Archives par mot-clé : Viktwa

Priyè pou delivrans kont laperèz ak COVID 19 (Senyè ann koze)

Senyè ou se sèl fòs mwen e san ou mwen ka fè anyen. Se nan ou ou mwen jwenn idantite’m, avni’m, bi lavi’m ak sekirite’m. Nan moman sa lemònn nan boulvèsè anpil e laperèz sou tout fòm vle renye. Mwen konnen se ou sèl ki gen denye mo e ou damou’m ak lòt pitit ou yo, Alò m’ap aji lafwa’m nan ou e ajoute vwa’m ak lòt frèm ak sèm yo nan ou k’ap rele’w. Mèsi davans paske ou koute tande’m lèm ap lapriyè, toujou disponib pou nou koze, e ou repònn.

Nan noman sa mwen bezwen tande’w plis, tanpri fè’m santi’w tout pre’m pi plis toujou.   Louvre jem pou’m wè’w pami tout chanjman sa anviwònman mwen yo ak lemònn ap andire.     Sitou sou koze pandemi viris COVID19 sa ki vle deglanche lagè nan lavi ak lespri nou.     

Se pa volonte’w pou nou malad ni nan laperèz chak jou pou lavi ak avni nou (Ezayi 53:5; 2 Tim 1:7)   E papa koze viris sa ap peze nou anpil. Mwen vle wè glwa nou manifiste pi plis nan moman sa!    Mwen mande’w gras pou tout lapèn nou fè’w lè nou ap inkyete e bite sitou lè kriz piblik ak aflije lavi espirityèl nou. (1 Kronik 16:11; Matt 6:33)

Viktwa a se pou ou e mwen fèt ak lwanj ak kompliman pou ou!!! Lwanj ak lapriyè yon kè ki gen lafwa asire nan ou se yo ki fèw plezi (Heb 1-11) E yo se pi gwo antidòt ki egziste nan tout sikontans! Pa sèlman antidòt kont pandemi viris ki ka detwi kò men tou kont sa yo ki ka detwi nan nanm nou tou tankou vyolans, rayisans, jalouzi, negativite (nan lespri ak mo nou itilise), kolè, rankinn, dout, laperèz etc. Pa gen mirak ou pa ka fè ou menm ki te leve Laza nan tonbo ( Jan 11:38-44), fè avèg wè, bèbè pale, e soti nan pami yo pou ou te ba nou lavi ètènèl! (Mak 9:27-30; Matye 15:31; Mak 16; Lik 24)

Pawòl ou banm fòs ak lafwa e mwen deklare ke epidemi sa fini nan ou, Jezi! Mwen deklare viktwa tou sou tout perèz, negativite, ak dout nan non ou Jehovah Jireh et Tsidkenu! Papa, geri tout moun ki malad nenpòt kote yo ye kounyea pandan y’ap agi fwa yo nan ou. Detwi viris k’ap sakaje kò pitit ou yo patou nan kote yo ye e voye viris sa ak tout krent li vini ak yo al nwaye nan fon lamè wouj pou disparèt sou teritwa tè sa ou ba nou. Mèsi paske ou ap kontinye pwoteje sila yo ki an sante e pou agrandi lafwa nou chak nan eprèv yo.

San ou te koule sou lakwa pou tout chay sa yo e ou peye dèt kit e sou lavi nou yo deja! Nan ou jwenn bon libète a! Mwen beni non ou e fè lwanj ak konpliman bon Papa paske pitit ou yo pap jan soti wònt. Mèsi!!!!! Amen.

Mèsi!!!!! Amen.

Medite sou Sòm 75.

Sekirite se youn nan Eritaj ou nan Bondye

Bondye pwomèt ou pou li ba’w lapè ak sekirite tout kote’w pase si ou mete tout lafwa ou nan li. Se li sèl ki gen ekip sekirite pa egselans e li bay zanj li yo lòd pou toujou pran swenw. Si ou pa konn ki mo pou di pou reklame bèl eritaj sa, Sòm 91 gen antidòt la pou’w koze ak li.  

