Ou pa manke anyen

“Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen. “ Sòm 34:10

Bòn nouvèl pou ou maten an! Zanmi, ou pa manke anyen nan Bondye! Eske’w kwè e konnen sa? Tout sa ou beswen, Bondye konnen yo e li vle ba ou yo men li toujou vle prepare kè’w pou resevwa benediksyon yo avan (Sòm 34, Prov 3:5-6, Matye 7:9, Lik 11:11).

Ou se grenn pitit ki chè pou li anpil se poutèt sa li toujou renmen wè lè kè’w ap rejwi e lè ou asire idantite’w ak kè’w nan li tout bon, w’ap realize vre ke ou pa manke anyen. Paske Senyè a se li ki sous ou e se li menm ki gen kontwòl tout bagay! (Sòm 24; 1 Korent 10:26)

Jodia pandan w’ap koze ak Bondye nan kèw, medite sou Sòm 34. Bondye vle konble tout dezi kè ou yo ki an akò ak pawòl li yo sèlman fè’l konfyans e ba li espas pou li repòn nan fason ak nan lè pal. Asire’ w sou bonte ak bon plan li pou lavi’w (Jeremi 29:11-13). Ou pap regrèt ni wont lè’w fè sa paske Bondye gen bon kè e li damou’w!

Sòm 34  Lwanj pou Bondye pou Bon kè li

“(2) Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li.          (3) M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.                          (4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! 

(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre’m anba tout sa ki t’ap fè’m pè yo.                                      (6) Lè nou vire je nou gade’l, sa fè kè nou kontan. Nou p’ap janm wont.                        (7) Lè moun ki san sekou yo rele’l, li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.                   (8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

 (9) Goute, n’a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!                                   (10) Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen.    (11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k’ap chache fè volonte Senyè a p’ap manke anyen.

 (12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m’ap di nou. M’a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.           (13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?        (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.                      (15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.                                                        (16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye’l. 

(17) Men, Senyè a vire do bay moun k’ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo.        (18) Lè moun ki mache dwat yo rele’l, li tande yo. Li wete yo anba tray.               (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.                  (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou’l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre’l anba tout soufrans li yo.                                                                          (21) L’ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò’l p’ap kraze.                                       (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k’ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.                                                        (23) Senyè a ap delivre moun k’ap sèvi”l yo, li p’ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote’l.”

‭‭Sòm‬ ‭34:1-22‬ ‭HAT98‬‬

Nan silans ou…

“Senyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou (fè silans).” Egzòd 14:14

Lèt lanmou Bondye pou ou jodia:

“Nan silans ou tande vwa’m plis, K’ap diw ti pawòl dous ki chaje delivrans. Tankou ou domi byen sou yon kabanm san pis, Mwen nouri nanm ou ak lapè e ba ou fokis. Nan lanmò’m mwen te pran tout penitans, Pou’w te ka viv yon vi san pretans. Pa pè fè silans….

Ou pa bezwen di mil pawòl, Ni eseye pale ak mwen nan jan dwòl. Mwen menm avè’w pa bezwen nan teke mo. Mwen renmen’w janw ye a e mwen potew sou do.

Afèksyon’m pou ou san repwòch, Plan mwen yo pou lavi’w san banbòch. Fè yon ti rete plis ak mwen an silans.

Ou se younn nan pi bèl kreasyon’m, E mwen rejwi lè nou pase ti moman espesyal yo an silans tou. Wi, ou pa bezwen kriye ni fè anpil bri poum koute’w, Paske mwen konnen’w e mwen toujou bò kote’w.

Mwen renmen dolote’w, Konsa tou pafwa mwen oblije korije’w, Men lanmou’m pou ou fè mwen pap janm lage’w. Nan silans ou dekouvri plis janm damou’w, E tande bri kèm k’ap bat tanbou pou ou.

Enmi nou an ta vle’w pè silans paske li konnen li gen anpil enpòtans. Silans ou lè nou ansanm ap fèw gen viktwa sou anpil sikonstans, Mwen vle ede’w wè klè e montre’w sa’w dwe fè.

