Category Archives: Idantite

Apwofondi idantite’w nan Bondye!

Ou se imaj Bondye

Bondye di ankò: An nou fè moun. N’ap fè li pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. L’a gen pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl, sou tout bèt yo gade sou tout tè a, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki mache sou vant sou latè. Bondye kreye moun: li fè’l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.” Jenèz 1:26-27 HAT98

Yon imaj ka reprezante yon mounn, objè, oswa yon peyisaj. Byen souvan lè yon mounn panse ak imaj, foto ka premye bagay ki ka vini nan tèt li men gen divès kalite imaj. Gen imaj ki bouje tankou video e genyen ki fix tankou foto. Genyen ki gen sans abstrè (egzanp: yon vizyon oswa yon ide ki klè nan lespri yon moun) e sa ki gen aspè fizik lè yo reprezante yon mounn, enviwonman, elatriye.

Nan sans pwòp li, yon imaj reprezante misyon, vizyon, ak karaktè yon mounn oswa yon antite patikilye tankou yon biznis, yon pati politik, fanmi, yon mak pèsonèl, elatriye. Imaj se tankou yon rezime ki kaptire esans yon mounn, yon sitiyasyon, oswa konpayi tout kote li pase. Se sak ki fè li enpòtan pou yon imaj toujou klè e pwòp kit li figiratif oswa faktyèl .

Bib la rakonte nan tout kreyati, Bondye kreye lòm (fi ak gason) nan imaj li (Jenèz 1:26-27). Nan tout istwa kreyasyon se sèl nan mounn Bondye deside mete tout esans (imaj). Sa vle di, Bondye renmen ou ak yon lanmou san mezi avan menm ou te vinn konsyan de prezans li paske pou ou se yon kreyati espesyal. Ou menm sèl (ak rès frè ak sè imen ou yo) kreye nan imaj li pou reflekte karaktè ak kè li tout kote ou pase.

Ou ka di: “sa bèl vre men ki enpòtans revelasyon sa genyen pou lavi mwen jodia?”

Ou poze yon trè bòn kesyon! Ann koze plis.

Paske ou se imaj Bondye, ou se yon echantiyon li e lavi ou gen anpil valè. Se sak fè li ba ou pouvwa ak otorite sou tout latè inklu sou ide ki andedan ou yo ki pafwa ta vle fè’w doute de tèt e pèdi lafwa non sèlman nan prezans Bondye nan chak moman men tou nan wòl ou pou ou chanje sityasyon nan lavi ak enviwònman ou yo (Jeremi 29:8-11; Pwob 23:7). Imaj sa ou pote nan ou ba ou libète sou tout fòm opresyon ak esklavaj tankou relijyon, kilti, ide ak konpòtman rasist, jalouzi, lògèy, endiferans, elatriye.

Idantite sa nan Bondye se yon trezò san expirasyon ke ou ka bay chak jenerasyon kòm eritaj nan jan w’ap viv ak develope zanmitay ou ak Bondye chak jou.

Paske ou fèt nan imaj Bondye, ou se sèl ak limyè tè a. Ou se lapè, lajwa, lafwa, lanmou, talan, reyisit, padon, sajès ak bon konprann, elatriye. Pawòl li se defans ou e pa manke anyen nan tout sikonstans ou envite li. Lasante ak sekirite se eritaj ou e li pa depann de lòt ak lòt gouvènman oswa leta.

Ak bèl dekouvèt kote rasinn idantite sa ou genyen, ou gen yon gran responsabilite pou ou pran tou. Ke ou vanse, grandi nan lafwa e fè atansyon ak mo w’ap itilize yo paske ou gen otorite pou konbat tout fòs fènwa ki fè fas ak ou ak enviwònman kote ou pase.

Ou pa bezwen pè paske ou pa pou kont ou. Ou fè pati yon fanmi ou ki toujou la pou ou e vle ou reyisi. Mande Sentespri pou li ede ou develope imaj Bondye (Galat 5:22-23) nan ou plis pou ou glwa ak pouvwa li manifeste nan lavi chak moman.

