Tankou jan Bondye pentire yon kanva inik nan syèl la li chak jou, konsa tou li vle pentire laviw ak lanmou e devwale plan pou ou....men fòk ou libere lespriw. Fèl konfyans pou reve pou sa vanse pi devan paske san vizyon pa gen pwogrè.

Reve ankò

«Men repons Senyè a ban mwen. Li di m’ konsa: — Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave li byen grave sou wòch pou yo ka li li fasil. Ekri l paske se poko lè pou sa m pral fè ou wè a rive. Men, li p’ap pran lontan ankò pou l rive. Li gen pou l rive vre. Si li pran reta pou l rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a.»‭‭ Abakik‬ ‭2:2-3‬ ‭HAT98‬‬

Anpil fwa sikonstans lavi ta vle fè’w bay do. Tout saw esaye san siksè, tèt ou cho. Negativite ak panse kriyèl, fè jew kouri dlo.

Kèm fremi chak lè m gade jan ou bliye’m. Mwen kote’w e mwen vle gide’w (Pwov. 3:5-6). Tanpri kitem siye dlo nan je’w. Mwen vle’w reve ankò (Ezayi 54:2; Revelasyon 2:5)

Wi, anyen nan lavi’w pa yon aksidan (Jeremi 29:11)
Menm si dè fwa sak ki rive ou yo parèt san sans.
Konfyew nan mwen paske mwen gen tout konesans,
E mwen vle fèw rive lwen san pretans.

Kote pil pwojè ki te nan kèw lè w te piti yo?
Avan sosyete te aprann ou se lajan ki ka fè yo ak relasyon parenn marenn ki ka metew nan pozityon wo.
Avan echèk ak panse negatif komanse toufew.
Sonjew se libète e ou gen talan.
Kijan de istwa ou ta vle kontinye ekri ak mwen?

Ou se patnèm e ou se bonèm
Alò mwen vle’w reve ankò.
Femen jew, respire dousman, ann pale de rèv ou yo.
Non, relax. Ou pa beswen wònt ni pè. Ann
koze.
Dim, ki dezi nan kèw kap boule plis? Kisa ou vle realize ak jou mwen ba ou yo e prezans mwen nan ou?

Reve ankò e kwè ke dezi kè ou, mwen ka konble yo (Pwov 16:3).
Rejwi nan mwen e kitem reveye rèv ou yo ak lanmou (Sòm 37:4)
Anyen pa enposib ak mwen e mwen baw tout saw bezwen deja (Sòm 34:10; Fil 4:13; Matye 17:20) men fòk ou kwè.

Fè atansyon ak mo kap soti nan bouch ou paske yo ka detwi tout bagay nenpòt moman oswa transfòme yo an byen (Pwov 18:20).
Reve ankò. Palem te gwo pwojè ou genyen yo e kite’m ede’w.
Mete wòb lafwa w sou ou e kitem devwale plan mwen gen pou ou yo (Jeremi 29:11).

Jodia mwen vle w sonje ke se mwen sèl ki ka konble tout dezi ou yo.
Mwen vle’w vize lwen nan lanmou e soumèt plan sa yo ak mwen.
Tankou de bon atis pent, nou pral pentire yon kanva lanmou san parèy ak laviw.

Libere lespri w e sonje ke’w se libète ak lanmou. Idantifye e Itilize talan mwen ba ou e pa abandone (Ezayi 41:10). Explore talan ou yo e reve ankò.
Reve ankò e fèm konfyans.