Paske mwen renmen’w, mwen pa vle pale pi fò ke vwaw. Lè’w fè silans ou chwazim e invite’m pale, Konsa w’ap plis remake lè mwen manisfeste glwa’m.

Nan silans ou mwen vle ranpli’w ak panse pam. Kite’m restore’w konsa wa jwenn plis lapè, lajwa, lanmou, ak lafwa. Pa neglige ti moman sa… mwen gen anpil koze pou ou.”

Adorasyon:

Idantite’w nan Bondye manifeste nan mo ou chwazi yo

“Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li. Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w’ap jwenn.” Pwovèb 18:20-21

Mo ki soti nan bouch ou ak lide’w yo gen anpil vale. Mò tèlman gen pouvwa se avèk pawòl li Bondye kreye tout linivè a (Jenèz 1:3). Paske ou fèt nan imaj li ( Jenèz 1:26), pawòl ou yo gen anpil pwisans e kreye linivè w’ap viv la.

Bondye tèlman fè’w konfyans li ba ou mwayen pou kreye menm jan ak li e fè bèl bagay ak lavi’w nan istwa lanmou l’ap ekri avè’w la ak pawòl ki soti nan bouch ou! Lavi (abilite pou kreye oswa konstwi, develope rafine pou epanouyi talan ak konesans) oswa lanmò (abilite pou detwi, detwi, fè sabotaj) se nan lang ou li ye.  (Pwov. 18: 4,20-21)

Avèk mo ou yo ou kreye oswa detwi fiti ou e  ankouraje oswa dekouraje tèt ou ak lòt mounn ki bò kote ou yo tou.

Gen de lè ou ka panse se djab kap manje’w pandan ke se panse ki nan tèt ou ak pawòl w’ap deklare sou viw, ak lantouraj ou k’ap mennen’w deyè ( Pwovèb 23:7).  Anpil fwa ou konn ap mande Bondye pou li di yon mo alòske kouw finn lapriyè ou di di mil mo ki kontrè ak sa n’ap tann Bondye di a san’w pa ran ou kont ki ka fè repòns priyè a mize anpil. Se youn nan rezon ki kòz apot Pòl te raple nou pou nou kenbe lide nou yo sous a ki korèk, wat, bèl e ki pap fè nou wont (Fil. 4:8).

Sa ki pa korèk se bagay tankou: touye mounn ak lang ou (tripotay) ak avili lòt moun (Prov 11:9-13); pa peye dèt (Pwov 11:15); fè penng (Pwov 11:225); mete konfyans nan byen materyèl (Pwov 11:28); negativite ((Pwov 16:24), bay manti (Pwov 10:31, Sòm 34:13-14), ògèy, fè maji, sèvi zidol, jalouzi, rayisman, kòlè san kontwòl, fè klan, chirepit, fè tafyatè ( Galat 5:19-26), etc.

Anvan’w kite mo yo soti nan bouch ou oswa kèk lide nan tèt pi pap edew vanse, sonje tout sa ou di gen enpòtans e ou kreye inivè ou ap viv la ak realite ou experyanse chak jou (Matye 15:11-18).

 Pran kontwòl pawòl k’ap soti nan bouch ou jodia ak lide ou yo. Refise tout panse ak mo ki pa an akò ak pawòl Bondye sou vi’w ak sou lantouraj ou (tcheke Jeremi 29:9-13). Fè atansyon ak tout sa w’ap di e kwè ke y’ap realize epi wa wè jan lavi’w ap transfòme! (Mak 11:23; Women 10:10; Efezyen 4:29; 1 Jak 3:10).

Lè’w gen kontwòl bouch ou, ou gen kontwòl sou lavi’w e ou bay Bondye plis plas pou manifeste glwa li nan ou e travè ou (jak 3:2-4). Repran lavi’w jodia! Chwazi mo ki bay lavi ki soti nan pawòl Bondye yo.

