Pa bliye Ou se respè!

Men kèk ti rapèl sou idantite’w ki se Respè a:

Sèvi byen ak tout moun ki li gran oswa timounn (Levitik 19:32). Paske « nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa’ t obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo.

Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t’ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.

Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa’t delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou [poutè sa fok nou gen pasyans ak kompasyon youn pou lot]*. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou’n te ka viv yon lòt jan. » (Tit 3:3-5)

Rete onèt e pa lanmou ak respè pou Bondye, viv byen youn ak lot. (Efezyen 5:21)

Pa kite logèy gongle kè’w pou bon konprann (sajès Bondye) pa diminye nan ou (Pwovèb 13:24).

Ede moun ki fèb nan lafwa e pa neglije fè sa ki byen (Ebre 13:17)

Respekte komandman Bondye yo e kontinye chache li ak tout kè’w konsa wa va kontinye briye tout kote’w pase.

Pa bliye pataje ti konsèy pratik sa ak yon zanmi. Ansanm nou pifò! Ke Bondye beni’w.

*explikasyon ajoute pou devosyon an

Benediksyon: Pa pouvwa Lesentespri nan ou « chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun. Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p’ap rete sou kont pesonn. » Amen. ( 1 Tesalonik 4: 11-12)

Li t’ap ipokrizi pou nou pale de idantite nou nan Jezikri ki se respe san raple nou de respe nou dwe genyen pou peyi ak drapo nou. Bondye pa konn ere e nou dwe respekte listwa nou tou pandan n’ap fe ke nou dispose pou glwa Bondye manifeste nan lavi nou e chante sa sou drapo Ayisyen nou an di plis de di mil mo.

Ke respe, lanmou, ak lespwa jayi nan ke nou chak. Bondye vle leve pitit li ki pa selman disip li lakay men ki kanpe pou sa ki dwat e remenm peyi yo paske se li kreye nou tout ak tout peyi sou late. Si’n pa renmen peyi’n, l’ap difisil pou nou renmen pitit Bondye yo ki ladann ak priye pou otorite nou yo.

Lavi nou chak konekte e prosperite nou konekte de kote n’ap viv (Jeremi 29: 11-14). Ann kole zepol pou chanjman nan lavi nou, pou plis repe pou vil kote n’ap viv, katye nou, ak peyi nou (e lavi res mounn nan mond lan) paske yo tout se pou Bondye.

Idantite’w nan Bondye : Ou se respè

Respè oswa krentif soti nan mo Grèk timēsate ki vle di onè oswa valè. Respè vle di mete yon mounn oswa yon bagay nan yon pozisyon ki gen anpil valè. Nan Bondye nou se respè men respè nou an diferan de sa sosyete aprann nou paske li pa depann de tit ak ran sosyal. Nan zye Bondye nou tou egal e li renmen nou tout zan patipri ak yon lanmou san mezi.

Jan apot Pyè byen explike nan 1 Pyè 2 :17, Ou se repè nan Bondye paske pa gen mounn ki gen otorite, lespwa, lafwa, ak lajwa san respè ! Poutèt sa…

1. Nou dwe respekte tout mounn paske Bondye kreye nou nan imaj li (Jenèz 2). Nan respè dwe gen lanmou ki se younn nan pi gwo komand Jezi ban nou nan e kòm disip li (mounn ki chwazi viv jan li te viv la pou royòm Bondye a ka renye nan kè nou chak) nou dwe aksepte’l.

Menm jan Jezi te di nan Jan 13 : 34-35 « Men, m’ap ban nou yon kòmandman nouvo : Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. »

Renmen pou lòt mounn parèy nou yo dwe pou tout moun kelkeswa kolè pol, nasyonalite, opinion, ak religion li. Kit yo kwè nan Jezikri oubyen yo pa kew na li paske san Jezi te koule pou nanm yo tout e yo gen anpil valè pou Bondye tou. Nou dwe kontinye fè efò pou sèvi youn ak lòt tankou mounn peyi Samari ki te ede mounn asasin te preske tiye a (Lik 10 : 30-37 ; Jan 15 :12 ; 1 Jan 3 :23).

