Idantite’w Nan Bondye: Ou se pasyans

“Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n’ ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n’ aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.” Kol 3:12

“Gen pasyans”, “pran pasyans”, “devlope pasyans”, “nan lavi fòk ou gen pasyans” etc. Tout sa se bagay ou ka tande pou yon rezon oswa yon lòt men kisa pasyans lan ye menm? Koman pou’w devlope’l? Kisa Bib la de sa? Koman li fè pati de idantite’w nan Bondye?

Diksyonè define pasyans kòm yon kapasite pou aksepte pwovokasyon, kontraryete, malè, oswa doulè, san plent, pèt tanperaman (kolè, fristrasyon, jalouzi), ak iritasyon. Bib konkòdans lan dekri pasyans kòm on aksyon oswa yon pouvwa pou aji avèk kalm oswa kè kontan pandan w’ap tann yon bagay ki dwe fèt oswa ou espere fèt; tolerans**. Bib la di pasyans enplike resistans, endirans ak kapasite pou rete tann yon resilta ak yon detèminasyon pèsonèl l’ap fèt ak yon asirans fèm nan Bondye pou glwa li manifeste (2 Korent 1:6; 2 Korent 4-6).  

Pasyans ka ede ou gen bon resilta e fè ou pridan nan tout sa w’ap fè. Pwov 19:2 di “Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w’ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm”. Kapasite sa pa sèlman aplike lè nan tout sa w’ap fè kit nan lajwa oswa nan difikilte. Men kèk vèsè ki ka ede ou gen plis bon konprann sou sijè sa: Women 5:3, 12:2; 2 Tes 1:4; Ebre 10:36.

Ou se pasyans paske Bondye se pasyans (sonje ou fè nan imaj li e pitit tig se tig) e li exprime pasyans sa nan lanmou li pou ou chak jou  (Travay 13:18; Women 3:25; Women 9:22; Women 15:4-5; 2 Pyè 3:15; 2 Korent 12:12). Pasyans se younn nan pi bèl kado Sentespri ba ou kom yon mounn chwazi (1 Tim 6:11; Kol 3:12) e li nesesè pou ou ka devlope gen bon relasyon ak tèt ou e ak lòt yo (Lik 8:15; Gal 5:22; Ebre 12:1; Efez 4:2; Tit 2:2).

Jan Pòl te ekri mounn Women yo, “Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè [ou]** viv byen yonn ak lòt, pou [ou]** ka swiv egzanp [ou]* jwenn nan Jezikri (Women 15:5). Jezikri te demonstre pasyans nan tout sa lap fè (1 Tim 1:16; 1 Tim 6:11; ) e Bib la chaje ak anpil lòt egzanp kit e viv nan pasyans e wè glwa Bondye manifeste nan lavi yo tankou Jòb, Jozèf, Abraham, Ana, Rit, elatriye  ( Jenèz, Rit, 2 Tim 3:10; Ebre 6:12).

Paske ou se pasyans, Bib la ankouraje’w pou ou gen pasyans nan fè sa ki bon pandan w’ap kontinye chaje fas Bondye, onè, ak lavi etènèl (Women 2:7). Pasyans enpòtan paske l’ap ba ou andirans pou’w fè tout zafè ou byen e li gen plis rekonpans ke ògèy. Ekl 7:8 “Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l’ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.” Lè lafwa ou teste tou, li aprann ou plis pasyans menm jan latè ap tann lapli ak anpil  kalmte ( Jak 5:7). Ankouraje younn ak lòt nan lanmou ak lapè (2 Tim 4:2). Konstans nan travay oswa aplikasyon; pèseverans (Biblehub.com).

Anplis de sa, nan Bondye ou se lanmou e nan lanmou fòk gen pasyans (konesans idantite’w, padon, resistnas, andirans, tolerans, aji kalm oswa nan kè kontan san fristrasyon oswa kolè) ki mache men men ak lajwa, lapè, espwa, lafwa, otorite, ak entegrite. Menm jan Pòl te ekri a, “Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p’ap anvye sò lòt moun. Li p’ap fè grandizè, li p’ap gonfle ak lògèy” 1 Kor 13:4,7. Ak pasyans wa rive reyisi nan tout sa w’ap fe (Ebre 6:12, 10:36; Jak 5:11; Rev 3:10; Rev 14:12).

