Zanmi’m, kote ou ye?

“Nonm lan (Adan) ak madanm li tande vwa Senyè a nan jaden an pandan labriz diswa. Y’al kache nan mitan pye bwa yo nan jaden an pou Senyè Bondye pa wè yo. Men Senyè a, Bondye a rele nonm lan, li di li: – Kote ou ye? ” (Jenèz 3:8-9, vèsyon HAT98)

Kote ou ye? Se kesyon Bondye te poze Adan ak mandanm li (ke li te vinn ba li non Èv) nan jaden Edèn lan apre yo te finn manje nan fwi pye bwa Bondye te entèdi yo menm touche a ki te lakòz yo ale kache lè yo te tande vwa Bondye.

Jaden nan mònn fizik la se kote tout kalite plant ak vegetab plante,donnen, nouri, ak pwodwi fwi epi divès kalite flè. Konsa menm yo la mouri nan jaden an tou si yo pa byen nouri oswa plante nan move sezon. Nan espas espirityèl la, jaden reprezante koneksyon entim ak Bondye, kreativite, lide ki pwodwi karaktè ak rèv tou ki manisfeste kòm “fwi” kè yon mounn.

Nan Jenèz 3:1-8, Adan ak madanm li te sibi yon tantasyon ki fè move zèb te grandi nan jaden yo. Yo te vinn sedwi pa lide pou vinn menm jan ak Bondye nan konesans byen ak mal. Desizyon sa yo te pran an pou manje fwi a te soti nan admirasyon pou sanble Bondye pi plis men sete yon pyèj ki te gen yon filè byen pwès.

Yo te vle sanble plis ak Bondye men yo bliye ke yo te kreye nan imaj li depi lè yo te fèt (Jenèz 1:26) . Lè rezilta pa jan yo t’ap espere li a e anpil lide te vinn anvayi yo san yo pat ko konnen kijan pou jere yo, yo bay plas a laperèz ki pote konfizyon e pèmèt yo bliye kote yo te ye. Paske jaden sa se nan prezans ak lanmou infini Bondye pou yo e elwanye yo de Bondye. Bondye santi konfizyon yo e nan lanmou li mande Adan “kote ou ye?”.

Imajine’w ou nan jaden sa ki bay yon koneksyon dirèk e entim ak Bondye. Tou doucement ou glise chita anba yon gwo pye bwa ki ap byen fleri e arome’w ak sant li. Lè w’ap respire a pi e bon ti van ap karase figi’w, epi ou tande Bondye ki ap pase ki mande’w “kote ou ye [ di non pa’w]”? Kijan ou t’ap reaji? Kisa ou t’ap reponn?

Pran ti tan pou egzamine “kote ou ye” sa vle di pou ou kalkile sou lide ki ap domine lespri’w yo. Eske menm jan ak Adan ak Èv w’ap chache sanble ak Bondye plis nan chache sa ou gen deja tankou lanmou, talan, reyisit, sekirite, elatriye? Eske w’ap kache pou prezans li e ou santi w’ap elwanye’w de entimite ak li pou yon rezon oswa yon lòt oswa w’ap chache fás li ak tout kè’w, tout fòs ak nanm ou (Matye 22:37; Mak 12:30-31; Det 6:5; Pwov 3:5-6)? Eske panse sa yo aligne ak pawòl e pwomès li yo sou lavi’w? Kote idantite’w asire?

Reflechi ak repons yo e kite Sentespri gide ou nan yon moman refleksyon entim paske pou ou konnen byen kote ou prale, fòk ou konnen kote ou soti e pi enpòtan kote ou ye pou ou ka fè yon bilan. Nenpòt jan repons yo soti pa pè paske li seten lè Bondye mande kote ou ye se pa pou pini men pou li koze ak ou e ede’w travèse tout sikonstans. Vanse pi prel. Ou pap regrèt.

Ann Lapriyè:

Senyè, mèsi pou gras ak lanmou ou ki san mezi ki pa janm kite mwen nan wout ni pou’m kouri san pran souf. Mèsi paske ou toujou ap chache kè’m e ou la pou bat tout distans jiska ke’w jwen mwen. Pa gen montay ki twò wo ni vale ki twò ba pou patwouye jiskake’w jwen mwen, ban’m plas pou nou koze e koud tout pati nan mwen ki ta dechire nan wout la. Ou pap kite ankenn peche, wont, doulè, ni siksè ak echèk mete rasinn move logèy nan kè’m e separe mwen de lanmou ou. Oh Papa, mèsi. Abite nan prezans ou se pi gwo rekonfò ak lajwa kè’m. Pa gen lòt tankou’w e bouch mwen, kò’m, kè’m ak lavi’m tout antye pa ase pou’m fè lwanj ak konplimam pou ou e remèsye’w ase. Mwen glorifye e exalte nan ou. Nan non Jezi. Amen.

FavoriteLoadingAdd to favorites

Une réflexion sur « Zanmi’m, kote ou ye? »

  1. Mesi Jezi, pou bel inspiration li mete nan ou. K gras li kouvri w ak favè li. Bon kouraj dans le Seigneur 😍 😀 ✨️ 😜 😋 😄 😍

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *