3;  Efèz 5:19-20). Menm jan paran fyè, soulaje, e ankouraje lè pitit li di li mèsi konsa tou nanm ou ap fòtifye lè w’ap di Bondye mèsi e ba li tout onè avèk tout glwa li merite( 2 Korent 4:15).

“Mèsi” yon mo sènp ki gen anpil pouvwa. Li pa nan anpil literati ni nan patipri men li toujou san rati. Mèsi pa konn monte mòn ni toke kònn men li ka louvre tout pòt ou panse ki enposib pou louvri. Li gen lanmou ak lavi rekonesans e pi kiltive rayisans. Li fè kè pi dous pase siwomyèl e si’w kenbe’l kout l’ap mennen’w pi lwen pase syèl.

    Pratike rekonesans gen anpil enpòtans e li ap ba’w plis konsekans ak konsyans. Yon kè ki konn di mèsi paka janm engra ni pòv paske li konnen kote sous li ye e li asire nan lanmou. Lèw gen rekonesans oswa gratitid li ogmante lajwa, lafwa, lasante, konesans, e li bay delivrans!

Di Bondye mèsi lè tout bagay ap mache byen, dil mèsi lè tout bagay parèt nwa. Di’l mèsi lèw pa konn sa pou di ankò ou pap fè move chwa lè’w deside pratike rekonsenans ou devan Bondye nan tout sikonstans (1 Tes 5:16-18). Se yon antidòt kont tout depresyon ak tout lespri perèz ki ta  vle paralize’w. Itilize pawòl Bondye yo pou di’l mèsi tou, pou montre jan’w damoul tou e ba li plas nan lavi’w. Konsa wa wè jan lavi se yon bèl kado e lavi’w ap gen yon lòt sans.

Pandan w’ap lapriyè e di Bondye mèsi, fè byen kote’w pase e remèsye mounn ki fè byen ak ou se gade w’ap gade, w’ap wè jan Bondye ap fè wout avè’w. Eseye pase ti tan di Bondye mesi e remesye mounn ki kote’w yo le yo ede chak jou epi wa bann nouvèl!

Lapriyè:  

Senyè, ak tout nanm mwen mwen di’w mèsi! Mwen di’w mèsi paske ou bon e ou san parèy! Mèsi paske ou toujou tande rèl mwen e jistis ou pa janm an reta (Sòm 7:17; 28). Pi gwo sakrifis ou mande se lwanj ( Ezayi 12:4; Sòm 50:14; Ebre 13:15) . Mèsi pou lanmou’w pou nou ki san mezi e ki pap janm chanje (Jak 1:17; Lamentasyon 3:22-23; 1 Istwa 16:34).). Mèsi pou  lanmou ou genyen pou mwen ki san parèy ak bèl mèvèy ou yo!!! (Sòm 107: 7-9; Jeremi 33:11)

Mèsi pou janw te pran sanw tout desine tout koub nan kòm, ti souf mwen ou konsève, jan’w fasone pèsonalite’m ak kèm, tout talan inik ou depose nan mwen yo ak rèv ou ban mwen yo. Mèsi pou lasante ou ban mwen. Si’m malad, mwen remèsye’w davans pou gerizon’m paske ou se yon doktè pa excelans! Mèsi pou fanmi ou ban mwen kit nan san obyen nan gwo fanmi esperityèl la. Mèsi pou zanmi mwen yo. Mèsi pou pòt ou fèmen ak sa ou louvre menm lè mwen pa toujou konprann pouki men mwen fè’w konfyans.

Mèsi pou konpasyons’w ak gras ou paske mwen pa merite tout gwo favè sa yo ou ban mwen chak jou. Mèsi paske malgre ou se wa sou tout wa ou jou disponib pou koze ak mwen nenpòt moman e ou pran plezi nan mwen (Sofoni 3:17. Mèsi paske nan ou mwen pa janm pase yon jou san mwen pa gen sa ki necesè pou’m viv (Sòm 34:10).“Mwen fè lwanj ou Senyè e m’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo! Se ou ki fè kè’m kontan e se ou menm ki fè m’ap chante. Bondye ki anwo nan syèl la, m’a chante lwanj ou!” Sòm 9: 1. M’a fè lwanj ou ak tout kè’ m, Senyè. M’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo Sòm 9: 1. Ke kèn kontinye pran plis rasinn nan prakite remèsiman ankre nanpawòl ou yo Bondye e poum pratike’l ak mounn ki fèm byen oswa mal  pou lavi mwen pote bon fwi pou ou (Kol 2:7). Lwanj ak konpliman pou ou bon papa!! Mèsi!!!

Lapriyè’w se aksè’w

“Pou fini, chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. […] Resevwa pouvwa Bondye k’ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt. Pandan n’ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou liLapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a.Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèmnan sa n’ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.” Efezyen 6: 10-18

Lè yon mounn pral kote ki gen anpil sekirite oswa ta rankontre mounn ki gen anpil pouvwa sou tè sa tankou yon prezidan oswa yon mounn nan fanmi wa yo tankou rèn Angletè a fòk li gen yon relasyon kole ak yo ak yon pozityon espesyal ki pou ba li gwo privilèj sa. Aksè sa ka vini sou fòm yon kat oswa, yon lèt envitasyon,etc. Konsa tou pou nou aksede Bondye nou an ki pi wo pase you tout nou bezwen aksè tou sèlman Bondye baw pase ak li san patipri e nenpòt mounn ou ye kelkeswa ran sosyal ou ka jwenn ak li e aksè sa nou jwenn li pa lapriyè (Efez 6:17-18). 