Konesans de pawol Bondye yo fè’w gen tanperans ki li menm bay pasyans e ede’w viv yon vi pi sen ( 2 Pyè 1:6; Women 2:4). Gen yon ti pwovèb Kreyòl ki di “ak pasyans w’ap jwenn trip foumi”.  Pasyans ap ede pou gen sajès ak bon konprann ki ka fè ou refise bay tèt ou pwoblèm oswa pèdi tan move refleksyon ak kòlè lè yon bagay ofanse’w. Pwov. 19:11 di “Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.”

Pasyans ede’w kenbe sante’w djanm e rive lwen. Jan Pwov. 25:15 “Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w’ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.”  Poutèt ou ka deside pou ou entansyonèlman lòt moun ak pasyans (2 Korent 6:6; Kol 1:11; 2 Tes 1:4).

Nan mònn sila kote tout bagay alavavit, e anpil enfòmasyon aksesib nan yon segond depi’w gen entènèt,  pasyans sanble ak yon bagay ansyen. Men bon karaktè nan lavi ak devlope idantite’w nan Bondye pa tankou pètpèt mayi depiw mete’l nan lwil li pete. Men li mande ou pou kiltive’l chak jou menm jan kiltivatè toujou ap netoiye tè yo pou yo gen bon rekòlt. Jak 5:7 di, “ Se poutèt sa, frè m’ yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l’ rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.” Avèk èd Sentespri Bondye ki fè tout bagay posib pa lafwa, pasyans ou gen pou devlope plis pou grandè Bondye klere plis nan lavi ou(Mat 19:26)  

Ann travay pou lanmou ak pasyans!

Ann Lapriyè: Papa, mèsi paske idantite’m nan ou se pasyans. Ede’m devlope pa pouvwa lespri oupaske li pa toujou fasil poum andire sikonstans m’ap travèsè ak lajwa ak kalm. Mwen soumèt tout lavi mwen ak dezi mwen yo devan’w e mande’w ede kèm aksepte lanmou ou plis pou lafwa ak bon karaktè kontinye pran rasin nan mwen. Padone tout dout mwen yo e ke mwen gen plis pasyans ak tèt mwen ak lòt mounn  e sitiyasyon ke mwen pa ka chanje yo pou glwa ou manifeste plis. Nan non Jezi mwen priye. Amen.

Benediksyon: “Mwen mande Seyè a pou’l dirije kè [ou]* pou [ou]* ka renmen Bondye, pou [ou]* ka gen pasyans tankou Kris la.” (2 Tes 3:5) “Mwen mande Bondye pou l’ fòtifye [ou]* tout jan ak bèl pouvwa li pou [ou]* ka sipòte tout bagay avèk pasyans.” (Kol 1:11)

*Modifye pou devosyon an    **Diksyonè.com

Ankourajman: “Paske, [ou]* konnen byen, lè konfyans [ou]* gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban [ou]* pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou [ou]* kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san [ou]* pa manke anyen.Si yon moun pami [ou]* manke bon konprann, se pou’l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san’l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.” Jak 1:3-6

Idantite’w Nan Bondye: Ou se entegrite

“Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w’ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo. Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p’ap jwenn anyen pou yo di sou nou”. Tit 2:7-8

Entegrite se yon desisyon pou aksepte viv selon yon kòd moral ak prensip ki demontre karaktè ak onètete (ki pa nan patipri ni nan mayònnaj oswa manti). Mo sa soti nan Ebre “tom, tummah” ki tradwi “senplisite”, “fondamantal nan karaktè ki vre”,  “otantik”, “onèt”, “solidite ” ( nan sans tèt ou byen plase sou zepòl ou), “antye oswa konplè”, “mache dwat”, e “pèfeksyon”***. Nan nouvo testaman an mo entegrite a itilize nan sans “senserite”, “verite”, “ kè ki gen bon kalite; kè pi”, “yon sèl grenn je” (ki pa nan gen egoist e gen yon sèl pawòl)***. Nan rezime, entegrite se karaktè youn mounn ki ede yon mounn ki pratike li (wi, ‘pratike’ paske se yon chwa entansyonèl pou ou fè chak jou) viv yon mannyè ki senp e sensè nan tout l’ap fè.

