Tag Archives: Bondye

Sanktifye kè’w pou ranje eskanp figi’w

“O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè’m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou’m sa kenbe fèm.” Sòm 51 :10

Defwa se jan’w panse a ak mentalite ou kiltive yo ki anpeche’w pwogrese e deveni mounn Bondye kreye’w pou’w ye a. Pozisyon kè’w ki vle di kalite lide ki nan tèt ou ak kantite kwayans ou gen nan lide sa yo afekte jan ou viv chak jou. Pwovèb 4 :23 di « Pase tout lòt bagay, veye byen lide k’ap travay nan tèt ou, paske se yo k’ap di ou ki jan pou ou viv. »

Gen anpil fwa ou wè pwogrè ou ta renmen fè yo poko realize malgré efò ou yo. Ou fè tout lapriyè ou konnen, jene, swiv tout konsèy, epi ou poko wè anyen mache jan ou ta renmen e mande Bondye a. Rive yon lè ou ka santi’w friste. Lè konsa ou fè figi’w plen vèn epi kat minn mare nan fronw menm lè w’ap wi. Ou ka menm komanse panse Bondye bliye’w oswa sa w’ap fè a pa nan volonte’l. Petèt wi, men gen yon aspè ki souvan neglije se pozisyon kè’w. Sa vle di eske sa w’ap mande Bondye a soti nan bon racinn nan kè’w? Lè’l reponn ou konbyen lavi mounn k’ap chanje?

Anpil panse negatif, egocentric, epi ki plen ak anvi, mank padon, konfyans nan kapacite’w, oswa ak jalouzi ki anpeche’w vanse e afkte benediksyon Bondye nan lavi’w. Jak 4:6-8 raple ou ke “[…] Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan’ l, li ba yo favè li. Se poutèt sa, desann [ou]* devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite [ou]*. Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote [ou]* tou. [ou]* menm k’ap fè peche, lave men [ou]*. Netwaye kè [ou]*, [ou]* menm k’ap woule de bò . « 

Se sak fè li enpòtan pou’w mande Bondye sonde kè’w de an tan pou’w ka kontinye mache nan viktwa li ba ou a menm jan ak David nan Sòm 51:10. Ankre idantite’w pi fon nan Bondye pou’w ka konnen vrè valè’w konsa Sentespri a ede’w. 

Netòye kè’w ak pase ti tan nan pawòl li yo nan Bib la, koze ak li, epi kite’l revele’w sekrè li yo pou ou (Jeremi 29 :10-14).

Netòye lespri’w pa ranple panse negatif yo ak pwomès li sou lavi’w. Sanktifye (pirifye) nanm ou pa fè experyans ak li, vinn selektif nan tout sa w’ap tande (mizik, tip pwèch yo, fim elatriye) konsa lafwa ou va ogmante e w’ap devni tout sa li te kreye’w pou ou ye a.

Jodia pran yon ti tan pa ou poze e koze ak Bondye. Retire tout sa k’ap gonfle kè’w yo e mete yo anba zèl li e menm jan jak David nan Sòm 51:10 mande li pou netòye’w, pirifye’w, e santifye kè’w konsa figi’w ap vinn radian an jwa. Tankou yon patalon twal ki byen lave ak byen repase, eskanp figi’w ap vinn dwat e reflekte tout bote andedan’w yo e lavi’w ap temwanye grandè li pi plis tout kote’w pase avan pandan w’ap kwape satan ak tout zèv malen li yo.

Kesyon pou’n koze: Ki jan de lide ou wè ki pi gwo anpèchman ou pou ou pwogrese?

*adapte ou devosyon an

Ann Lapriyè : Senyè, mwen ba ou pèmisyon pou ou antre nan fon kèm. Analize’m,vire’m, e tounen’m jan ou vle. Wete tout sa ki nan mwen ki pa an akò ak vizyon ou yo pou lavi’m. Olye poum fè tout sa mwen vle, mwen vle fè volonte’w pito. Pirifye kèm, nann mwen, ak lave lesprim de tout negativite, panse egoyist, rankinn, lògèy, jazouli, kè di, dout, idolatri nan tout fòm, tristès, laperèz, e menm peche kache ke mwen menm m pa vreman konnen. Retire tout move lide ak move pwojè ki ta cache nan mwen tou. Gide’m, sankifye’m, e itilize’m pou glwa ou plis chak jou. Mèsi deske ou chwazim e renmenm pou fè gwo mèvey sa yo pou mwen. Amen.