Ann lapriyè:

Senyè, a la yon bèl mèvèy ke ou te pran tan ak san ou pou panse ak mwen e kreye mwen jan mwen ye a. Mèsi paske ou pat rete la men deside renmen’m e chèche’m chak jou. Menm lè pye’m ta bite, ou pa janm kite’m tonbe. Mo pa ase pou mwen fè lwanj ak konpliman pou ou. Mwen vle pou imaj de kiyès ou ye klè nan tout lide’m ak nan kè mwen. Ede’m konnen ou pi plis menm jan ou konnen mwen konsa ma va reflekte ou pi byen e pwospere nan tout sa m’ap fè pou glwa ou nan non Jezi. Amen.

Bòn fèt Drapo Ayisyen🇭🇹!!!

Drapo yon pèp se sinbòl idantite li. Konsa sa drapo Ayiti si se pou tout kolòn pitit li yo ki tout kote.

Pa gen nasyon san fyete ni pwogrè san onè ak respè pou listwa li.

Se ki fè fòk nou pa bay lògèy ak dekourajman nan kè nou pou nou ka opere al tèt klè ak tout kapasite Bondye ba nou yo.

Se pou nou kanpe younn pou lòt pou peyi nou pwogrese.

Nou pa ka abandone ni peri. Nou soti twò lwen kòm yon nasyon pou kite peyi nou tankou yon giyon. Twòp san te koule e kontinye koule pou nou kapab lib.

Chènn esklav yo soti nan pye nou deja. Li lè li tan pou nou leve e rejete chènn esklavaj mantal yo sou tout fòm.

Ayiti se mwen. Ayiti se ou. Pa gen nasyon ni vizyon ak pasyon san mwen ak ou.

Se pou nou vanse pi rèd e kanpe pou lajistis, lanmou, ak lapè. Kole lafwa’w ak lafwa pa’m pou nou deklare ansanm Ayiti beni nan Jezi ki gen tout pouvwa. #509PouLavi

Senyè lave kè mwen

” […] Ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l’ap fè. Tanpri, fè’m konprann tout bagay non! Wete peche’ m lan avèk yon branch izòp, konsa m’a nan kondisyon pou’m fè sèvis pou ou. Lave’m, m’a pi blan pase koton.”
Sòm 51:6‭-‬7 HAT98

Yon kè ki pwop necesè pou grandi nan idantite ou nan Bondye non sèlman pou ou tande vwa li byen lè li ap pale ak ou men tou pou ou grandi nan sajès ak bon konprann. Li fasil pou yon mounn peche, men menm jan David te fè nan Sòm 51 li enpotan pou mande Bondye pou lave kè’w pou li vinn pi blan ke koton [pi, san kontraryte] paske li ap retire tout sa ki pa sòti ni li yo tankou laperèz ak move lide.

Ann Lapriyè

Bondye mwen vle sèvi’w ak yon kè sensè. Mwen vle renmen tèt mwen ak tout kreyati ou yo menm jan ou renmen’m.
Mwen realize ke objektif sa pa toujou fasil.
Anpil fwa mwen santi mwen echwe nan yon fason oswa yon lòt ki fè mwen peche kont ou E pafwa kont lòt sèm ak frèm yo.

Mwen pa vle anyen ki pa soti nan ou gonfle kè’m.
Rantre nan tout ti kwen nanm mwen. Santifye’m.
Retire tout move lide, dout, laperèz, ak tout sa ki pa fè’w plezi.
Pa kite okenn espas pou rankinn, jalouzi, logèy, laperèz, dekourajman,
Ni rayisans ak degoutans lè mwen wè oswa experyanse anpil injistis.

Netoye’m byen pwòb pou mwen gen yon kè tou nèf.
Lè fòs mwen ta vle febli, kenbe’m pou mwen ka kite je’m yo fixe sou ou.
Pa kite fenwa ak move lide anvayi’m.
Edem pou’m yon veso chanjman
E pote limyè tout kote mwen pase.
Pwoteje lespri’m e lave kè’m pou mwen fè travay ou pi byen nèt al kole.