Lapriyè se yon kominikasyon entime ak Bondye koute ou ap pale ak tout kèw. Ou pa bezwen di mil mo ni santi fòk ou pafè pou pale ak Bondye paske li damou ‘w anpil (Jan 3:16). Lapriyè se tankou yon konvèsasyon ant de bon patnè kote youn alèz anpil e lòt la konnen nenpòt ti erè li ta fè li pa bezwen pè pale de sa ak li paske l’ap konprann e l’ap ede li. Matye 6: 5-7, ede nou ke lapriyè nou yo fèt nan yon moman entime e ak dwe fèt ak tout kèn. Nou lapriyè ak bonnanj nou pou baw Bondye glwa pa pouvwa Sentespri li ki nan nou e ak lespri nou tou (1 Korent 14:15).

Paske Sentespri toujou la ak nou, nou ka lapriyè nenpòt moman lajounen kou lannwuit  e itilize pawòl Bondye yo nan Bib la pou ogmante fòs priye nou yo( Ezayi 41:10; Ef 3:16; Women 8:26; Matv28:20). Lapriyè se kle ki kase tout chèn e se yon nan pi gwo zanm Bondye pa nou paske lagè pa nou an pa fèt ak katouch ak vyolans men sou de jenou nou ak obeyisans nou lè Bondye ba nou yon direksyon e nou obeyi nou fèl pandan n’ap patisipe nan tout lwa k’ap pwoteje dwa imen ak sa ki pa gen defans yo (Miche 6:8).

12 rezon pou ou Lapriyè

  1. Pou di Bondye mèsi pou tout sa li te fè, ap fè, e ap kontinye fè nan lavi ou ak lavi tout pitit li e fè lwanj ak konpliman pou li (Kol 4:2; Sòm 63, 134, Efezyen 1:16; Fil 1:4; 1 Tim 4:5, Kol 1:3; 1 Tes 1:2)
  2. Pou nanm ou ak tout lavi’w pwospere ( Sòm 1:1-3; 1 Wa 2:3; Det 2:7, 8:18; 3 Jan 1:1-2, Lik 6:28)
  3. Pou mande Bondye padon pou pechew yo ak peche frèw ak sèw yo ak yon kè ki pi e gen anpil lanmou paske ansanm nou pi fò ( 1 Korent 14:14; Jòb 16:17; 1 Sam 15:25; 2 Kwonik 6:21-29; 2 Kwonik 30:20; JaK 5:15)
  4. Tande vwa ak konprann volonte Bondye pou lavi pa’w chak jou (1 Wa 22:5; 2 Kwonik 18:4; Chirasid 7:10; Efezyen 6:18)
  5. Jwenn direksyon pou lavi ou ak nenpòt desisyon ou dwe fè(Jeremi 42:3; Sòm 119: 108; Sajès 7:7; Women 8:26; Mak 11:24)
  6. Pou delivrans, pwoteksyon, ak sekou pou ou menm, fanmi’w, zanmiw’w, katye’w ak peyi ou (Sòm 86, 88, 91, 102, 119:170; Esdras 8:23; Women 15:31; Matye 5:44; 2Kwonik 32:20; Neyemi 4:9)
  7. Pou mande Bondye tout bezwen w yo e rakontel tout ti sekrè ak dezi kè‘w yo- se li sèl ki ka fè yo vinn realite (Fil 4:6; Matye 21:22; Pwovèb 16:18)
  8. Pou rete fèm e pa tonbe nan tantasyon ni sou pouvwa fòs fènnwa (Mak 14:38; Lik 18:1; Lik 22 : 40-46; 2 Kwonik 6:35-39; Lik 6:28; 1 Korent 10:13)
  9. Defann kòz ou devan jij siprèm ou an ki gouvènen ak jistis e ak entegrite ( 1 Wa 8:49; Jòb 8:5; Det 32:4; Sòm 18, 62; 1 Pyè 2:23)
  10. Pou fòs ak kouraj pou kontinye grandi nan lafwa ak plis lanmou nan ou (Kol 1:11; 2Korint 13:9; Sòm 10:17)
  11. Pou gerison maladi ou yo ak mounn kote ou pase (Chirasid 38:9 , 2 Kwonik 7:14, Sòm 41, 147, Jeremi 17:1;Jak 5: 13-16;  1 Pyè 2:24; Jak 5:13-16; Ezayi 38:16-17; Mak 16: 17:18)
  12. Pou Bondye voye plis disip pou fè travay wayòm li an sou tè a (Matt 9:35-38, Lik 10:2)

Lagèw

Anba

Pouvwa

Resireksyon ak lanmou

Infini

Yaweh

Ènmi’w yo detwi deja!

Benediksyon: Senyè, “Se pou lapriyè m moute devan ou tankou lansan y’ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a. Senyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k’ap sòti nan bouch mwen! Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m patisipe nan fèt yo!” Sòm‬ ‭141:2-4‬ ‭HAT98‬‬. Ke volonte ou fèt e non ou manifeste chak jou nan mwen e tout kote lòt pitit ou yo avèm pase. Amen.