Archives par mot-clé : Som 23

1er Semèn: Psttt…Senyè a se gadò ou!

“Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen.” Sòm 23:1

Byenvini nan 1er semèn konsekrasyon an! Mèsi paske ou reponn prezan nan envitasyon pou ou viv lanmou Bondye nan yon lot dimansyon a travè Sòm 23 e lapriyè ansanm. Ke Bondye kontinye beni devouman ou ak tan sa ou mete apa pou li. Ann derape.

Kontèks: Yon gadò se yon gid ki toujou la pou montre chemen dwat, pwoteje, nouri, ak sekouri ak anpil atansyon. Yon bon gadò pran travay li a kè e toujou sousye de tout ti detay paske li se youn mounn responsab ki fè tout bagay li ak anpil atansyon ak lanmou.

Mèt tout linivè a se gadò ou. Wi, ou menm menm! Sa vle di li toujou ap gade sou ou, pwoteje ou, nouri ou, e li konsène nan chak ti detay lavi ou. Eske ou kwè sa?

Menm jan yon bon paran pap kite pitit li pase mizè, konsa kè Bondye sansib pou ou. Wi, nan anpil pasaj lèt lanmou Bondye kite pou yo ki nan Bib la li raple ou menm bagay la— ou pa manke anyen.

Kite verite sa marinen nan fon kè ‘w pou efase tout inkredilite, estrès, ak santiman negatif.

Kwè li paske se eritaj ou. Ou gen bwa deyè banann ou paske a Senyè a se gadò ou!

Ann Lapriyè:

Bon Papa Mwen,

Lè’m pran tan poum reflechi, mwen realize ak tout onète ke pafwa fòs ak lafwa mwen fayi.
Nan enviwònman mwen, toujou gen yon reklam, yon rezilta, yon atant, yon ti sousi agoch adwat ki ta vle pran fokis mwen de ou ki fè li pa toujou fasil pou mwen konfye ke mwen pa manke anyen nan ou.

Jodia ou raple’m ke se ou ki gadò mwen. Se ou ki gid mwen, gadyen mwen, pwotektè ak defansè mwen. Mwen vle fixe zye mwen yo plis sou fòs ak kapasite ou yo nan mwen e mete lespwa mwen ak tout rezolisyon nan ou sèl. Prezans ou ka satisfè tout dezi kè mwen e mwen mande’w padon pou tout tan mwen bite.

Mèsi paske nan tout sikonstans ou kite pawòl ou yo nan Bib la ki sèvi’m kòm bousòl tout kote mwen ye. Tankou yon ti van dous ki ap mawonen nan po’m anba yon jounen solèy kale konsa Sòm 23:1 karese nanm mwen pandan ou ap renouvle verite sa nan kè’m- ou se gadò mwen. Wi, lavi’m pap janm gen okenn mank depi mwen kite je mwen yo sou ou. Karaktè ou pa janm chanje se sa ki fè mwen konnen mwen ka fè’w konfyans.

Mwenchwazi lavi. Mwen chwazi lajwa. Mwen chwazi ranplaseplenn mwen yo pa lapriye e deklare sou nanm mwen nan tout sikonstans:”Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen.” Sòm 23:1. Wi, mwen pap janm manke anyen.

Tout glwa pou ou Jezi. Amen.

Lwanj pou ou!