 Pa bliye apiye’w ak tout fòs ou sou Sentespri Bondye a pou li ede’w fè sa paske lenmi nanm ou an gen anpil riz e chak jou l’ap atake lespri’w ak move lide oswa mete sitiyasyon sou wout ki ka fè’w bite.

Sa pitit Bondye yo deklare sou late se yo k’ap akonpli paske nou gen tout otorite ak pouvwa sou satan ak tout kolòn li yo k’ap gouvènen.

Mande Bondye (ak nenpòt lòt mounn ou ofanse ak bouch ou oswa atitid) padon epi komanse itilize pouvwa lang ou pou konstwi ak simayen lanmou Bondye a tout kote’w pase!

Ann Lapriyè: Bondye, mèsi paske ou ban mwen tout otorite ak pouvwa sou tout move panse ak move mo ki ka soti nan bouch mwen. Netoye kèm poum toujou sèvi’w ak senserite e pale pawòl ki fè ou plezi e ki ka ede frèm ak sèm yo grandi tou. Aprann mwen pale byen e deklare viktwa ki soti nan pawòl ou yo sou lavim ak antouraj mwen. Mete yon kontwòl sou lang mwen ak kè mwen e ban mwen plis obeyisans nan poum ka toujou fè sa ki dwat nan ze’w ak devan lezòm.

Mèsi paske mwen pa sèl nan chanjman sa e pou Sentespri’w k’ap gidem ak chak moman.  Mwen beni non e mwen aligne tout viva k fanmi’w ak peyi’m ak pawòl ou yo ki bay lavi ak kè poze. Pa gen anyen lenmi an ka fè pou detwi plan ou yo pou nou e mwen di’w mèsi pou sa tou.  Mwen fè’w konfyans paske se ou ki gen deny emo e pwomès ou fidèl. Amen

Bòn Ane 2020!!!

Pwomes Bondye pou nou jodia”[ ….] Senyè a di: -Mwen wete sa ki t’ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an. Jou sa a, m’a pini tout moun ki t’ap peze nou yo. M’a sove moun k’ap bwete yo, m’a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t’ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo. Lè sa a, m’a fè nou tounen lakay nou. Wi, m’a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M’a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y’a nonmen non nou. N’a wè m’a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Senyè a menm ki di sa.” Sofoni 3:17-20

Devosyon an Kreyòl swete’w Bòn Ane!!!

Nou pa bliye dat 1er Janvye a men nou te vle pran ti tan pou redefini ane a ansanm sou koze idantite nou nan Jezi Kris. Alò, anvan mwa a fini nou swete’w:

Bòn ane ak tout fanmi ak zanmi ou yo

      Onè ak respè pou kouraj ou chak jou

Nan lanmou ak konpasyon li, ke Bondye kontinye ba’w favè li e ede’w grandi nan lafwa ak sajès

2020 se…

Ane fokis, lajwa, ak siksè

Negativite pa pou paske fòk ou kenbe tèt ou klè

Eskiz se lenmi’w. Li ka detwi idantite’w nan Bondye e derasinen valèw. Jete’l lwen pou epanye malè.

Bondye gen anpil sipriz ki exselan pou ou ane sa!!! Ann rete branche pou’n wè bèl mèvèy e jan li pral transfome idantite nou pou nou sanble plis ak li chak jou.

Benediksyon pou ou ak tout fanmi’w!!!

Lavi’w nan pla men Bondye!

” Si n’ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la. ” 2 Korent 5:7

Gen de jou lavi a ta vle pran tèt ou e fè’w kwè manti tankou “Bondye bliye’w”, “Bagay sa yo pap janm chanje”, “Se konsa bagay yo ap toujou ye”, “pa gen lespwa anko” etc. Lè sa yo leve bra ou anlè e kite zye’w sou Jezikri paske lè tout bagay ta vle fènwa, se le sa pral fè jou pou ou!!! Fè Bondye konfyans epi w’ap wè jan l’ap mennen’w lwen(2 Korent 5:7).

Sonje pawòl Bondye yo se defans ou ! Lè fòs ou ap febli epi panse negatif ta vle anvi’w pou fè dlo kouri nan je’w tankou lapli, nouri nanm ou nan ti pawòl ki ka ba’w lavi a paske lajwa ak viktwa se pou deja nan Jezi.