Ou se zanmi ki la nan tout ti koze.
Nenpòt bagay zorèy ou toujou pre.
Lave kè’m, netoye’l byen pwòp.
Wete tout sa nan li ki pa soti de ou.
Tout sa ki vid oswa ki ta vle pran espas ou
Pou’m ka gen plis plas pou Sentespri ou abite.
Konsa ma va renmen pi plis menm jan ou renmen’m paske m se yon mounn nouvo.

Nan non Jezi. AMEN.

Remèsiman pou Bondye!

“Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li. M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. Mete tèt nou ansanm avè m’ pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!” Sòm 34:1-3

Yon ti lèt lanmou pou Bondye de yon kè ki gen anpil rekonesans ak remèsiman pou tout mèvèy li fè chak jou.

Dat: Chak Jou ou Banm Lavi

Sijè: Mèsi

Bondye lanmou,

Pandan yon pil tan mwen te panse lanmou’w pou mwen se te pawòl kremòl
Mwen te panse li te yon fenomèm twò dwòl. Sitou mwen pat ka konprann koman jouk mwen menm tout mwen te ka eritye’w. Bib la rakonte mwen fèt nan imaj ou men menm sa gen anpil fwa mwen te wè doub. Sosyete, kilti, ak sousi lavi toujou ap vle fè’m pase koub nan tè glise.

Dapre majeste ou, li pa fasil pou konprann poukisa mwen enpòtan pou ou. Tankou yon egzile san patri,
Mwen pat ka konprann lanmou’w pou mwen san patipri. Se sa ki te fè mwen pran anpil tan pou reyalize pwofondè lanmou sa e aksepte li ak enpòtans lavi mwen pou ou.

Tankou douvanjou k’ap leve pou anonse yon nouvo jounen, tipatipa w’ap louvri je’m.
Ak dlo rekonesans nan yon kè benyen ak lanmou, mwen lave pye’w ak lwanj ak adorasyon mwen yo. Souri nan lèv mwen temanye grandè ou. Chak ti baton tanbou kè’m raple mwen de proximite’w ak mwen.

Plis mwen ap pase tan avè’w,
Plis mwen ap dekouvri jan ou te pran san ak tan ou pou te fè’m kreyòl ak yon eritaj wayal. Chak ti detay nan mwen byen kalkile (Sòm 139).

Nan lagè pou kè pitit ou sila ou se pi gran general ki pa janm pèdi yon batay. Mèsi pa sifi pou’w diw paske li pa ase pou mwen exprime bonte ou. Mwen koube’m byen ba devan’w.

Jodia, mwen pa prezante’m devan ou pou mwen fè’w yon demand men sèlman di ou mèsi. Mwen konsyan mwen pa fè’l ase men recevwa adorasyon ak aksyon de gras mwen.

Ou fè’m konfyans menm lè pafwa mwen doute de tèt mwen.
Ou toujou ap montre’m nan pawòl ou kontrè a tout panse negatif mwen yo.
Ou pa nan toupizi e pawòl ou se lajan sere.

Mwen konnen konyea lonbrit mwen pat antere nan move tè paske se ou ki mèt tout tè a. Tankou yon pye bwa bò dlo, rasinn mwen toujou pouse ak ou (Sòm 1:3; Ezayi 58:11). Ou se sous dlo ki pase swaf mwen e ou banm fòs lè’m panse tout sak nan mwen finn kaba (Jan 4:14).

Sim ta gen malè yon jou santi’m òfelen ou montre’m se je nan tèt ou (Ezayi 49:15).
Ou kajole’m, dòlote’m, sipote’m, pirifye’m, e gide’m.
Lanmou’w se pi gwo eritaj mwen.
Lanmou’w se fòs mwen.
Lanmou’w se idantite’m e ak ou bò kote’m pa gen anyen ki ka fè mwen ebranle.

Mwen fè lwanj ou e exalte non ou. Chak jenerasyon mèt ta vle ba ou non pa yo,
Lasians paka finn explike ou,
Ni mirak paka mete ou nan bwat. Ou vrèman extraodinè! Idantite’w ak lanmou ou pa janm chanje. Ou sèl se Bondye. Ou se Yahweh!