Jodia pa pè ni gen krent paske Bondye la avè’w. Li wè’w e damou’w e vle’w konnen nan nenpòt zòn ou ta ye, depi’w konfye nan li e invite’l nan tout sa w’ap fè li pap kite’w. Ou pa bezwen nan kè kase non. Ou se pitit wa e pitit wa pa janm mache san defans!!! (Sòm 91:9-10)

Reklame eritaj sa nan lapriyè jodia pou lap lanmou ak viktwa Bondye envayi tout kwen e mande bon Papa ou an pou kontinye kouvri ou, fanmi, zanmi, vwazin, peyi ou ak tout rès mòn nan paske kè li sansib pou chak pitit li.

Sòm 91

“Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

 Se li menm ki p’ap kite ou pran nan pèlen, ki p’ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou. L’ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p’ap rive ou kote ou kache a. L’ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

Ou pa bezwen pè bagay k’ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. Ou pa bezwen pè move maladi k’ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k’ap touye moun gwo midi. Mil (1,000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p’ap rive ou. W’ap rete konsa, w’ap gade, w’a wè jan y’ap bay mechan yo sa yo merite.

Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, okenn malè p’ap rive ou, okenn mechan p’ap ka pwoche bò kot kay ou. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.Y’ap pote ou nan men yo pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. W’ap mache sou lyon ak sou sèpan, w’ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

Bondye di: M’ap sove moun ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè’l rele’ m, m’ap reponn li. Lè’l nan tray, m’ap la avèk li. M’ap delivre’ l, m’ap fè yo respekte’ l. M’ap fè’ l viv lontan, m’a fè’ l wè jan m’ap delivre’ l.”

Lapriyè: Amen!!! Amen!!!! Mèsi senyè pou gwo eritaj m’ap jwi nan ou!!! Mèsi pou pwoteksyon ou ba nou nan tout dimension lavi ak lespri nou. Mèsi pou pwomès ou yo ki pap janm fayi e ak lanmou’w ki renouvle chak jou pou nou. Tanpri kountinye kache nou anbra manto lagras ou a e gide nou nan chimen lavi ki soti nan ou sèl. Lè tanpèt lavi a ta vle ebranle’n ede’n fè silans devan majeste’w pou’n tande ti koze delivrans nou. Pa gen tankou’w senyè e nanm nou beni ou!!!  Ou sèl ki toujou pote viktwa e gen tout otorite sou late and nan syèl. Lwanj pou on Yahweh!!!!

Idantite’w nan Bondye manifeste nan mo ou chwazi yo

“Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li. Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w’ap jwenn.” Pwovèb 18:20-21

Mo ki soti nan bouch ou ak lide’w yo gen anpil vale. Mò tèlman gen pouvwa se avèk pawòl li Bondye kreye tout linivè a (Jenèz 1:3). Paske ou fèt nan imaj li ( Jenèz 1:26), pawòl ou yo gen anpil pwisans e kreye linivè w’ap viv la.

Bondye tèlman fè’w konfyans li ba ou mwayen pou kreye menm jan ak li e fè bèl bagay ak lavi’w nan istwa lanmou l’ap ekri avè’w la ak pawòl ki soti nan bouch ou! Lavi (abilite pou kreye oswa konstwi, develope rafine pou epanouyi talan ak konesans) oswa lanmò (abilite pou detwi, detwi, fè sabotaj) se nan lang ou li ye.  (Pwov. 18: 4,20-21)

Avèk mo ou yo ou kreye oswa detwi fiti ou e  ankouraje oswa dekouraje tèt ou ak lòt mounn ki bò kote ou yo tou.

Gen de lè ou ka panse se djab kap manje’w pandan ke se panse ki nan tèt ou ak pawòl w’ap deklare sou viw, ak lantouraj ou k’ap mennen’w deyè ( Pwovèb 23:7).  Anpil fwa ou konn ap mande Bondye pou li di yon mo alòske kouw finn lapriyè ou di di mil mo ki kontrè ak sa n’ap tann Bondye di a san’w pa ran ou kont ki ka fè repòns priyè a mize anpil. Se youn nan rezon ki kòz apot Pòl te raple nou pou nou kenbe lide nou yo sous a ki korèk, wat, bèl e ki pap fè nou wont (Fil. 4:8).

