Sajès ak bon konprann se eritaj ou nan Bondye

« Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo. Y’ap ba ou lavi, y’ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou. W’a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p’ap janm bite sou anyen. » (Pwov. 3: 21-23)

Avèk pwoblèm pasi pa la, li fasil pou ou distrè oswa santi’w bouke men sonje ke Bondye voye’w sou tè sila pou yon rezon byen detèminen. Dekourajman ap vini pi vit si’w pa konprann sa kap pase yo ni reflechi sou yo ak yon pèsepsyon divin. Pèsepsyon sa a se Bondye sèl ka revele’w yo se sak fè li enpòtan pou nou rete kole ak li nan lapriyè. Anvan ou pran yon desizyon, fè yon ti reflechi e mande Bondye direksyon.

Entegrite, pasyans, ak sajès ap ede’w viv byen ak tèt ou e ak mounn tout kote’w pase. Eleman sa yo fè patit necesè pwogrè nan lavi’w. Ou gen anpil talan ak konesans (plis ke’w panse e imajine). Andan’w ou pote chanjman pou lakay ou, fanmi’w, peyi’w, ak nan mònn lan ki dwe fèt e yo depann de ou. Koze ak Senyè a ki renmenw anpil la pou mande’l direksyon paske li toujou la pou ou Jer 33:3.

Medite sou Pwovèb 3:21-35 jodia e envite Lesprisen revele’w idantite’w nan li nan yon fason espesyal pou’w ka genyen plis sajès ak bon konprann nan tout ti desisyon w’ap pran. Konsa Bondye va gide’w e louvri je’w sou tout sa ki te parèt nwa oswa difisil pou ou e ba’w siksè pou glwa li.

Pwovèb 3:21-35 ki ranpli ak sajès ak bon konsey pou ou jwi eritay Bondye prepare pou ou yo:
 » 21. Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.

  1.  Y’ap ba ou lavi, y’ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
  2.  W’a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p’ap janm bite sou anyen.

24. Lè ou pral kouche, ou p’ap pè anyen. Lè w’a fin lonje kò ou, w’a dòmi nèt ale.

25. Ou p’ap bezwen pè: malè p’ap rete konsa pou l’ tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p’ap rive ou.

26. Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p’ap kite ou pran nan pèlen.

  1. Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.

28. Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M’a ba ou kichòy!

29. Moun k’ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.

30. Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.

31. Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.

32. Paske Senyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l’ yo.

33. Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l’ ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.

34. Moun k’ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l’ap moutre yo jan li renmen yo.

35. Y’a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y’a wont. »

Ann Lapriyè:

Mèsi Senyè pou pawòl ou yo ki toujou plen lavi ak bon konsèy. Banm sajès ak bon konprann ou plis chak jou poum rete nan volonte’w e reziste tout tantasyon poum mòde lage. Fèm sonje yo toujou disponib pou mwen nan tout desizyon m’ap pran.

Pa kite kèm di poum anvye mounn k’ap fè zak malonèt ni espas nan kèm pou jalouzi ak move lide. Mwen vle jenere ak tout sam genyen menm lè li yo ka pa anpil paske tout se pou ou e mwen pap janm manke anyen nan ou. Kouvrim anba manto gras ou poum ka mache dwàt devan’w e pou lavi’m temanwanye grandè ou tout kote mwen pase. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Idantite’w Nan Bondye: Ou vanyan

« Se pou [ou]* vanyan. Se pou [ou]* mete gason sou [ou]. [Ou] pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan [ou]. Senyè a, Bondye [ou] an, kanpe la avèk [ou]. Li p’ap janm lage [ou], li p’ap janm kite [ou]* pou kont [ou]*.
Detewonòm 31:6 HAT98, *adapte pou devosyon an

Laperèz se pi gwo taktik enmi nanm ou itilize pou li kapòne’w pou ou ka pa pran otorite sou tout aspè nan lavi’w. Men Bondye te gentan konnen sa. Se sak fè li mande’w pou asire konfyans ou nan li nan tout sikonstans pou’w ka konbat laperèz sou tout fòm (Det 31:6). Li tèlman enpòtan pou ou pa kite lavi’w domine laperèz ke Bondye komande tout pitit li yo pou yo pa pè . « Pa pè » repete 365 fwa nan bib la. Ki vle di chak jou fòk ou pran desizyon pou ou pa viv nan laperèz!

Kontrèman ak sa anpil mounn panse, laperèz devan yon bagay nouvo nòmal paske ou pa abitye avè’l ni konnen sak pral pase. Anpil mounn ak viv nan perèz sou sa fiti yo ap pote, sekirite, elatriye. Lè’w pè, lespri’w nan mòd panik e ou pa reflechi klè e li fè’w tankou yon esklav. Bagay sa ka toupizi’w e anpeche’w vanse.

Kòm yon mounn ki ankre idantite’l nan Jezi Kris, laperèz pa eritaj ou!

Nan Bondye, idantite’w chanje e ou se yon moun mounn vanyan. Depi’w rekonèt prezans perèz se derasine’l nan patòt kè’w, lespri’w, ak panse’w e aktive lafwa’w. Menm si se sant li ou ta pran, rale Bib ou epi desenfekte lespr’w rapid ak pawòl Bondye yo nan non Jezi! Li pi rèd ke viris. Pa danse kole ak li menm. Pwoteje kè’w ak laviw pa demaske laperè chak li parèt.

Anpil pasaj nan Bib la (nouvo ak ansyen testamen) menm jan ak Det 31:6, Bondye raple’w pou divòse laperèz paske li menm li la avè’w tout kote ou ye. Men kèk nan pawòl Bondye yo pou sonje e itilize lè’w santi prezans laperèz pou raple’w prezans li nan ou:

  • Pa pè, mete konfyans ou nan Bondye pito pandan w’ap mande lespri bon konprann li an pou gide’w. Mak 5:36; Mak 9:23
  • Bondye toujou avè’w,  » Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble. »
    Detewonòm 31:8 HAT98
  • Bondye konnen’w, li renmen’w, e ou chè pou li. Sa vle li pap janm kote’w sèl no san sekou.
     » Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou[..] — Nou pa bezwen pè anyen! M’ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. »
    Ezayi 43:1 HAT98

Pwomès li pou ou chak jou: « Lè [w]‘ap pase sou lanmè, m’ap kanpe la avèk [ou]. Lè [w]‘ap janbe gwo dlo, dlo a p’ap bwote [ou] ale. Lè [w’]* ap mache nan mitan dife, dife p’ap boule [ou]. Flanm dife a p’ap fè [ou] anyen. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye [ou]* an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k’ap delivre [ou]! Pou m te ka delivre [ou] mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas [ou]*.
Ezayi 43:2‭-‬3 HAT98, adapte pou devosyon an

  • Senyè a se fòs ak pwoteksyon’w ban tout sikonstans. Sòm 18; 23:4; 27:1, Jozye 1:9
  • Lespri Bondye abite nan ou e li gen tout pwisans: 2 Tim 1:7
  • Bondye ba’w lapè nan tout sikontans paske ou asire’w nan li: Ezayi 41:13, Jan 14:27, Matye 10:28, Filipyen 4:6-7
  • Fixe je’w sou Jezi nan tout sikonstans ki ta ve fè’w twouble oswa fè’w pè: Sòm 56:3;118:6, Lik 12:32, Matye 6:34

Ann Lapriyè:

Senyè, pawòl ou yo nan Bib la dim poum vanyan e poum kenbe kouraj. Mwen mande’w fòs ak kouraj nan tout sikonstans m’ap andire. Mwen pa vle viv nan laperèz ankò paske mwen kwè ke ou avè’m tout kote mwen ye. Mwen kwè ke ou toujou la avè’m e ou pap janm lage’m nan won san baton. Mwen remèt tout laperèz mwen yo paske avè’w mwen pa bezwen pè anyen. Mwen resevwa kouraj sa ak fòs sa ou ban mwen pa pouvwa Lesentespri ou. Mèsi paske ou toujou la pou mwen e w’ap gidem nan tout sikonstans. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Reziste

« Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l’, pou nou ka soti anba li. » 1 Korent 10:13

Onè zanmim!