Entegrite se idantite’w paske ou fèt nan imaj Bondye (Jenèz 1:27), e li se entegrite. Tout kalite sa yo reflekte nan pawòl li yo nan Bib la (Ezayi 45:23). Pawòl li yo se verite e pa gen anyen okenn mounn ka fè pou demanti yo. Bondye te demontre sa tou nan karaktè Jezikri kote nan yo te definil tankou yon nonm ki detèminen pou fè sa ki dwat, jis, e ekselan ki soti nan yon lanmou enkondisyonèl menm lè sa te lakòz li anpil pèsekisyon. Li te anseye tout mounn verite sou pawòl Bondye yo san patipri (Matye 22:16, Mak 12:14; Fil 4:8).

Nan yon mònn kote gen anpil magouy ak mechanste, li pa fasil kòm pitit Bondye pou’w wè entegrite fè pati entegral lavi tout mounn ki di y’ap sèvi Bondye men ou menm ou diferan paske ou ankre idantite ou nan li e ou pa sèl. Lesprisen la ak ou e tout rès fanmi ou yo nan lafwa ap kole zepòl ak ou chak jou. Ou se yon mounn chwazi.

Lè ou mache nan entegrite ou fè sa ki bon e wout ou toujou pwoteje e ou viv yon san krent paske ou konnen ou sèvi byen ak tout mounn e ou gen yon relasyon sinsè ak Bondye (Pwov. 10:9; Sòm 25:21). Entegrite ak kenbe’w pou ou pa koze tet ou chagren oswa detwi relasyon ou ak Bondye, tet ou e mounn ki kote ou yo swa nan biznis lekol, oswa lot tip relasyon  (Som 41:2; Pwov 11:3, 13:6).

Li necesè pou ou konnen ke entegrite fè pati entegral karaktè ou nan Kris paske se li menm k’ap fè ou pwospere ak pwogr jwi lavi ki plen viktwa sa ke Bondye prepare pou ou (Det 9:5; 1 Wa 9:4). Sa fè Bondye lapènn lè li wè pitit li yo ap viv nan manti, rayisans, negative, ak mechanste ak tèt yo ak lòt mounn (Ezayi 59:4). Poutèt sa lè ou aksepte idantite’w se entegrite e komanse viv nan verite sa, wa va wè plis glwa Bondye manifeste nan lavi ou (Neh 7:2). Konsa tou wa va jwi plis respè ak kè poze ak lòt mounn ki nan lantouranj ou paske y’ap ka fè’w konfyans nan nenpòt bagay (piti koul ye oswa gwo koze) yo ta bezwen jere ( Eg. Jozef nan liv Jenèz oswa Hanani nan Nehemi 2).

Entegrite ap ede’w mache selon sajès Bondye e non pas tout avis mounn (2 Korent 8:11). Sa pla vle di ou pap koute konsèy men ou toujou al chache sa Bondye di nan sijè/sikonstans w’ap travèse nan moman an epi filtre tout sa ou tande e santi nan pawòl Bondye yo. Lesprisen li va fè’w wè verite nan tout sityasyon paske li nan ou e li toujou la avè’w (Jan 14:16; Jan 16:7; Lik 12:12; Woman 8:26-27).

Mache nan senplisite ak onètete (entegrite), konsa pou konsyans ou ka klè e menm jan ak Jòb w’ap gen anpil lafwa lè w’ap pale ak Bondye kit nan lajwa oswa nan soufrans (Jòb 2:32; Korent 1:12). Le’w deside viv nan entegrite (viv selon prensip Bondye yo, sevi youn ak lòt nan lanmou ak respè) e fè tout zafè’w nan yon manyè ki dwat, w’ap gen anpil lenmi tou.