Sa ki pa korèk se bagay tankou: touye mounn ak lang ou (tripotay) ak avili lòt moun (Prov 11:9-13); pa peye dèt (Pwov 11:15); fè penng (Pwov 11:225); mete konfyans nan byen materyèl (Pwov 11:28); negativite ((Pwov 16:24), bay manti (Pwov 10:31, Sòm 34:13-14), ògèy, fè maji, sèvi zidol, jalouzi, rayisman, kòlè san kontwòl, fè klan, chirepit, fè tafyatè ( Galat 5:19-26), etc.

Anvan’w kite mo yo soti nan bouch ou oswa kèk lide nan tèt pi pap edew vanse, sonje tout sa ou di gen enpòtans e ou kreye inivè ou ap viv la ak realite ou experyanse chak jou (Matye 15:11-18).

 Pran kontwòl pawòl k’ap soti nan bouch ou jodia ak lide ou yo. Refise tout panse ak mo ki pa an akò ak pawòl Bondye sou vi’w ak sou lantouraj ou (tcheke Jeremi 29:9-13). Fè atansyon ak tout sa w’ap di e kwè ke y’ap realize epi wa wè jan lavi’w ap transfòme! (Mak 11:23; Women 10:10; Efezyen 4:29; 1 Jak 3:10).

Lè’w gen kontwòl bouch ou, ou gen kontwòl sou lavi’w e ou bay Bondye plis plas pou manifeste glwa li nan ou e travè ou (jak 3:2-4). Repran lavi’w jodia! Chwazi mo ki bay lavi ki soti nan pawòl Bondye yo.

 Pa bliye apiye’w ak tout fòs ou sou Sentespri Bondye a pou li ede’w fè sa paske lenmi nanm ou an gen anpil riz e chak jou l’ap atake lespri’w ak move lide oswa mete sitiyasyon sou wout ki ka fè’w bite.

Sa pitit Bondye yo deklare sou late se yo k’ap akonpli paske nou gen tout otorite ak pouvwa sou satan ak tout kolòn li yo k’ap gouvènen.

Mande Bondye (ak nenpòt lòt mounn ou ofanse ak bouch ou oswa atitid) padon epi komanse itilize pouvwa lang ou pou konstwi ak simayen lanmou Bondye a tout kote’w pase!

Ann Lapriyè: Bondye, mèsi paske ou ban mwen tout otorite ak pouvwa sou tout move panse ak move mo ki ka soti nan bouch mwen. Netoye kèm poum toujou sèvi’w ak senserite e pale pawòl ki fè ou plezi e ki ka ede frèm ak sèm yo grandi tou. Aprann mwen pale byen e deklare viktwa ki soti nan pawòl ou yo sou lavim ak antouraj mwen. Mete yon kontwòl sou lang mwen ak kè mwen e ban mwen plis obeyisans nan poum ka toujou fè sa ki dwat nan ze’w ak devan lezòm.

Mèsi paske mwen pa sèl nan chanjman sa e pou Sentespri’w k’ap gidem ak chak moman.  Mwen beni non e mwen aligne tout viva k fanmi’w ak peyi’m ak pawòl ou yo ki bay lavi ak kè poze. Pa gen anyen lenmi an ka fè pou detwi plan ou yo pou nou e mwen di’w mèsi pou sa tou.  Mwen fè’w konfyans paske se ou ki gen deny emo e pwomès ou fidèl. Amen

Lapriyè-viktwa sou fòs fènwa ki vle domine lavi ak peyi nou

Adaptasyon sou Sòm 108

 “ Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen” (menm lè mwen pa konprann tout sa k’ap rive e ensekirite ta vle fèm twouble men mwen konnen se ou ki sèl ki gen tout pouvwa e sityasyon aktyèl yo pa gran pou ou).                                                     

(108:3) “ M’ap pran gita mwen, m’ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!3 (108:4) Senyè, m’a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M’a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! (108:5) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.

  (108:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!

(108:7) Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans. (108:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil [Pòtoprens]*. Mwen pral fè apantaj [Chanmas, Solino, Matisan, Belè, Kafoupèy, Santo…(di non zòn paw la)]*.

(108:9) Peyi [Ayiti]*, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M’ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m’ li ye. (108:10) Men, m’ap fè peyi Moab sèvi’m kivèt pou’m fè twalèt mwen. M’ap poze men’m sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m’ap mache pran’ l ak kè kontan.