Ranplase manti yo lenmi nanm ou an ta vle’w kwè yo pa verite ki nan Bib la sou plan Bondye pou lavi ou yo. Mare sentiwon laverite ki soti nan Bondye yo nan fon kèw e kenbe pwomès Bondye yo. Men kèk ti egzanp:

  1. Manti: “Bondye bliye’w” Verite: ” Senyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]!  Mwen ekri non [ou] nan pla men’m. Mwen toujou wè miray [ou] yo devan je’ m.”Ezayi 49:15-17

2. Manti: “Bagay sa yo pap janm chanje” Verite: ” Senye a di: Mwen menm Senyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou’ m fè. ” Jeremi 32:27

3. Manti: “Se konsa bagay yo ap toujou ye” Verite: ” Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l’ap fè a. Mwen wè pi bon bagay yon moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi se fè sa ou vin pou fè a byen.” Eklesyas 3: 10-12 Verite: ” Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. ” Lik 1:37; Matye 19:26

4. Manti: “Pa gen lespwa ankò” Verite: ” benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. ” Jak 1:7 Verite: “Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li. Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l’ kouraj ankò! Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y’ap pran zèl pou yo leve ale. Y’ap kouri san yo p’ap janm bouke. Y’ap mache, yo p’ap janm febli.” Ezayi 40:28-31

Kontinye aprann kiyès ou ye konsa wa gen konviksyon ke tout ti detay nan lavi’w byen trase nan men Bondye (Jeremi 29:11). Li damou fou jan ou ye a e li pap jan’m abandone’w (Det 31: 1-6). Pwochèn panse negatif ta vle anvayi’w, lapriye, pran defans ou nan Bondye epi kenbe lafwa’w paske dosye’w la rezoud deja!

Yon kè ki gen remèsiman rive lwen!

” Wi, kite m’ di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. ” Som 103:2

Lè ou pran yon ti tan pou di Bondye mèsi pou tout grandè li, karaktè li, sa li ye e fè pou ou (Sòm 107:1) ou ap pratike rekonesans oswa gratitid. Se younn nan pi gwo zanm pandan w’ap lapriyè e medite sou pawòl Bondye  ou genye! (1 Tim 2:1-4)

Lè’w fè sa se pa sèlman non Bondye w’ap glorifye men w’ap aprann kè ou pou li sonje tout sa Bondye fè e ap fè nan lavi’w konsa tou w’ap agrandi abilite’w pou’w di lòt mounn ki nan lantouraj ou mèsi tou. Konsa, lè lavi a parèt difisil pou ou wa sonje fidelite Bondye e di li mèsi nan mitan tout eprèv ou paske lanmou li pou ou san parèy e li pwomès li yo se lajan sere (Det 31:6; Sòm 95:2—3;  Efèz 5:19-20). Menm jan paran fyè, soulaje, e ankouraje lè pitit li di li mèsi konsa tou nanm ou ap fòtifye lè w’ap di Bondye mèsi e ba li tout onè avèk tout glwa li merite( 2 Korent 4:15).

“Mèsi” yon mo sènp ki gen anpil pouvwa. Li pa nan anpil literati ni nan patipri men li toujou san rati. Mèsi pa konn monte mòn ni toke kònn men li ka louvre tout pòt ou panse ki enposib pou louvri. Li gen lanmou ak lavi rekonesans e pi kiltive rayisans. Li fè kè pi dous pase siwomyèl e si’w kenbe’l kout l’ap mennen’w pi lwen pase syèl.

    Pratike rekonesans gen anpil enpòtans e li ap ba’w plis konsekans ak konsyans. Yon kè ki konn di mèsi paka janm engra ni pòv paske li konnen kote sous li ye e li asire nan lanmou. Lèw gen rekonesans oswa gratitid li ogmante lajwa, lafwa, lasante, konesans, e li bay delivrans!