Benediksyon: Efezyen 3:20
«Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k’ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou. Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!»
‭‭Efezyen‬ ‭3:20-21‬ ‭HAT98‬‬

Ankourajman Bondye pou ou jodia:

 » Mwen konnen ou fatige. Anpil lide ap pase nan tèt ou. Gen de sikontans ou pa konprann. Pa kouri nan kat chemen pou chache solisyon ni kite laperèz anvayi’w. Mwen te baw tout otorite sou tout bagay k’ap domine ou yo e mwen te mouri sou kwa a poum te baw lapè. Pa kite lenmi nanm ou an fè’w twouble. Mwen la bo kote’w e mwen la poum pote’w. Vinn nan branm, kitem dolotew. Mwen damou’w ak tout kèm e devosyonm pou ou pap janm change. Fixe zyew sou mwen paske mwen vle menmen’w pi lwen. Kitem mache avè’w e gide’w paske mwen gen anpil bèl sipriz pou ou ak ti koze mwen vle kontew pou nanm ou fleri. Kite men’w nan men’m konsa ou pap pèdi nan wout. Pwoche pi pre’m ti doudou. »

Vèsè pou jounen an: « Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k’ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t’ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a. »
Ebre 12:2

Sonje kiyès ou ye!

“Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n’ap twonpe.” Jak 1:22 HCV

Menm  jan flè nan foto pòs sa poko finn deploye a konsa tou nou gen anpil lòt fasèt nan idantite nou pou nou dekouvri ansanm. Men fòk nou aplike sa nou aprann yo pou nou ka pwogrese e pa twonpe tèt ou jan Jak 1:22 raple nou an.

Men ti rapèl pati idantite nou kouvri ansanm pou rive jodia: Nan Bondye, ou se Yon moun chwazi ki fè pati yon fanmi (ou pa janm pou kòw). Ou se Inite, Lafwa (wi se pa yon bagay ou genyen nan fason tanporè li nan ou), lajwa, lanmou, lape, Lespwa, libète, Limyè, Otorite, Padon, Respè, Richès, Viktwa e ou gen anpil talan. Pa kite lenmi nanm ou fè ou . Bondye ki avè’w la pi fò e li vle repòn tout kesyon ou genyen de idantite sa yo ak ninpòt lòt kesyon ou ta genyen de li.

Pou kèk nan nou li ka se pase ti tan pou koze ak Bondye konprann ke richès fè pati eritaj nou oswa nou se lanmou, respè, otorite etc. Pou lòt li ka paske yo pa finn klè kijan idantite yo se viktwa lè chak jou sanble defèt oswa kalimite toupatou e Bondye di idantite nou nan li se lapè. Kijan poum padone entel paske nan Bondye mwen se padon? etc. Tan sa ka pase nan mande’l ouvè zye n pou wè kijan lapè li opera e kijan yo ka pote lapè tout kote yo ye. Kelkeswa kategori ou jwenn tèt ou maten e kesyon k’ap travèse kèw pale ak mounn ki damou nanm ou an. Mande Bondye pou’l gide’w e montre’w kijan verite sa yo ka materialize nan lavi’w.

Mèsi paske ou ap fè egzèsis espirityèl sa w’ap pratike ak nou pou konnen plis kiyès ou ye vre nan Bondye e wè fwi don sa yo reflekte nan lavi’w. Ke Bondye onore/ beni tan sa yo w’ap pase ak li e repòn tout kesyon ou yo ak anpil lanmou e an gran jan. Nou ankouje’w tou medite sou Sòm 103 jodia pandan ti tan apa sa. An avan bon solda!

Idantite’w nan Bondye: Ou gen anpil talan

“Senyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.” Egzòd 35:35

Apre Bondye te bay Moyiz ak pèp Izrayèl lòd pou bay ofrann epi bati yon tant kote pou glorifye’l, nou aprann ke Bondye te bay gwoup espesyal yon ability natirèl oswa yon talan diferan (swa yo te atizan, pènt, mason, injenyè son, netoyaj, achitèk, kontap, fè manje etc) pa pouvwa lespri li ki nan yo pou ba yo konesans ak bon konprann e pou fè travay sa e li mache (Egzòd 35: 30-35).

Konsa tou lè Bondye t’ap kreye’w nan imaj li “li mete Lespri li sou ou an kantite pou li ba’w ladrès, konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bèl bagay”( Egzòd 35:31-35, Jenèz 1:26-27). Pa pouvwa Sentespri li, non sèlman ou se yon mounn chwazi men ou gen anpil talan ak konesans nan ou! Eske’w te konn sa???