 (108:11) Ki moun ki pou mennen’m nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen’m lavil [Petyonvil]*?(108:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?(108:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. 108:14) Avèk Bondye bò kote nou, n’a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k’ap kraze lènmi nou yo anba pye’ l.”

Ouvri zyem pou’m wè wòl mwen nan konba sa a e ban’m kouraj pou’m pa dekouraje ni rete bwa kwaze lè ou banm yon direksyon poum fè yon pa pou pwogrè pèsonèl e kolektif. Ban’m strategi pou mwen menm tou ka patisipe aktivman nan viktwa sa ou ba nou deja a pou’l ka manifeste!!! Mèsi paske w’ap kontinye ba nou sekirite tout kote nou pase e afime prezans ou chak jou pi plis.

 Tanpri chanje kè nou pou plis obeyisan ak vwa ou e renmenm youn ak lòt menm jan ou damou nou paske san lanmou viktwa ou vle ba nou an pap donnen. Reveye pitit ou yo tout kote yo ye- tout fanm ak gason vanyan ki kanpe pou lajistis ak sekirite ki pa pè leve vwa yo ak  gen kouraj pou ede nou di otan kont mechanste ak injistis. Mwen konnen w’ap koute lapriyè nou yo e ou ap egzose tout dezi nou yo ki nan volonte’w. Ou pap janm kite mounn ki ap fè mechanste genyen pwose sa paske ou menm Bondye ou pa janm nan tapitri.

Ke non ou glworifye e exilte sou tout vil, tout katye, tout ti zòn, nan tout kwen kay nan peyi Ayiti bon Papa. Ekip opozisyon ki ganyan an se nan ou li soti e mwen vle patisipe nan ekip ou alò mwen aliyen nanm mwen, kè mwen, dezi mwen yo, ak tout kò’m mwen epi fanmi ak enviwònman mwen ak volonte ou.

Ke lavi’m reflekte glwa ak gwandè ou pi plis. Ke nanm mwen kontinye fè lwanj ak konpliman pou ou jouk sa kaba paske se ou menm sèl ki se yon Bondye ki gran e ou gen tout pouvwa! Mèsi davans pou viktwa sa nou gen ou ki pwal manifeste an gran jan nan non Jezi! Amen.

Viktwa se pou ou li ye pitit Bondye vivan an!!! Kenbe zye’w fixe sou li e pa bliye ou gen wol paw pou jwe tout.
Ann UNlock" Nanm nou ak Lespri pou glwa Bondye ka manifeste plis nan peyi nou

Lapriyè pou mande Bondye pitye pou peyi a!

Sòm 85

 (85:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit [Ayiti]** yo.

(85:2) Senyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit [Ayiti]** ki te prizonye yo tounen!                                         (85:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.                     (85:4) Ou pa’ t fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!

(85:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!

(85:6) Eske w’ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p’ap janm byen ak nou ankò?(85:7) Eske ou p’ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?

(85:8) Senyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!

 (85:9) M’ap koute sa Senyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe’ l fèm yo, li pwomèt pou’l fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.

(85:10) Wi, li pare pou’ l delivre moun ki gen krentif pou li, pou’l fè yo santi pouvwa li, pou’l toujou la avèk yo.

(85:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p’ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p’ap fè lòt lenjistis ankò!

(85:12) Sou latè moun p’ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l’a gade anba san patipri.

(85:13) Senyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.(85:14) Moun k’ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt. Amen.

** Adapte de vèsyon HCV pou bi priyè nou an.

Ke Bondye reponn a priyè nou vit e ke non li glworifye. Pataje lapriyè a ak zanmiw epi fanmiw. Bondye nou an kapab e pwomès li yo toujou sètèn. Ann kontinyel fèl konfyans pou avni nou ak avni peyi nou! Fòk mirak opere e glwa li manisfeste nan tout aspè nan vi ak peyi nou nan non Jezi.

Mare senti nan ren’w!

Sentiwon se youn nan bagay ki ka ajoute frechè nan jan’w abiye e ki itil anpil. Si ta gen yon kouri , li ka pemèt ou leve pye ou e  fèl alèz! Ou ka itilize sentiwon pou defann tèt ou si ou ta endanje e ou ka itizel tou pou ede lòt mounn si yo ta andanje oswa tonbe nan yon twou pou retire yo nan sitiyasyon difisil sa. Pou rezon sa yo ak anpil lòt ankò, fòk sentiwon ou mete an ren’w solid e ka dire.