Di Bondye mèsi lè tout bagay ap mache byen, dil mèsi lè tout bagay parèt nwa. Di’l mèsi lèw pa konn sa pou di ankò ou pap fè move chwa lè’w deside pratike rekonsenans ou devan Bondye nan tout sikonstans (1 Tes 5:16-18). Se yon antidòt kont tout depresyon ak tout lespri perèz ki ta  vle paralize’w. Itilize pawòl Bondye yo pou di’l mèsi tou, pou montre jan’w damoul tou e ba li plas nan lavi’w. Konsa wa wè jan lavi se yon bèl kado e lavi’w ap gen yon lòt sans.

Pandan w’ap lapriyè e di Bondye mèsi, fè byen kote’w pase e remèsye mounn ki fè byen ak ou se gade w’ap gade, w’ap wè jan Bondye ap fè wout avè’w. Eseye pase ti tan di Bondye mesi e remesye mounn ki kote’w yo le yo ede chak jou epi wa bann nouvèl!

Lapriyè:  

Senyè, ak tout nanm mwen mwen di’w mèsi! Mwen di’w mèsi paske ou bon e ou san parèy! Mèsi paske ou toujou tande rèl mwen e jistis ou pa janm an reta (Sòm 7:17; 28). Pi gwo sakrifis ou mande se lwanj ( Ezayi 12:4; Sòm 50:14; Ebre 13:15) . Mèsi pou lanmou’w pou nou ki san mezi e ki pap janm chanje (Jak 1:17; Lamentasyon 3:22-23; 1 Istwa 16:34).). Mèsi pou  lanmou ou genyen pou mwen ki san parèy ak bèl mèvèy ou yo!!! (Sòm 107: 7-9; Jeremi 33:11)

Mèsi pou janw te pran sanw tout desine tout koub nan kòm, ti souf mwen ou konsève, jan’w fasone pèsonalite’m ak kèm, tout talan inik ou depose nan mwen yo ak rèv ou ban mwen yo. Mèsi pou lasante ou ban mwen. Si’m malad, mwen remèsye’w davans pou gerizon’m paske ou se yon doktè pa excelans! Mèsi pou fanmi ou ban mwen kit nan san obyen nan gwo fanmi esperityèl la. Mèsi pou zanmi mwen yo. Mèsi pou pòt ou fèmen ak sa ou louvre menm lè mwen pa toujou konprann pouki men mwen fè’w konfyans.

Mèsi pou konpasyons’w ak gras ou paske mwen pa merite tout gwo favè sa yo ou ban mwen chak jou. Mèsi paske malgre ou se wa sou tout wa ou jou disponib pou koze ak mwen nenpòt moman e ou pran plezi nan mwen (Sofoni 3:17. Mèsi paske nan ou mwen pa janm pase yon jou san mwen pa gen sa ki necesè pou’m viv (Sòm 34:10).“Mwen fè lwanj ou Senyè e m’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo! Se ou ki fè kè’m kontan e se ou menm ki fè m’ap chante. Bondye ki anwo nan syèl la, m’a chante lwanj ou!” Sòm 9: 1. M’a fè lwanj ou ak tout kè’ m, Senyè. M’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo Sòm 9: 1. Ke kèn kontinye pran plis rasinn nan prakite remèsiman ankre nanpawòl ou yo Bondye e poum pratike’l ak mounn ki fèm byen oswa mal  pou lavi mwen pote bon fwi pou ou (Kol 2:7). Lwanj ak konpliman pou ou bon papa!! Mèsi!!!

Lapriyè komplè pou “abiye’w” pa lafwa

Konpilasyon lapriyè komplè pou “abiye’w” pa lafwa

Efezyen 6:10-18

Jan’w komanse jounen’w ap detèminen dispozisyon’w pou rès jounen. Abiman esperityèl ou necesè paske pa li Bondye ba’w “zam” pou pwoteje idantite’w nan li ansanm ak kè ou e otorite pou chanje nenpòt sitiyasyon.