Respè ak lanmou sa ak demontre lè pa sèlman cheche avantaj pan nou nan relasyon youn ak lòt men chazi mwayen pou lòt mounn ka sove tou nan konpòtman nou- sa vle di pa chèche detwi lòt ki a lang oswa jan nap aji (1 Korent 10 :33).

2. Respekte Bondye ki vle di Se pou nou sèvi Senyè nou an ak tout kè e ak tout nanm nou e swiv chemin li mete devan nou an. Nou fè sa lè nou ba li tout glwa ak onè li menm sèl merite nan jan ou panse, agi, ak tan ou konsakre apa pou li chak jou. (Det. 10 :12 ; Levitik 18 :4 ; Pwovèb 3 :5-6 ; Pwovèb 14 :2).

3. Respekte « wa a » nan tan pan nou an se respekte mounn ki nan pozisyon otorite (kit se nan travay nou ouswa nan leta menm lè ou pa dakò ak tout sa y’ap fè sa). Tankou pa joure yo ni fè yo sa ki mal oswa mande Bondye mal. Pito, kouvri yo nan lapriyè e mande Bondye pou ranpli yo ak Lesprisen li a pou yo ka fè sa ki bon pou tout mounn. Mande Bondye direksyon pou li montre’w kijan ou menm ou ka fè pati solisyon ou pa dakò ak otorite nan plas yo olye ou sèlam kritike yo e manke yo dega. Bondye nou an pa fè patipri e nou dwe viv selon prinsip li (Pwòvèb 28 :21 ; Lik 20 :25).

Lè ou swiv prinsip sa yo, idantite’w nan Bondye vini respè. Lè’w byen konprann sa, Bondye ak menmen’w pi lwen nan li paske san respè paka gen lanmou, lafwa, lespwa, lajwa, otorite (ki ankre nan yon relazyon ak Jezikri e ki ap pote bon fwi), padon, libète, limyè , lape, ak viktwa ke nou konnen déjà ki fè pati idantite nou nan Jezikri.

Defi pou jodia : Ki fason ou ka demontre idantite’w ki se respè nan antouraj ou jodia ?

Ann Lapriyè : Senyè, respè nan ou se yon mèvèy ! Lèm eseye imajine kijan ap ye lètout mounn ak mache nan respè ak lanmou, kèm trezayi ak lawa. Edem demontre plis respè pou ou, tèt mwen, ak lòt mounn mwen rankontre jodia ak rès vim pou non ou ka glorifye. Mèsi paske ou kontinye transfòme kè ak nanm mwen ak pouvwa lesprisen an. Ou fidèl tout bon e kèm fè lwanj pou ou bon papa ! Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Lwanj pou Bondye!

“Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p’ap janm sispann renmen nou!i Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p’ap janm sispann renmen nou!” Sòm 136:1-2

Glwa ak adorasyon pou Senyè nou an ki renmen nou san parèy e ki ba nou yon lòt chans pou nou viv byen jodia toujou!!!

Si se pat pou Bondye nou pa tap ka egziste men nan lanmou infini li Bondye fè nou gras chak jou e li kontinye ap aprann nou kiyès nou ye nan li. Sa se yon gras san mezi.

Ann fè fèt pou bon papa sa nou genyen e fè lwanj li paske adorasyon se pi gwo epe nou konbat lenmi nanm nou lè li vle vole lajwa ak idantite nou nan Jezikri.

Chante, danse, fè fèt pou Senyè a paske li renmen’w ak yon lanmou san mezi e li pap janm sispann fè sa!

Medite sou Sòm 136 ak 113 pandan jounen an.

Benediksyon: Ke lapè, lajwa, lanmou ak santifasyon Lesprisen kontinye transfòme kè’w, fanmi’w, zanmi’w, ak enviwònman pou glwa li ka manifeste pi plis jodia e pou tout tan ou gen souf li nan ou! Amen


Pitit mwen… Ou sou kèm anpil

Fim, mizik, ak sosyete baw ede pa yo de lanmou chak jou. Anpil mounn ap pale’w de lanmou. Gen menm ki ta vle’w kwè y’ap fou pou ou; Epi ou poko bat jew yo gentan disparèt. Tankou flè a sezon pawòl yo pa dire. Tankou kout zèklè, bak yo pa mal pou chavire.