Se pa tout mounn k’ap konprann ou e menm mounn ki pwòch ou pafwa ka vinn kritike’w anpil jan madan Jòb la te fè a (Jòb b2:9). Sitiyasyon lavi sa ap toujou vinn sou do pye’w pou teste konfyans ou nan Bondye e vle fè’w bite men lè w’ap mache nan entegrite w’ap mache nan lapè (Jan 16:33). Men mounn k’ap rayi ou yo oswa menace lavi ou yo ap fè’l paske yo pa gen konprann  lanmou Bondye a nan kè yo (Pwov 29:10).

Ou pa bezwen pè paskse nan Jezi ou se viktwa! (Ezayi 54:3; Sòm 55:23-24, 65; 1 Korent 15:57;  Rev 19) men entegrite’w ak lafwa nan Bondye ap ba ou plis fòs pou kontinye kwè nan Bondye kòm pi gwo defans ak protektè ou (Job 6:29, Som 7:8). Konsa tou, y’ap ba ou anpil renmen, resistans, fòs, ak pasyans pou ou fè fas ak kritik/pozisyon yo e frennen presyon kanmarad ou yo ta fè sou ou pou fose’w reaji yon jan ki pap onore ni Bondye ni lafwa ou nan li (Jòb 27:5).

Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske mwen se yon mounn ki gen anpil karaktè paske mwen deside kite Lesprisen ou gidem chak jou. Mèsi paske se ou ki fòme karaktè’m e se ou ki sous idante ak lavi’m chak jou. Mwen se entegrite. Ke verite sa ankre nan fon kèm pi plis e anvayi chak kwen nan lavi mwen pou’m ka viv idantite sa plis pou glwa ou.

Nan ou mwen jwenn verite e viv yon vi nan senplisite ak onètete ki ap ede mwen pwogrese nan tout sa m’ap fè. Menm jan ak Jozèf ak anpil lòt karaktè nan Bib la tankou Moyiz, Hanani, Danyèl, David, Natanayèl, Zacchari etc,  edem viv plis tankou yon fanm/gason ki gen entregrite. Chanje kèm plis paske mwen realize ke chanjman mwen swete wè nan fanmim oswa nan peyim ki chaje koripsyon dwe soti nan mwen avan. Mèsi pou konsyans sa w’ap ede mwen pran chak jou de wòl mwen nan enviwònman mwen tou paske ou pa janm fè erè e plan lavim byen trace nan men’w. Edem gen plis entegrite nan tout sa m’ap fè chak jou e sonje enpotans li. Mèsi pou tout sa ou fè pou mwen e prezans ou nan lavi’m. Amen.

Vèsè pou metite: Sòm 25:21-22

Ann Reflechi : Ki chanjman ou ka komanse aplike nan lavi’w pou ou reflekte nouvo idantite sa?

Ou ka pataje repons ou yo nan espas komente a epi pa bliye pataje paj sa ak yon zanmi!

Yon moman silans

Jodia ann pran yon ti moman silans pou reflechi ak tout kado Bondye ba nou yo.
Menm lè tout bagay pat menm jan nou abitye ak yo ak koze pandemi COVID19 la ak lenjistis pouta pou men Bondye fè nou anpil gras.
Se gras a li ki fè nou la toujou, n’ap respire e nou gen lasante e sa se pi gwo kado ak benediksyon nou bezwen.

Nou pase anpil tan ap pale oswa reflechi men se nan silans nou, anpil fwa nou jwenn repons lapriyè nou yo paske nou pran yon ti tan pou nou koute vwa Bondye ak instriksyon li yo.
Tankou yon bon papa, li toujou ap pran swen nou chak se poutèt sa nou pa ka dekouraje. Fòk nou rete fèm nan lapriyè e nan desisyon pou nou ankre idantite nou nan li pou nou ka simaye lanmou, lapè, lajwa, al lespwa tout kote nou pase.

Konsa ann pran yon moman silans pou nou renouvle nanm nou ak afèmi lespri nou. Yon moman silans tou pou nou panse ak sila yo ki nan bezwen pami nou e mande Bondye direksyon kijan nou ka fè pati solisyon an kòm reprezantan wayòm li sou tè sila. Yon moman silans de tan an tan pa koute chè menm li ka sove lavi e twansfòme enviwònman nou pou yon demen miyò. Pa neglije pase ti tan an silan e nou ankourajew tou medite sou Ezayi 53 pou ou wè kijan Bondye genyen viktwa deja sou tout sa k’ap pase nan mònn nan ak nan vi pèsonèl nou jodia. Apre li pa gen lòt!

