“[…] Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w’ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.” Miche 6:8 HAT98
Jistis… Se yon mo anpil nan nou itilize men nou pa toujou konprann li.Jistis telman enpòtan pou Bondye li eki 212 fwa nan bib la. Jistis se lè nou fè sa ki byen younn ak lòt e sèvi nan lanmou. Jistis pa nan sere kras, ni nan tire pit oswa taye banda, ni nan fè vyolans sou nanm ak kò moun. Jistis pa vle di revanj (Det 32:35) ni jalouzi ak kè grenn.
Jistis fèt lè nou chwazi viv nan lanmou, lapè, ak respè. Lè nou ankre idantite nou nan Bondye e non pa byen materyèl nou yo oswa jan sosyete a toujou ap dikte nou pou nou toujou nan konkou younn ak lòt. Kelkeswa fanmi nou soti oswa travay nap fè, nou chak gen yon plas sou tab la (Jan 14:2).
Jistis Bondye infi e pafè e li soti nan lespri egalite (Det 32:4; Ps 89:14). Bondye gen anpil lòd e li pa tap janm kite piti li yo (nou chak) tankou pitimi san gadò ni kite nou detwi younn ak lòt san pinisyon. Depi nan Jenèz nou wè jistis e gen menm yon liv nan Bib la dedike pou sa! (Jenèz 38:24; Jereme 32:7-15; Jij 4:5; 2 Kronik 19:1-11).
Malgre gen sistèm an plas pou jistis manifeste, nou tout konnen gen anpil injistis ki fèt chak jou. Yon bagay anpil nan nou bliye se jistis pap janm fèt tout tan vre si nou pa realize jistis se mwen, jistis se ou, jistis se NOU. Sa vle di si frè oswa sè nou yo nan tray, depi younn nan nou ka ede nou paka rete bwa kwaze paske nou fè pati yon fanmi. Se pou nou kole zepòl, younn veye pou lòt menm jan apoy yo te konn fè e zansèt nou yo tou pou nou te ka jwi libète Bondye ba nou an.
Bondye se sèl jij pafè e li toujou fè jistis (Sòm 9:7-10). Jistis Bondye toujou a lè (Lik 18:8; Det 32:4) alò nou pa bezwen dekouraje nan mache ak kè sere. Paske Bondye renmen sa ki dwat, aksyon ki soti nan lanmou ak integrite, ki pa renmen moun k’ap fè zak malonèt pou enterè pa yo. Ou se reflè Bondye sa vle di karaktè yo ankre nan ou tou se sak fè li mande’w pou fè parèy ak li nan sans pou fè ki dwat e viv nan lanmou ak respè (Miche 6:8). Sa pa vle di malè pap janm frape pòt ou men ou deja genyen viktwa ak jistis sou tout nan non Jezi. Poutèt sa, younn nan idantite’w nan Bondye se jistis tou.
Nan Ezayi 61:8: “Senyè a di: -Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M’a kenbe pawòl mwen, m’a bay pèp mwen an rekonpans yo, m’a pase ak yo yon kontra k’ap la pou tout tan.” (Ezayi 61:8)
Jistis denonse sa ki mal lè li wèl e goumen avèk sajès nan lanmou pou sa li kwè. Jistis pa kapon ni mache nan derizon oswa komèt zak malonèt. Jistis se aksyon ak kouraj. Li pa nan diskriminasyon ni nan derizon. Ou se jistis, toujou fè jistis e travay pou li paske avni nou chak mande pou chak nan nou aksepte responsabilite nou.
Jodia si yon mounn mandew kiyès ou ye, nou swete ou sonje ou se jistis e ou pa ka mache tèt bese san espwa.
Ann Lapriyè: Senyè gen anpil bagay ki reve ki fèm santim twouble lèm ap fè fas ak ensekirite, mechanste, ògèy, ak salte. Yo fè kèm fremi e atriste andanm. Tanpri montre kijan pou mwen viv idantite sa nan ou ki se jistis nan lavi mwen pou glwa ou ka manifeste tout kote mwen pase. Louvri je mounn kap fè sa ki mal e ap detwi younn ak lòt yo pou yo fè yon experyans lanmou avèk ou. Mèsi paske ou toujou pwoteje nou e jistis ou pa janm an reta. Mwen kontan sou ou e ba ou glwa ak lonè ou menm sèl merite. Nan non Jezi mwen priye. Amen.
Avèk insekirite ak move nouvèl a goch adwat, li fasil pou nou twouble men fòk nou pa bliye nou sèvi yon Bondye ki gran e li sèl ki gen denyè mo.
Ann kontinye konfese, pwofese, e kwè nan pawòl li pandan n’ap envite’l nan tou sikontans n’ap travèse nan moman sa.
Lapriyè se aksè‘n e n’ap kontinye abiye nou pa lafwa e kwè nan Bondye toupwuisan nou an! Se nan li sèl gen viktwa.
“Anvan menm yo fin lapriyè, m’ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m’ap gentan ba yo sa yo mande a.”