“Bonjou bon Papa cheri! Mèsi paske ou asirem viktwa jodia sou tout move plan enemi nanm mwen ta vle fe pou pyejem e fem bliye kiyes mwen nan ou si’m swiv plan batay ou. Konsa pa lafwa mwen, mwen reklame viktwa sou … (fè lis kèk bagay ou panse ou ka rankontre pou jounen yan ki ka fèw bite, ouve kow pale ak moun ki damou’w anpil la!)

Mèsi paske ou raple’m ke mwen pa nan lagè ak lòt mounn mwen rankontre men fòs ak pouvwa fènwa ki vle simaye laperèz, depresyon, lamizè, ak rayisans tou patou. Pou’m preparem pou batay,  pa lafwa, mwen mete sentiwon verite ya. Verite’w la, Senyè ou se yon Bondye ki san parèy. Ou tèlman renmenm ke ou te vini sou latè, ou soufri anpil, ofri tèt ou lakwa pou ou retabli koneksyon mwen ak ou e raple’m  enpòtans mwen gen pou ou e jan ou renmenm malgre ou konnen tout fòs ak feblès mwen.

Ou konnen limit mwen e mwen diw mèsi paske ou pap kite tantasyon fèm pote chay kew konnen m paka pote (1 Korent 10 :13). Laverite sou mwen yan, Senyè, se ke mwen se yon moun nouvo nan Kris e mwen pa anba pouvwa peche ankò (2 Korent 5 :17). Mwen gen Sentespri  ou ki se Lespri verite a  ki ap viv nan mwen depi lèm te aksepte’w pou sovèm ak gid mwen chak jou (Jan 14 :16-17 ; Efezyen 1 :13 ; 1 Korent 3 :16) ki la pou gidem e kap fèm konnen lè gen yon danje tou prem. Mwen se pitit ou e anyen paka separem avèk lanmou’w ( Women 8 :31-39 ; Sòm 32 :8 ; 2 Pyè 3 :9).

Senyè, ak lafwa mwen abiyem ak «  Manto jistis la ». Bondye ou renmen lajistis e se ou ki sèl jij. Paske ou te kreye’m nan imaj ou, gidem poum fè sa ki dwat nan ze’w ak devan lèzòm ki gen kè pwòp menm lè fòs fènwa ap anvayi tout kote (Sòm 50 :6;  Ezayi 11 :5, Sòm 33 :5 ; 103 :6). Ak manto jistis ou a sou mwen jodia, pa kite’m ebranle lè mechan ak fè vyolans ni fè bak, fèmen jem, oswa vinn frèt lèm wè zak malònèt k’ap fèt paske nan ou mwen gen tout otorite sou fòs fènwa poum pa kite yo pilonnen inosan e simaye laperèz kote pitit ou yo ye. Ak manto sa ki kouvrim nan mwen di non ak injistis sou tout fòm ke seswa emosyonèl, sosyal, materyèl, ou fisik ak tout zak malonèt ki vle kaba tout pitit ou yo  konsa benediksyon ou va kouvri nou plis (Sòm 24 :1-6, Pwov. 2 :9 , Ezayi 56 :1). Andan manto sa map kenbe kèm ak tout emosyon mwen yo tou. Mwen pap kite kèm atache ak okenn bagay ki pa dwat ni pèmèt okenn kalite santiman negatif pran devan nan desizyon m’ap pran yo. M’ap dirije yo nan sa ki dwat ak sa ki jis. Ke limyè ou klere e non ou glorifye.

Pa pouvwa Sentespri ou, kounyea map mete nan pyem « sandal levanjil lapè ya ». Mwen disponib pou ou Bondye. Voyem kote’w vle. Dirijem vè sila yo ki bezwen ankourajman pou yo ka santi jan ou renmen yo, o yon èd fizik kelkònk. Sèvi avè’m pou’m pote lapè kote ou voye’m ki gen lagè. Ke kè poze ki soti nan ou an renye tout kote ki gen kè kase. Fè prezans mwen pote kè poze, lespwa, lajwa, ak lafwa tout kote’m pase ak sandal levanjil sa ou ban mwen an. Banm yon lapè nan lesprim ki san parèy devan pwoblèm ki vinn devanm yo e montre’m kijan poum patisipe avèw plis nan chanjman ou vle fè nan mwen e lòt pitit ou yo. Mwen pap pè ni kagou lè lenmi nanm mwen an ap simayen vyolans toupatou ak kè sote paske lavim asire nan ou e pwogram lavi nou chak se nan ou yo ye.