P.S. Pataje ak nou rezilta moman silans ou an jodia nan espas komentè la a. N’ap kontan li’w e nou vle celebre avè’w! #Ansanmnoupifò

Idantite’w an Bondye: Ou pa rasis

« Li (Pyè) di yo: — Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gendwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon’l pa penmèt sa. Men, Bondye fè m konnen, mwen pa gendwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. »Travay 10:28 HAT98

Nan moman koulyea non sèlman lemònn boulvèse anba yon pandeni viris (COVID-19) men tou gen yon moveman pou respekte lavi mounn ki gen koulè po « nwa ». Manifestasyon ak deblozay ap fè aktyalite, se younn ak chire pit ak lòt. Lemòn boulvèse anpil 2020 sila men mounn ki ankre idantite yo nan Bondye tankou ou menm konnen ke gen lespwa e chanjman pozitif kap fèt.

Kisa la Bib di sou koze rasis, vyolans, ak enjistis sa yo nap obsève? Ki responsabilite ou genyen kòm disip Jezi nan moman kritik sa? Tankou eske ou dwe rayi mounn ki gen koulè po differan de ou oswa ki gen differan relijion oswa pale yon lòt lang? Eske ou dwe kenbe rankinn poutèt lesklavaj ak mechanste e jije tout nasyon ki tap domine yo menm jan? Kijan ou ka fè pati chanjman an nan yon fason kap dire e kap avanse wayòm Jehowah a sou tè a?

Nan Travay 10, Kònèy, yon nonm ki te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an ki te gen anpil krentif pou Bondye fè yon vizyon kote zanj Bondye rakonte’l kibò younn nan disip Bondye yo (Simon ki gen ti non Pyè) ye pou envite’l lakay li. Nan tan sa relijyon jwif la te entèdi yo pou yo mele ak lòt nasyon (koze rasis sa pa nouvo non). Pa lontan apre Bondye bay Pyè yon visyon pou te prepare kè li pou li ale lakay Konèy e preche nouvèl lanmò ak rezireksyon Jezikri e revele entensyon li pou tout mounn sove. Pyè pataje ak tout mounn nan 10:28 kijan Bondye pa nan patipri e repòns sa ede nou konprann ki wòl nou nan sityasyon aktyèl sa yo.

Bondye konsidere tout mounn menm jan kelkeswa koule po yo oswa nasyonalite yo. Sa vle di Bondye pa rasid (li pa rayi ni renmen younn nan plis le lòt poutèt koule je, po, lang, cheve, kilti etc.) E li vle ou kiltive menm prinsip sa yo. Ki fè nan Bondye, idantite’w pa rasis (panse ou siperyè ak yon lòt oswa kenbe rakinn akòz de sa kite pase avan tankou lesklavaj, gè, etc; menm sityasyin aktyèl yo e jije mounn yo sou pase sa yo) e ou paka anji tankou younn (Lik 6: 27-36; Mat 5: 43-48).

Ou se solda lanmou, lespwa, lajwa, respè, viktwa, ak lafwa e ou represente Bondye tout kote ou pase. Nan tout sa w’ap fè, bat pou ou reflekte idantite sa yo konsa lòt mounn pral fè experyans glwa Bondye a travè lavi ou chak jou.

Efèz 5:1 raple ou pou ou imite Bondye paske ou kreye ak imaj li — Bondye se lanmou e ou menm tou ou se lanmou. Pi gwo komandman li ba ou se pou renmen lòt mounn (kelkeswa koulè pò, relijyon oswa nasyonalite li) tankou pwòp tèt pa ou ak menm jan Bondye renmen ou (Jan 13:34).