Ezayi 65:24 HAT98
Papa ou, avan nou priye, ou gentan reponn nou. Tanpri koute kri kè nou pou delivrans peyi nou Ayiti anba fòs fènwa, vyolans, ak laperèz ak tout fanmim. Ke non ou glorifye pa pouvwa Sentespri ou e priyè nou yo egzoce pandan n’ap entèse pa mwayen Sòm 123 nan non Jezi. Nou konnen ou se yon Bondye fidèl. Nou konte sou ou e ba’w tout glwa ak lonè ou merite davans.
Som 123
Bondye gen pitye pou nou
“(1b) Ou menm ki chita sou fòtèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.
Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m’ap gade sou Senyè a, Bondye nou an, jouk la gen pitye pou nou.
Gen pitye pou nou, Senyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k’ap meprize nou yo. Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz.
Moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.” Sòm 123:1-4 HAT98
“Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè’l.” (Pwov 22:9)
Viv yon fason jenere chak jou se younn nan eritaj ou yo nan Bondye paske ou se jenerosite. Anpil mounn panse lè’w jenere se lè w’ap bay mounn lajan, toujou ap fè gran panpan. Oswa bay tout sa ou genyen e viv nan mizè ki fè anpil mounn konn friste lè yo pa wè pwogrè men sa kontrè ak pawòl Bondye yo.
Lè ou kiltivite kalite jenorizite ou genyen anpil rekonpans ak desizyon ki pa toujou konfòtab pou ou fè. Lè w’ap bay “ Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. 8 Bondye menm gen pouvwa pou’l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou’n fè tout kalite bon zèv.
Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè.L’ap toujou gen kè nan men.Bondye ki bay moun k’ap simen an grenn pou’ l simen ak pen pou’l manje, l’a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L’a fè l’ pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n’a ban mwen pou yo.
Se pou nou konn sa byen: sèvis n’ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l’ mèsi. Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bon nouvèl ki pale sou Kris la. Y’a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo. Y’a lapriyè pou nou, y’a renmen nou anpil akòz gwo favè sa a Bondye fè pou nou.” (2 Korent 9:6-14)
Eske ou pa janm tande mounn ap di “nan lavi sa anyen pa gratis”? Si se vre kijan pou youn mounn ap fè rann lòt oswa rann lòt la sèvis? Nan Mate 10:8 lè Jezi t’ap bay disip li yo lòd pou geri malad, chase demon, etc li te raple yo tout pouvwa sa yo ak viktwa sou mòn tenèb la se gratis li ba yo li e se gratis pou yo bay lòt yo. Kisa sav le di? Ki rapò sa genyen ak idantite nou nan Bondye? Eh ben, mwen byen kontan ou poze tèt ou kezyon sa! nan reflechi sou, ou ka reyalize de Jezi t’ap montre disip li yo ke yo dwe jenere (renmen pataje san atann y oak yon rekonpans de lòt mounn nan paske tout sa yo genyen se kado Bondye fè yo).
Kijan pou’w pratike jenerozite?
Nan Lik 21:1-4, lè vèv la t’ap bay ofrann, Jezi aprann nou ke pratike jenerozite lè nou bay sa nou kapab menm lè sa mande nou fè yon ti sakrifis.
Nan viv nan entegrite e longe men’w kote’l ka rive. Bay lòt ki nan bezwen paske yon mounn “pòv” se pa sèlman yon mounn ki ap mande devan katadral paske povrete a gen anpil dimensyon (espirityèl, materyèl, emosyonèl, finansyè, sosyal… elatirye). Pa pran sak pa pou ou (Lik 19:8; Pwov 22:22-23).
Pa chich. Bay piti pa chich si se piti ou genyen men si’w ka fè plis pa neglije fè sa. Separe sa ou genyen ak lòt yo (toujou gen yon mounn ou ka ede nenpòt kote ou ye a). Konsa wa va fè anpil byen pou ou ka rich devan Bondye konsa w’a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, w’a resevwa lavi tout bon an (1 Tim 6:17-19)
Fè yon aksyon ki soti nan sajès chak jou pou ou ka komanse kiltive idantite sa (Travay 20:32-35- piti kou li ye).
Bay sa’w kapab , jan’w kapab ak anpil lanmou. Sa ka mande’w yon ti sakrifis men pa fè egsè. Pa fòse ponyèt ou kote li pa ka rive paske ou vle kenbe yon repitasyon oswa pou lèzòm aplodiw (1 Kor 8:12-150
Pataje sa ou genyen ak yon kè ki ranpli ak lajwa (2 Korent 9:6-15 )e ak lanmou (1 Korent 13:3)
Pratike diskresyon lè w’ap pataje (Matye 6:1-4). Mounn sa pa bezwen al fè lwanj pou tèt li ni avili lòt la paske se pou Bondye sèl li fèt e tout sa se pou granmèt nou an. Nan yon epòk tout bagay se poste sou Enstagram, Twitter, ak facebook li difisil pou yon mounn pa vante tèt li men ou menm ou diferan paske se pou Bondye w’ap travay men pa pou lezòm. Menm jan sèl pa janm vante tèt li di’l sale, konsa tou ou menm ki ankre idantite ou Kris pa bezwen pibliye sou rezo sosyo oswa fè djolè ak zanmi de sa ou fè. Pataje e aji ak diskresyon ak lanmou e kite Bondye fè rès zafè li.