Ou fèm fè explwa mwen pat imajine,
E mwen sèten ou fèt kòmanse ak mwen.
Mèsi paske ou se ekla nan lajwa’m, Fòs nan feblès mwen,
Lajwa nan touman mwen yo, E lespwa nan fènwa.
Ou se plis ke sa e mo yo manke men mwen di ou Mèsi. Mèsi paske ou chwazi’m, renmen’w, e aprann mwen renmen ou, renmen tèt mwen ak pwochen mwen yo pi byen chak jou.

Avèk anpil lanmou ak yon chay gratitid, – Pitit ou a ki aksepte Erital Wayal li

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Lapriyè: Senyè Gide’m

 « Senyè, montre’m jan pou’ m swiv lòd ou yo, pou’m obeyi yo jouk sa kaba. Ban’m lespri pou’m ka obeyi lalwa ou, pou’m fè sa’l mande a ak tout kè mwen. Fè’m viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi’ m. Fè’m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou’m anvi gen lajan. Pa kite’ m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè’m swiv chemen ou mete devan’ m lan. » Sòm 119 :33-37

Genyen bon direksyon enpòtan nan chak pa lavi. Tankou si ou ap itilize yon navigatè pou ale kay yon zanmi e ou mete yon adrès ki diferan de kote ou vle ale a, ou ap ka fè anpil tan nan wout men ou pap janm rive wè mounn sa. Menm jan tou, si ou manke tande vwa Bondye byen pou lavi, ou ka fè anpil aktivite ki ka menmen chagren ki pat nan plan li pou ou. Sitou pou ou ki ankre idantite’w nan Bondye, li necesè pou tande vwa li klè nan tout sikonstans pou ou ka pwogrese ak sajès, strateji, ak bon konprann nan tout sa ou ap fè.

Idantite’w nan Bondye se younn nan pi gwo richès ou genyen. Distraksyon lavi a goch adwat, ka twouble ou de tan an tan. Se sak fè de tan zan tan li necesè pou ou pran yon ti moman pou ou re-evalye relasyon ou ak Bondye, deccisyon ou yo, e mande li direksyon pou asire’w ke wout w’ap fè yo nan volonte’l pou ou.

Jodia kit ou santi ou wè klè tankou dlo kokoye san ma oswa ou ap viv nan dout, enkyetid, konfizyon, oswa dekourajman, pran yon ti tan pou medite sou Sòm 119:33-37 pou envite Bondye nan koze‘w paske se sèl li ki ka sèvi’w kamyonèt pou tout okasyon.

Ann Lapriyè

Papa mwen ki nan syèl la,

Mèsi pou lanmou ou ak prezans ou ki san limit. Mèsi pou pwoteksyon ak gras ou ki kouvri mwen ak chak grènn pitit ou yo chak jou.


Mèsi pou konpasyon ak devouman ou pou nou chak. Se yon lanmou mwen pa toujou konprann men ki bay lavi mwen yon lòt sans e ki ranpli mwen ak anpil esperans.

Mèsi pou pawòl ou yo nan Bib la ki pou sèvi’m kòm gid, pou Sentespri ou ki enspire sa pou’m priye ak ki direksyon pou’m pran lè’m bezwen yon papa ki pou proteje’m, yon zanmi ki pou kote’yon .

Nan bouyon lavi’m ou se sèl magi ki ba li pi bon gou.

Ou se tout sa mwen genyen e nan ou mwen pa janm manke anyen. Mwen vle viv plis selon volonte’w e fè tout sa ki bon devan zye’w ak lezòm pou glwa ou eklate tout kote’m pase.

Mwen pa vle viv selon emosyon mwen ni kontinye reaji chak lè sikonstans lavi ba mwen tap. Nenpòt kote mwen ye, mwen konnen ou se sponsò ki toujou ban mwen bourad. Gide mwen souple.