Lavi chaje moman difisil e chak mounn fè experyans avèl yon fason ou yon lòt men Bondye fidèl!!

Se pou ou reziste (rete fèm). Wi, se pa rezistans oswa fè opozisyon jan sa pase lakay nou kote nou wè revandikasyon kont vyolans ak injistis fèt ak menm vyolans lan epi boule kaoutchou ak deblozay ki ap polye enviwòman an e pa pote solysyon ki dire. Jak 4:7 di « Enben, livre lavi’w bay Bondye pou obeyi’l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l’ap kouri ale byen lwen’w » (VKF). Rezistans ou menm ki ankre idantite’w nan Kris diferan.

Pasaj sa aprann ke vrè rezistans ou se nan livre lavi ou nan men Bondye e obeyi’l nan chak ti direksyon li ba ou. Li pap fasil e w’ap jwen oposizyon se sak fè fòk ou reziste (pa bay enmi nanm ou an legen). Sa vle di aprann kanpe djanm devan tout sityasyon paske ou konnen Bondye avè’w (Matye 28:20). Lè fè sa, gen yon pwomès viktwa pou ou! Jak 4:7 ki si’w fè opozisyon ak lespri malen ki pafwa sanble ap teste tout zantray ou yo, lespri mechan sa gen pou li kouri pou ou. Moman sa yo tanporè e Jezi te mouri sou lakwa e pote tout viktwa yo pou deja. Djòb ou se reklame viktwa sa nan tout sikonstans (Filipyen 4:6-8).

1 Korent 10:13 raple ke chak tantasyon/difikilte w’ap andire yo pa inik. Fòm tantasyon oswa sityasyon difisil pa’w yo ka diferan de sa lòt zanmi’w yo ka ap travese nan yon sezon ak yon lòt men tout tantasyon se tantasyon e objektif yo menm:  » se vòlè (lapè pa ou oswa pa lòt mounn nan), se touye (enpirasyon ak bonte ou gen kèw oswa pa lòt la), se detwi (nanm ou, kò’w, lespri’w oswa estabilite emosyonèl ou, lavi’w etc) (Jan 10:10).

Se poutèt sa li enpòtan pou ou rete je kale e reziste ak lafwa nan lapriyè pandan w’ap fè tout sa Bondye mande ou fè e chache konsèy ak direksyon nan pawòl li yo.

Kijan pou’w rezite? Bèl kezyon!

  1. Ou reziste nan simayen renmen menm le lòt fè ou mal (Jan 13:35).
  2. Ou reziste nan pèsevere menm lè tout espwa ta vle pèdi depi ou te gentan genyen wi Bondye sou sijèea (kelkeswa sal ta ye a) (Women 5:3-5).
  3. Ou reziste nan reve anko (Pwovèb 29:18).
  4. Ou reziste nan kontwole mo k’ap soti nan bouch ak lide nan panse’w yo(Pwovèb 23:7).
  5. Ou reziste nan kolabore younn ak lòt e mete tèt ansanm paske ou fè pati yon fanmi (Women 12:16; 1 Pyè 3:8)).
  6. Ou reziste nan padone mounn ki fè ou lapèn (sa ka tèt ou tou pafwa) (Efezyen 4:32).
  7. Ou reziste nan envite Bondye nan tout ti detay ou yo e pataje koze ou ak li plis (Pwovèb 3:5-6).

Pran kouraj nan tout sikonstans e sonje lavi’w pa yon aksidan. Reziste tantasyon sou tout fòm, kit se dekourajman, tristès, perèz, jalouzi, vyolans, panse negatif, repete move pawòl ki pap beni tè a ak nanm ou, elatriye. Pran otorite sou chak aspè lavi’w! Pa bay vag ni dekouaje. Kontinye priye, kontinye bay Bondye lwanj ak konpliman paske li bon!!