Nan tan Woman yo, solda yo te konn itilize sentiwon pou soutni inifòm yo epi mete tout kalite defans y’ap bezwen ladann tou. Lè apòt Pòl la pou mounn Efèz yo te ekri pou li te ekri pou yo ka konprann enpòtans konnen idantite kòrèk Bondye ak idantite tèt yo an li. Nan lèt la li di yo mare “sentiwon verite a nan ren” yo paske yo tout nan tan sa te konnen enpòtans sentiwon nan abiman solda yo ak nan lavi pèsonèl yo.

Lakay nou lè yon mounn gen pwoblèm, ou ka tande lòt mounn k’ap bay yo konsèy ap di “mare senti nan ren’w” ki vle di pran kouraj, kenbe fèm e pa lage paske demen ap miyò. Sentiwon reprente sipò, kouraj, fòs , ak defans.

Jodia, nou ka itilize menm prensip sa nan lavi espirityèl nou pou nou mare “sentiwon verite a nan ren nou” chak jou . Pi gwo diferans ki genyen ant sentiwon esperiyèl ak sa lè n’ap abiye se pa lafwa pou nou fèl nan lapriyè.

Ki verite a pou mare nan ren nou an menm?

Verite a se idantite Bondye ki nan pawòl li ki raple nou ke li se kreyatè ak mèt tout sa ki sou latè ak nan syèl la. Se li ki gen tout pouvwa sou lavi’w aktout otorite pou chanje karaktè ak antouraj nou. Lè nou “mare santi verite a nan ren’w” sa vle di nou mare nan senti nou (nan kè’n ak lespri’n) tout pawòl Bondye deklare nan Bib la de idantite’w. Tankou nou kwè e ke idantite’w nan li ou se lanmou, lajwa, lafwa, lespwa, otorite, etc e paske ou fèt nan imaj Bondye, li wè‘n , lanmou li pou nou pap janm fini e li pap janm lagew. Chak jou li gen yon plan byen detèmine pou nou e li vle nou pwospere nan tout domèn kelkeswa espirityèl, fisik, emosyonèl, materyèl, ak sosyal. Lè nou fè sa Bondye asire siksè nan tout n’ap fè ki nan volonte li.

Lapriyè pou mare verite a nan ren’w:

Bonjou bon papa!

Mesi paske mwen konnen ou deja asirem viktwa jodia sou tout move plan enemi nanm mwen ta vle fe pou pyejem e fem bliye kiyes mwen nan ou si’m swiv plan batay ou. Konsa pa lafwa mwen, mwen reklame viktwa sou … (fè lis kèk bagay ou panse ou ka rankontre pou jounen yan ki ka fèw bite, ouve kow pale ak moun ki damou’w anpil la!)

Mèsi paske ou raple’m ke mwen pa nan lagè ak lòt mounn mwen rankontre men fòs ak pouvwa fènwa ki vle simaye laperèz, depresyon, lamizè, ak rayisans tou patou. Pou’m preparem pou batay,  pa lafwa, mwen mete sentiwon verite ya. Verite’w la, Senyè ou se yon Bondye ki san parèy. Ou tèlman renmenm ke ou te vini sou latè, ou soufri anpil, ofri tèt ou lakwa pou ou retabli koneksyon mwen ak ou e raple’m  empòtans mwen gen pou ou e jan ou renmenm malgre ou konnen tout fòs ak feblès mwen.

Ou konnen limit mwen e mwen diw mèsi paske ou pap kite tantasyon fèm pote chay kew konnen m paka pote (1 Korent 10 :13). Laverite sou mwen yan, Senyè, se ke mwen se yon moun nouvo nan Kris e mwen pa anba pouvwa peche ankò (2 Korent 5 :17). Mwen gen Sentespri  ou ki se Lespri verite a  ki ap viv nan mwen depi lèm te aksepte’w pou sovèm ak gid mwen chak jou (Jan 14 :16-17 ; Efezyen 1 :13 ; 1 Korent 3 :16) ki la pou gidem e kap fèm konnen lè gen yon danje tou prem. Mwen se pitit ou e anyen paka separem avèk lanmou’w ( Women 8 :31-39 ; Sòm 32 :8 ; 2 Pyè 3 :9).

