Archives par mot-clé : idantite

Bay yon lòt mounn

« Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n’ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k’ap bay pase pou moun k’ap resevwa » .Travay 20:35 HAT98

Bay tout ou kapab, Bay ak tout kè’w e san repwòch (Pwovèb 22:9), konsa wa wè menm lè ou pa janm konnen dlo pase poul rantre nan wòch yo lavi’w ap anrichi nan pratike konsèy sila yo pou reflete idantite’w nan Bondye ki se jenerozite (Lik 6:38; Travay 20:35).

Lè’w santi’w anvi ebranle.
Pwoblèm lavi ta vle pote’w ale,
Pa kite’w kè’w sere ni komanse depale (Pwovèb 17:22).
Ouvri kè’w bay Jezi epi ouvri kè’w pou ede yon lòt mounn.

Si’w santi ou sèl, pase wè yon zanmi oswa pase pwoble vwazinaj ou pa wè kèk jou a;
Pase wè pèsonaj aje ki rete pou kont li an, prezans ou ka fèl souri e bal plis fòs (Ezayi 58:7-10).

Si’w santi mounn tou pre ou yo pa montre’w yo renmen’w ase, montre yo chak jou pi plis kijan ou renmen yo.
Sonje Jezi renmen’w anpil e idantite’w se lanmou (Efèz 6:7).

Si’w santi lavi’w san sans, komanse fè volontaria nan zòn ou.
Netoye lari, fonde yon gwoup detid biblik, aprann yon lòt lang, pase ti tan dekouvri talan ak objektif ou genyen pou lavi’w.

Si’w anvi souri, souri bay yon lòt mounn menm lè en dedanw dlo ap kouri. souri sa ka non sèlman ajoute sou jwa lòt mounn lan men l’ap bay plis fòs ak lajwa tou ( Pwov 15:13).
Si’w panse ou pa gen ase, komanse pataje sa’w genyen yo wa realize ou genyen plis ke ou te panse.
Si’w santi’w fatige, respekte sante emosyèl ak fisik ou e pran ti repo (Ebre 4:9-10; Det 5:12-14; Matt 11:29-30).

Si’w ta renmen yon mounn longe men ba ou, fè premye pa e longe men’w bay yon lòt mounn.
Konsa konsa wa va realize ou gen plis fòs andanw ke’w te panse, lajwa se eritaj ou, souri’w se paspòw e rayon solèy pou anpil lòt mounn, lanmou ankre nan idantite’w, e lavi pi bèl lè ou viv ak lòt mounn ki bò kote’w… lavi gen plis sans lè ou bay yon lòt ke lè se ou ki toujou ap pran.

Chak lè ou santi’w gen yon mank, bay yon lòt mounn sa ou ta swete a. Nan kòmansman li pap fasil men resilta yo ap tranfòme vi’w ak pa sila ki kote’w yo pou yon demen miyò (Sòm 23; 34:10).

Sajès ak bon konprann se eritaj ou nan Bondye

« Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo. Y’ap ba ou lavi, y’ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou. W’a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p’ap janm bite sou anyen. » (Pwov. 3: 21-23)

Avèk pwoblèm pasi pa la, li fasil pou ou distrè oswa santi’w bouke men sonje ke Bondye voye’w sou tè sila pou yon rezon byen detèminen. Dekourajman ap vini pi vit si’w pa konprann sa kap pase yo ni reflechi sou yo ak yon pèsepsyon divin. Pèsepsyon sa a se Bondye sèl ka revele’w yo se sak fè li enpòtan pou nou rete kole ak li nan lapriyè. Anvan ou pran yon desizyon, fè yon ti reflechi e mande Bondye direksyon.

Entegrite, pasyans, ak sajès ap ede’w viv byen ak tèt ou e ak mounn tout kote’w pase. Eleman sa yo fè patit necesè pwogrè nan lavi’w. Ou gen anpil talan ak konesans (plis ke’w panse e imajine). Andan’w ou pote chanjman pou lakay ou, fanmi’w, peyi’w, ak nan mònn lan ki dwe fèt e yo depann de ou. Koze ak Senyè a ki renmenw anpil la pou mande’l direksyon paske li toujou la pou ou Jer 33:3.