Lavi ou pa yon aksidan e Bondye kreye’w ak anpil kado inik ki non sèlman ap beni anviwònman’w, fè’w pwogrese, men tou pote glwa pou non li (Jeremi 29:11;Sòm 139; Efezyen 2:10-18; 1 Timote 4:0-14). Plizyè (menm ka di majorite) nan pitit Bondye a pa konn ni talan natirèl (fizik, teknik) oswa kado espiritèl yo ( 1 Korent 14: 1-26) k’ap pèmèt nou egzèse otorite nou sou tè a.

Se sak lakòz anpil nan nou mouri san nou pa dekouvri tout bèl mèvèyak richès Bondye mete andan nou a ak kiyès. Konesans sa yo pa soti sou ban lekòl e sosyete paka ba ou li byen si’w invite Bondye. Si’w pa kwè di, ki talan ak don espirytèl ou konnen Bondye mete nan ou? Kijan yo manifeste? Ou pa bezwen grate tèt ou si’w pa konnen paske Jodia nou pral komanse dekouvèt sa ansanm!

Men kèk pwen ki ka ede’w pou idantifye talan’w (oswa talan ou yo) e devlope yo:

Aji lafwa‘w. Kwè ke Ou se yon bwat ki ranpli kado andan’w! (Se sa pawòl li di nan Jeremi 29-31, Filipyen 3, Efezyen 2 etc)Bondye fè yon depo lakay ou pou ou ka akonpli bi byen detèmine li gen pou lavi ou e li vle’w utilize yo.  Pou kado ki andann yo ka beni lòt moun ou, gen efò paw pou fè tou.

  • Fè diligans pou pase tan nan lapriyè, li Bib la pou Kong sa Bondye di de ou, ak mande li direksyon pou ou konnen ki sak nan ou a paske se li sèl ki konnen’w byen (Jeremi 1:5; Ezayi 44:21-22). Poze zan’w e mande Sentespri Bonde ki nan ou a (si ou aksepte Jezi deja e kwè nan li) pou gidew ak konkou lapriyè fanmi esperityèl ou a pou idantifye sa’w fè byen ak dado Bondye nan ou (pa bliye ansanm nou pi fò ou pa bezwen fè chimen dekouvèt sa sèl).
    • Sonje: Bondye pwomèt pou li reponn ou lèw pale ak li e pwomès Bondye se lajan sere! (1 Jan 5:14; Jak 1:6, Sòm 145:18). Alò pa pè poze’l kesyon sa e kwè l’ap reponn ou.
  • Fouye kèw pouw ka konnen ki sa ki nan ou. Atann ou ke li ka nan nenpòt domèn (agrikilti, sante, mizik, komedi, edikasyon, gouvènman, komès, elatriye). Lè’w dekouvri talan ou (si’w poko fè sa) sa ap beni kèw, beni lòt moun e bay Bondye glwa tou.   Nan nenpòt domèn lan fòk ou mete kèw ladanl paske fòk ou develop sa Bondye mete nan ou a (Pwovèb 16:3).

Pa kite perèz ak pase tan konpare tèt ou ak lòt mounn fèw pèdi idantite’w (talan ki inik lakay ou) paske si Bondye ba ou’l se paske li konnen ou ka maximizel’ e li fèw konfyans (2 Timote 1:7).  Li lè pou ou  deploye zèl ou tankou papiyon nan sèvis li ak don ou yo. Pa bille ou se otorite ak viktwa, alò sòti nan kokiy ou e plan plas yo sou tè a an gran jan nan egzèse talan ou yo paske anpil nanm (lavi lòt mounn) depann de ou!

Idantifye talan’w yo jodia e pataje’l ak mounn ou fè konfyans. Ke pouvwa Bondye kontinye manifeste nan lavi’w e ke Benedisksyon li kouvri ou nan chien dekouvèt sa ak tout fanmi’w!