FASONEM JANW VLE James S. Alcindor – YouTube

Egzalte non Bondye

“Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.  M’ap souke kò mwen, m’ap leve. M’ap pran gita mwen, m’ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! Senyè, m’a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M’a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. « Sòm 57 :8-10

Egzalte non Bondye vle di ba li kompliman, lwanj, ochan, ak admirasyon li menm sèl li merite. Se yon privilèj pou exalte non Bondye nan tout sikonstans. Sa montre ou rekonesan  men tou ke ou fè Bondye konfyans paske ou konnen li se lanmou e nan li ou pap janm manke anyen (Sòm 23 ; 34 :10). Younn nan fòm nou egzalte non Bondye se nan lapriyè ak lwanj. Pa bliye yo fè pati defans djanm ou genyen.

Yon lòt fason ou egzalte non Bondye se nan atitid ou fas ak lavi e nan kompòtman ou. Jan ou renmen tèt ou ak lòt mounn, padone, e kalite panse ki nan tèt ou yo tou. Fason ou wè tèt ou dwe egzalte non Bondye tou paske li di nan pawòl li nan Jan 13 :34-35 « Men, m’ap ban [ou]* yon kòmandman nouvo: Se pou [ou]* yonn renmen lòt. Wi, se pou [ou]* yonn renmen lòt menm jan mwen renmen [ou]* an. Si [ou]* yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen [ou]* ye. »

 Bondye fidèl e li toujou la pou ou. Chak souf ou respire tenmwanye jan li gen pouvwa e jan li vle manisfeste lanmou li ak travè ou menm. Dispoze kè’w e louvri bra’w pou recevwa lanmou li a pi plis e simanyen’l tout kote’w pase pandan w’ap ba li glwa ak lonè li merite non sèlman ak bouch ou men tou ak tout kè’w, nanm ou, lespri ou, ak jan ou konpòte kò ou. Egzalte li. Raple nanm ou jan li gran konsa wa kontinye grandi nan lafwa.

Kesyon pou’n koze : kisa ou realize ki anpachew egzalte non Bondye ? Sonje nou se yon fanmi ki ap grandi ansanm alòs ou pa bezwen pè komante pou ou pataje lide ansanm.

*adapte ou devosyon an

Ann Lapriyè : Papa, mèsi paske ou toujou la pou mwen chak jou. Kit m’ap rejwi, kit mwen kagou, fidelite’w pa janm lagem. Mèsi pou sa.  Mèsi tou pou lavi, lasante, pawòl ou yo, Sentespri’w ki toujou la. Mèsi pou sekirite ou ban mwen nan tout sikonstans. Mèsi pou fanmi menm yo ak zanmi ou ban mwen tout kote mwen pase. Mwen egzalte’w ak tout kè’m, nan’n mwen, lesprim, panse’m, ak tout kò’m. Mwen fè lwanj ou. Mwen ba ou tout lonè, ak konpliman ou merite pou jan ou gen bon kè. Ou pa janm lage pitit ou yo malgré nou pa toujou fè sa ki dwat devan je’w. Kontinye fè travay ou nan mwen Senyè. Amen.

Lwanj, Lwanj, Lwanj pou Bondye

Psst… wi, ou menm menm. Pran yon ti moman, louvre kè’w, respire pwofondeman, epi bay Bondye lwanj! Kòd la kase wi zanmi’m !!!  Itilize Sòm 145 pou ede’w komanse rantre nan atmosfè adorasyon ak lwanj sa jodia.

Sòm 145 vèsyon HCV

« Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye.

Bondye mwen, wa mwen, m’a fè konnen jan ou gen pouvwa. M’ap di ou mèsi tout tan tout tan.

Chak jou m’ap di ou mèsi. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p’ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y’a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

M’a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M’a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

 Y’a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M’a rakonte jan ou gen fòs.

Y’a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y’a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p’ap janm sispann renmen nou!

 Senyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

 Senyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!

Y’a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y’a fè konnen jan ou gen pouvwa,

pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.

 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W’ap dominen pou tout tan. Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.

 L’ap soutni tout moun k’ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.

 Senyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.

Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

Senyè a san patipri nan tou sa l’ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l’ap fè.

Senyè a kanpe toupre moun k’ap rele’l, toupre tout moun k’ap rele’l ak tout kè yo.

L’ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y’ap rele’l , l’ap delivre yo.

L’ap pwoteje tout moun ki renmen’ l. Men, l’ap detwi tout mechan yo.

 M’a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè’l tout tan tout tan.”

Amen.

Gen Lafwa nan Fènwa

« A la dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. Lòd ou yo fè’m konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè’m bay manti. Pawòl ou se yon chandèl ki fè’m wè kote m’ap mete pye’m, se yon limyè k’ap klere chemen mwen.” Sòm 119:3-5

Depil nan nwit epi pa gen limyè swa natirèl ak lalinn lan oswa atifisyèl, majorite mounn pa ka wè anyen. Si’w nan lari, l’ap fasil pou’w ta tonbe nan yon twou oswa fè yon aksidan paske vizyon ou limite. Li fasil pou’w fè nenpòt erè paske vizyon ou limite. Se sa ki rele fènwa.

Gen anpil sikonstans nan lavi kit sou fòm emosyonèl, konplikasyon sante, chomaj, ensekirite, elatriye ka koze gwo fènwa nan lavi’w. Fènwa sa defini kòm yon eta mental e esprityèl ki afekte lajwa, lafwa, lasante, kalite jounen ou pase e li ka menm andanje lavi ou sou anpil fòm tankou depresyon, dout, anxiete, inkredibilite, laprèz, tristès, indiferans, elatriye.

Fènwa pa vini sèlman lè yon bagay pèsonèl rive ou men tou lè w’ap gade injistis, zak vyolans, zak malonèt tankou piyaj, ak vagabondaj ki trakase lespri’w. Gen anpil espri malen ap infliyanse mounn fè mechanste men nan Bondye ou se viktwa. Sa ki enpotan an se konnen kijan pou’w jere’l paske ou ankre idantite’w nan Bondye.

Se pa tout bagay yon mounn ka epanye men paske ou ankre idantite’w nan Kris, ou konnen kote ou asire, ak sonje kiyès ou ye. Ou konnen Senyè a se woche ou. ou se otorite, lespwa, ak lafwa. Ou gen yon amitye ak yon Bondye ki gran e li fidèl. Li enpotan pou ou konnen kijan pou konbat fènwa sou tout fòm.

Moyen ki pi asire a se abiye’w pa lafwa chak jou. Sonje ou gen kontak dirèk ak Bondye e li sensib pou ou. Kenbe banè lafwa ou wo chak jou, chak moman e ankre’w nan pawòl li yo. Medite e reflechi sou moyen ou ka aplike konsèy li yo nan bib la nan lavi’w konsa lè fènwa lavi ta vle fè’w pa wè kote pou mete pye’w ya sevi yon limyè pou klere’w. Bay Bondye lwanj, egzalte non li paske ou konnen li gran e li gen tout pouvwa ak pwisans sou tè sila ak nan syèl la. Tout inivè a sou kontwòl e ou se trezò li.

Kenbe fèm. Pa moli. Kote ou ye, fènwa pa gen plas li paske idantite’w nan Bondye se limyè.  Rete an pozisyon. Wete lògèy, jalouzi, mechanste, move lide etc pou ka tande Bondye pi byen e pwogrese jan li vle’w la.

Kesyon pou’n koze : ki moyen ki efikaz pou ou ilitilize pou kwape fènwa nan lavi’w chak jou? Pataje’l konsa wa beni yon lòt mounn!

Ann Lapriyè : Senyè, mèsi! Mèsi paske ou se limye’m tout kote mwen pase e avè’w mwen pa janm manke anyen. Mèsi paske ou chwazi’m kò’m lamp ou nan kominote’m, lakay mwen, ak tout kote mwen pase pou chwape fèmwa sou tout fòm. Ke non ou beni. Nan non Jezi mwen magnifye’w. Amen.