Ou dwe fache lè’w wè enjistis e kanpe pou sa pi fèb yo (Pwob 31: 8-9). Men tou Bib la di « Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou. Pa bay Satan pye sou nou » Efezyen 4:26‭-‬27 HAT98. Sa vle di pandan w’ap fè solidarite ak mounn k’ap fè sa byen tankou pou sa kap chache lajistis pou younn ak lòk ak pou dwa tout mounn respèkte, sonje tou ke nou tout se pitit Bondye e lanmou li an san patipri.

Lè ou simaye lanmou nan plas rakinn, rayisans ak vyolans konsa wa ede mounn kap soufri yo (nan nenpòt sitiyasyon ki sòt nan nenpòt peyi ke yo jon, nwa, rouj, blan etc; pale nenpòt lang) pou yo jwenn solisyon ki aligne ak pawòl Bondye nan Bib la, e ofri yo lespwa ki soti nan lanmou infini Bondye gen pou yo a pou yon chanjman kap dire.

« Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt. Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a. »
1 Korent 13:9‭-‬10‭, ‬13 HAT98

Ansanm nou pi fò e andedann nou tout senyen menm jan. Ann kole zepòl pou yon demen miyò.

Lòt Vèsè pou medite jodia: « Kounyeya pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri. Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la. »
Galat 3:28‭-‬29 HAT98

Kesyon pou aksyon: kijan ou ka demonstre idantite nan Bondye jodia (Ou pa yon rasis) e pataje pawòl Bondye a pou pote lapè e konbat racist ak vyolans pa lanmou?

Nan moman sa ou bezwen yon zanmi

« Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. » Pwovèb 27:17 HAT98

Yon zanmi ki toujou la,
Younn ki pa janm an reta,
Yon mounn ou ka rele nenpòt moman,
Ki pa janm fatigue ni arogan.

Yon bon zanmi se yon pèl ki ra,
Ni lajan ni lò paka ranplase moun sa.
Zanmitay ou ak li se gwo koze,
Li bay lavi plis sans nan yon fason san pretans.
Depiw andanje, pou’w sove’w li pa nan rans.

Korona, vyolans, ensètid, ak inkyetid lavi ka vle’w kwè’w ou poukò’w e dwe dekouraje.
Men se nan moman sa menm ou dwe ale kay zanmi’w lan.
Grenn mounn ki toujou konprann ou e renmen’w ak tout defo e kalite ou yo.
Nan moman sa ou bezwen yon zanmi…

Ah non! Pa di ou pa ka fè lòt moun konfyans oswa ou pa vle blese.
Bay lanmou yon chans nan kè’w e kite yon zanmi ab pran plas nan tout dout ou yo. Zanmi sa pwoblèm mèt a gòch adwat men depi’w kote’l tout bagay poze.
Yon zanmi ki la pou siye dlo nan jew e fè’w ri lè trò ta bare pye’w.


Zanmi sa se Bondye ki renmen’w anpil la e ki vle ou rive lwen.
Zanmi sa reflekte nan frè ak sè ou yo nan lafwa e fanmi ki toujou la pou priye pou ou e ak ou paske ou fè pati yon fanmi.
Zanmi sa se ou tou paske pi gwo enemi lòm se tèt li. Poutèt sa fòk ou kwè nan idantite’w nan Bondye pou ou pa mache tèt bese e deklare viktwa Bondye sou lavi ou chak jou.

Nan moman sa ou bezwen yon zanmi ki kwè nan ou, sensib pou ou, e vle wè ou fleri chak jou. Zanmi sa se Jezi, se frè ak sè w yo ki renmen’w, e zanmi sa dwe ou tou.

Eske zanmitay ou yo djanm? Fè envantè paske li nesesè.
Pi gwo kado a se lavi e ou genyen’l.
Pwofite’l e pa bliye yon zanmi se yon trezò pou lavi. Fè kè’w kontan paske nan moman sa ou gen yon zanmi. Ou pa pou kò’w alò rejwi.

Lèt lanmou Bondye pou ou maten an: prizon pa pou ou!

 » Kitem sere’w nan bra’m pou’w ka santi prezans mwen pi pre ou.
Banm dolotè’w e kite’m admire.
Poum raple’w jan ou enpòtan pou mwen.