“ Fè atansyon lè n’ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè’ l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè’l konsa, Papa nou ki nan syèl la p’ap ban nou okenn rekonpans. Se sa ki fè tou, lè w’ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè’l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men, lè w’ap ede moun ki nan nesesite, fè’l yon jan pou menm pi bon zanmi ou pa konn sa. Konsa, kado ou fè a rete yon sekrè. Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a va ba ou rekonpans ou.” (Matye 6:1-4)
Pa bliye jenerozite= kè sensib = aksyon pou ede lòt la= benediksyon.
Men kèk Benediksyon Bondye pare ou ou lè ou kiltive karaktè/idantite sa nan vi ou:
“Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis! Li p’ap janm bite. Yo p’ap janm bliye’l. Kè’l p’ap kase lè li pran move nouvèl.Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a. Anyen p’ap brannen’l, li pa pè anyen. Se konsa l’ap kanpe gade moun ki pa vle wè’l yo. Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L’ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L’ap gen pouvwa, y’ap respekte’l.” (Sòm 112:5-8)
“ Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y’ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p’ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.” (Pwov 11: 24-25)
Konsa tou, si yon mounn pa vle bay ak ede lòt ki an bezwen, Bib la di “Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k’ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p’ap tande ou lè w’a mande sekou.” (Pwovèb 21:13) wè tou Maye 11:15, Mak 4:23)
Rann sèvis ak pataje sa ou genyen ak tout kè’w ap menmen’w pi lwen chak jou nan Bondye. Epi tou Bondye pa enjis pou li bliye sa ou fè ki byen“Paske, Bondye pa mechan pou’l ta bliye travay [ou]* fè, ni renmen [ou]* moutre [ou]* gen pou li, lè [ou]* t’ap rann moun k’ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n’ap rann yo jouk koulye a toujou.” (Ebre 6:10) Bondye fidèl e li reyèl. Kontinye fè sa ki byen ak aji ak bon kè‘w.
“Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. Pa jije moun, konsa Bondye p’ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p’ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon’l, nan pòch rad nou.Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou” ( Lik 6:37-38).
Alèkile, anpil mounn depi yo ran yon lòt sèvis, yo gentan ap atann lòt la fè menm nan pou yo. Si sa pa ta fèt pou yon rezon oswa yon lòt, anpil mounn dekouraje ede lòt e kole zepòl ansanm. Nan Lik 6:37-38, Jezi raple nou pou nou gen kè sansib (pa ka tolere gade mounn ap soufri oswa nan bezwen san nou pa fè anyen pou soulaje yo). Li explike lè nou bay “Bondye va ba nou”e li ajoute tou “mezi nou sèvi pou lòt mounn se menm li menm Bondye ap itilize pou mezire nou tou”. Sa vle di nou gen entèrè pou nou itilize gwo mezi, bay ak kè kontan, e fè sa ki byen ak tout kè nou. Fòk ou jenere.
Jenerozite oswa “bon kè” se abilite pou pataje ak lajwa san enterè pèsonèl. Jenerozite se younn nan idantite’w nan Bondye paske li necesè pou ou gwandi nan lafwa. Pwovèb 19:22 di “tou sa yo mande yon mounn se pou’l gen bon kè”. Yon mounn ki jenere pratike konsey Pwovèb 19:22 a paske li renmen pataje tout sal genyen ak kè kontan keseswa tan li, lajan, talan li yo etc. Si yon mounn pa gen bon kè, l’ap difisil pou mounn sa renmen e sèvis lòt ak tout kèl.
Kòm pitit wa dè wa a, idantite ou soti nan li e Bondye jenere nan yon fason extraòdinè. Li bay san patipri tèlman li damou nou (Jan 3:16-17). Li ba ou anpil benediksyon ak anpil kado tankou Lesprisen li ki pou gide ou, souf lavi a, yon fanmi, zanmi, ak toujou ba ou tout sa sou bezwen yo chak jou (Lik 11:13). Ou konnen deja nan Bondye ou se lanmou ak lespwa ki pa ka mache san yon kè ki pwòp e ki gen respè. Lè ou fè zèv ki soti nan yon bon kè e pataje sa ou genyen ak sa ki nan necesite ou p’ap janm manke anyen paske ou fè Bondye konfyans (Sòm 34:10). Bib la ede konprann tou lè ou pataje yon bagay ak tout kè’w se Bondye ou prete paske se li sèl ki ka vreman rekonpanse’w (Prov 19:17; Malachi 3:10-12).
Jenerozite se younn nan idantite nou nan Bondye paske non sèlman Bondye jenere men tou li montre nou kijan pou viv konsa nan obsève lavi ak pawòl Jezikri yo (Lik 6:37-38; Matye 10:8,42; 1 Jan 2:5-6; Gal 6:2; 1 Jan3:16-18). Ou se mounn jenere depi lè’w te aksepte viv pou Jezi e pou glwa li manifeste nan lavi ou. Pou glwa sa manifeste, fòk ou “Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. 21 Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.” (Matye 6:19-21)
Pawòl Bondye yo toujou ankouraje chak pitit li yo pou toujou ede lòt nan tout sikonstans. Nan Det 15:7-8 li di, “Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp [Ayisyen]* parèy nou yo k’ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Senyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n’a prete’l lajan pou’l achte tou sa li bezwen”.