Medite sou Pwovèb 3:21-35 jodia e envite Lesprisen revele’w idantite’w nan li nan yon fason espesyal pou’w ka genyen plis sajès ak bon konprann nan tout ti desisyon w’ap pran. Konsa Bondye va gide’w e louvri je’w sou tout sa ki te parèt nwa oswa difisil pou ou e ba’w siksè pou glwa li.

Pwovèb 3:21-35 ki ranpli ak sajès ak bon konsey pou ou jwi eritay Bondye prepare pou ou yo:
 » 21. Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.

  1.  Y’ap ba ou lavi, y’ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
  2.  W’a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p’ap janm bite sou anyen.

24. Lè ou pral kouche, ou p’ap pè anyen. Lè w’a fin lonje kò ou, w’a dòmi nèt ale.

25. Ou p’ap bezwen pè: malè p’ap rete konsa pou l’ tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p’ap rive ou.

26. Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p’ap kite ou pran nan pèlen.

  1. Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.

28. Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M’a ba ou kichòy!

29. Moun k’ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.

30. Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.

31. Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.

32. Paske Senyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l’ yo.

33. Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l’ ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.

34. Moun k’ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l’ap moutre yo jan li renmen yo.

35. Y’a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y’a wont. »

Ann Lapriyè:

Mèsi Senyè pou pawòl ou yo ki toujou plen lavi ak bon konsèy. Banm sajès ak bon konprann ou plis chak jou poum rete nan volonte’w e reziste tout tantasyon poum mòde lage. Fèm sonje yo toujou disponib pou mwen nan tout desizyon m’ap pran.

Pa kite kèm di poum anvye mounn k’ap fè zak malonèt ni espas nan kèm pou jalouzi ak move lide. Mwen vle jenere ak tout sam genyen menm lè li yo ka pa anpil paske tout se pou ou e mwen pap janm manke anyen nan ou. Kouvrim anba manto gras ou poum ka mache dwàt devan’w e pou lavi’m temanwanye grandè ou tout kote mwen pase. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Idantite’w Nan Bondye: Ou vanyan

« Se pou [ou]* vanyan. Se pou [ou]* mete gason sou [ou]. [Ou] pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan [ou]. Senyè a, Bondye [ou] an, kanpe la avèk [ou]. Li p’ap janm lage [ou], li p’ap janm kite [ou]* pou kont [ou]*.
Detewonòm 31:6 HAT98, *adapte pou devosyon an

Laperèz se pi gwo taktik enmi nanm ou itilize pou li kapòne’w pou ou ka pa pran otorite sou tout aspè nan lavi’w. Men Bondye te gentan konnen sa. Se sak fè li mande’w pou asire konfyans ou nan li nan tout sikonstans pou’w ka konbat laperèz sou tout fòm (Det 31:6). Li tèlman enpòtan pou ou pa kite lavi’w domine laperèz ke Bondye komande tout pitit li yo pou yo pa pè . « Pa pè » repete 365 fwa nan bib la. Ki vle di chak jou fòk ou pran desizyon pou ou pa viv nan laperèz!

Kontrèman ak sa anpil mounn panse, laperèz devan yon bagay nouvo nòmal paske ou pa abitye avè’l ni konnen sak pral pase. Anpil mounn ak viv nan perèz sou sa fiti yo ap pote, sekirite, elatriye. Lè’w pè, lespri’w nan mòd panik e ou pa reflechi klè e li fè’w tankou yon esklav. Bagay sa ka toupizi’w e anpeche’w vanse.

Kòm yon mounn ki ankre idantite’l nan Jezi Kris, laperèz pa eritaj ou!

Nan Bondye, idantite’w chanje e ou se yon moun mounn vanyan. Depi’w rekonèt prezans perèz se derasine’l nan patòt kè’w, lespri’w, ak panse’w e aktive lafwa’w. Menm si se sant li ou ta pran, rale Bib ou epi desenfekte lespr’w rapid ak pawòl Bondye yo nan non Jezi! Li pi rèd ke viris. Pa danse kole ak li menm. Pwoteje kè’w ak laviw pa demaske laperè chak li parèt.

