“Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi’m yo. Ou resevwa’m, ou fè kè’m kontan e ou ban’m tou sa’m bezwen.” Sòm 23:5
Mèsi pou prezans ou ak nou nan 5èm semen konsekrasyon and meditasyon nou sou Sòm 23. Yon sòm ki popilè ke anpil mounn ka recite pa kè men anpil pa konprann kalite trezò ke Bondye sere nan chak vèsè pou chak grenn pitit li pou yo briye tout kote yo ye. Tout liv nan Bib la gen pouvwa sa men jodia n’ap pwogrese e medite 5èm vèsè nan Sòm 23. Ann vanse!
Kontèks: Yon tab nan mònn fizik lan se kote mounn chita swa pou manje, diskite yon sijè/fè reinyon , kolabore, pataje, elatriye. Se sa ki fè tab reprezante divès bagay tankou kominyon, tèt ansanm, rekonfò, pataj, asirans, disiplin, jijman, ak pwovizyon.
Som 23:5 ka separe nan 4 pati: (1) Bondye toujou gen pwovizyon pou ou. Som 23:5 “Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi’m yo...”Salmist la ap dekri pwovizyon Bondye pou li nan fas difikilte ak pèsekisyon li t’ap travèse. Note byen li di “ou” pou refere’l ak Senyè a paske se nan li tout richès ak kè poze soti. “Lènmi” yon mounn pa toujou yon lot ki la nan chè ak po (Efez 6:12). Li ka tou sityasyon difisil sou nenpot fom ki ta vle domine lavi li.
Devan tout difikilte ki reprezante “lènmi” ou, Bondye toujou bò kote’w pou li pote kichòy ou bezwen. Li sansib pou ou e li pa janm vle ou soti wont. Avan yon bagay rive’w li te gentan gen solisyon (li Jenèz 1-5).
(2) Bwa ak zorèy Bondye toujou disponib pou ou. Li la pou anvlope ak yon lanmou san parèy e ba ou yon akèy chalere e wayal paske (3) Bondye vle fè ou kontan ak yon lajwa ki pa depann de okenn sikontans paske nan li (4) ou pap janm manke anyen ou bezwen. “[….] Ou resevwa’m, ou fè kè’m kontan e ou ban’m tou sa’m bezwen.”Som 23 vèsè 5
Pa gen anyen w’ap travèse ki yon sipriz pou Bondye. Li renmen’w ak yon lanmou san mezi e vle ba ou tout sa ou bezwen ki ap soti nan yon zanmitay ki gen anpil bèl konplisite avek ou sou “tab” li prepare apa pou ou a(espas entemite ki apa pou li ak ou). Ou sèlman dwe kwè (Jak 1:1-6).
Ann Lapriyè:
Senyè,
Yon relazyon entim ak ou se yon bagay sakre. Li retire tout konfizyon ak kondanasyon nan kè’m e ranplase yo pa konfyans, libète, ak serenite. Menm jan ou te montre David “tab” ou te prepare pou li a, louvri je’m chak jou pou mwen toujou wè pwovizyon ou yo nan tout sikonstans e priorize relasyon mwen ak ou.
Mèsi paske ou toujou la, jan ou pran swenm, korije’m, e toujou la pou fè kè’m kontan. Mèsi paske devan tout sikonstans, pèsekisyon, ak difikilte ou pa janm fè bak menm lè mwen ta febli. Ou menm sel ki Bondye. Ou menm sel ki merite tout lwanj ak konpliman. Banm fòs pou’m kontinye pou glwa ou ak edifikasyon nanm mwen. Nan non Jezi, Amen.

Add to favorites