Verite ya se ke ou gen yon plan pou mwen jodi ya : yon moun pou’m ankouraje, yon moun poum pataje pawòl ou, e yon moun poum renmen pou yo santi prezans ou nan lavi yo tou (Jeremi 29 :11 ; Estè 4 :14, 1 Tim 2 :3-4). Pa kite’m bay manti nenpòt sitiyasyon ki ka rive ni pou lang mwen pa mete’m nan sikonstans ki pap ba’w glwa (Sòm 34 :13, Efezyen 4 :29, Kol 4 :6) konsa ma Bondye fè lwanj pou ou ak lavim. Amen.

Eske’w byen abiye maten an?

Solda pa janm ale nan lagè sa yo pa byen abiye ak pwoteksyon sou yo. Lè ou obsève yo ou wè you toujou pwoteje pati nan kò ki pi fragil yo ak anpil atansyon pou yo ka pwoteje lavi yo. Tankou ou toujou mete yon kask pou pwoteje tèt yo, jile pa bal pou si enemni an ta vize kè yo, nan senti yo yo gen anpil lòt taktik pou defann yo, e yon gen yon mwayen pou defann yo fizikman kelkeswa se yon epe, yon bout baton, oswa jan nou wèl plis alekile yon gen zanm, epi yo pa mete nenpòt bagay nan pye yo. Se bon bòt solid ki fèt ap materyèl espesyal pou yo pa tonbe lè tè a glise oswa twò cho lè gen anpil soley konsa yo ka goumen e pwoteje tèt yo nan tout sikonstans kelkeswa sezon nan ane a.

Konsa tou nou menm k’ap sèvi Bondye nou se solda nan mòn esperityèl la e nou toujou nan lagè ak lenmi nanm nou. Pandan n’ap medite nou idantite Bondye ba nou yo, an nou pran tan pou nou lapriyè ansanm pou mete defans nou.

Menm jan nou konn pran tan pou abiye nou fizikman, ann dekouvri abiman esperityèl nou e byen abiyen nou pou nou ka ankre idantite nou nan Kris e viv bèl plan Bondye genyen pou nou yo. Si pou’n pran  viktwa sa ke Jezi gentan asiren nan, fòk nou byen prepare. Tankou Bon kapitèn lame, Bondye te itilize Pòl nan Efezyen 6:10-18, pou ba nou deskripsyon tout “zam” oswa defans ke nou genyen nan li pou nou pwoteje  kè nou, nanm nou, kouvri fanmi, zanmi ak lentouranj nou e avanse wayom Bondye a sou tè a paske nou genyen batay la deja.

Nan Efezyen 6:10-18, nou aprann ke nou byen abiye (prepare pou fè fas ak Satan chak jou) lè nou: 1. mare sentiwon verité nan ren nou, 2. mete manto jistis Bondye a sou nou, 3. mete sandal levanjil lapè a pou anonse bòn nouvèl lanmou Bondye a , 4. Pase boukliye lafwa nou k’ap fè nou viv ak kè poze, 5. Kas Sali a, 6. Epe Sentespri a ki se pawòl li. 7. Lapriyè (Efezyen 6: 14-18).

Nan semen ki ap vini yo, nou pral dekouvri ansanm kijan pou nou mete defans sa yo youn pa younn e lapriyè ansanm. Konsa avan’w sòti wa mande tèt ou “Eske’w byen abiye maten an? “paske pou nou viv nan idantite Bondye nou an e simaye lanmou li toupatou fòk nou“chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.”( Efezyen 6:10-13) Si repòns lan pozitif, kontinye chimen’w e fè Bondye konfyans pou gide’w pandan jounen an. Si repòns lan negatif, pran yon ti tan pou mete abiman esperityèl ou sou ou pou kontinye pwogrese de glwa an glwa nan non Jezi.

 Nou ankouraje’w medite sou Efezyen 6:10-18 e mande Bondye pou  apwofondi konesans  ou sou defans yo sa li ba ou pou ou ka goumen ak vrè enemi e ankre idantite’w nan li plis. Ke Bondye beni’w!