Ann Lapriyè: Bon papa mèsi paske ou fèm ak anpil talan! Okenn detay de mwen pa echape’w. Mèsi anpil paske younn nan idantite’m nan ou se sa mwen ka pwodi pou beni nonw ak lòt moun! Mwen vle dekouvri pil kado sa yo ou mete nan mwen an e itilize yo pou avanse wayòm ou sou tè a. Mwen mande’w “Fè moun k’ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa. Senyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n’ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n’ap fè.” (Sòm 90:15-17)

Sentespri, tanpri kenbe nou e dirige nou. Louvri zye nou pou nou wè gwozè ak grandè depo sa ou mete andan nou pou nou ka develop talan nou pou sèvi Bondye nou an ak frè ak sè nou yo nan renemen. Nan non Jezi mwen priye Amen.

Fixe zye’w sou Jezi!!! Pwoms Bondye se lajan sere!!!

Idantite’w nan Bondye: Ou se yon mounn rich

« Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv. »
2 Korent 9:8

San kache’w, idantite sa Bondye revele nan li a se yonn nan sijè ki te pi difisil pou m konprann. Petèt ou diferan men mwen kalkile kijan fè Bondye di nou rich lè anpil nan nou ap viv chèk pa chèk oswa pap travay obyen ap bat dlo pou fè bè? Anpil elèv ak paran gen strès peye lekòl obyen peye dèt? Kijan 2 Korent 9:8 manifeste nan lavi nou chak? Ki sa ki ba nou otorite e fè nou konnen nou se mounn ki rich?

Pifò vèsè popilè sou lajan ak byen materyèl toujou ap bay konsèy pou fè atansyon ak bagay sa yo. Sijè sa merite anpil bon konprann sou kèk kesyon tankou Eske siw posede anpil byen materyèl ou pa ka sèvitè Bondye? Kisa fi fè yon moun rich oswa grannèg? Konbyen kòb pou ou posede nan bank pou ou konsidere tout ou rich? 5 goud? 50? 500? 500 Milyon? 5Bilyon? Konbyen zero ki pou dèyè chif la?

Anpil etid ak statistic montre ke majorite nan nou rich e nou pa konn sa. Paske nan nati nou li difisil pou anpil nan nou satisfè kifè richès nou echape majorite nan nou e li vinn fasil pou strese pou lajan. Tankou machann lari vle gen boutik, sak nan boutik vle gen sikisal, sak gen sikisal vle yon kompany, sa ki gen kompany vle plis, sak gen plis vle plis. Milyonè konsidere tèt yo pòv lè yo pami bilionè etc. Li pi fasil pou bourike dèyè lajan ke fè invantè kèw ak laviw pou pwogrè dè fwa. Pou tèt sa anpil nan nou kontinye ap eseye e vinn friste. Fòk ou travay di se vre men fòk ou konnen tou anpil lajan ak byen materyèl pa fè richès. Yo jis baw mwayen pou gen plis komfò pou kèk bagay men gen anpil choy ki nesesè pou viv lajan pa ka achte (Pwovèb 21:5, Pwovèb 28:20-28).

Bondye vle beni nou ak « tout kalite benediksyon » sa vle di li pa vle’w soufri pou anyen (lajan tou) men li vle kè nou pwòp avan (2 Korent 9:8). Nan Jenèz 22-24 li fè Abraham prospere e ranpil ak anpil byen materyèl paske Abraham te fèl konfyans ak tout kè li e Bondye te konnen li te kè Abraham pap detounen de li poutèt bon zanmitay yo te genyen an. Men jan li beni Abraham ak tout kalite bedisyon, li vle beni ou tou. Bondye rayi lamizè ak injistis se sak fè li ba nou devwa pou nou ede youn ak lòt, bay vèv ak òfelin yo sekou, kanpe pou lajistis ak sa ki byen ( Jeremi 22:3, Mica 6:8, Detewonòn 15: 7-8, 1 Jan 3:17). Lamizè ak viv tankou pòv paske se konsa sa toujou ye pou fanmiw oswa nan antouraj ou pa fè pati idantite’w. Wi, mwen menm ak ou jodia se moun rich! Men richès nou pa nou men k’ap sèvi Bondye a pa itilize men jan.