WILIADEL DENERVIL Feat. FRÈ GABE – ESPWA MWEN (Official Video) – YouTube

Gade yon mèvèy se lanmou!

“Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa t’ delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n’ te ka viv yon lòt jan. » Tit 3 :4-5

Wi, yo konn di lanmou bay zèl e si lanmou an pa metrize li ka pete fyèl.  Men gen yon lanmou ak yon dòz natirèl ki sèl efè segondè se kè kontan e bon fwi tankou yon pye bwa bò sous dlo k’ap chak jou pouse fèy.

Nan relasyon fi ak gason, Lè mounn yo deklare yo damou,yo fè desizyon pou younn ak lòt mare lavi yo ansanm. Yo ka menm rive deklare se sa mounn sa yo t’ap chache e se ak mounn sa yo vle pwospere tout rès vi yo si tout kondition renmen/relasyon an respekte. Prensip la ankò ki fò nan chwa esperityèl ou paske lanmou sa Bondye gen ou a san limit e se li ki ap chache’w, dòlote’w, e chouchoute’w chak jou. Bondye telman renmen ou ke li vinn sou latè sou fòm Jezikri pou li raple’w ke li bò kote’w tout tan e li renmen ou pou tout tan (Jan 3:15-16).

Kit ou komemore sakrifis Kris te fè sou lakwa ( fèt pak) la jodia nan mwa Avril la oswa ou deside se yon fèt payen, sa ki pi enpòtan an se ke pou’w sonje younn nan distanksyon lafwa disip Kris se lafwa ke li mouri e resisite pou ou ka libere de tout peche ak kondanasyon. Viktwa li sou lanmò raple ou ki li toupwisan e rekonekte ou dirèk ak Bondye.

Viktwa sa sou lanmò bay Sentestespri li aksèdirèk ak ou e li vinn abite andan ou pou li gide’w, transfòme’w, e fasone’w pou’w akonpli tout sa li mande’w pandan w’ap grandi nan lafwa e obeyi li pa lafwa. Gen yon pawòl ki di, “pou’w konn kote’w prale, fòk ou konn kote’w soti ». Se menm prensip sa pou ou dekouvri pwòfondè lanmou Bondye pou ou ak kiyès ou ye, fòk ou konn rakinn ou ki se idantite ou nan Bondye.

Ou fèt nan imaj Bondye ki se lanmou e lanmou sa te menmenl jiska lakwa Golgota pou restore ou ak tout limanite. Kite lanmou sa k’ap koule nan venn ou a plan tout plas li e chouchoute kè’w. Plis w’ap fè experyans ak dekouvri pwofondè lanmou Bondye gen pou ou, plis ou menm tou w’ap damou !

Kesyon pou’n koze : Eske ou kwè Bondye renmen’w ? Ou kwè li damou’s tou ?

Ann Lapriyè : Senyè mèsi paske ou pa sèlman yo Bondye mwen li de grandè ak lanmou li nan liv ki te ekri depi plis ke de mil lane. Wi, mwen rekonesan pou pawòl ou yo nan Bib la e mwen ankò plis fyè e gen kè kontan pou presans ou nan mònn aktyèl mwen. Mèsi pou sakrifis ou sou bwa kalvè pou banm lavi etènèl ak lanmou w’ap simayen nan kèm ak frèm ak sèm yo chak jou. Lanmou sa se sewòm nan kè nou chak e ban nou yon souri ak lapè nan yon mònn boulvèse ke nou pa menm ka explike. Ede nou kite zye nou sou ou pou nou ka grandi nan lafwa pi plis. Nan non Jezi mwen priye ou. Amen.

Lògèy detwi bonte kè’w

“Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt [ou]. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè [ou] gen pi bon konprann pase sa.” Women 12:16

*modifye pou devosyon an

Diksyonè larousse la defini lògèy kòm yon exagerasyon santiman enpòyans pèsonèl yon mounn genyen pa rapò ak yon lòt nan yon sikonstans byen detèmine.