Kenbe fèm e pa bliye pataje devosyon sa ak zanmi ou yo!

Psst..Strese? Kè kontan se eritaj ou

« Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m. » Sòm 16:8

Nan tan sila kote move nouvèl ap soti a goch adwat. Pwoblèm ta vle kole sou anpil nan nou tankou move chiklèt chèch kole anba pla pye soulye nou e di pou dekole. Bagay sa yo ta vle anpil nan nou fè tout kalite maladi tèlman strès la ta vle wo men pawòl Bondye yo ba nou yon lòt reayilite!

Se pèsepsyon ou (jan ou wè lavi a)ki plis konte nan tout pwoblèm oswa difikilte lavi. Ou menm ki ankre idantite’w nan Kris, menm jan ak David agrandi lafwa’w jodia e kwè ke paske ou toujou mete Bondye devan nan tout sa w’ap fè, li pap janm lage’w e l’ap akonpli pwomès li yo nan lavi’w (Sòm 16:8).

Lè’w ankre kè’w nan lapriyè, remèsiman, adorasyon, w’ap ka wè difikilte an fas ou yo nan yon lòt dimansyon. Menm kesyon’w yo a Bondye. « Pouki se mwen? » ap komanse transfòme a « mèsi paske ou banm òpotinite sa poum fè yon experyans plis pwofòn avè’w Bondye e pou glwa ou manifeste nan lavi’m nan sikonstans sila. » Epi w’ap wè jan Lesprisen ap chanje emosyon negatif ou yo, geri kè’w ak nanm ou, e baw fòs pou ou fè kichòy menm ou menm ou pat imajine!

Nan Bondye ou se lajwa, alò chwazi lajwa e aksepte eritaj sa ou gen nan li a chak jou. L’ap transfòme souri ou e ba ou kè poze ak kontantman nan tout sikonstans (Fil 4:19) !

Ann medite ansanm sou Sòm 16:
« (1b) Pwoteje m, Bondye, paske se bò kote ou m’ap chache pwoteksyon.

Mwen di Senyè a: — Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!

Tout plezi m se pou m toujou la avè moun k’ap sèvi Senyè a nan peyi a.

Moun k’ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y’ap chache bay tèt yo. Mwen p’ap mele nan ofrann bèt y’ap fè. Mwen p’ap janm nonmen non bondye sa yo.

Senyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m tou sa m merite. Lavi m nan men ou.

Ala yon bèl eritay ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m lan!

M’ap fè lwanj Senyè a paske li ban m bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m sa pou m fè.

Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m.

Se poutèt sa, kè m kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m’ap poze ak konfyans nan Bondye.

Paske ou p’ap kite m kote mò yo ye a, ou p’ap penmèt moun k’ap sèvi ou la pouri anba tè.

W’a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p’ap janm fini. »
Sòm 16, vèsyon HAT98

https://m.youtube.com/watch?v=6oAHEOAiHno

Alo?! Ou gen yon yon apèl direk: Senyè a vle pale ak ou. Klike pou ou aksepte’l!

« Vwa Senyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan Tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li. » Sòm 29:9

Onè, respè zanmim! Kijan ou ap pase kadè yo?

Jodia nou pral fe yon ti koze sou enpotans vwa/opinyon. Nan lavi, nou kwè ke tande vwa (ki egal ak opinyon) mounn ki chè pou ou yo toujou trè enpòtan sitou lè ou gen gwo desizyon pou ou pran e ou bezwen konsèy. Se gwo privilèj pou ou koze ak mounn sa yo pou ou dejaje lepri’w e jwenn solisyon. Lè pou ou pale ak yo, ou fè tout sak posib pou rantre an kontak ak yo swa pa telefòn, korye elektwonik, apèl video, pase wè yo, planifye rankont fas ak fas, ekri lèt, etc.