Kounye ya map pran « boukliye lafwaa », Senyè. Lafwa’m nan ou e nan ou menm sèl. San ou, mwen pa ka fè anyen e avèk ou, mwen ka fè tout bagay. Okenn tantasyon k’ap vini sou mwen paka travèse men ou kote’m abrite nanm mwen, kè’m ak lespri’m. Nan ou mwen byen antoure chak moman pandan jounen an e mwen itilize defans sa ki se konfyans mwen genyen nan ou pou pwoteje’m kont tout atak Satan. Avèk ou, mwen pa pè anyen  paske w’ap fè wout avè’m jodi ya. Lè’m santi dout oswa laprèz, nève, enpasyans, oswa lòt tantasyon ta vle parem, mwen deklare viktwa m sou yo an avans nan non Jezi!

Senyè, Mèsi pou « Kas sali sa » mwen ap mete kounyea! Ou konnen kijan Satan ap chaje lesprim lajounen tankou lannwit ak move lide, dout ak pèrèz. Mwen mete kas sa poul pwoteje lespri’m. Sa ka rive ke mwen santi frap yo men lè sitiyasyon kontraryan oswa resilta mwen ta vle yo mwen poko jwenn yo, men anyen pa ka travèse kask sa a ki se pwoteksyon m nan ou e mwen resevwa pouvwa ou nan mwen. Mwen chwazi mete yon fren nan tout vye panse ki ka rive nan pòt lesprim. Avèk kas sali saa, panse sa yo pap gen okenn swit. Mwen chwazi pran dwam sou tout sa m’ap panse ak tout mo k’ap soti nan bouch mwen paske mwen kwè nan tout pwomès ou fè sou lavim ak sou lavi tout pitit ou yo.  Mwen pap atachem ak anyen ki mal e ak santiman ak aksyon ki pa fè’w plezi tankou jalouzi, rayisman, plenyen, tripotray, panse negatif, tristès, perèz ak desespwa, e latriye. Pa pouvwa Lesentespri ou a jodia mwen chwazi mete tout enèjim sèlman sou sa ki bon, ki dwat e ki fèw plezi (Fil 4:7-8).

Ak tout konfyans mwen gen nan ou m’ap pran “epe lespri ya” ki se pawòl ou yo. Mèsi pou kado san parèy sa! Se yon bagay ki gen anpil fòs ak pouvwa poul kraze menm pi gwo atak Satan ka fè yo. Ou di nan pawòl ou yo ke mwen pa anba dezi kò ak emosyon mwen yo poum obeyi yo. Pawòl ou di tou mwen pa anba pouvwa Satan pou’m fè volontel paske Sentespri ou ki nan mwen  fò pase lespri mond lan (1 Jan 4:4). Konsa, pa lafwa mwen pran epe lespri solid sa ki plen pouvwa saa ke Sentespri ban mwen,  ki gen pouvwa pou’l defann mwen lè lenmi yo atakem, banm rekonfò nan moman detrès, enstwim nan moman meditasyon, e genyen batay la sou tout pouvwa fenmwa pou lòt mounn yo ki pote konnen e ki bezwen konnen verite ki soti nan ou yo pou yo ka jwenn libète pa yo tou e jwi de viktwa ak otorite sa mwen gen nan ou.

Senyè, Se pou lapriyè m moute devan ou tankou lansan y’ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak jou. Mèsi paske ou chwazim kòm pitit ou poum reprezante’w sou tè sila. Se pou satan ak kolòn li yo trample lè yo wè jan glwa ou ap manifeste andanm e nan lavi mwen ak tout lòt pitit ou yo nan non Jezi. Amen