Paske ou se yon nòm/fanm rich men sa pou kenbe nan tèt ou jodia: Jan Pòl te explike li a nan 1 Tim 6:17-18 “pa kite lògèy vire tèt yo. Piga [ou]* mete espwa [ou*] nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou [ou]* mete espwa [ou]* nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yofè anpil byen, pou [ou]* ka rich devan Bondye. Piga [ou]*chich. Se pou [ou]* toujou pare pou separe sa [ou]* genyen an ak lòt. »

Pwen pou’w sonje: 1) Bondye vle konble’w ak anpil benediksyon pou glwa li manifeste nan lavi ou (2 Korent 9:8, Sòm 1:1-2). 2)Ou se youn mounn rich pou fè sa ki byen alò pataje sa’w genyen (piti kou li ye 1 Jan 3:17). 3) Bondye beni’w pou ou ka beni lòt moun (pa kenbe konesans ou yo pou kòw nan kite lòt soufri lèw ka ede 1 Tim 6:17-18) . 4) Lajan pa malediksyon se kondisyon kèw ki ka fèw pedi nanm ou (Sonje se nan Bondye ki bay richès la pou mete espwa sèlman paske syèl la, tè a, ak tout sa ki ladann se pou li sèl Ezayi 66:1, Pwovèb 23:4).

Chanje jan ou wè tèt ou jodia paske ou se grannèg men san awogans ak gwo kolèt paske de bagay sa yo pa soti nan Bondye.

Men kèk bagay ki asire idantite sa:

  1. Wa sonje pitit tig se tig. Bondye kreye syèl ak tè a ak tout sa ki nan li. Se li ki mèt tout richès e ou se erityel (Sòm 24: 1-2; Jenèz 1:26-27).
  2. Bondye kreye tout bagay pou ou fè ou plezi (2 Korent 9:8).
  3. Bondye vle beni’w ak tout jan de benediksyone lajan ladann tou men li vle ou konnen ke richès ou fè pati idantite’w. Li soti nan andanw e pa nan sa ou posede. (1 Tim 6:17-18) Ou pa bezwen al fè zak malonèt ni rayi lòt mounn lè ou wè yo ap vanse nan kote w’ap tann mirak pa ou a (Sòm 37, Chirasid 31:8).
  4. Ou rich paske lespri Bondye nan ou (Ezekyèl 36:37, 1 Korent 3:16, 2 Tim 1:14).
  5. Ou se yon mounn rich paske ou konekte ap mèt lanate e gen tout pouvwa (Ezayi 66:1)
  6. Nan Bondye ou rich paske nan li ou pap janm manke anyen e li toujou kenbe pwomès li. Ou rich paske ou toujou gen tout saw beswen e Bondye pwomèt pou li toujou baw bezwen (pa tout sa ou swete ki pa nesesè) e plis toujou pou ou ka beni lòt moun( Filipyen 4:19).
  7. Richès soti andanw. Li pa soti sou byen materyèl ou posede. Toujou sonje kiyès ou ye e ak ki moun ou konekte!

Priyè: Menm jan pwofèt l te di nan Jeremi 17:7-8, « Benediksyon pou [ou]* ki mete konfyans [ou]*nan Senyè a, wi, pou [ou menm]* ki mete tout espwa [ou]* nan li. [W’ap]* tankou pyebwa yo plante bò larivyè. [W’ap]* plonje rasin ni fon nan dlo. [Ou]* pa pè anyen lè sezon chalè rive paske fèy li ap toujou rete vèt. Te mèt gen yon lane sechrès, sa p’ap fè li anyen, [w’ap]* toujou donnen. » Senyè mèsi paske nan ou mwen se ou mounn ki rich e vle benim ak tout kalite benediksyon. Tanpri anprann mwen byen konprann kijan poum itilize tout sam posede poum baw lwanj e ede lòt ki kotem yo konsa tout mounn va konnen se ou sèl ki bay e ou pap janm kite pitit ou wònt ni mande charite. Fè kèm pi pwòp poum sèvi ou pi fran chak jou pou logèy pa janm gen plas nan mwen. Banm pasyans ou ak plis lanmou pou kontinye fè sa ki byen. Mèsi paskew fèm rich e lavim asire nan ou. Amen.
* adapte pou devosyon an

Poze, Ann Koze.