Santiman lògèy sa ka menmen jalouzi, rankinn, kolè, ak anpil lapènn nan kè mounn ki akimile’l la ak lantouraj li. Lògèy ka fè nenpòt sitiyason parèt entensyonèl e panse tout moun rayi ou. Lògèy ka fè ou gen anpil maladi tankou sik, tansyon, depresyon elatrye paske li gen yon fason li bouyi nan kè yon mounn ki ka detwi bèl nanm andan li an. Sèl objektif li se pou fè tèt li jistis nan tan pal e montre lòt la li siperyè. Men dezi sa yo pa nan amoni ak pawòl Bondye yo paske li mande pou ou pa kite anyen gonfle kè’w (Women 12:16-18).

Lògèy manifeste lè’w konnen idantite’w nan Bondye se padon men ou poko ka aksepte’l.

Younn nan fason pou ou ka konbat lògèy se pou ou pratike genyen yon kè ki gen rekonesans ak remèsiman nan tout sikonstans jan Filipien 4: 4-7 dil la. Note byen se tout sikontans Bib la di sa vle nan tout moman ki bon pou ou yo ak sila yo ki parèt difisil oswa ki ap teste’w. Konsa glwa Bondye a va kontinye briye pi plis nan lavi ou.

Bondye gen anpil bèl mèvey li vle akonpli nan lavi’w e pwomès li yo se lajan sere.

Koze ak Bondye plis lè’w santi’w ofanse, e fè tout efò ou kapab pou ou pa pran desizyon lè ou trè emosyonèl e medite sou sityasyon ki deranje’w la pou ou ka metrize emosyon’w yo avan ou reaji paske ou se lapè.

Kontrèman ak younn nan slogan popilè yo, sa nèg fè nèg Bondye pa ri sa paske li se yon Bondye ki base sou lanmou, padon, respè, kouraj, lafwa, ak lespwa.

Ranplase logèy ak yon kè ki senp e ki ranpli ak lanmou ak padon.

Pwovèb 11:17-19 “Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y’ap fè tò. Mechan yo kwè y’ap fè benefis. Men, moun k’ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo. Yon moun ki sòti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k’ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri.”
Pwovèb 11:17‭-‬19 HAT98.

Ann Lapriyè:
Senyè mèsi paske ou banm ou kè ki nèt chak jou. Mèsi paske bonte ou nan lavi’m se yon istwa extraòdinè ki ap aprann mwen renmen ou, tèt mwen, ak mounn ki kote’m yo pi plis.

Pa kite’m monte tèt mwen pou lògèy pa bare jem.

Padon pou tout fwa mwen kite emosyon’m yo domine’m. Mwen ofri’w plis plas nan kè’m ak nan panse’m yo jodia pou’m pa gen plas pou lògèy ak rankinn nan kèm konsa glwa ou va manifeste plis nan lavi’m. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Senyè a se pwoteksyon ou

Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a depi kounyeya ak pou tout tan. ” Sòm 125:2

Bondye pwomèt pou pwoteje’w nan tout sikonstans. Li pwomèt pou ba ou lapè, lajwa, lasante, e revele’w anpil sekrè lavi depi’w konfye’w nan li ak tout kè’w (Jer 29:9-11; 31:25; 33; Det 31:26). Li se yon bon gadò e pawòl li yo se lajan sere (Sòm 23).

Li pa fasil pou ou toujou fixe zye’w sou li nan tout eprèv ak sikonstans lavi. Li konnen sa e se sa ki fè li te voye Sentespri li pou ede ou. Jodia, pran yon ti moman silans pou koze ak li e rafrechi nanm ou.

Meditasyon:

Sòm 125

“Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou’ l, yo p’ap janm brannen, y’ap la pou tout tan.

Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a depi kounyeya ak pou tout tan.

Non. Mechan yo p’ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k’ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k’ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.

Senyè, aji byen avèk moun k’ap fè byen, avèk moun k’ap mennen yon lavi san repwòch.

Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k’ap fè mechanste.

Benediksyon Bondye sou pèp [Ayisyen*] la.”

  • adapte pou devosyon an.

Sòm 125:1‭-‬5 Vèsyon HAT98

Ann Lapriyè:

Senyè mèsi pou pwomès sa yo sou lavi’m ak sou lavi chak grenn pitit ou yo sou fas tè sila. Ede nou konfye nan ou pi plis nan tout sikonstans. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.