Menm ou menm tou ou konn panse’w damou. San ou pa jwen yon satifaksyon total ki konn fèw kagou. Lè kè’w blese ou vle kache, e ou ale lwenm tou. Lwen kè pam kap bat tanbou chak mili segond pou ou. Tout bagay sa yo se chay mwen chwazi pote pou ou paske mwen konprann ou.

Nan jou ki sot pase yo, anpil moun t’ap komemore pasaj mwen sou tè a. Genyen nan yo ki ta vle kwè men yo pa konprann sakrifis mwen te fè a. Gen lòt k’ap swiv tradisyon epi y’ap viv san kondisyon. Tout sa mwen pap sispann frape nan kè tout pitit mwen yo mwen renmen san mezi. Sèl sa ki fè’m chagren se lè yo panse fòk tout bagay pafè avan nou pale. 

Poutèt sa jodia mwen vle’w sonje ke pou mwen ti kè’w se trezòm. Yon relasyon kole avèw se paspòm poum menmenw pi lwen toujou! Mwen pa flè a sezon poum disparèt ni kouto de bò pou blese’w. (Ezayi 49:10) Mwen kreye’w pou reflekte limyè ak karaktè’m. (Jenèz 1:26-28) Menm jan yon manman paka bliye pitit l’ap bay tete, Konsa tou ti doudou, mwen pa ka bliye’w. ( Ezayi 49:15)

Mwen vle raple’w mwen damou’w e se sèl mwen vre ki ap fou pou ou chak jou. Pa kite kè’w blese ni relijion fè’w banm do. San ou, wi mwen kagou. Ou se lò nan jem e pou ou m’ap toujou jalou. ( 1 Pyè 2: 9-10) Relasyon mwen ak ou se pi gwò bonè’m chak jou. (Lamentasyon 3: 22-23) Rete pi plis nan pale ak mwen nan lapriyè ak respekte komandman lanmou m yo. (Ezayi 55:6-13, Jan 14:23)

Kote lòt ap disparèt anvan’w bat je’w, m’ap toujou bò kote’w. (Matye 28:20;Det. 31:6) Ou pa bezwen pè, pawòl mwen yo sinsè. ( Nonb 23:19) Mwen pap kite dlo toujou ap koule nan jè’w. (Revelasyon 21:4) Pwoche pi prem, kite chalè lanmoum gide’w. Pa bliye mwen baw souf mwen chak jou e san mezi mwen padone’w. Selman dim byen, eske’w fèm konfyans tout bon? Pale ak mwen plis. Mwen sonje’w.

-Papaw an syèl la ki damou’w tout jan e pout tout tan

Bondye avè’w, pa pè!

Laperèz se lenmi pwogrè. Ann ranplase’l pa kontinye fè Bondye konfyans e afime lafwa nou nan li maten an nan priye ansanm Sòm 91:

« Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen.

Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se li menm ki p’ap kite ou pran nan pèlen, ki p’ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.

L’ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p’ap rive ou kote ou kache a. L’ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

Ou pa bezwen pè bagay k’ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.

Ou pa bezwen pè move maladi k’ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k’ap touye mou gwo midi.

Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil sou bò dwat ou, anyen p’ap rive ou.

W’ap rete konsa, w’ap gade, w’a wè jan y’ap bay mechan yo sa yo merite.

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

Paske ou pran Senyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, okenn malè p’ap rive ou, okenn mechan p’ap ka pwoche bò kote kay ou.

Y’ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

W’ap mache sou lyon ak sou sèpan, w’ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

Bondye di: M’ap sove moun ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen.

Lè’ l rele’m, m’ap reponn li. Lè’l nan tray, m’ap la avèk li. M’ap delivre l, m’ap fè yo respekte l.

M’ap fè l viv lontan, m’a fè l wè jan m’ap delivre l. »
Sòm 91:1‭-‬16, vèsyon HAT98.

Medite tou sou Jowèl 3 sou pwomès Bondye fè pou nou menm pèp li a e lavi nou chak. Ke pasyans, lafwa, lajwa pi ki soti nan Bondye, ak pèseverans kontinye fèw rete pi kole ak Jezi jodia e pou rès viw pou’w pote fwi.

Pase bòn jounen!

Kenbe djanm nan lafwa e pa bliye lòt sèn ak frè nou yo nan Jezikri k’ap soufri tou nan lapriyè. Nou gen Yaweh, El Shadaï, Jehovah, Adonï, Elohim…(tout se pou papa nou!) ak nou e li pa janm pedi pwose! Glwa pou granmèt nou an!! Alleluia!!!

Apèl priyè pou Sri Lanka ak lòt viktim yo

Devosyon an Kreyòl ap invite’w jwenn li nan pase rès semèn nan lapriyè pou plis ke 310 mounn yo te tuye nan legliz jou celebrasyon resireksyon Jezi a (pak) nan peyi ki rele Sri Lanka a (an Azi) ak tout lòt mounn ki pèsekite chak jou poutèt lafwa yo nan Jezikri.

Tout vi konte pou Bondye. Lè younn nan nou ap soufri, se nou tout ki pran kou jan apot Pòl te di nan Women 12:13-16:  » Bay moun k’ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen. Mande Bondye pou’ l beni moun k’ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. Fè kè’n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k’ap kriye. Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa. »

N’ap mande Bondye pou konsole fanmi ak zanmi yo k’ap soufri e ede yo kenbe lafwa nan peryòd dèy sa ak ogmante pwoteksyon pou tout pitit li yo ki. Nou kwè ke Bondye se sèl vre Dye a e se li ki gen tout otorite. Tout lemònd sou zòd li menm lè nou wè sa ki mal sanble ap genyen. Se enemi nanm nou ki ta vle fèn bite men pa pouvwa Lesentespri, nou konnen ke Bondye nou an pap janm pèdi batay!

Priyè pou limyè Bondye klere plis nan ou jodia

Senyè mèsi pou nouvo jounen sa ou ban mwen e idantite’m ak fòs mwen ki renouvle nan ou chak maten ! Wi, pa gen lòt tankou’w e kèm chante lwanj ou paske ou sen e ou bon pou tout pitit ou yo.

Pa janm gen yon mounn ki mete konfyans nan ou ki soti wont ni pou lavi yo pase mal e mwen kwè tou lavi’m pap pase mal ni mwen pap wont paske mwen kwè nan ou. Ou gen kontwòl tout nasyon ak tout sa ki egziste sou latè (Sòm 24 ; Sòm 95 ; Jenèz 1-3). Konsa tou ou gen kontwòl idantite’m ak lavim !

Mwen rekonèt menm jan mwen li nan Jan 1 :9 la, Limyè sa a (ki se ou menm e ki nan mwen tou a paske mwen kwè nan ou), se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k’ap klere tout moun. Mèsi paske ou vle itilize’m pou mwen pataje limyè sa ak lòt mounn ki kotem chak jou malgre mwen pa pafè.

Menm lè enemi nanm mwen an ta vle fèm pè poum ta panse ou pèdi batay a kòz tout soufrans ak doulè mwen an bò kotem ak nan jounal, mwen konnen yo pap dire !  Glwa ou gen pou’l anvayi tout latè jan liv Revelasyon an gentan anonsel. Alò edem viv nan limyè ou a menm jan Matye 5 :14-16 explike ya, poum pa wònt ni gen laperèz pou’m ka pataje’l e wè li pote fwi nan non.

Mwen pa vle chache tout bèl mèvey w’ap fè nan kèm ak nan lavi’m pou lòt yo ka kenbe fè nan lafwa. Nan ou mwen se limyè e limyè’w lan san parey e l’ap dire tout tan. Fèm konsistan nan pwomès mwen yo ak ou poum kenbe flanbo limyè sa e pataje’l san mode lage. Klere pi plis nan mwen chak jou papa!

 Ke chak mounn mwen rankonte jodia rankontre’w nan mwen nan lanmou, pasyans, sajès, bon konprann, integrite, lajwa, generozite, ak padon m’ap pataje ak yo pa pouvwa Lesenpri ki reflekte limyè pi ou a. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.