Vwa gen yon pouvwa espesyal. Vwa ede mounn jwenn direksyon, bay koreksyon, exprime entansyon yo, pataje konesans, ak ka bay pwoteksyon tou nan anpil sikonstans. Vwa tèlman enpòtan menm lè yon ti bébé nan vant depi apre 16-18 semènn , li ka rekonèt son depi bonè e li ka reaji lè li tande yon vwa ki familyè.

Nan moman sila kote tout mounn ap bay opinyon yo sou tout aktivite swa politik, relijyon, kilti, relasyon, edikasyon, elatriye, abilite pou tande vwa Bondye korèk trè enpòtan kòm abitid pou ou pratike pou evite ale nan move chemen. Vwa Bondye pi enpòtan pami tout lòt paske se li sèl ki gen denye mo nan tout sikonstans.

Ou se yon mounn chwazi e plan lavi’w trase nan men gran Kreatè a deja! Menm jan lè’w rakonte ti koze’w bay baz ou, yo koute’w e ba’w repons. Bondye vle devlope menm ti kòkòday sa avè’w chak jou. Li bon pou ou kominike ak mounn ou fè konfyans, men lè ou ale nan lye sekrè ou an silans ak Bondye tou w’ap jwenn rezilta pozitif w’ap chache yo paske li wè lwen e rive kote lezòm paka rive.

Rantre nan kominikasyon avèk Bondye se trap de paske nenpòt kote’w ye ou ka fèl epi aksè ak pawòl li yo nan Bib kòm gid aksesib preske tout kote ou ye kounyea menn sou telefòn. Kontak sa se lapriyè. Lapriyè se asksè’w e li gratis pou ou jwen. Ou pa menm bezwen nan fè plan entènèt, mete minit, oswa deplase! Bondye sèlman mande pou ou pale ak li ak yon kè ki sensè e ak lafwa.

Bondye vle revele’w tout sekrè ak plan lavi li gen pou ou yo apa. Wi, se konsa ou espesyal nan je’l! Wa dè wa sa, prezidan tout prezidan ak gouvènman sou tè si la e sou tout mònn yo ba ou aksè ak li 24/7 depi’w aksepte mete lafwa’w nan Kris.

Bon, sak pi gou a se menm si jodia pandan w’ap li sa ou pot ko aksepte li kòm sovè, bra li tou louvri poul resevwa’w jan’w ye a– ak tout defòw ak kalite (wi, 6 Kreyòl li ye ak li men ou gen pou’w wè jan l’ap fè’w pi fre, panse byen, transfòme kè’w, e rann ou pwodiktif lè’w aksepte’l). Ou se pi bèl kreati li fè e li vle koze avè’w tou! Pa tann twò lontan pou ou bal plas nan vi’w. Ou pap regrèt, zanmi’m!!!

Jodia, pran yon ti tan, fèmen tout vwa distraksyon ak opinion lòt mounn (e pa’w yo tou), e pase yon ti tan nan lapriyè. Mande Lesprisen pou ede’w tande e distenge vwa Bondye pi plis jodia. Chwazi yon sijè ki chè pou ou epi tann. Wa va wè jan lavi’w (panse, dezi, mo k’ap soti nan bouch ou yo, konpòtman’w, ak antouraj ou yo) ap transfòme chak lè ou fè sa.

Bondye wè’w, li damou’w, li vle ba’w lapè, e li dezire pale ak ou nan yon fason espesyal. Eske’w vle fè eksperyans sa jodia? Fel epi kite komante pou nou. Nou vle selebre e priye avew!

Ann Lapriyè ansanmm nan Sòm 29:
Senyè mèsi pou privilèj sa pou meen tande vwa ou. Kòm yon papa san repwòch, ou pa janm lwenm. Mèsi pou sa. Edem tande’w e konprann ou pi plis pou’m ka viv selon volonte’w.

« (1b) Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!Fè lwanj non Senyè ki gen pouvwa a! Adore Senyè a nan bèl kay ki apa pou li a!

Senyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loray yo gwonde. Senyè a ap mache sou tout lanmè a. Vwa Senyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte’l!

Vwa Senyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi [Ayiti]* yo. Li fè mòn [pwoblèm] nan peyi [ Ayiti] yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn [Pòtoprens]* sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.

Vwa Senyè a fè zèklè. Vwa Senyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè [Solino* (di non zon kote ou ye a] la tranble.

Vwa Senyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan Tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li. Senyè a te chita sou fòtèy li lè te gen gwo inondasyon an. L’ap gouvènen tankou wa pou tout tan. Senyè a va bay pèp li a fòs, l’a beni yo, l’a ba yo kè poze. » Amen
Sòm 29:1‭-‬11 HAT98

[]* adapte pou devosyon an

Yon panse espesyal pou ou

« Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen. Kote zèb yo pi bèl, se la li fè’ m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m’ bwè. Li fè’m reprann fòs. Li fè’m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. » Sòm 23:1-3

Mònn nan gen anpil boulvès e sa sakaje ou chak nan yon fason oswa yon lòt. Men malgre difikilte lavi, pa bliye beni non Bondye paske tout glwa ak viktwa se pou li. Senyè a se gadò ou, ou ka gen konfians absoli ke ou pa manke anyen. Se li menm ki ka restore ou e pèmèt reprann fòs pou ou a ka kontinye byen djanm e fè lwanj ak konpliman pou li (Sòm 23:1-3). Jodia ou sou kè li de fason espesyal paske pou li yon se èt extraodinè (Ezayi 43:1-4).

Sonje kilès ou ye. Pa bliye ou fè pati yon fanmi, ou gen yon zanmi sèten, e ou se inite, jistis, otorite, ak entegrite. Ke nanm ak kò ou fòtifye e sanktifye nan non Bondye ki gen tout pouvwa a e k’ap gide lavi ou a chak milisegond. Wi, Kretyen nou kapab. Rete fèm nan lafwa. Viktwa pou ou deja nan Jezi!

Benediksyon pou ou:

« Se pou Senyè a beni [ou]*, se pou l’ pran swen [ou]*. Se pou Senyè a fè [ou]* santi li la avèk [ou]*, se pou’ l gen pitye pou [ou]*. Se pou Senyè a fè [ou]* wè jan li renmen [ou]*, se pou’l ban [ou]* kè poze ». Resansman 6:24-26, vèsyon HCV (*adapte pou priyè a)

Ke Bondye nan gras ak lanmou li: kontinye fè wout avè’w, fòtifye’w lè’w manke fòs, pwoteje’w tout kote ou pase, e geri tout doulè nan kè’w, kòw ak panse ou yo. Se pou gras ak konpasyon li kouvri’w ak tout fanmi’w jodia e pou tout tan gen tan pandan l’ap ede’w ankre idantite plis ou nan li nan pawòl li yo. Se pou li ba ou lasante, lajwa, pasyans, pèseverans, jenerozite, entelijans, tanperans, ak kè poze nan nenpòt sikonstans w’ap andire e ba ou siksè pou glwa li. Nan non Jezi. Amen.

Tout glwa pou Bondye

Sòm 145: Lwanj pou Bondye!
(1b) Bondye mwen, wa mwen, m’a fè konnen jan ou gen pouvwa. M’ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Chak jou m’ap di ou mèsi. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p’ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y’a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
M’a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M’a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

Y’a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M’a rakonte jan ou gen fòs.
Y’a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè.
Y’a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p’ap janm sispann renmen nou!
Senyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

Senyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! Y’a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y’a fè konnen jan ou gen pouvwa, pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. Gouvènman ou lan la pou tout tan. W’ap donminen pou tout tan.

Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. L’ap soutni tout moun k’ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

Senyè a san patipri nan tou sa l’ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l’ap fè. Senyè a kanpe toupre moun k’ap rele’l, toupre tout moun k’ap rele l ak tout kè yo. L’ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y’ap rele’l, l’ap delivre yo. L’ap pwoteje tout moun ki renmen l. Men, l’ap detwi tout mechan yo.

M’a fè lwanj Senyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l tout tan tout tan.
Sòm 145:1‭-‬21 HAT98