Anpil pasaj nan Bib la (nouvo ak ansyen testamen) menm jan ak Det 31:6, Bondye raple’w pou divòse laperèz paske li menm li la avè’w tout kote ou ye. Men kèk nan pawòl Bondye yo pou sonje e itilize lè’w santi prezans laperèz pou raple’w prezans li nan ou:

  • Pa pè, mete konfyans ou nan Bondye pito pandan w’ap mande lespri bon konprann li an pou gide’w. Mak 5:36; Mak 9:23
  • Bondye toujou avè’w,  » Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble. »
    Detewonòm 31:8 HAT98
  • Bondye konnen’w, li renmen’w, e ou chè pou li. Sa vle li pap janm kote’w sèl no san sekou.
     » Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou[..] — Nou pa bezwen pè anyen! M’ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. »
    Ezayi 43:1 HAT98

Pwomès li pou ou chak jou: « Lè [w]‘ap pase sou lanmè, m’ap kanpe la avèk [ou]. Lè [w]‘ap janbe gwo dlo, dlo a p’ap bwote [ou] ale. Lè [w’]* ap mache nan mitan dife, dife p’ap boule [ou]. Flanm dife a p’ap fè [ou] anyen. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye [ou]* an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k’ap delivre [ou]! Pou m te ka delivre [ou] mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas [ou]*.
Ezayi 43:2‭-‬3 HAT98, adapte pou devosyon an

  • Senyè a se fòs ak pwoteksyon’w ban tout sikonstans. Sòm 18; 23:4; 27:1, Jozye 1:9
  • Lespri Bondye abite nan ou e li gen tout pwisans: 2 Tim 1:7
  • Bondye ba’w lapè nan tout sikontans paske ou asire’w nan li: Ezayi 41:13, Jan 14:27, Matye 10:28, Filipyen 4:6-7
  • Fixe je’w sou Jezi nan tout sikonstans ki ta ve fè’w twouble oswa fè’w pè: Sòm 56:3;118:6, Lik 12:32, Matye 6:34

Ann Lapriyè:

Senyè, pawòl ou yo nan Bib la dim poum vanyan e poum kenbe kouraj. Mwen mande’w fòs ak kouraj nan tout sikonstans m’ap andire. Mwen pa vle viv nan laperèz ankò paske mwen kwè ke ou avè’m tout kote mwen ye. Mwen kwè ke ou toujou la avè’m e ou pap janm lage’m nan won san baton. Mwen remèt tout laperèz mwen yo paske avè’w mwen pa bezwen pè anyen. Mwen resevwa kouraj sa ak fòs sa ou ban mwen pa pouvwa Lesentespri ou. Mèsi paske ou toujou la pou mwen e w’ap gidem nan tout sikonstans. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Reziste

« Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l’, pou nou ka soti anba li. » 1 Korent 10:13

Onè zanmim!

Lavi chaje moman difisil e chak mounn fè experyans avèl yon fason ou yon lòt men Bondye fidèl!!

Se pou ou reziste (rete fèm). Wi, se pa rezistans oswa fè opozisyon jan sa pase lakay nou kote nou wè revandikasyon kont vyolans ak injistis fèt ak menm vyolans lan epi boule kaoutchou ak deblozay ki ap polye enviwòman an e pa pote solysyon ki dire. Jak 4:7 di « Enben, livre lavi’w bay Bondye pou obeyi’l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l’ap kouri ale byen lwen’w » (VKF). Rezistans ou menm ki ankre idantite’w nan Kris diferan.

Pasaj sa aprann ke vrè rezistans ou se nan livre lavi ou nan men Bondye e obeyi’l nan chak ti direksyon li ba ou. Li pap fasil e w’ap jwen oposizyon se sak fè fòk ou reziste (pa bay enmi nanm ou an legen). Sa vle di aprann kanpe djanm devan tout sityasyon paske ou konnen Bondye avè’w (Matye 28:20). Lè fè sa, gen yon pwomès viktwa pou ou! Jak 4:7 ki si’w fè opozisyon ak lespri malen ki pafwa sanble ap teste tout zantray ou yo, lespri mechan sa gen pou li kouri pou ou. Moman sa yo tanporè e Jezi te mouri sou lakwa e pote tout viktwa yo pou deja. Djòb ou se reklame viktwa sa nan tout sikonstans (Filipyen 4:6-8).

1 Korent 10:13 raple ke chak tantasyon/difikilte w’ap andire yo pa inik. Fòm tantasyon oswa sityasyon difisil pa’w yo ka diferan de sa lòt zanmi’w yo ka ap travese nan yon sezon ak yon lòt men tout tantasyon se tantasyon e objektif yo menm:  » se vòlè (lapè pa ou oswa pa lòt mounn nan), se touye (enpirasyon ak bonte ou gen kèw oswa pa lòt la), se detwi (nanm ou, kò’w, lespri’w oswa estabilite emosyonèl ou, lavi’w etc) (Jan 10:10).

Se poutèt sa li enpòtan pou ou rete je kale e reziste ak lafwa nan lapriyè pandan w’ap fè tout sa Bondye mande ou fè e chache konsèy ak direksyon nan pawòl li yo.

Kijan pou’w rezite? Bèl kezyon!

  1. Ou reziste nan simayen renmen menm le lòt fè ou mal (Jan 13:35).
  2. Ou reziste nan pèsevere menm lè tout espwa ta vle pèdi depi ou te gentan genyen wi Bondye sou sijèea (kelkeswa sal ta ye a) (Women 5:3-5).
  3. Ou reziste nan reve anko (Pwovèb 29:18).
  4. Ou reziste nan kontwole mo k’ap soti nan bouch ak lide nan panse’w yo(Pwovèb 23:7).
  5. Ou reziste nan kolabore younn ak lòt e mete tèt ansanm paske ou fè pati yon fanmi (Women 12:16; 1 Pyè 3:8)).
  6. Ou reziste nan padone mounn ki fè ou lapèn (sa ka tèt ou tou pafwa) (Efezyen 4:32).
  7. Ou reziste nan envite Bondye nan tout ti detay ou yo e pataje koze ou ak li plis (Pwovèb 3:5-6).

Pran kouraj nan tout sikonstans e sonje lavi’w pa yon aksidan. Reziste tantasyon sou tout fòm, kit se dekourajman, tristès, perèz, jalouzi, vyolans, panse negatif, repete move pawòl ki pap beni tè a ak nanm ou, elatriye. Pran otorite sou chak aspè lavi’w! Pa bay vag ni dekouaje. Kontinye priye, kontinye bay Bondye lwanj ak konpliman paske li bon!!

Kenbe fèm e pa bliye pataje devosyon sa ak zanmi ou yo!

Idantite’w Nan Bondye: Ou se jistis

« […] Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w’ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li. » Miche 6:8 HAT98

Jistis… Se yon mo anpil nan nou itilize men nou pa toujou konprann li.Jistis telman enpòtan pou Bondye li eki 212 fwa nan bib la. Jistis se lè nou fè sa ki byen younn ak lòt e sèvi nan lanmou. Jistis pa nan sere kras, ni nan tire pit oswa taye banda, ni nan fè vyolans sou nanm ak kò moun. Jistis pa vle di revanj (Det 32:35) ni jalouzi ak kè grenn.

Jistis fèt lè nou chwazi viv nan lanmou, lapè, ak respè. Lè nou ankre idantite nou nan Bondye e non pa byen materyèl nou yo oswa jan sosyete a toujou ap dikte nou pou nou toujou nan konkou younn ak lòt. Kelkeswa fanmi nou soti oswa travay nap fè, nou chak gen yon plas sou tab la (Jan 14:2).

Jistis Bondye infi e pafè e li soti nan lespri egalite (Det 32:4; Ps 89:14). Bondye gen anpil lòd e li pa tap janm kite piti li yo (nou chak) tankou pitimi san gadò ni kite nou detwi younn ak lòt san pinisyon. Depi nan Jenèz nou wè jistis e gen menm yon liv nan Bib la dedike pou sa! (Jenèz 38:24; Jereme 32:7-15;  Jij 4:5; 2 Kronik 19:1-11).

Malgre gen sistèm an plas pou jistis manifeste, nou tout konnen gen anpil injistis ki fèt chak jou. Yon bagay anpil nan nou bliye se jistis pap janm fèt tout tan vre si nou pa realize jistis se mwen, jistis se ou, jistis se NOU. Sa vle di si frè oswa sè nou yo nan tray, depi younn nan nou ka ede nou paka rete bwa kwaze paske nou fè pati yon fanmi. Se pou nou kole zepòl, younn veye pou lòt menm jan apoy yo te konn fè e zansèt nou yo tou pou nou te ka jwi libète Bondye ba nou an.

Bondye se sèl jij pafè e li toujou fè jistis (Sòm 9:7-10). Jistis Bondye toujou a lè (Lik 18:8; Det 32:4) alò nou pa bezwen dekouraje nan mache ak kè sere. Paske Bondye renmen sa ki dwat, aksyon ki soti nan lanmou ak integrite, ki pa renmen moun k’ap fè zak malonèt pou enterè pa yo. Ou se reflè Bondye sa vle di karaktè yo ankre nan ou tou se sak fè li mande’w pou fè parèy ak li nan sans pou fè ki dwat e viv nan lanmou ak respè (Miche 6:8). Sa pa vle di malè pap janm frape pòt ou men ou deja genyen viktwa ak jistis sou tout nan non Jezi. Poutèt sa, younn nan idantite’w nan Bondye se jistis tou.

Nan Ezayi 61:8: “Senyè a di: -Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M’a kenbe pawòl mwen, m’a bay pèp mwen an rekonpans yo, m’a pase ak yo yon kontra k’ap la pou tout tan.” (Ezayi 61:8)

Jistis denonse sa ki mal lè li wèl e goumen avèk sajès nan lanmou pou sa li kwè. Jistis pa kapon ni mache nan derizon oswa komèt zak malonèt. Jistis se aksyon ak kouraj. Li pa nan diskriminasyon ni nan derizon. Ou se jistis, toujou fè jistis e travay pou li paske avni nou chak mande pou chak nan nou aksepte responsabilite nou.

Jodia si yon mounn mandew kiyès ou ye, nou swete ou sonje ou se jistis e ou pa ka mache tèt bese san espwa.

Ann Lapriyè: Senyè gen anpil bagay ki reve ki fèm santim twouble lèm ap fè fas ak ensekirite, mechanste, ògèy, ak salte. Yo fè kèm fremi e atriste andanm. Tanpri montre kijan pou mwen viv idantite sa nan ou ki se jistis nan lavi mwen pou glwa ou ka manifeste tout kote mwen pase. Louvri je mounn kap fè sa ki mal e ap detwi younn ak lòt yo pou yo fè yon experyans lanmou avèk ou. Mèsi paske ou toujou pwoteje nou e jistis ou pa janm an reta. Mwen kontan sou ou e ba ou glwa ak lonè ou menm sèl merite. Nan non Jezi mwen priye. Amen.

Pa neglije fè sa ki byen e viv nan jenerozite

“Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè’l.” (Pwov 22:9)

Viv yon fason jenere chak jou se younn nan eritaj ou yo nan Bondye paske ou se jenerosite. Anpil  mounn panse lè’w jenere se lè w’ap bay mounn lajan, toujou ap fè gran panpan. Oswa bay tout sa ou genyen e viv nan mizè ki fè anpil mounn konn friste lè yo pa wè pwogrè men sa kontrè ak pawòl Bondye yo.

 Lè ou kiltivite kalite jenorizite ou genyen anpil rekonpans ak desizyon ki pa toujou konfòtab pou ou fè. Lè w’ap bay “ Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. 8 Bondye menm gen pouvwa pou’l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou’n fè tout kalite bon zèv.

 Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L’ap toujou gen kè nan men. Bondye ki bay moun k’ap simen an grenn pou’ l simen ak pen pou’l manje, l’a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L’a fè l’ pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n’a ban mwen pou yo.  

Se pou nou konn sa byen: sèvis n’ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l’ mèsi.  Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bon nouvèl ki pale sou Kris la. Y’a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo.  Y’a lapriyè pou nou, y’a renmen nou anpil akòz gwo favè sa a Bondye fè pou nou.” (2 Korent 9:6-14)

Eske ou pa janm tande mounn ap di “nan lavi sa anyen pa gratis”? Si se vre kijan pou youn mounn ap fè rann lòt oswa rann lòt la sèvis? Nan Mate 10:8 lè Jezi t’ap bay disip li yo lòd pou geri malad, chase demon, etc li te raple yo tout pouvwa sa yo ak viktwa sou mòn tenèb la se gratis li ba yo li e se gratis pou yo bay lòt yo. Kisa sav le di? Ki rapò sa genyen ak idantite nou nan Bondye? Eh ben, mwen byen kontan ou poze tèt ou kezyon sa! nan reflechi sou, ou ka reyalize de Jezi t’ap montre disip li yo ke yo dwe jenere (renmen pataje san atann y oak yon rekonpans de lòt mounn nan paske tout sa yo genyen se kado Bondye fè yo).

Kijan pou’w pratike jenerozite?

  • Nan Lik 21:1-4, lè vèv la t’ap bay ofrann, Jezi aprann nou ke pratike jenerozite lè nou bay sa nou kapab menm lè sa mande nou fè yon ti sakrifis.
  • Nan viv nan entegrite e longe men’w kote’l ka rive. Bay lòt ki nan bezwen paske yon mounn “pòv” se pa sèlman yon mounn ki ap mande devan katadral paske povrete a gen anpil dimensyon (espirityèl, materyèl, emosyonèl, finansyè, sosyal… elatirye). Pa pran sak pa pou ou (Lik 19:8; Pwov 22:22-23).
  • Pa chich. Bay piti pa chich si se piti ou genyen men si’w ka fè plis pa neglije fè sa.  Separe sa ou genyen ak lòt yo (toujou gen yon mounn ou ka ede nenpòt kote ou ye a). Konsa wa va fè anpil byen pou ou ka rich devan Bondye konsa w’a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, w’a resevwa lavi tout bon an (1 Tim 6:17-19)
  • Fè yon aksyon ki soti nan sajès chak jou pou ou ka komanse kiltive idantite sa (Travay 20:32-35- piti kou li ye).
  • Bay sa’w kapab , jan’w kapab ak anpil lanmou. Sa ka mande’w yon ti sakrifis men pa fè egsè. Pa fòse ponyèt ou kote li pa ka rive paske ou vle kenbe yon repitasyon oswa pou lèzòm aplodiw (1 Kor 8:12-150
  • Pataje sa ou genyen ak yon kè ki ranpli ak lajwa (2 Korent 9:6-15 )e ak lanmou (1 Korent 13:3)
  • Pratike diskresyon lè w’ap pataje (Matye 6:1-4). Mounn sa pa bezwen al fè lwanj pou tèt li ni avili lòt la paske se pou Bondye sèl li fèt e tout sa se pou granmèt nou an.                                    Nan yon epòk tout bagay se poste sou Enstagram, Twitter, ak facebook li difisil pou yon mounn pa vante tèt li men ou menm ou diferan paske se pou Bondye w’ap travay men pa pou lezòm. Menm jan sèl pa janm vante tèt li di’l sale, konsa tou ou menm ki ankre idantite ou Kris pa bezwen pibliye sou rezo sosyo oswa fè djolè ak zanmi de sa ou fè. Pataje e aji ak diskresyon ak lanmou e kite Bondye fè rès zafè li.
  •  “ Fè atansyon lè n’ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè’ l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè’l konsa, Papa nou ki nan syèl la p’ap ban nou okenn rekonpans.  Se sa ki fè tou, lè w’ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè’l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.  Men, lè w’ap ede moun ki nan nesesite, fè’l yon jan pou menm pi bon zanmi ou pa konn sa.  Konsa, kado ou fè a rete yon sekrè. Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a va ba ou rekonpans ou.” (Matye 6:1-4)

Pa bliye jenerozite= kè sensib = aksyon pou ede lòt la= benediksyon.

Men kèk Benediksyon Bondye pare ou ou lè ou kiltive karaktè/idantite sa nan vi ou:

  • “Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!  Li p’ap janm bite. Yo p’ap janm bliye’l.  Kè’l p’ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a.  Anyen p’ap brannen’l, li pa pè anyen. Se konsa l’ap kanpe gade moun ki pa vle wè’l yo.  Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L’ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L’ap gen pouvwa, y’ap respekte’l.” (Sòm 112:5-8)
  • Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y’ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p’ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.” (Pwov 11: 24-25)

  Konsa tou, si yon mounn pa vle bay ak ede lòt ki an bezwen, Bib la di  “Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k’ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p’ap tande ou lè w’a mande sekou.” (Pwovèb 21:13) wè tou Maye 11:15, Mak 4:23)

Rann sèvis ak pataje sa ou genyen ak tout kè’w ap menmen’w pi lwen chak jou nan Bondye. Epi tou Bondye pa enjis pou li bliye sa ou fè ki byen“Paske, Bondye pa mechan pou’l ta bliye travay [ou]* fè, ni renmen [ou]* moutre [ou]* gen pou li, lè [ou]* t’ap rann moun k’ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n’ap rann yo jouk koulye a toujou.” (Ebre 6:10) Bondye fidèl e li reyèl. Kontinye fè sa ki byen ak aji ak bon kè‘w.

Idantite’w nan Bondye: Ou se jenerozite

Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. Pa jije moun, konsa Bondye p’ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p’ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.  Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon’l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou” ( Lik 6:37-38).

Alèkile, anpil mounn depi yo ran yon lòt sèvis, yo gentan ap atann lòt la fè menm nan pou yo. Si sa pa ta fèt pou yon rezon oswa yon lòt, anpil mounn dekouraje ede lòt e kole zepòl ansanm. Nan Lik 6:37-38, Jezi raple nou pou nou gen kè sansib (pa ka tolere gade mounn ap soufri oswa nan bezwen san nou pa fè anyen pou soulaje yo). Li explike lè nou bay “Bondye va ba nou”e li ajoute tou “mezi nou sèvi pou  lòt mounn se menm li menm Bondye ap itilize pou mezire nou tou”. Sa vle di nou gen entèrè pou nou itilize gwo mezi, bay ak kè kontan, e fè sa ki byen ak tout kè nou. Fòk ou jenere.

Jenerozite oswa “bon kè” se abilite pou pataje ak lajwa san enterè pèsonèl. Jenerozite se younn nan idantite’w nan Bondye paske li necesè pou ou gwandi nan lafwa. Pwovèb 19:22 di “tou sa yo mande yon mounn se pou’l gen bon kè”. Yon mounn ki jenere pratike konsey Pwovèb 19:22 a paske li renmen pataje tout sal genyen ak kè kontan keseswa tan li, lajan, talan li yo etc. Si yon mounn pa gen bon kè, l’ap difisil pou mounn sa renmen e sèvis lòt ak tout kèl.

Kòm pitit wa dè wa a, idantite ou soti nan li e Bondye jenere nan yon fason extraòdinè. Li bay san patipri tèlman li damou nou (Jan 3:16-17). Li ba ou anpil benediksyon ak anpil kado tankou Lesprisen li ki pou gide ou, souf lavi a, yon fanmi, zanmi, ak toujou ba ou tout sa sou bezwen yo chak jou (Lik 11:13). Ou konnen deja nan Bondye ou se lanmou ak lespwa ki pa ka mache san yon kè ki pwòp e ki gen respè. Lè ou fè zèv ki soti nan yon bon kè e pataje sa ou genyen ak sa ki nan necesite ou p’ap janm manke anyen paske ou fè Bondye konfyans (Sòm 34:10). Bib la ede konprann tou lè ou pataje yon bagay ak tout kè’w se Bondye ou prete paske se li sèl ki ka vreman rekonpanse’w (Prov 19:17; Malachi 3:10-12).

Jenerozite se younn nan idantite nou nan Bondye paske non sèlman Bondye jenere men tou li montre nou kijan pou viv konsa nan obsève lavi ak pawòl Jezikri yo (Lik 6:37-38; Matye 10:8,42;  1 Jan 2:5-6; Gal 6:2; 1 Jan3:16-18). Ou se mounn jenere depi lè’w te aksepte viv pou Jezi e pou glwa li manifeste nan lavi ou. Pou glwa sa manifeste, fòk ou “Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. 21 Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.” (Matye 6:19-21)

Pawòl Bondye yo toujou ankouraje chak pitit li yo pou toujou ede lòt nan tout sikonstans. Nan Det 15:7-8 li di, “Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp [Ayisyen]* parèy nou yo k’ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Senyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n’a prete’l lajan pou’l achte tou sa li bezwen”.

 Lev 25:35-37 “ Si yon moun pèp [Ayisyen]* parèy nou k’ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè’l pou yon moun lòt nasyon k’ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l’a toujou ka viv bò kote nou. Pa fè’ l peye ankenn enterè, pa ba’l ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp [Ayisyen]* parèy nou an yon chans pou’ l viv tou. Piga nou mande’l enterè sou lajan nou prete’l. Piga nou ba’l ponya pou manje nou vann li.” (Levitik 25:35-37)

Bondye toujou pran anpil plezi lè pitit li yo ap aji ak anpil sajès ak jenerozite e li beni yo davantaj. Jan David t’ap rakonte nou nan Sòm 41. Li te di:  “Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Senyè a va delivre’l  lè la nan tray.  Senyè a va pwoteje’l, li p’ap kite’l mouri. L’ap fè’l viv ak kè kontan sou latè, li p’ap lage’ l nan men lènmi’l yo pou yo fè sa yo vle avè l’.3 (41:4) Seyè a va ba l’ fòs lè maladi fè l’ pran kabann. Seyè a va ba l’ gerizon lè li malad kouche.” (Sòm 41:1-3)

Menm lè monn nan ap boulvèse, pa neglije fè sa ki byen paske ou se lanmou, lespwa, viktwa, ak otirite pami anpil lòt bè kado Bondye plase nan ou e se ofrann sa yo ki fè Bondye plezi. Menm si ou ta fè byen ak yon lòt mounn, ou pa santi yo apresye sa pa dekouraje.  

Kontinye simaye lanmou ak lespwa ak kenbe kè ou pwòp. Bay san ou pa atann mounn ba ou paske zèv say yo se pou Bondye. Lè’w fè sa Bondye aplwodi’w. Lè’w nan bezwen Bondye ap toujou voye sekou pou ou. Sekou sa yo ka pa soti kote’w t’ap espere’l la men Bondye ap pote’l pou ou kan menm paske sou so li sou ou e san li pat koule pou ou pou granmesi. Kontinye fè li konfyans e ede lòt ki nan bezwen ak bwa louvre tout otan ou kapab. W’ap jan jan lavi ou nan li ap yon gran siksè chak jou. Li pwomèt sa nan Malachi 3:10-12, teste’l wa wè!

Ann Lapriyè: Senyè nan yon mònn kote yo toujou ap di “tout koukou klere pou tou je yo”, li pa fasil pou’m toujou jenere sitou lè lavi chè ap ogmante e moman yo gen anpil ensètitid. Mwen mande’w gide’m. Montre’m kijan mwen ka fè kiltive idantite jenerozite sa ki soti nan ou a plis chak jou pou’m ka toujou bay nan lajwa. Revele’m mounn ki kote’m yo ou vle’m komanse pratike jenerozite sa swa nan bay yon pawòl de rekonfò, ran yon sèvis, pataje oswa pase yon ti moman ak yo manke map repekte lwa de distans yo, oswa nenpòt lòt bagay ou ta vle mwen fè oswa di ki nan volonte’w. Nan fon kem m’ap fe lwanj ak konpliman pou ou, papa. Mwen disponib pou ou papa e tout sam genyen se pou ou. Gide’m souple e transfòme kèm pou vinn tankou ou plis chak jou nan non Jezi. Amen.