Lev 25:35-37 “ Si yon moun pèp [Ayisyen]* parèy nou k’ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè’l pou yon moun lòt nasyon k’ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l’a toujou ka viv bò kote nou. Pa fè’ l peye ankenn enterè, pa ba’l ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp [Ayisyen]* parèy nou an yon chans pou’ l viv tou. Piga nou mande’l enterè sou lajan nou prete’l.Piga nou ba’l ponya pou manje nou vann li.” (Levitik 25:35-37)
Bondye toujou pran anpil plezi lè pitit li yo ap aji ak anpil sajès ak jenerozite e li beni yo davantaj. Jan David t’ap rakonte nou nan Sòm 41. Li te di: “Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Senyè a va delivre’l lè la nan tray. Senyè a va pwoteje’l, li p’ap kite’l mouri. L’ap fè’l viv ak kè kontan sou latè, li p’ap lage’ l nan men lènmi’l yo pou yo fè sa yo vle avè l’.3 (41:4) Seyè a va ba l’ fòs lè maladi fè l’ pran kabann. Seyè a va ba l’ gerizon lè li malad kouche.” (Sòm 41:1-3)
Menm lè monn nan ap boulvèse, pa neglije fè sa ki byen paske ou se lanmou, lespwa, viktwa, ak otirite pami anpil lòt bè kado Bondye plase nan ou e se ofrann sa yo ki fè Bondye plezi. Menm si ou ta fè byen ak yon lòt mounn, ou pa santi yo apresye sa pa dekouraje.
Kontinye simaye lanmou ak lespwa ak kenbe kè ou pwòp. Bay san ou pa atann mounn ba ou paske zèv say yo se pou Bondye. Lè’w fè sa Bondye aplwodi’w. Lè’w nan bezwen Bondye ap toujou voye sekou pou ou. Sekou sa yo ka pa soti kote’w t’ap espere’l la men Bondye ap pote’l pou ou kan menm paske sou so li sou ou e san li pat koule pou ou pou granmesi. Kontinye fè li konfyans e ede lòt ki nan bezwen ak bwa louvre tout otan ou kapab. W’ap jan jan lavi ou nan li ap yon gran siksè chak jou. Li pwomèt sa nan Malachi 3:10-12, teste’l wa wè!
Ann Lapriyè: Senyè nan yon mònn kote yo toujou ap di “tout koukou klere pou tou je yo”, li pa fasil pou’m toujou jenere sitou lè lavi chè ap ogmante e moman yo gen anpil ensètitid. Mwen mande’w gide’m. Montre’m kijan mwen ka fè kiltive idantite jenerozite sa ki soti nan ou a plis chak jou pou’m ka toujou bay nan lajwa. Revele’m mounn ki kote’m yo ou vle’m komanse pratike jenerozite sa swa nan bay yon pawòl de rekonfò, ran yon sèvis, pataje oswa pase yon ti moman ak yo manke map repekte lwa de distans yo, oswa nenpòt lòt bagay ou ta vle mwen fè oswa di ki nan volonte’w. Nan fon kem m’ap fe lwanj ak konpliman pou ou, papa. Mwen disponib pou ou papa e tout sam genyen se pou ou. Gide’m souple e transfòme kèm pou vinn tankou ou plis chak jou nan non Jezi. Amen.
“Se mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe’l nan plas li. Se mwen menm yo rele Senyè a. Men sa mwen di: Rele’m, m’a reponn ou. M’a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa’t janm konnen. Wi, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye pèp [Ayisyen]* la, mwen di sou kay lavil [tout pwovens]* yo, sou kay wa peyi [Ayiti]*yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y’ap atake’l.” (Jeremi 33:2-4)
Nan moman difisil koulyea kote anpil nan nou ta vle pedi lespwa pou peyi nou chanje, fòk nou sonje kilès nou ye. Viris a gòch, lavi chè ak ensekirite a dwat, pwoblèm pèsonèl nan mitan, chalè solèy anlè, traka anba, li fasil e nomal pou nou santi nou lou. Nou santi nou ta kite sa pa vre? Non! Okontrè se kounyea pou nou kanpe e kenbe djanm nan idantite nou nan Bondye tankou lafwa ak entegrite.
Fòk nou sonje nou menm ki kwè nan Kris, idantite nou se lanmou, pasyans, pèseverans, lasante, otorite, richès, libète, ak lespwa. Nou se ajan chanjman e nou dwe fe devwa nou. Nou dwe panse pou peyi nou vanse. Se nou menm ki majorite a, fòk nou kolabore. Nou pa ka bese lè bwa ni mete tout fòs nou nan chache mwayen pou nou lage pye nou kay vwazen oswa nan bato oswa nan fò papye pou lage pye nou. Tout kote gen difikilte pa’l e se mounn ki ladan’l yo ki kanpe pou chanjman menm jan nou menm tou ka kanpe pou chanjman lakay. Respekte idantite nou kom lafwa, viktwa, epi onore talan Bondye ba nou yo pou sèvis li. Si nou pa kenbe e reve anko, kouman n’ap fè gen yon demen miyò?
