Tag Archives: pititbondye

Idantite’w nan Bondye: Ou pa rasis

“Li (Pyè) di yo: — Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gendwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon’l pa penmèt sa. Men, Bondye fè m konnen, mwen pa gendwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.”Travay 10:28 HAT98

Nan moman koulyea non sèlman lemònn boulvèse anba yon pandeni viris (COVID-19) men tou gen yon moveman pou respekte lavi mounn ki gen koulè po “nwa”. Manifestasyon ak deblozay ap fè aktyalite, se younn ak chire pit ak lòt. Lemòn boulvèse anpil 2020 sila men mounn ki ankre idantite yo nan Bondye tankou ou menm konnen ke gen lespwa e chanjman pozitif kap fèt.

Kisa la Bib di sou koze rasis, vyolans, ak enjistis sa yo nap obsève? Ki responsabilite ou genyen kòm disip Jezi nan moman kritik sa? Tankou eske ou dwe rayi mounn ki gen koulè po differan de ou oswa ki gen differan relijion oswa pale yon lòt lang? Eske ou dwe kenbe rankinn poutèt lesklavaj ak mechanste e jije tout nasyon ki tap domine yo menm jan? Kijan ou ka fè pati chanjman an nan yon fason kap dire e kap avanse wayòm Jehowah a sou tè a?

Nan Travay 10, Kònèy, yon nonm ki te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an ki te gen anpil krentif pou Bondye fè yon vizyon kote zanj Bondye rakonte’l kibò younn nan disip Bondye yo (Simon ki gen ti non Pyè) ye pou envite’l lakay li. Nan tan sa relijyon jwif la te entèdi yo pou yo mele ak lòt nasyon (koze rasis sa pa nouvo non). Pa lontan apre Bondye bay Pyè yon visyon pou te prepare kè li pou li ale lakay Konèy e preche nouvèl lanmò ak rezireksyon Jezikri e revele entensyon li pou tout mounn sove. Pyè pataje ak tout mounn nan 10:28 kijan Bondye pa nan patipri e repòns sa ede nou konprann ki wòl nou nan sityasyon aktyèl sa yo.

Bondye konsidere tout mounn menm jan kelkeswa koule po yo oswa nasyonalite yo. Sa vle di Bondye pa rasid (li pa rayi ni renmen younn nan plis le lòt poutèt koule je, po, lang, cheve, kilti etc.) E li vle ou kiltive menm prinsip sa yo. Ki fè nan Bondye, idantite’w pa rasis (panse ou siperyè ak yon lòt oswa kenbe rakinn akòz de sa kite pase avan tankou lesklavaj, gè, etc; menm sityasyin aktyèl yo e jije mounn yo sou pase sa yo) e ou paka anji tankou younn (Lik 6: 27-36; Mat 5: 43-48).

Ou se solda lanmou, lespwa, lajwa, respè, viktwa, ak lafwa e ou represente Bondye tout kote ou pase. Nan tout sa w’ap fè, bat pou ou reflekte idantite sa yo konsa lòt mounn pral fè experyans glwa Bondye a travè lavi ou chak jou.

Efèz 5:1 raple ou pou ou imite Bondye paske ou kreye ak imaj li — Bondye se lanmou e ou menm tou ou se lanmou. Pi gwo komandman li ba ou se pou renmen lòt mounn (kelkeswa koulè pò, relijyon oswa nasyonalite li) tankou pwòp tèt pa ou ak menm jan Bondye renmen ou (Jan 13:34).

Ou dwe fache lè’w wè enjistis e kanpe pou sa pi fèb yo (Pwob 31: 8-9). Men tou Bib la di “Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou. Pa bay Satan pye sou nou” Efezyen 4:26‭-‬27 HAT98. Sa vle di pandan w’ap fè solidarite ak mounn k’ap fè sa byen tankou pou sa kap chache lajistis pou younn ak lòk ak pou dwa tout mounn respèkte, sonje tou ke nou tout se pitit Bondye e lanmou li an san patipri.

Lè ou simaye lanmou nan plas rakinn, rayisans ak vyolans konsa wa ede mounn kap soufri yo (nan nenpòt sitiyasyon ki sòt nan nenpòt peyi ke yo jon, nwa, rouj, blan etc; pale nenpòt lang) pou yo jwenn solisyon ki aligne ak pawòl Bondye nan Bib la, e ofri yo lespwa ki soti nan lanmou infini Bondye gen pou yo a pou yon chanjman kap dire.

“Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt. Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.”
1 Korent 13:9‭-‬10‭, ‬13 HAT98

Ansanm nou pi fò e andedann nou tout senyen menm jan. Ann kole zepòl pou yon demen miyò.

Lòt Vèsè pou medite jodia: “Kounyeya pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri. Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.”
Galat 3:28‭-‬29 HAT98

Kesyon pou aksyon: kijan ou ka demonstre idantite nan Bondye jodia (Ou pa yon rasis) e pataje pawòl Bondye a pou pote lapè e konbat racist ak vyolans pa lanmou?

Lwanj pou Bondye!

Lapriyè ki se kominikasyon konstan avèk Bondye se yonn nan pi gwo privilèj nou genyen ke nou pa dwe neglije nan tout sikonstans. Sitou nan moman sila ak koze COVID-19 la kote anpil mounn ap panike paske yo santi avni yo ensenten men pou nou menn ki asire idantite nou nan Bondye, nou dwe konnen fiti pa nou asire deja (Jer 29:11). Sèlman kontinye fè li konfyans, envite’l nan tout sa wap fè, e fè lwanj ak konpliman pou li. Lwanj twouble lenmi ou yo e ba’w nanm ou fòs konsa wa gen kè kontan e viv lontan pou pataje glwa li tout kote ou pase. Ann bay Bondye glwa ansanm jodia pandan n’ap medite sou Sòm 34.

“(2) Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li. (3) M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. (4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!

(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t’ap fè m pè yo. (6) Lè nou vire je nou gade l, sa fè kè nou kontan. Nou p’ap janm wont. (7) Lè moun ki san sekou yo rele l, li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.

(8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. (9) Goute, n’a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! (10) Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen. (11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k’ap chache fè volonte Senyè a p’ap manke anyen.

(12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m’ap di nou. M’a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a. (13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. (15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.

(16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye l. (17) Men, Senyè a vire do bay moun k’ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo. (18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray. (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.

(20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo. (21) L’ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l p’ap kraze. (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k’ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. (23) Senyè a ap delivre moun k’ap sèvi l yo, li p’ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l.” Amen. Sòm‬ ‭34:2-22‬ ‭HAT98

“ Leve non Bondye byen wo paske li gen tout pouvwa…li granmounn li fè sa li vle.”

Idantite’w nan Bondye: Ou se lasante

“ Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M’ap geri yo. M’ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san okenn danje.” Jeremi 33:6

Lasante se pi gwo trezò ou posede e se li ki ba’w posibilite pou ou akompli tout rèv ou genyen e simayen pawòl ak lanmou Bondye a toupatou kote’w pase. Ak koze korona viris aktyèl, anpil mounn vinn plis apresye enpòtans lasante. Pa gen lò ni diaman ni okenn kantite lajan ki ka achte’l oswa doktè ki ka ba ou li. Bon nouvèl jodia, se ke gerizon Bondye toujou disponib e li pa gen okenn maladi ki enposib pou li geri!

 Lasante pa sèlman refere de kòw lèw pa gen okinn malèz men tou de eta lespri’w, emosyon, relasyon, ak nivo esperityèl ou yo. Menm jan mo ou itlize yo afekte kalite lavi ou genyen, konsa tou yo afekste eta sante’w nan tout dimensyon sa yo (Pwovèb 16:24). Nan Jeremi 33:6, Bondye te pwomèt pou li geri mounn pèp  Izrayel ak peyi Jida yo tout maladi, ba yo lasante, e fè yo kanbe ankò . Konsa Bondye fèw menm pwomès sa antan ke pitit li ke li damou anpil la(tcheke tou Jeremi 30:7,Sòm 146:8; Exòd 23:25, Ezayi 41:10; 2 Wa 20:5).

Kit ou gen pwoblèm emosyonèl, mental, espirityèl, sosyal, oswa fizik Bondye vle geri’w! Li te sakrifye lavi’l sou kwa pou kwape tout enfimite ak maladi ou ka genyen e Lesentespri li ki abite nan ou depi’w te aksepte viv pou li a non sèlman ka men li vle geri’w pou glwa li (Ezayi 53:4-6;  Mat 8:1-3; 1 Korent 6:19-20).

Sak pi bèl la, pa pouvwa Jezikri ou gen otorite pou ou geri lòt mounn tou nan non li (Malachi 4:2; Mat 10; Lik 9,10; Mak 16). Non selman ou dwe e ou geri, li vle ou geri lòt mounn ou rankontre ki malad tou. Se poutèt sa younn nan idantite’w nan Bondye se Lasante! Lè’w wè maladi ap tonbe agòch adwat, pran prekosyon ki baze sou bon sans li ba ou yo (pran syen tèt ou manje bagay natirèl e ki bon pou kòw tout otan ou kapab, domi byen, redwi strès, pratike bon ijyèn, fè egzesis etc Pwovèb 17:22) men pa neglige lapriyè. Pran otorite’w sou lasante’w r invite wayòm Bondye a nan lavi lòt ki kote’w yo ki ap soufri pou yon rezon pou yon lòt paske kote ou ye, dwe gen lasante (e sa komanse nan ou e nan pase tan nan lapriyè; Det 7:12-15; Prov 3:5-4; ) e yo menm toh. Gerizon se yon kado e komandman Bondye te bay tout disip li yo e si li ou genyen tou jodia. Pa neglige privilèj sa e pase ti tan sou vèsè bib yo sou sijè sa pou apwonfondi idantite sa ou genyen nan li.

Annn Lapriyè: Mèsi paske idantite’m nan ou se lasante. Edem viv nan yon fason ki reflekte realite sa nan ou poum ka ede lòt viv nan menm pouvwa ak otorite ou bay pitit ou yo ki kwè nan ou. Bondye mèsi paske ou ban mwen lasante chak jou e ou kouvri mwen anba manto lagras ou. Mwen mande’w fè inventè tout sa ki andann e mete lavi’w ak lasante nan tout pati nan mwen ki pa an akò ak pawòl ou yo pou lajwa, lafwa, viktwa, ak glwa ou manifeste plis nan vi mwen. Konsa lavi mwen a sèvi yon testaman de egzistans ak glwa ou e plis pitit ou yo ap retounen jwenn ou lè yo experyanse menm lanmou sa.

Si mwen ta malad jodia, mwen delakre gerizon sou tout ògan nan kòm e mwen kouvrim ak san ou Jezi. Gerizon se pou mwen e mwen kwè ke mwen gentan geri pa pouvwa Lesentespri ou ki abite e ap travay nan mwen. Mwen deklare gerizon tou sou tout pitit ou yo tou ki afekte ak viris sa e lòt k’ap soufri pou lòt rezon. Mwen beni non ou e mwen di’w mèsi pou tout mounn w’ap geri nan moman sa (ajoute non yon kounn ki sou kè’w ki ap soufri pou yon rezon oswa yon lòt epi kontinye di Bondye mèsi pou mounn nan oswa pou gerizon paw). Banm fòs poum viv nan idantite sa plis e men jan ak Pyè te di nonm enfim nan : “ mwen pa gen li lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m’ap bao u li. Nan non Jezikri de Nazarèt, leve mache.” (Travay 3:6 ) a tout enfimite mwen ta rankontre jodia. Amen.

https://www.youtube.com/watch?v=5dNuA5MKhyY

Konfye’w nan Bondye ak tout kèw

Ak tout insètitid ki pafwa ka antoure ou, li fasil pou ou ta santi ou dekouraje e san fòs men ou pa poukont ou. Non, ou pa sèl paske ou fè pati yon fanmi ki plis se sa je ou we yo. Epi, ou gen yon idantite ki ankre nan yon Bondye ki fidèl, ki konnen’w an detay, e ki trase plan lavi ou ak anpil lanmou ak tandrès.

Sonje ke Bondye se yon bon zanmi ki la nan bon ni move tan. Ou se pitit yon wa ki pa janm wè defèt, ki pap janm abandone pitit li yo, e li pat janm pèdi batay e li pap ka pèdi sa. Li mache de viktwa an viktwa. Se san li ap koule nan vènn ou alò ou menm tou ou paka pèdi prose. Lesprisen li nan ou depi’w lè ou te aksepte lanmou san fi li gen pou a e te demontre li sou lakwa a. Ou se viktwa e se yon asirans etènèl nan li.

Lè’w pa ka jwenn mo yo pou exprime sa’w santi, pa kite perèz, chagren, ak dekourajman pran plas nan ou. Kite pawòl Bondye yo nan Bib la pale pou ou pandan w’ap medite sou yo. Pa egzamp, Sòm 27, ki raple ou pou chwazi fè Bondye konfyans chak segond w’ap respire paske li toujou pou reponn a tan.