Pa kite’m fè desizyon ki pap fè ou plezi ni pou .avi fè’m vann eritaj mwen pou ti pen. Proteje kè’m e kenbe mwen nan pye’w. Tankou ti katkat ki poko ka mache byen paran yo toujou kenbe mwen yo pou fè wout la, mwen ofri men ak pye pam yo. Mennen’m kote ou vle.

Ou se yon Bondye ki jis e ki gen kè sansib. Nenpòt desizyon ou fè ak direksyon ou bay yo ap korèk. Tout sa ou di ak bouch ou men ou toujou akonpli li. Mwen konnen mwen ka konte sou ou je fèmen.

Se poutèt sa, mwen vle fixe je’m sou ou e mache nan chemen ou trase devan’m nan. Mwen vle reyisi jan ou menm ou te ekri nan destine’m.

Di mwen kisa ou vle’m fè nan sezon sa. Mwen disponib pou ou, Senyè. Fè’m genyen tout konba sou fòs fenwa ki vle fè gè sou lavi’m ak lantouraj mwen.

Ke chak grenn pitit, fanmi, zanmi, ak kolòn mwen yo jwenn yon nouvèl realizasyon de idantite yo nan ou kòm pitit ou e nouvo direksyon tout nèf de ou de sa yo dwe fè pou glwa ou nan sezon sa. Gide nou souple. Mwen konte sou ou. Nan non Jezi, Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Bondye ap konbat pou ou

” Kounyeya, mwen konnen Senyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè’l genyen batay la avèk gwo pouvwa li. Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Senyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.” Sòm 20:6‭-‬7 HAT98

Nan lagè, kapitèn solda yo toujou gen yon plan pou yo ka genyen batay la sou lenmi an. Yo toujou gen yon plan atak, defans ak ofans paske yo konnen yon sèl strateji pap garanti yo viktwa. Konsa tou nan koze idantite’w, toujou gen yon gè se pa younn ou ka toujou men Bondye ap konbat pou ou (Efez 6:12-13). Kelkeswa kote’w ye, zye li toujou fixe sou ou paske li renmen’w san mezi (Efez 3:18).

Konba sa l’ap menmen pou ou a ka parèt sou anpil fòm ak sezon lavi. Pa egzamp, gen de lè nan lavi ou ka santi ou nan tèt mòn, kote tout sa ou dezire manifeste, ou santi koneksyon’w ak Bondye pi pre ke jamè. Se komsi lapriyè ou se ou sèlman yo t’ap tann ou ouvi bouch ou pou yo egzose. Se fèt nèt al kole. Nan tout ti moman damou’w ak Bondye, li revele’w pa Sentespri li anpil mistè kache e anpil fwa li avèti’w tou lè ou menm oswa yon lòt an danje li vle chanje rezilta yo pa lapriyè. Nan moman sa yo se flè sèlman ak lanmou k’ap simayen.

Gen de moman tou ou ka santi’w nan yon vale ki pafwa ka tèlman fon li menm difisil pou ou exprime kijan ou santi’w. Ou ka menm santi li tankou yon siklòn ki deside pote lavalas dlo yon sèl kou pou pote’w ale. Nouvèl agoch adwat e responsabilite lavi sanble pa konprann sak rele “yon ti poz komèsyal” la pandan emosyon ou yo sèlman vle fè skandal. Sa yo poko rive’w? Menm si yo poko rive’w, yo ka rive yon mounn ou konnen.

Tout experyans tèt mòn oswa vale lavi fè pati egzistans la. Yon bagay ki senten se chanjman. Chanjman fè pati lavi toulèjou. Ou paka nye li ni pèl paske chak jou ak sezon vini ak gou pa yo (Eklesias 3:1; Matye 6:34). Chanjman w’ap tann nan soti nan ou paske ou se chanjman men se Bondye sèl ki pote chanjman ki ka dire.

Anpil mounn ka kwè sou fos ponyèt yo pou soti nan tout sitiyasyon men ou men ou konnen sous ou e konba w’ap menmen an pa yon gè natirèl sèlman. Ou konnen kapitèn lame ki gen plis experyans ak strateji ke tout lot yo ap konbat pou ou. Letènèl ap konbat pou ou sa vle di li toujou ap pouse fòs tenèb pou li restore lajwa, sante mantal, fizik, esperityèl, sosyal, ak finansyè ou ak fanmi ou(Sòm 20:6-7).