Mwen renmen lè’w ap souri e lè ou chante lwanj mwen.
Vwa ou se pi bèl senfoni mwen.
Mwen plan anpil plezi nan ou chak ou (Neyemi 3:17)
Nan je’m ou gen anpil valè e mwen vle revele ou plis de idantite’w pou ou ka konnen vre kiyès ou ye vle ak plan mwen gen pou ou (Ezay 43:1-2).
Mwen vle ou dekouvri tout bèl kado mwen mete andedan ou yo doudou.
Konsa nan ou la va nwèl chak jou, pou’w ka simaye lanmou toupatou.

Se poutèt sa mwen pa vle laprèz ak enkyetid volè lespri’w (1 Pyè 5:7).
Ou se kago espesyal mwen e tout plezi’m se gade’w ak ede’w grandi.
Lè ou pale ak mwen, tout kèm fremi e mwen la pou’m reponn san tapitri (Jer 33:3).

Rete bò kote’w se tout plezi mwen (Det 31:6).
Pa gen yon kout dlo ki soti nan je’w ke mwen pa ranmase. (Sòm 139)
Pa gen yon lapriyè ou fè mwen pa koute.
Mwen renmen pale avèk ou tou. Se sak fè mwen renmen lè ou pase ti tan pou ou koute’m e pou nou koze.

Repòn ak tout necesite ou yo, se pi gwo plezi mwen (Sòm 34:10; Matye 7:11).
Mwen konnen tout saw bezwen menm mwen vle ou envite’m. (Mat 7:7)
M pap janmen enpoze’m.

Prizon emosyonèl, mental, finansyè, fisik, ak sosyal pa pou ou. (Ezayi 53:5)
Menm jan mwen te delivre Danièl nan fòs lyon e te louvri pòt prizon pou Pyè, konsa tou mwen vle fè lavi ou yon mèvèy paske ou se libète (Mak 16:20; 2 Kor 3:17).
Mwen vle lavi ou sèvi mwen temyany.
Pa gen okenn sikonstans ki ka mete’w nan chènn si ou kite je’w fixe sou mwen (Ebre 12:2).

Traka lavi ta vle ranplase’m nan kè’w, men se poutèt sa mwen vle raple’w ke lespri mwen ki abite nan fon kè’w toujou la pou ede’w (Jan 14:26).
Sèlman mande’m ak lafwa e tankou yon taxi express, tout swit map rive.
Mwen renmen’w e mwen la pou ou.


Mete men dwat ou sou lestomàk ou…shshhhttt… fè yon ti silans… eske’w tande beep beep?
Se kèm k’ap bat pou ou nan ou e pou ou chak mili segond. Wi, li reprezente plezi mwen pou mwen ba ou lavi ak abondans nan tout sans!
Mwen renmen’w doudou e mwen pap janm sispann di ou sa e fè ou santi jan mwen devwe pou ou.
Pa gen anyen ki enposib pou mwen.
Si ou kite mwen gide ou pap gen anyen ki ap enposib pou nou.
Tanpri kite men ou nan menm. »

Bòn fèt drapo nou!!!🍾🎉🎉🎉🥳🥳🎊🎊💫

Drapo’n fè pati kilti nou e se yonn nan symbòl ki ini nou nenpòt kote Ayisyen sa sou latè. Drapo’n fè pati bote’n e raple nou istwa fanm ak gason vanyan ki te pase devan nou ki te goumen pou rèv yo e te kwè nan linite ak lapè. Fòk nou pa bliye tout sakrifis yo te fè e kontinye fè larelèv la ak anpil lanmou youn pou lòt e respè pou drapo nou ki represante kilti nou, zantray nou, peyi nou, e kote Bondye mete nou pou nou represante wayòm li an nan tout katye kote’n pase.

Ann respekte e aprann renmen lakay ak drapo nou plis pou nou ka reflekte idantite nou genyen nan Bondye a chak jou tout kote nou pase paske fiti nou tout gen mare ansanm Jeremi 29: 8-13.

Ke Bondye kontinye beni Ayiti e fè chak grenn pitit li viv nan lanmou, lasante, pataj, lajwa, lespwa, lafwa, lajistis ak rekonesans chak jou.