Si nou di nou kwè nan Kris menm chak jou n’ap di lavi nou ap pi tris kijan n’ap fè wè chanjman e patisipe pou chanjman sa fèt? Si nou pa mete jenou nou atè e rele Bondye pandan n’ap mande’l li direksyon pou nou ka fè devwa nou kòm sitwayen tè sa kote li ba nou eritaj depi nou fèt, kiyès ki pral pote chanjman pou nou? Si apre nou lapriyè nou pa komanse fè pati solisyon an nan pwopte, panse, kolabore, mete biznis lokal ki soti nan entegrite e ede younn ak lòt, e kanpe pou lajistis ak lanmou kijan n’ap fe vanse?
Kit ou gen 1 an oswa 95 an, kelkeswa jenerasyon ou fèt la nou tout konsènen. Nan Jeremi 33:2-4, Bondye fè nou pwomès depi nou rele’l, l’ap reponn nou e montre nou bagay nou dwe fè. Ann rele li ansanm pou Ayiti e komanse chanje mantalite nou younn ak lòt. Ann kite ipokrit kote ak bouch nou n’ap di yon bagay e nan kè nou n’ap doute (Jak 1:5-8, 4:3-8; Matye 6:24).
Konsa, na aji ak yon sèl kè, yon sèl lafwa, epi jwenn rezilta n’ap chache a. Anpil mounn ap tann leta, men nou menm ki ankre idantite nou nan Bondye dwe diferan paske Bondye ba nou otorite deja e se devwa nou pou nou pote chanjman pozitif tout kote nou ye. Ann reveye santiman ak konsyans nou paske Bondye pat janm ba nou tout talan, aksè dirèk ak li nan lapriyè, ak konesans sa yo pou ou mache tèt bese.
Kote abyiman nou? E pa n’ap mache tankou mounn ki tou touni e san mèt?
Nou se mounn chwazi. Bagay sa yo pa pou nou ankò. Baton nou nan men nou (ki se pawòl Bondye a, lapriyè, ak konnen dwa ak devwa’n kòm sitoyen). Poukisa n’ap kite chen ap jape’n konsa epi n’ap kouri pou n’ale kache mete sou li?
Difikilte ap toujou la men Bondye pwomèt nou viktwa ak prezans li chak jou (Jan 16:33; 1 Pyè 4:12-16; Matye 28:20; Ezayi 43:2). Se pa paske tout mounn ap di bagay negatif sou peyi a ak plonje nan desespwa ki vle di yo verite ni pou nou fè sa tou. Sonje mo nou chwazi yo reflèkte reyalite nou viv la.
Ann mete fòs nou ansanm pou nou entèsede pou peyi nou paski fiti nou ak pwogrè nou depann de kote nou n’ap viv la (Jeremi 29:7-9). Pandan nou ap lapriyè, mande Bondye pou li montre nou chak kijan nou ka e dwe fè pati chanjman sa paske ansanm nou pi fò.
Ann reveye kè ak konsyans nou pou nou di ase! Zèb la pa pi fre kay vwazen oswa nan lòt peyi. Ann sispann kite lenmi nanm nou fè devan pòt nou tounen dèyè kay e vle fè nou abandone. Non! Nou pa ka fè bak ni jodia ni demen. Bondye twò renmen nou e li twò gran e twò pwisan pou li ba nou otorite ak konesans sa yo pou nou mache tankou pitimi san gadò e kite peyi nou tankou jaden san mèt pou nenpòt bèt vini jwe lago ladann lè yo vle.
Menm si ou pa ta ap viv Ayiti kounyea ou konsènen tou paske Bondye te ba ou privilèj pou yon Ayisyen (swa pa san oswa pa relasyon) pou yon bi byen detèmine. Mete men’w nan pak la ak jenou ou yo tou pa lafwa pou ou beni peyi a ak fè pati chanjman an. Nou tout ka e gen devwa pou nou fè yon diferans ak kado lavi sa Bondye ba nou pa sèlman nan fanmi nou men nan peyi nou tou. Priye pou kote ou ye a men sitou priye pou Ayiti tou. Nenpòt kote’w yo nan mònn nan kounyea pran yon ti moman pou ou pouse dè kri de viktwa e fè lwanj pou Bondye paske benediksyon li yo anvayi Ayiti. Apre, fè yon aksyon k’ap menmen nou nan yon demen miyò. Se pa sèlman lè’w voye yon ti chocho lakay ou ka ede, ou chaje ak talan ou ka itilize pou nan ankadre, ak fotifye lòt yo tou. Itilize yo. Nou tout se yon sèl fanmi e lapriyè ak efò nou chak konte.
Konba sou konba, viktwa se pou nou nan non Jezi!Nou se limyè e se nou ki pou briye. Nou paka rete bwa krase e Bondye pa janm kreye nou san misyon. Alò ann deklare benidiksyon Bondye sou peyi sa pou fòs fenwa yo tonbe. Deklare padon, limye, kouraj, lespwa, lajwa, lafwa, lanmou, ak inite sou tè nou an e vizyon ak akomplisman plan Bondye yo sou li . Konsa tou, ann fè ti pati pa nou nan pwopte ak kreye.