Se pou ou toujou fè tout sa ou kapab pou ou mete ou an pozisyon pou recevwa benediksyon ak opòtinite li ofri ou yo pou grandi. Mèt syèl la ak tè a nan wou, rele sou men’w, byen abiye pa lafwa, e mete’w fre (Som 24:1;Galat 2:20). Mete sandal ou anba ke’w, sentiwon’w nan ren’w (kouraj ou), manto lajistis ou, ak kas sali ou nan tèt ou paske ou pa nan won (diferan sikonstans lavi) san baton (san defans).

Bondye gen kontwòl tout aspè nan lavi’w. Li gen plan atak, defans, ak ofans pou li ede ou reyisi. Atake enemi nanm ou ak dout ou yo nan lapriyè. Konfronte pè ou ak pawòl Bondye yo paske yo se defans ou. Sentespri ap ba ou plan ofans la moman pa moman. Konte sou li. Kenbe je’w sou Jezi. Li pap janm kite ou wont.

Ann Lapriyè

Senyè, mèsi paske ou pa janm kite mwen sèl. Ou se kapitèn lame pa excelans. Mèsi paske w’ap konbat pou mwen. Mwen remèt tout fado, jwa, rev, plan, entansyon mwen yo, fanmi’m, katye’m, vil kote’m rete, ak peyi ya nan men’w. Mwen konnen avèk ou mwen toujou pote viktwa. Mwen konte sou ou. Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Ou Se Yon Mounn Nouvo

” Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. ” 2 Korent 5:17

Bagay nèf genyen anpil valè pou anpil mounn paske yo souvan reprezante yon lòt nivo oswa pwogrè. Yo pote chanjman ak òpòtinite pou fè nouvo experyans. Pa egzanp, rad nèf ka fè yon mounn santi li chèlbè, fyè, pwòp, e alamòd. Yo ka menm fè mounn nan emosyone sitou si se te yon bagay yo te toujou swete genyen.

Nan kilti lakay chak fen ane, nwit 31 Desanm rive pou 1er Janvye anpil mounn renmen fè kay yo bèl epi mete rad nèf pou recevwa nouvo ane a pwòp. Gen mounn ki konn tou kite etikèk nan rad oswa rido yo pou make pwen an. Anpil mounn pran lajwa ak fyète nan fè sa paske pou yo sa senbolize nouvote ak espwa pou opòtinite nan ane k’ap rantre a. Bon, ann pa menm ale pi lwen. Eske’w sonje lajwa ou konn santi lè paran’w te konn achte ti jwèt oswa soulye nèf pou ou?

Eh byen, nouvote fè pati idante’w nan Bondye. Depi’w te ankre idantite’w nan Kris, yon bagay ki seten idantite’w chanje. Ou se yon mounn nouvo (2 Korent 5:17).

Nan Jezi chak jou ou (nanm ou, lespri’w, kè’w, e menm pati nan kò’w) renouvle e ou vinn tou nèf ak yon nouvo manda sou latè (Lik 10:19). Idantite’w se “mounn nouvo” sa vle di fason ou reflechi, aji, ak jan ou wè tèt ou dwe chanje chak moman pou reflete pawòl ak pwomès Bondye yo sou lavi ou (Women 12:2) paske pèsepsyon sa yo plis enpòtan ke aparans fizik ou tankou jan’w abiye ak estil cheve ou (Pwovèb23:7).

Wi, ou menm menm-ou se yon mounn tou nèf! Nouvote sa pa menm jan ak byen materyèl tankou soulye nèf ki ka dekole depi nan bwat ni opòtinite sou latè ki ka fane nenpòt moman. Ni li pa baze sou laparans menm lè lanmou sa ke Bondye ap benyen kè’w la ka fè figi’w briye ak lajwa san penitans (Ezayi 58:11). Se sa ki fè ou paka kite espas vid pou logèy ni konpare lavi’w ak yon lòt mounn. Idantite tou nèf sa Bondwe ba ou a la pou transfòme andedan’w e raple ou chak jou ke ou se lanmou, padon, jenerozite, inite, lafwa, lajwa, lespwa, sèl, ak limyè nan pami anpil lòt verite.