Avan nou vanse pou pi devan pou ou konnen pi plis kiyès ou ye nan mwen, ann fè yo ti koze.
Yon ti koze sinsè ki ka chanje lavi’w.
Kote relijyon pap ka rive menm relasyon nou ka transfòme’w e baw kè poze.


Chak jou plen aktivite men dè fwa ou bliyem.
Mwen konnen sa paske lapriyè ou yo vinn kout e dè fwa pou ti bagay ou gen anpil dout.
Mwen pa fache ak ou pou sa. Non mwen toujou fyè de ou chak jou.
Men ou konnen apre lanwit, gen douvanjou.
Mwen vle reveye nanm ou ak plis lanmou.

M kreye’w nan imaj mwen e mwen damou’w janw ye a chak jou (Jenèz 1:26-28) .
Mwen konnen kiyès ou ye nan tout ou menm atò kombyen pye cheve ou genyen nan tout mwen konnen (Lik 12:7)
Tout sa paske mwen renmenw e m toujou ap obsevew.
Pa gen anyen sou latè ni nan syèl ki ka separe m pou ou.. sof ou siw decide pa kwè nan mwen ankò. (Women 8:31-39)
Men mwen m’ap toujou la e mwen toujou la pou ou kit ou ap soupi oswa jemi (Matye 28:20, Ezayi 41:10)

Kèm nan tristès lè relasyon nou tounen tankou woutin
Ou twò konsekan pou mwen.
Mwen vle menmen’w pi lwen men m santiw lwen dè fwa.
Ou stresse, doute, inkyè, pafwa m wèw fristre e dekouraje..
Non, pa kache ni timid, mwen pa fache lè ou santi’w konsa.
Dòm laj poum sipote tout emosyon sa yo.
Ponyèt mwen fò pou sipote’w tout tan (Ezayi 59:1).


Kontrè ak sa lòt mounn ta vle fèw konprann, emosyon sa yo nomal.
Ou pa yon move pitit paske ou konn santi’w konsa.
Mwen konprann yo byen paske se mwen ki kreye yo tou.
Men kè’m fanm paske ou pa pale ak mwen de yo lè w santi yo.
Lè konsa ou pa invite’m nan yo e sa fèm lapènn.
Se sèl mwen ki ka baw bon konprann pou ou konfronte yo. Pouki ou pa ale ak mwen?

Mwen vle yon relasyon sinsè ak ou poum ka fèm anpil bèl mèvey ak ou e pou ou!
Konsa lajistis ak lapè ka renye.
Gade lajwa se pi bèl abiman ou geneyen e mwen rejwi lèw mete’l.
Ou se boul lò nan royòm mwen yo e boul sik ki fè kem fremi ak zorèy mwen dous chak fwa ou pale ak mwen…. men eskew kwè?

Jodia a, pa kouri dim de mo epi al chache lòt travay pouw fè .
M konnen ou gen anpil chay sou do’w men eskew ka pran yon ti poz e fè yon ti koze ak mwen?
Mwen vle konnen ki jan’w santiw. Mwen vle ou reve ankò.
Mwen vle ou kwè nan mwen plis konsa w’ap kwè nan ou paske mwen viv nan ou ak potansyèl ou genyen(Jeremi 29:11)
Menm lè m konn tout bagay men m vle nou komike tankou lè de bon zanmi ap kale pwa ansanm epi y’ap koze.

Mwen vle wete dout, tristès, avègman esperityèl ak emosyonal nan ou (Revelasyon 21:4)
Mwen vle netoyew plis.
Ou pa esklav lapè e Mwen vle’w libere’w (2 Tim 1:7).
Mwen te bay sanm pou sa (Jan 3:16).
M gentan rale yon chèz ap tann nou e zorèy toujou disponib pou ou, eske wap ka pran yon ti tan pou fè sa?

M’ap tann ou.