Si nou mete tèt ansanm n’ap rive pi lwen! Kretyen wi, nou pakab (Fil 4:13). Ann pwopte, netoye kay ak zòn nou, konstwi ansanm, fe sekirite younn pou lòt. Ann plante kafe, kann pou nou fè zik, aprann resikle fatra pou nou fè atizana ak lòt bèl bagay, vann ak achte epis lakay, sik, kola, diri latibonit, mango ak fwi nan si, pistach, etc. Nou ka rekonstwi ekonomi lokal la e sispann achte nan peyi lòt mounn tout sa nou bezwen. Nou ka chanje figi Ayiti paske nou pa pou kont nou. Se pou nou tout ak peyi nou reyisi nan non Jezi! Sekirite se eritaj nou nan Bondye e fok sou kole zepòl pou kwape move je nan mitan nou tou.
Legiz se mwen, legliz se ou, legliz se nou. Legliz se otorite Kris la sou tè sila e ou se yon anbasadè lapè ak anpil viktwa nan li. Fè devwa’w nkòm sa dwa. Sonje kiyès ou ye jodia e sonje chanjman k’ap dire soti nan Bondye—fòk ou fè ti pati pa’w la tou e deklare an tout kè, nanm, ak fòs ou :
“AYITI OU BENI! Tout depatman nan peyi a: nò, sid, lès, lwès, nòdès, nòdwès, sidès, sidwès, lagrandans, nippes, plato central ak tout awondisman, komin, ak seksyon kominal ki ladann yo beni nan non Jezi. Tout dirijan yo beni nan non Jezi e ke yo mache nan krent Bondye. Kote ki gen mechanste lave ak san Jezi e koripsyon detwi paske krent ak lanmou Bondye ap anvayi kè chak pitit tè beni sila nan non Jezi!! Glwa Bondye manifeste nan chak fanmi ak zanmitay. Ke sekirite, lanmou, inite, travay manifeste kounyea pou izinn ak pwodiksyon lokal miltiplye nan tout zòn pou mounn jwenn manje, e edikasyon chak sitoyen fèt pou chak mounn akonpli misyon Bondye pou li sou tè sila.
Tout pitit Bondye reveye! Nou kanpe pou lajistis, lanmou, respè, edikasyon, lasante, ak pwopte. Nan non Jezi fanmi mwen yo beni tou, travay mwen beni e si’m poko jwenn younn favè Bondye sou mwen. Tout pòt ki fèmen yo pou bloke pwogrèm louvri jodia. Katye mwen an beni, zòn mwen an beni, lavil kote’m ye a beni, e tout kote’m pase beni nan non Jezi! Peyi mwen beni e tout fòs fè nwa peri nan moman sila.
Mwen se yon mounn chwazi e lavi mwen nan pla men Bondye. Menm favè ak benediksyon sa sou peyi’m tou. Se pou li kanpe e deklare mèvèy Bondye.
Ensekirite ak move konsyans peri kounyea menm e fanm ak gason vayan Bondye yo lakay blende ak fòs ak kouraj pou kanpe pou lajistis ak lapè nan non Jezi.
Mwen deklare inyon nan kout kè, lespri ak tout nann chak grenn Ayisyen lakay ak patou nan lemònn nan lanmou ak lafwa pou chanjman fèt. Ke Legliz Kris la fotifye nan moman sa.
Mwen mande’w tou pasyans pandan w’ap repònn priyè sila e ak kouraj pou’m fè ti pati pam nan e ranpli devwa m kòm sitoyen.
Satan se ou m’ap kwape sou tè beni sa. Ase. Ou pèdi batay la deja sispann fè grimas pou fè pitit wa dè wa yo pè. Mwen pran plas mwen jodia kòm sentinel pou kè’m, fanmi’m, zanmi’m, ak peyi mwen pou glwa Bondye manifeste pa pouvwa Lesprisen.
Jodia se yon jou ki ranpli ak benediksyon e mwen deklare reyisit peyi’m, katye mwen, lavil yi ak tout kote pitit Bondye yo reyini, tèt mwen,ak tout fanmi mwen yo tou nan non Jezi!
Ayiti ou beni e ou pral mache de viktwa an viktwa paske san Jezi te koule pou ou tou pou’w ka viv nan libète. VITKWA!! Glwa!!! Alleluia!!! Amen.”
Ann kontinye deklare lapriyè sa ak pwomès Bondye sou lavi nou ak peyi a chak jou. Pa fè bak. Sonje se lè li pral jou, fènwa parèt pi rèd. Avni peyi nou ak fiti nou depann de nou. Nou gen responsabilite pou nou kanbe. Ann mare senti nou e kite Lesentespri gide nou pou nou ka wè mèvèy li fè yo pandan nou vivan an. Mwen konte sou ou, e tisè, frè, kouzen, kouzinn, matant, tonton, grann, paran ak anpil rès fanmi ou yo konte sou ou tou pou ou fè pati kokenn chènn priyè sa e revolisyon konsyans sa a ak nou.
Ann frape lenmi nanm nou an nan kote ki pou fèl mal tou sou jenou nou pandan n’ap koute direksyon Bondye pou nou fè pati chanjman. Ann fè lenmi pwogrè Ayiti a konnen, Jezi se wa sou Ayiti e si li sèl ki gouvènen e gen tout pouvwa sou li pou li sispann boulvèse’n e lakòz deblozay lakay nou non Jezi.