Nouvote sa yo pap parèt flagan menm jan lè yon mounn achte yon byen fisik tou nèf tankou machinn, kay, telefòn, kompitè, elatriye men yo ap fè ou wè lavi ou nan yon lòt dimansyon e ede’w pi byen konprann enpotans li. Ou vinn pi rèd pase yon òdinatè ki pran yon grad exponansyèl paske nouvo vèsyon sa de ou pa pouvwa Sentespri Bondye pi bon e pi efikas. Li baze sou yon koneksyon ki rapid as sous ou tout kote ou pase. Ou pa bezwen ni plog, ni kouran, entènèt, bloutouf, elatriye pou sa. Okenn konpani sou tè silaa paka konpare ak grad sa.

Paske ou se youn mounn tou nèf, erè ou te fè lontan yo ak reyisit ou te genyen avan yo pa defini’w ni mete bout sou lavi’w. Ou pa menm mounn kilti, relijyon, tèt ou avèk ide ansyen yo, oswa lantouraj ou ta vle fè’w kwè ou ye. Lavi ou plis enpòtan ke ou ka kwè oswa ka wè’l e li inflyanse plis ke ou imajine (Women 8:19).

Kit ou kwè sa oswa sikonstans lavi ta vle fè’w kwè kontrè a ou se yon mounn nouvo chak jou. Chak jou Bondye vle ekri yon lèt lanmou ki bèl nan lavi ou e manifeste glwa li nan ou e a travè de ou(Lamentasyon 3:22-23). Ou pa anba kondanasyon peche alòs ou gen libète pou chwazi mo ki pou kreye lavi, viv nan jenerozite san patipri, e aji ak jistis. Talan ou yo nesesè pou wayòm Bondye a ak lavi ou pwogrese. Li lè li tan pou ou LEVE. Pouvwa lavi ak lanmò nan pwent lang ou chak moman (Pwov 18:21).

Ou se yon mounn apa Bondye chwazi. Chwazi lavi. Chwazi pwogrè. Chwazi grandi nan idantite ou nan Bondye. Chwazi viv tankou mounn nouvo ou ye nan chak moman.

Lè mounn fèt gen bagay nouvo ki enpòtan pou yo, yo investi tan, resous, ak enèji yo pwoteje’l plis, chouchoute’l, ak montre zanmi ki ka pataje lajwa ak yo. Menm jan an tou, fòk ou investi nan idantite kòm mounn nouvo ou ye nan pase plis tan nan lapriyè, koze ak Bondye. Konekte e koze ak mounn ki bò kote’w ki gen men idantite a ak plis enfomasyon pou ou grandi pi plis nan experyans ak konesans nan Bondye. Se Bondye sèl ki ka redouble fòs ak fokis ou pa pouvwa Sentespri ak pawòl li e se nan inite ou ap pwospere pi vit. Kontinye vanse.

Ann Lapriyè

* Adapte de Efezyen 3:17-19 HAT98 pou devosyon an

Senyè, mèsi pou nouvo mounn sa ou renouvle nan mwen chak yo e jan ou fè’m tou nèf depi lè mwen te aksepte yon relasyon sere avè’w. Edem grandi pi plis nan nouvo dimansyon sa pou anyen pa mare pwogrè ak pwomès ou yo sou lavi’m. Mwen remèt ou tout mwen menm e soumèt mwen sou direksyon Sentespri ou. “[17] [Se] pou Kris la rete nan kè [mwen]* ak konfyans [mwen]* gen nan li a. M’ap mande Bondye pou [mwen]* pouse rasin, pou [mwen]* chita byen fèm nan renmen, [18] pou [mwen]* ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. [19] Wi, mwen mande pou [mwen]* rive konnen kalite renmen Kris la gen pou [mwen]*, atout pèsonn p’ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, [m]*’a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.” Amen

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.