Avèk anpil tandrès,

Mounn ki damouw anpil la-Bondye

Idantite’w nan Bondye: Ou se inite

« Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm. »
1 Korent 12:12 HAT98

Inion fè la fòs se sa nou aprann depi nou ti kakat. Se sa ki deviz peyi nou men nou aprann vit ke se younn nan bagay ki pi difisil pou realize kit nou nan ‘legliz’ oswa nenpòt sektè nan lavi.

Lè nou mete tèt nou ansanm nou fè anpil pwogrè e pa gen fòs fènwa ki ka kanpe devann. Paske ou se yon chwazi, ou se lanmou, padon, lajwa, lapè, ak respè, idantite’w nan Bondye se inite tou. Yonn nan fason nou montre inite sa se lè « nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy. » 1 Pyè 3:8 menm lè sa pa fasil.

Younn nan pi bèl evènman ki sot pase yo sete lè ekip football nou te finn kale Canada epi Ayisyen patou nan lemòn ap celebre. Kè yo kontan e y’ap bay akolad yonn ak lòt epi chante « Alaso ann ale! » Se yonn nan premye fwa m gen chans wè mounn peyim sou menm akò e se te yon bèl bagay ki fè kèm kontan.

Li raplem jan nou dwe ye nan Bondye e kijan sa bèl lè nou tout gen yon bi ansanm. Menm jan kò gen plizye ògann e ki fonksyon an hamoni pou nou ka fonksyone byen, konsa tou menm si nou chak gen diferan opinyon ak talan menm nou dwe pou viv ansanm (1 Korent 12:12) nan lanmou ak lapè paske lavi nou chak depinn younn de lòt. Inite se sèl mwayen nou genyen pou nou vanse pi devan!

Si yon match ka mete lajwa nan kèn konsa e rapwoche tout kòt fanmi nou patou nan lemònn paske ekip nou te champyon kombyen plis laja nou tap genyen lè nou deside mete tèt ansanm nan lanmou poun sèvi Bondye ak younn ak lòt vre e chanje peyi nou??! Imajine kokenn chènn solidarite ak pwogrè nou ka fè ansanm si nou ka kontinye gen menm mentalite ak lanmou nou gen pou footbal la ak ekip nou nan lavi esperityèl, profesyonèl, sosyal, finansyè, ak emosyonèl nou?? Pi bèl nouvèl jodia se frèm ak sèm idantite’n nan Bondye se inite!

Wi, nan 1 Korent 1:10 nou li « Frè m’ yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse. »
1 Korent 1:10 HAT98 Pran kelke segond pou realize gwo impact idantite sa pa ou.

Wi, nan 1 Korent 1:10 nou li « Frè m’ yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse. »
1 Korent 1:10 HAT98 Pran kelke segond pou realize gwo impact idantite sa pa ou.

Refleksyon: Kisa sa vle di pou ou lèw konnen nan Bondye ou se inite? Eske se yon bagay ou kwè? Eske ou panse yon relation sensè e intim ak Bondye ka fè tout kè reini vre pou pwogrè ka fèt? Ki chanjman ou ka fè nan konpòtmanw jodia pou reflekte nouvo idantite sa ki se inite ou genyen nan Bondye?

Ann Lapriyè: Senyè mèsi pou lanmou w ak kompasyon ou genyen pou mwen chak jou. Mèsi paske ou aprann mwen nan ou mwen se inite. Mwen gen kapacite poum renmen ak tout kèm, tande ak respekte opinyon lòt frèm ak sèm e mwen gen devwa poum fè tout sa nan pouvwam poum ede tèt mwen, enviwòmnan ak tout mounn ou mete nan wout mwen pou non ou ka glorifye. Tanpri banm plis bon konprann, pasyans, lafwa, pèseverans ak dètèminasyon poum kontinye. Kèm se pou ou e mwen ofri tout sa mwen ye e vle ye a ou. Fè sa ou vle pou mwen ka ini plis ak ou e lòt mounn ki nan antouraj mwen. Nan non Jezi mwen priye. Amen