Sòm 27


“ Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m’ pè? Se Seyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m’ tranble? Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m’ yo ap chache touye m’, se yo menm k’ap bite, se yo menm k’ap tonbe. Menm si tout yon lame ta sènen’m toupatou, mwen p’ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè’ m lagè, m’ap toujou gen konfyans nan Bondye.


Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m’ ta pase tout lavi m’ nan kay Seyè a, pou m’ ka gade bèl bagay li yo byen, pou m’ ka pran tan m’ pou m’ kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l’a pwoteje m’ lakay li. L’a kache’m byen fon nan tanp li a. L’a leve’m mete yon kote pou anyen pa rive’m.


Se konsa m’ap genyen batay la sou tout lènmi k’ap sènen’m yo. M’a bat tanbou, m’a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M’a chante, m’a fè lwanj Seyè a. Senyè, tande’m non lè m’ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!


Ou pale nan kè’m, ou di m’ vin jwenn ou. M’ap vin jwenn ou, Senyè. Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k’ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite’m pou kont mwen, pa lage’ m.


Papa’m ak manman’m te mèt lage’m, Senyè a va ranmase mwen. Senyè, moutre’ m jan ou vle’ m viv la. Fè’ m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k’ap veye’ m. Pa lage’m nan men lènmi’m yo. Yo soti pou yo touye’ m. Se yon bann moun k’ap bay manti. Mwen menm, mwen sèten m’a viv pou’m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.


Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!”

Benediksyon: Ke pawòl Bondye yo mete fòs nan feblès, lajwa nan tritès ou, lapè nan inkyetid ou yo, sekirite nan dout ou yo, ba’w plis opotinite pou kontinye grandi nan lafwa, e kenbe’w djanm nan tout sikonstans lavi a. Ke nanm ou fotifye e lafwa ou restore nan li chak jou pandan l’ap kontinye proteje ou ak tout fanmi e itilize’w pou glwa li tout kote ou pase.

Ou se kouraj

“Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.” (2 Tim 1:7)

Nan lavi li fasil pou dekouraje lè ou wè tout bagay ta vle fè nwa sitou nan moman konyea kote vyolans ak insekirite ap simaye toupatou. Lè nou fè fas ak difilkte lavi, nou ka itilize mo nou yo nan fason ki negative e pawòl sa yo ka fè nou dekouraje.

Mo nou yo tèlman gen pouvwa nou ka dekouraje tèt nou epi n’ap panse se djab k’ap fè nou depafini oswa ki enpeche nou avanse. Se sak fè li imperatif pou’w gen kontwòl panse k’ap pase nan tèt ou, mo k’ap soti nan bouch ou lè w’ap fè Bondye konfyans nan lapriyè, e ak ki mounn w’ap koute lè y’ap baw konsey. Li pap fasil pou ou wè men Bondye ki toujou ap travay pami ou nan mitan tout zeprèv si ou lespri ou negative oswa dekouraje. Dekoujman ak desespwa pa pou ou paske nan Bondye idantitie ou se kouraj.

Ou se kouraj paske:

  1. Kouraj se yon pwomès Bondye ba ou paske ou se lapè. Nan Jan 14:27, Jezi pwomèt “M’ap ban nou kè poze. M’ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.” Jan 14:27
  2. Ou gen anpil espwa nan Bondye e ou gen aksè ak li pa lapriyè, “mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!” Sòm 27:14
  3.  Ou gen sekirite tout kote ou pase. Menm jan David te di, “Menm si m’ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p’ap pè anyen, paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m’ pa kase” Sòm 23:4; 91.
  4. Ou pa janm sèl. Se sak fè Det 31:6-8 raple nou menm jan li te raple Moyiz: “Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo (ninpòt sitiyasyon ki ta vle fè’w bite)* parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p’ap janm lage nou, li p’ap janm kite nou pou kont nou. […] Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen. Ou pa bezwen tranble.  Det 31:6-8
  5. Lespri sen toujou la pou gide’w. 2 Tim 1:7
  6.  Kenbe lafwa nan Bondye nenpòt sa ki ka rive. Paske ou gen otorite sou tout sikonstans, “Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.” 1 Korent 16:13
  7. Se yon komandman Bondye ba ou. “Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.” Josye 1:9

Benediksyon: “Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n’a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.” 2 Korent 1:3-4

* Nou ajoute explikasyon

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Ou pa manke anyen

“Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen. “ Sòm 34:10

Bòn nouvèl pou ou maten an! Zanmi, ou pa manke anyen nan Bondye! Eske’w kwè e konnen sa? Tout sa ou beswen, Bondye konnen yo e li vle ba ou yo men li toujou vle prepare kè’w pou resevwa benediksyon yo avan (Sòm 34, Prov 3:5-6, Matye 7:9, Lik 11:11).