Kretyen, wi ansanm nou kapab. Ann sere kole.
Medite tou sou: 1 Kwonik 7:14; Ezayi 60:1-3; 1 Tim 2:1-5; Danyel 2:20-21; Women 13:1; Matye 6:1-9
“Kenbe. Kanpe. Pa lage. Ayiti ou beni!”
Kretyen nou kapab!!!
#nouKapab #Annmetetetansanm #chanjman Ayiti ka chanje men se nan tet kole!
Ayiti ou beni e sa Bondye beni anyen pa ka chanjel!
“Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje’m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.” Fil 4:13
Bondye, tanpri ban mwen fòs pou’m kontinye ankre idantite’m nan ou e sèvi’w ak tout kèm pi plis. Pa kite’m dekouraje ni pou tantasyon, traka lavi, ak distraksyon sou tout fòm fèm mode lage nan koze ou ye ak neglije zanmitay sakre nou an. Lè sityasyon lavi ta vle mwen twouble, souple ede’m kite je’m sou ou. Lè’m pa konn sa pou’m fè, gide’m. Lè’m pa konn sa pou’m di, mete pawòl ou yo ki gen anpil sajès ak konesans nan bouch mwen jan’w te pwomèt nan Sòm 81:10. Nan moman ensètitid mwen yo, fè’m santi prezans ou ki toujou la avèk mwen jan ou te pwomèt la nan Matye 28:20.
Tout kote ou voye ak nan tout sikonstan, fè’m reyisi Senyè mwen. Jan ou Pòl te di nan Fil 4:13, “Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje’m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.” Konsa mwen pran kouraj paske lavi’m nan men’w. Ou menm ki se alfa ak omega, pa gen anyen ki kache pou ou. Mwen vle rete nan prezans ou chak segond nan lavi’m. Se ou ki relem, se ou ki chwazi’m. Tout istwa lavi’m ak tout sa mwen ye nan pla men’w. Tanpri fèm reyisi fè sa.
Fèm reyisi nan fè ki byen, nan konesans ak aplikasyon idantite mwen nan ou pou’m pa kite nenpòt move van fèm tonbe. Papa, fè’m reyi nan travay ou yo e nan fè volonte’w. Fèm reyisi nan sèvi’w ak tout kè’m, tout nanm mwen ak fòs mwen. Fè’m reyisi nan di’w wi pi souvan e fè sa ou mandem fè menm lè mwen pa konpranm. Fèm reyisi nan viv yon vi ki pwòp devan’w ak devan lezòm. Yo vi ki gen anpil viktwa, otorite, integrite, pèseverans, pasyans, ak lespwa mwen jwenn nan ou paske se ou sél ki tout mwen.
Fè’m reyi nan simaye lanmou, bonte, kompasyon, jistis, lapè, padon, lespwa ak agwandi nan lafwa’m. Fèm reyisi nan rèv mwen yo ki nan volonte ou e kenbe yon kè ki pi menm lè sikonstans yo ta parèt nwa. Fèm reyisi poum pa flechi lè dout, kalamite ak pèsekisyon ki soti nan lenmi nanm mwen an ta vle fè’m bite.
Bondye mwen an ti fidèl tout tan, tanpri fèm reyisi pou glwa ou. Kenbe’m nan chemen ou ki dwat. Fèm reyisi nan realize tout plan ak destine ou gen pou mwen yo jouk sa kaba. Fèm reyisi nan gen yon kè ki gen anpil obeyisans ak lanmou pou ou ak pwochèm yo. Fèm reyisi nan tout plan ak destine ou gen pou mwen pandan m’ap aksepte yo ak kè louvri. Tanpri fè’m reyisi. Sa se kri kè mwen san rezèv. Mwen pa vle viv nan laperèz ni nan mediokrite. Se sèl volonte ou ki pafè mwen akonpli nan lavi’m, souple fè’m reyisi.
Menm jan’w te fèl pou Moyiz, Jozèf, David, Estè, Ana, Gideon, Jozye, Abakik, Jeremi, Pòl, fanm ki tap pèdi san an, ak anpil lòt pitit ou yo ki kwè nan ou, mwen konnen w’ap fèm reyizi paske ou se Bondye ki mache de viktwa an viktwa.
Mèsi davans bon papa!!!! Mwen konnen w’ap fèm reyisi pandan m’ap kite jem fixe sou ou. Mwen leve kèm ak men mwen yo ba ou. Mwen fè lwanj ak konpliman pou ou. Mèsi paske w’ap fè mwen reyisi. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.
“Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n’ap rann Mèt la.Pandan n’ap tann lan, fè kè n’ kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.” Women 12:11-12
Pèseverans se abilite pou fè resistans nan nanm ak lespri lè yon mounn ap fè fas anba presyon eprèv ak yon lafwa solid nan Bondye paske ou pa janm sèl (Jozye 1:9). Pèseverans manifeste nan yon moun lè mounn sa kontinye fè efò pou li jwenn yon rezilta. Lòt mo ki itilize pou dekri pèsistans se tenasite, detèminasyon, ak andirans. Pèsevrans ka bay rezilta pozitif oswa negatif. Si yon mounn pèsevere (toujou deside oswa kontinye agi) nan sa ki zak malonèt oswa fè ki mal (tankou jalouzi, kòlè, avaris, idolatry, rayisans etc; wè Galat 5:19-21), mounn sa ap detwi tèt li bout pa bout. Menm ou menm ki ankre idantite ak lavi’w sou prensip pawòl Bondye, pèseverans ou (ki se desisyon ou fè chak jou pou aliyen tèt ou ak pawòl Bondye yo ak pwomès li yo sou lavi ou), soti nan lafwa sa ak pwodi plis lespwa, lanmou, ak kouraj tout kote pase pou glwa Bondye (1 Tim 6:12; Women 12:12; Travay 1:14).
Pèseverans se yon chwa e li fè pati idantite’w paske Bondye toujou pèsevere nan lanmou li pou ou e chak jou li toujou ap chache kè’w ak yon relazyon entim ak ou. Ou ka aprann plis de benefis pèseverans yo nan Jak 1:2-4; Women 5:1-5; 2 Tim 4:6-8. Idantite’w nan Bondye se pèseverans paske nan lavi sa w’ap toujou gen eprèv (Jan 16:33) men ou konnen nan Jezi ou genyen viktwa deja depi’w kite je’w fixe sou li (Ebre 6:19; Jan 15:5).
Pèseverans enpòtan pou ou prakite nan tout etap nan lavi’w paske pa gen anyen w’ap atreprann nan lavi ki gen anpil lavi vale ak potansyèl, ou p’ap rankontre opozisyon (Jan 16:33). Anplis de sa, nan Bondye ou se pasyans, lafwa aklanmou ki fè pati engredyan necesè pou ou pèsevere. Menm jan misk ou yo fòk yo fè egzèsis e fòk ou gen pasyans pou ou wè rezilta ou vle yo e pou ede yo rete nan bon fonksyon. Plis ou itilize yo, plis ou djanm konsa toulafwaou agrandi e apwofondi chak fwa ou fè fas ak eprèv lavi sa ak lafwa nan Bondye,lespwa, ak lapriyè.
Se pa lafwa ak konpasyon Bondye ki renouvle chak maten w’ap viv chak jou e se menm lafwa ak pasyans sa ki deja fè pati idantite’w (sonje kiyès ou ye) nan li ki va ede’w sipòte e gen viktwa sou tout tantasyon jouk sa kaba. Jan Ebre 10:36 te raple ou, “ Pa pèdi lasirans [ou]* te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. Men, [ou]* bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l’ te pwomèt la.”
Pèsevere nan fè sa ki byen tankou pataje lanmou Bondye, kenbe lafwa, kanpe ou lajistis, egalite (ou se jistis), ak renmen; pale pou sa ki pi fèb yo e defann ti inosan kote’w yoKonfyans nan Bondye pou delivre ou e si yon mounn pèsiste (toujou deside) fè sa ki pa bon men pou ou (Miche 6:8).
Pou ou devlope pèseverans sa ki fè pati idantite’w nan Bondye, abiye’w pa lafwa chak jou, sonje ke nan Bondye ou se respe,lajwa, padon, otorite, kouraj,lasante, entregrite; ou gen sekirite nan li e ou pa manke anyen. Sitou kontinye fixe je ou Jezi nan tout sikonstans paske se li sèl ki ka satisfè tout dezi ou yo e li toujou avè’w (Ebre 12:1-2; Fil 3:13-14; Esayi 46; Lamantasyon 3:22-24). Fè lwanj li lè ou santi ou vle febli paske li ka plis de tout sa ou dezire oswa imajine (Efèz 3:20-21), beni mounn ki ap pèsekite’w ye (Women 12:13-21) e sonje ou fè pati yon fanmie ke mounn ki mete konfyans nan Bondye pa janm soti wont (Ezayi 40:31; 2 Istwa 15:7; Women 8:28).
Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske nan ou mwen se pèseverans. Ou konnen li pa fasil pou pèsevere nan eprèv lavi sila men mwen di’w mèsi paske ou banm anpil egzanp nan Bib la e tou pa pèsòn Jekiri pou montre’m kijan pou’m pèsevere devan soufrans ak opozisyon. Tanpri edem toujou kenbe fèm nan lafwa nan tout sikontans e kite jem fixe sou ou. Mwen mande’w pou mwen toujou pèsevere nan fè sa ki byen tankou nan devlope yon relasyon sinsè avè’w, ak travay di pou lajistis, lanmou, padon, ak pataj pandan m’ap pataje bòn nouvèl lanmou ou an ak anpil respè ak kè kontan tout kote mwen pase. Mwen fè lwanj ak konpliman pou ou e remèsye’w pou viktwa ou ban mwen chak jou. Ke pèseverans nan lanmou ou pou mwen banm plis kouraj ak renmen chak jou poum ka pataje yo tout kote pase. Amen.
Benediksyon: Fil 1:6 “Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan [ou]*, li gen pou l’ kontinye’ l jouk li va fini’ l nèt, lè jou Jezikri a va rive.”
Pwov 4:25-26—”Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w’ap fè. Konsa, tou sa w’ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.”