Archives par mot-clé : IdantitenanBondye

Ankourajman Bondye pou ou jodia:

Ezayi 51:1‭-8, vèsyon HAT98

 » Men sa Senyè a di: — Nou tout ki dèyè delivrans lan, nou tout k’ap chache Senyè a, chonje rasin kote nou soti, chonje ki pyebwa nou ye!

Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m te rele Abraram, li pat gen pitit. Mwen beni’l, mwen ba li anpil pitit.

Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi [Ayiti]* an, pou tout moun k’ap viv nan kay kraze li yo.

M’ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m’ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y’a chante, y’a fè mizik pou di m mèsi.

Mwen p’ap mize vin sove nou. Talè konsa m’ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y’ap tann mwen vin delivre yo.

Nou menm pèp mwen, koute sa m’ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m’ap anseye prensip ki dwat, y’a sèvi gid pou nasyon yo.

Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m’ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p’ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.

Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m’ap di nou. Nou menm k’ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.

Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal kanni. Men delivrans m’ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p’ap janm nan ka pou mwen delivre yo ankò. »

*Modifye pou devosyon an

Ann Lapriyè: Lwanj pou ou granmèt mwen! Mèsi pou pawòl ou yo ki plis ke lò, plis ke lajan sere. Yo se rekonfò ak sous lavi mwen. Mwen konnen tout pwomès ou yo se wi ak Amen. Mwen konte sou ou ak tout pwomès ou fèm yo nan Bib la. Kontinye fè travay ou nan mwen e nan kè ak travè chak grenn pitit ou yo pou patou pou ou non kontinye glorifye. Amen.

Gade yon mèvèy se lanmou!

“Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa t’ delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n’ te ka viv yon lòt jan. » Tit 3 :4-5

Wi, yo konn di lanmou bay zèl e si lanmou an pa metrize li ka pete fyèl.  Men gen yon lanmou ak yon dòz natirèl ki sèl efè segondè se kè kontan e bon fwi tankou yon pye bwa bò sous dlo k’ap chak jou pouse fèy.

Nan relasyon fi ak gason, Lè mounn yo deklare yo damou,yo fè desizyon pou younn ak lòt mare lavi yo ansanm. Yo ka menm rive deklare se sa mounn sa yo t’ap chache e se ak mounn sa yo vle pwospere tout rès vi yo si tout kondition renmen/relasyon an respekte. Prensip la ankò ki fò nan chwa esperityèl ou paske lanmou sa Bondye gen ou a san limit e se li ki ap chache’w, dòlote’w, e chouchoute’w chak jou. Bondye telman renmen ou ke li vinn sou latè sou fòm Jezikri pou li raple’w ke li bò kote’w tout tan e li renmen ou pou tout tan (Jan 3:15-16).

Kit ou komemore sakrifis Kris te fè sou lakwa ( fèt pak) la jodia nan mwa Avril la oswa ou deside se yon fèt payen, sa ki pi enpòtan an se ke pou’w sonje younn nan distanksyon lafwa disip Kris se lafwa ke li mouri e resisite pou ou ka libere de tout peche ak kondanasyon. Viktwa li sou lanmò raple ou ki li toupwisan e rekonekte ou dirèk ak Bondye.

Viktwa sa sou lanmò bay Sentestespri li aksèdirèk ak ou e li vinn abite andan ou pou li gide’w, transfòme’w, e fasone’w pou’w akonpli tout sa li mande’w pandan w’ap grandi nan lafwa e obeyi li pa lafwa. Gen yon pawòl ki di, “pou’w konn kote’w prale, fòk ou konn kote’w soti ». Se menm prensip sa pou ou dekouvri pwòfondè lanmou Bondye pou ou ak kiyès ou ye, fòk ou konn rakinn ou ki se idantite ou nan Bondye.

Ou fèt nan imaj Bondye ki se lanmou e lanmou sa te menmenl jiska lakwa Golgota pou restore ou ak tout limanite. Kite lanmou sa k’ap koule nan venn ou a plan tout plas li e chouchoute kè’w. Plis w’ap fè experyans ak dekouvri pwofondè lanmou Bondye gen pou ou, plis ou menm tou w’ap damou !

Kesyon pou’n koze : Eske ou kwè Bondye renmen’w ? Ou kwè li damou’s tou ?

Ann Lapriyè : Senyè mèsi paske ou pa sèlman yo Bondye mwen li de grandè ak lanmou li nan liv ki te ekri depi plis ke de mil lane. Wi, mwen rekonesan pou pawòl ou yo nan Bib la e mwen ankò plis fyè e gen kè kontan pou presans ou nan mònn aktyèl mwen. Mèsi pou sakrifis ou sou bwa kalvè pou banm lavi etènèl ak lanmou w’ap simayen nan kèm ak frèm ak sèm yo chak jou. Lanmou sa se sewòm nan kè nou chak e ban nou yon souri ak lapè nan yon mònn boulvèse ke nou pa menm ka explike. Ede nou kite zye nou sou ou pou nou ka grandi nan lafwa pi plis. Nan non Jezi mwen priye ou. Amen.

Idantite’w Nan Bondye: Ou vanyan

« Se pou [ou]* vanyan. Se pou [ou]* mete gason sou [ou]. [Ou] pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan [ou]. Senyè a, Bondye [ou] an, kanpe la avèk [ou]. Li p’ap janm lage [ou], li p’ap janm kite [ou]* pou kont [ou]*.
Detewonòm 31:6 HAT98, *adapte pou devosyon an

Laperèz se pi gwo taktik enmi nanm ou itilize pou li kapòne’w pou ou ka pa pran otorite sou tout aspè nan lavi’w. Men Bondye te gentan konnen sa. Se sak fè li mande’w pou asire konfyans ou nan li nan tout sikonstans pou’w ka konbat laperèz sou tout fòm (Det 31:6). Li tèlman enpòtan pou ou pa kite lavi’w domine laperèz ke Bondye komande tout pitit li yo pou yo pa pè . « Pa pè » repete 365 fwa nan bib la. Ki vle di chak jou fòk ou pran desizyon pou ou pa viv nan laperèz!

Kontrèman ak sa anpil mounn panse, laperèz devan yon bagay nouvo nòmal paske ou pa abitye avè’l ni konnen sak pral pase. Anpil mounn ak viv nan perèz sou sa fiti yo ap pote, sekirite, elatriye. Lè’w pè, lespri’w nan mòd panik e ou pa reflechi klè e li fè’w tankou yon esklav. Bagay sa ka toupizi’w e anpeche’w vanse.

Kòm yon mounn ki ankre idantite’l nan Jezi Kris, laperèz pa eritaj ou!

Nan Bondye, idantite’w chanje e ou se yon moun mounn vanyan. Depi’w rekonèt prezans perèz se derasine’l nan patòt kè’w, lespri’w, ak panse’w e aktive lafwa’w. Menm si se sant li ou ta pran, rale Bib ou epi desenfekte lespr’w rapid ak pawòl Bondye yo nan non Jezi! Li pi rèd ke viris. Pa danse kole ak li menm. Pwoteje kè’w ak laviw pa demaske laperè chak li parèt.

Anpil pasaj nan Bib la (nouvo ak ansyen testamen) menm jan ak Det 31:6, Bondye raple’w pou divòse laperèz paske li menm li la avè’w tout kote ou ye. Men kèk nan pawòl Bondye yo pou sonje e itilize lè’w santi prezans laperèz pou raple’w prezans li nan ou:

  • Pa pè, mete konfyans ou nan Bondye pito pandan w’ap mande lespri bon konprann li an pou gide’w. Mak 5:36; Mak 9:23
  • Bondye toujou avè’w,  » Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble. »
    Detewonòm 31:8 HAT98
  • Bondye konnen’w, li renmen’w, e ou chè pou li. Sa vle li pap janm kote’w sèl no san sekou.
     » Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou[..] — Nou pa bezwen pè anyen! M’ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. »
    Ezayi 43:1 HAT98

Pwomès li pou ou chak jou: « Lè [w]‘ap pase sou lanmè, m’ap kanpe la avèk [ou]. Lè [w]‘ap janbe gwo dlo, dlo a p’ap bwote [ou] ale. Lè [w’]* ap mache nan mitan dife, dife p’ap boule [ou]. Flanm dife a p’ap fè [ou] anyen. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye [ou]* an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k’ap delivre [ou]! Pou m te ka delivre [ou] mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas [ou]*.
Ezayi 43:2‭-‬3 HAT98, adapte pou devosyon an

  • Senyè a se fòs ak pwoteksyon’w ban tout sikonstans. Sòm 18; 23:4; 27:1, Jozye 1:9
  • Lespri Bondye abite nan ou e li gen tout pwisans: 2 Tim 1:7
  • Bondye ba’w lapè nan tout sikontans paske ou asire’w nan li: Ezayi 41:13, Jan 14:27, Matye 10:28, Filipyen 4:6-7
  • Fixe je’w sou Jezi nan tout sikonstans ki ta ve fè’w twouble oswa fè’w pè: Sòm 56:3;118:6, Lik 12:32, Matye 6:34

Ann Lapriyè:

Senyè, pawòl ou yo nan Bib la dim poum vanyan e poum kenbe kouraj. Mwen mande’w fòs ak kouraj nan tout sikonstans m’ap andire. Mwen pa vle viv nan laperèz ankò paske mwen kwè ke ou avè’m tout kote mwen ye. Mwen kwè ke ou toujou la avè’m e ou pap janm lage’m nan won san baton. Mwen remèt tout laperèz mwen yo paske avè’w mwen pa bezwen pè anyen. Mwen resevwa kouraj sa ak fòs sa ou ban mwen pa pouvwa Lesentespri ou. Mèsi paske ou toujou la pou mwen e w’ap gidem nan tout sikonstans. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Reziste

« Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l’, pou nou ka soti anba li. » 1 Korent 10:13

Onè zanmim!

Lavi chaje moman difisil e chak mounn fè experyans avèl yon fason ou yon lòt men Bondye fidèl!!

Se pou ou reziste (rete fèm). Wi, se pa rezistans oswa fè opozisyon jan sa pase lakay nou kote nou wè revandikasyon kont vyolans ak injistis fèt ak menm vyolans lan epi boule kaoutchou ak deblozay ki ap polye enviwòman an e pa pote solysyon ki dire. Jak 4:7 di « Enben, livre lavi’w bay Bondye pou obeyi’l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l’ap kouri ale byen lwen’w » (VKF). Rezistans ou menm ki ankre idantite’w nan Kris diferan.

Pasaj sa aprann ke vrè rezistans ou se nan livre lavi ou nan men Bondye e obeyi’l nan chak ti direksyon li ba ou. Li pap fasil e w’ap jwen oposizyon se sak fè fòk ou reziste (pa bay enmi nanm ou an legen). Sa vle di aprann kanpe djanm devan tout sityasyon paske ou konnen Bondye avè’w (Matye 28:20). Lè fè sa, gen yon pwomès viktwa pou ou! Jak 4:7 ki si’w fè opozisyon ak lespri malen ki pafwa sanble ap teste tout zantray ou yo, lespri mechan sa gen pou li kouri pou ou. Moman sa yo tanporè e Jezi te mouri sou lakwa e pote tout viktwa yo pou deja. Djòb ou se reklame viktwa sa nan tout sikonstans (Filipyen 4:6-8).

1 Korent 10:13 raple ke chak tantasyon/difikilte w’ap andire yo pa inik. Fòm tantasyon oswa sityasyon difisil pa’w yo ka diferan de sa lòt zanmi’w yo ka ap travese nan yon sezon ak yon lòt men tout tantasyon se tantasyon e objektif yo menm:  » se vòlè (lapè pa ou oswa pa lòt mounn nan), se touye (enpirasyon ak bonte ou gen kèw oswa pa lòt la), se detwi (nanm ou, kò’w, lespri’w oswa estabilite emosyonèl ou, lavi’w etc) (Jan 10:10).

Se poutèt sa li enpòtan pou ou rete je kale e reziste ak lafwa nan lapriyè pandan w’ap fè tout sa Bondye mande ou fè e chache konsèy ak direksyon nan pawòl li yo.

Kijan pou’w rezite? Bèl kezyon!

  1. Ou reziste nan simayen renmen menm le lòt fè ou mal (Jan 13:35).
  2. Ou reziste nan pèsevere menm lè tout espwa ta vle pèdi depi ou te gentan genyen wi Bondye sou sijèea (kelkeswa sal ta ye a) (Women 5:3-5).
  3. Ou reziste nan reve anko (Pwovèb 29:18).
  4. Ou reziste nan kontwole mo k’ap soti nan bouch ak lide nan panse’w yo(Pwovèb 23:7).
  5. Ou reziste nan kolabore younn ak lòt e mete tèt ansanm paske ou fè pati yon fanmi (Women 12:16; 1 Pyè 3:8)).
  6. Ou reziste nan padone mounn ki fè ou lapèn (sa ka tèt ou tou pafwa) (Efezyen 4:32).
  7. Ou reziste nan envite Bondye nan tout ti detay ou yo e pataje koze ou ak li plis (Pwovèb 3:5-6).

Pran kouraj nan tout sikonstans e sonje lavi’w pa yon aksidan. Reziste tantasyon sou tout fòm, kit se dekourajman, tristès, perèz, jalouzi, vyolans, panse negatif, repete move pawòl ki pap beni tè a ak nanm ou, elatriye. Pran otorite sou chak aspè lavi’w! Pa bay vag ni dekouaje. Kontinye priye, kontinye bay Bondye lwanj ak konpliman paske li bon!!

Kenbe fèm e pa bliye pataje devosyon sa ak zanmi ou yo!