Ou se grenn pitit ki chè pou li anpil se poutèt sa li toujou renmen wè lè kè’w ap rejwi e lè ou asire idantite’w ak kè’w nan li tout bon, w’ap realize vre ke ou pa manke anyen. Paske Senyè a se li ki sous ou e se li menm ki gen kontwòl tout bagay! (Sòm 24; 1 Korent 10:26)

Jodia pandan w’ap koze ak Bondye nan kèw, medite sou Sòm 34. Bondye vle konble tout dezi kè ou yo ki an akò ak pawòl li yo sèlman fè’l konfyans e ba li espas pou li repòn nan fason ak nan lè pal. Asire’ w sou bonte ak bon plan li pou lavi’w (Jeremi 29:11-13). Ou pap regrèt ni wont lè’w fè sa paske Bondye gen bon kè e li damou’w!

Sòm 34  Lwanj pou Bondye pou Bon kè li

“(2) Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li.          (3) M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.                          (4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! 

(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre’m anba tout sa ki t’ap fè’m pè yo.                                      (6) Lè nou vire je nou gade’l, sa fè kè nou kontan. Nou p’ap janm wont.                        (7) Lè moun ki san sekou yo rele’l, li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.                   (8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

 (9) Goute, n’a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!                                   (10) Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen.    (11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k’ap chache fè volonte Senyè a p’ap manke anyen.

 (12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m’ap di nou. M’a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.           (13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?        (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.                      (15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.                                                        (16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye’l. 

(17) Men, Senyè a vire do bay moun k’ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo.        (18) Lè moun ki mache dwat yo rele’l, li tande yo. Li wete yo anba tray.               (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.                  (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou’l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre’l anba tout soufrans li yo.                                                                          (21) L’ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò’l p’ap kraze.                                       (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k’ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.                                                        (23) Senyè a ap delivre moun k’ap sèvi”l yo, li p’ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote’l.”

‭‭Sòm‬ ‭34:1-22‬ ‭HAT98‬‬

Nan silans ou…

“Senyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou (fè silans).” Egzòd 14:14

Lèt lanmou Bondye pou ou jodia:

“Nan silans ou tande vwa’m plis, K’ap diw ti pawòl dous ki chaje delivrans. Tankou ou domi byen sou yon kabanm san pis, Mwen nouri nanm ou ak lapè e ba ou fokis. Nan lanmò’m mwen te pran tout penitans, Pou’w te ka viv yon vi san pretans. Pa pè fè silans….

Ou pa bezwen di mil pawòl, Ni eseye pale ak mwen nan jan dwòl. Mwen menm avè’w pa bezwen nan teke mo. Mwen renmen’w janw ye a e mwen potew sou do.

Afèksyon’m pou ou san repwòch, Plan mwen yo pou lavi’w san banbòch. Fè yon ti rete plis ak mwen an silans.

Ou se younn nan pi bèl kreasyon’m, E mwen rejwi lè nou pase ti moman espesyal yo an silans tou. Wi, ou pa bezwen kriye ni fè anpil bri poum koute’w, Paske mwen konnen’w e mwen toujou bò kote’w.

Mwen renmen dolote’w, Konsa tou pafwa mwen oblije korije’w, Men lanmou’m pou ou fè mwen pap janm lage’w. Nan silans ou dekouvri plis janm damou’w, E tande bri kèm k’ap bat tanbou pou ou.

Enmi nou an ta vle’w pè silans paske li konnen li gen anpil enpòtans. Silans ou lè nou ansanm ap fèw gen viktwa sou anpil sikonstans, Mwen vle ede’w wè klè e montre’w sa’w dwe fè.

Paske mwen renmen’w, mwen pa vle pale pi fò ke vwaw. Lè’w fè silans ou chwazim e invite’m pale, Konsa w’ap plis remake lè mwen manisfeste glwa’m.

Nan silans ou mwen vle ranpli’w ak panse pam. Kite’m restore’w konsa wa jwenn plis lapè, lajwa, lanmou, ak lafwa. Pa neglige ti moman sa… mwen gen anpil koze pou ou.”

Adorasyon: